Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Èske Labib fè konnen sa k ap rive demen?

Èske Labib fè konnen sa k ap rive demen?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Èske pwofesi ki nan Labib yo gen bonjan detay?

Se sèlman Bondye Toupisan an ki ka fè konnen an detay sa k ap rive demen (Amòs 3:7). Pa egzanp, depi nan tan lontan, li te fè konnen gen yon moun ki rele Mesi oswa Kris ki gen pou vini. Mesi a t ap yon desandan Abraram, yon nonm fidèl. Li t ap yon chèf ki t ap pèmèt moun ki obeyisan gen posiblite ankò pou yo gen yon vi pafè, san maladi (Jenèz 22:18; Ezayi (Izayi) 53:4, 5). Moun sa a Bondye te pwomèt la t ap gen pou l soti Betleyèm. — Li Miche (Mika) 5:2.

Se Jezi ki Mesi a. Plis pase sèt syèk anvan sa, Labib te fè konnen se yon fi vyèj ki t ap manman Mesi a e yo t ap meprize Mesi a. Li t ap bay lavi l pou peche anpil moun, e yo t ap antere l pami moun rich (Ezayi 7:14; 53:3, 9, 12). Plis pase senk syèk anvan sa, Labib te di tou li t ap rantre Jerizalèm sou yon ti bourik e yo t ap livre l pou 30 pyès monnen ann ajan. Chak detay nan pwofesi sa yo te reyalize. — Li Zakari (Zekarya) 9:9; 11:12.

2. Èske Bondye bay dat?

Plis pase senk syèk alavans, Labib te di egzakteman nan ki ane Mesi a t ap parèt. Yo te sèvi ak semèn nan sans senbolik yo te rele semèn ane pou kalkile peryòd anvan li rive a. Nan semèn sa a, chak jou egal yon ane. Donk, chak “semèn” te egal setan. T ap gen 7 semèn plis 62 semèn, sa ki fè yon total 69 semèn ane. Sa ki egal 483 ane. Ki lè peryòd sa a te kòmanse? Selon Labib, li te kòmanse lè Neyemya, yon sèvitè Bondye, te rive Jerizalèm e li te kòmanse rebati vil la. Istwa peyi Pès fè konnen peryòd sa a te kòmanse nan ane 455 anvan epòk nou an (Neyemi (Neyemya) 2:1-5). Jezi te batize antanke Mesi 483 ane apre sa, nan ane 29 epòk nou an, egzakteman nan ane yo te anonse a. — Li Dànyèl 9:25.

3. Èske gen pwofesi nan Bib la k ap reyalize kounye a?

Jezi te anonse gwo evènman pou epòk nou an. Pwofesi li te bay la pale de bon nouvèl Wayòm Bondye a ki pral pote soulajman nan lemonnantye pou moun ki renmen Bondye. Wayòm nan pral elimine tout sistèm mechan ki la kounye a. — Li Matye 24:14, 21, 22.

Pwofesi ki nan Bib la bay detay sou finisman sistèm ki la kounye a. Labib fè konnen lèzòm t ap detwi tè a, kontrèman ak sa moun ka atann nan yon epòk kote pwogrè ap fèt. Pwoblèm ki genyen akoz lagè, rate manje, tranblemanntè ak epidemi t ap vin pi plis (Lik 21:11; Revelasyon 11:18). Moun pa t ap gen okenn respè pou prensip moral ankò. Nan tan difisil sa yo, disip Jezi yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a nan tout nasyon. — Li Matye 24:3, 7, 8; 2 Timote 3:1-5.

4. Ki jan avni limanite ap ye?

Bondye Toupisan an rezève bon bagay pou moun ki fidèl yo. Jezi Kris, Mesi a, ansanm ak moun li chwazi yo, pral dirije tè a detan yo nan syèl la. Se yo menm ki fè pati gouvènman ki pral dirije pandan mil an an. Mò yo pral leve e y ap gen posiblite pou yo konsidere yo diy pou yo gen lavi ki pap janm fini an. Anplis de sa, Wayòm nan ap geri tout moun k ap viv lè sa a. Maladi ak lanmò pap egziste ankò. — Li Revelasyon 5:10; 20:6, 12; 21:4, 5.

Pou plis enfòmasyon, gade paj 23-25 ak paj 197-201 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre?