Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lektè nou yo ta renmen konnen

Èske tè a ap toujou la apre 2012?

Èske tè a ap toujou la apre 2012?

▪ “Gen anpil moun ki kwè nan lafendimonn ki debake nan yon ti bouk nan peyi Lafrans [...]. Yo kwè lafendimonn ap rive 21 desanm 2012, jou k ap mete fen nan peryòd 5 125 ane ki gen nan ansyen kalandriye maya a.” — BBC News.

Malgre prediksyon chèf relijye k ap anonse malè yo ak swadizan syantifik yo ansanm ak tout lòt moun nan 21yèm syèk la k ap fè pwonostik fè, latè ap kontinye egziste pou anpil anpil tan. Wi, tè a ap toujou la apre 2012. Anfèt, se pa apre ane sa a sèlman planèt Tè a ap la, men l ap toujou la chak ane apre sa.

Bib la di nou: “Yon jenerasyon prale, e yon lòt ap vini, men tè a ap rete la pou tout tan gen tan.” ​(Eklezyas 1:4, NW). Epitou, annou gade ki sa pawòl ki nan Ezayi (Izayi) 45:18 la vle di: “Se Senyè a ki kreye syèl la. [...] Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l chita fèm. Li pat fè l pou l te tounen yon dezè, men pou l te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Senyè a. Nanpwen lòt.”

Èske yon papa ki renmen pitit li t ap fin pase yon pakèt tan ap desine plan yon bato jwèt pou fè pitit gason l plezi oswa yon ti kay poupe pou fè kè pitit fi l kontan, epi pou l ta konstwi yo nan objektif pou l detwi yo yon ti tan apre l fin ba yo l? Se t ap mechanste! Menm jan an tou, prensipal objektif Bondye te genyen lè l te kreye tè a se te pou lèzòm viv ak kè kontan. Men sa Bondye te di premye mesyedam yo, anpalan de Adan ak Èv: “Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a.” Apre sa, “Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt”. (Jenèz 1:27, 28, 31.) Bondye pa bliye objektif li gen pou tè a, li pap kite yo detwi tè a. Men sa Jewova di byen klè konsènan tout pwomès li fè yo: “Pawòl ki soti nan bouch mwen [...] p’ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.” — Ezayi 55:11.

Men, Jewova pral “detwi moun k ap detwi tè a”. (Revelasyon 11:18.) Nan Pawòl li a, men pwomès li fè: “Se moun k’ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la. Men, Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a. L’ap rache moun k’ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb.” — Pwovèb 2:21, 22.

Ki lè sa pral fèt? Pa gen moun ki konnen. Jezi te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj nan syèl la, ni Pitit la. Se sèl Papa a ki konnen yo.” ​(Mak 13:32). Temwen Jewova yo pa eseye fè prediksyon sou moman Bondye pral detwi mechan yo. Byenke y ap veye “siy” k ap montre lè lafen an ap vini e yo kwè limanite ap viv nan “dènye jou” Labib te anonse yo, yo pa ka konnen egzakteman ki lè “lafen an” ap rive (Mak 13:4-8, 33; 2 Timote 3:1). Yo kite kesyon konsa nan men Papa yo ki nan syèl la ak Pitit li a.

Antretan, Temwen Jewova yo okipe nan preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, anpalan de gouvènman ki pral dirije tè a e ki pral transfòme planèt Tè a fè l tounen yon paradi kote ki gen lapè, yon paradi kote se ‘moun ki mache dwat ki gen pou pran peyi a pou yo, e se yo k ap rete nan peyi a tout tan tout tan’. — Sòm 37:29.

[Liy kredi pou foto nan paj 12]

Image Science and Analysis Laboratory, NASA-Johnson Space Center