Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou pwoche bò kote Bondye

‘Jewova sen, li sen, li sen’

‘Jewova sen, li sen, li sen’

SI W ta gen pou w chwazi yon mo pou w pale de Jewova Dye, sètadi jan li ye, ki mo ou t ap chwazi? Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, Bondye te bay pwofèt Izayi yon vizyon, e nan vizyon sa a pwofèt la te tande zanj ki t ap bay Jewova louwanj, yo te sèvi ak yon mo ki pale sou yon aspè enpòtan nan jan li ye. Se mo sen an. Sa Izayi te wè ak sa l te tande ta dwe fè nou gen anpil krent pou Jewova e sa ta dwe fè nou vin pi pwòch avè l. Pandan n ap li pawòl ki nan Izayi 6:1-3 yo, imajine ou menm ki la tou.

Ki sa Izayi wè? Men sa l di: “Mwen te wè Jewova, ki chita sou yon twòn wo, jis anlè.” ​(Vèsè 1, NW). An reyalite, Izayi pa t wè Jewova, Souvren Seyè a. Moun pa kapab wè espri. Labib di byen klè: “Okenn moun pa janm wè Bondye.” ​(Jan 1:18). Sa Izayi te wè a se yon vizyon *. Men, vizyon an te klè anpil, li te tèlman parèt reyèl sa te fè Izayi emèveye anpil, se kòmsi se Jewova menm li te wè.

Sa Izayi te wè apre sa, petèt se yon bagay okenn lòt moun pa t gen privilèj wè nan vizyon. Men sa l te ekri: “Te gen serafen ki te kanpe toutotou [Jewova]. Yo chak te gen sis zèl. Yo te kouvri figi yo ak de zèl, yo te kouvri pye yo ak de zèl e yo t ap vole ak de zèl.” ​(Vèsè 2, NW). Serafen yo se yon kategori zanj ki nan yon pozisyon ki wo anpil. Izayi se sèl moun ki ekri nan Bib la ki pale de yo. Serafen yo kanpe, yo toujou pare pou yo deplase e pou yo fè kèlkeswa sa Jewova vle yo fè. Yo kouvri ni figi yo ni pye yo, sa montre yo onore Sila a yo gen privilèj pou yo sèvi an prezans li a e sa montre yo respekte l.

Se pa sa Izayi te sèlman ki te emèveye l, men sa l te tande te gen efè sou li tou. Serafen yo te fòme yon koral nan syèl la, yo t ap chante byen fò. Men sa Izayi ekri: “Youn t ap rele lòt, yo t ap di: ‘Jewova, Chèf lame yo, sen, li sen, li sen.’” ​(Vèsè 3, NW). Mo ebre yo mete “sen” pou li a bay ide yon bagay ki pwòp anpil. Anplis de sa, li bay “ide yon bagay ki pa gen okenn peche ladan l, ki separe nèt ak peche”. Petèt chante serafen yo t ap chante a se yon chante kote yon gwoup t ap chante e yon lòt gwoup t ap reponn, e yo t ap fè sa san rete. Nan chante sa a, mo “sen” an parèt twa fwa, sa montre Jewova sen nan degre ki pi wo a (Revelasyon 4:8). Kidonk, Jewova sen nan li menm, se sa l ye menm. Jewova pwòp e li san tach nan tout sans.

Lefètke nou konnen Jewova sen, sa ta dwe pouse nou vin pi pwòch avè l. Poukisa? Dirijan yo kapab vin kòwonpi e yo ka fè moun abi, men Jewova li menm pa gen peche nan li ditou. Lefètke li sen, sa ban nou garanti l ap toujou pi bon Papa ki egziste a, yon Chèf ki jis e yon Jij ki pa gen patipri. Nou gen bonjan rezon pou nou gen konfyans Bondye ki sen nan li menm nan pap janm desevwa nou.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Men sa liv Étude perspicace des Écritures la esplike: “Lè Bondye te bay yon moun yon vizyon je klè, sanble vizyon an te rete nan lespri moun nan. Annapre, moun nan te ka sonje vizyon an e li te ka rakonte l oswa ekri l nan pwòp mo pa l.” — Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Antrefilè nan paj 22]

Lefètke nou konnen Jewova sen, sa ta dwe pouse nou pwoche bò kote l.