Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

KI JAN lavi yon jèn dam ki te soufri anpil lè l te timoun te vin gen yon vrè sans? Ki sa k te pouse yon opozan politik ki te vyolan vin yon moun pezib k ap preche bon nouvèl la? Annou wè sa moun sa yo gen pou yo di nou.

“Se pa ti anvi m te anvi jwenn lanmou ak afeksyon.” — INNA LEZHNINA

ANE LI FÈT: 1981

PEYI KOTE L SOTI: RISI

ANVAN: LI TE SOUFRI ANPIL LÈ L TE TIMOUN

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt tou soud e paran m yo soud. Sis premye ane nan lavi m te bèl. Apre sa, paran m vin divòse. Menmsi mwen te piti anpil, mwen te konprann sa divòs vle di, e sa te fè m mal anpil. Apre divòs la, papa m ak gran frè m nan te rete nan vil Troitsk, pandan manman m te demenaje al ret Chelyabinsk ansanm avè m. Rive yon lè, manman m remarye. Bòpè m te konn bwè tafya, e souvan li te konn bat ni manman m ni mwen menm.

An 1993, gran frè m nan mwen te renmen anpil mouri neye. Evènman sa a te yon gwo chòk pou fanmi nou. Manman m te vin kòmanse bwè tafya, e li te fè kò ak bòpè m pou yo maltrete m. Mwen te kòmanse chèche yon fason pou m viv pi byen. Se pa ti anvi mwen te anvi jwenn lanmou ak afeksyon. Mwen te kòmanse al nan plizyè legliz, mwen t ap chèche konsolasyon, men mwen pa t jwenn.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Lè m te gen 13 an, yon kondisip mwen ki te Temwen Jewova te rakonte m kèk istwa ki nan Bib la. Mwen te kontan aprann konnen kèk moun nan Bib la, tankou Noye ak Jòb, ki te sèvi Bondye malgre sitiyasyon difisil yo te rankontre. Tousuit, mwen te kòmanse etidye Labib ak Temwen yo e mwen te asiste reyinyon yo fè.

Etid mwen te fè nan Bib la te pèmèt mwen wè anpil bèl verite. Sa te touche m lè m te aprann Bondye gen yon non (Sòm 83:18). Mwen te sezi wè jan Labib te anonse sitiyasyon ki t ap egziste nan “dènye jou yo” yon fason egzak (2 Timote 3:1-5). Mwen te kontan anpil lè m te aprann gen espwa pou moun mouri resisite. Imajine sa: m ap rewè frè m nan ankò! — Jan 5:28, 29.

Sepandan, se pa tout moun ki te apresye lefètke mwen te vin gen jwa sa a. Manman m ak bòpè m pa t vle wè Temwen Jewova. Yo te eseye ban m presyon pou m kite etid m ap fè nan Bib la. Men, mwen te renmen sa m t ap aprann yo, e mwen pa t deside kite sa.

Li pa t fasil pou m sipòte opozisyon mwen te jwenn nan fanmi m. Mwen te vin pran yon lòt kou lè ti frè m nan ki te konn al nan reyinyon Temwen Jewova yo avè m mouri neye tou. Sepandan, Temwen yo te toujou la pou ede m. Pami yo, mwen te jwenn lanmou ak afeksyon mwen te anvi jwenn pandan tout vi m nan. Mwen te konnen se vrè relijyon an toutbon. An 1996, mwen te batize antanke Temwen Jewova.

BYENFÈ MWEN JWENN: Sa fè sizan depi mwen marye ak yon bon gason ki rele Dmitry. Nou toule de ap travay nan filyal Temwen Jewova yo nan vil St. Petersburg. Finalman, atitid paran m te genyen anvè kwayans mwen te amelyore.

Mwen gen anpil rekonesans poutèt mwen konnen Jewova! Lefètke m ap sèvi l, sa bay lavi m yon vrè sans.

“Gen anpil kesyon ki t ap boulvèse m.” — RAUDEL RODRÍGUEZ RODRÍGUEZ

ANE LI FÈT: 1959

PEYI KOTE L SOTI: KIBA

ANVAN: OPOZAN POLITIK

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt Lahavàn, nan peyi Kiba, e mwen leve nan yon katye pòv kote byen souvan te konn gen goumen nan lari. Pandan m t ap grandi, mwen te vin enterese nan jido ak nan lòt spò konba.

Mwen te yon bon elèv, e paran m te ankouraje m ale nan inivèsite. Pandan m nan inivèsite, mwen te kòmanse santi sistèm politik ki gen nan peyi m nan te bezwen chanje. Mwen te deside vin yon opozan. Mwen menm ak yon kondisip mwen te atake yon polisye pou n vòlè zam li. Polisye a te blese grav nan tèt. Yo te mete mwen menm ak kondisip mwen an nan prizon pou atak sa a nou te fè a e yo te kondane nou pou yo fizye nou. Mwen te gen 20 an sèlman, epoutan mwen t apral mouri.

Pandan m te poukont mwen nan pyès kote yo te mete m nan prizon an, mwen t ap reflechi sou fason mwen ta dwe konpòte m lè yo pral fizye m nan. Mwen pa t vle montre okenn laperèz. Anmenmtan, gen anpil kesyon ki t ap boulvèse m. Mwen t ap mande tèt mwen: ‘Poukisa gen anpil enjistis konsa nan monn nan? Èske se sa ki lavi a?’

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Yo te vin chanje kondanasyon amò a pou 30 an prizon. Se nan moman sa a mwen te rankontre kèk Temwen Jewova ki te nan prizon pou kwayans yo. Konpòtman Temwen yo ki te gen kouraj e ki te pezib te enpresyone m. Byenke se enjistis yo te fè yo lefètke yo te mete yo nan prizon, yo pa t fache e yo pa t gen rankin.

Temwen yo te aprann mwen Bondye gen yon objektif pou lèzòm. Yo te montre m nan Labib Bondye pral fè tè a tounen yon paradi kote pap gen krim ak enjistis. Yo te aprann mwen tè a pral chaje ak bon moun k ap gen posiblite pou yo viv pou toutan nan kondisyon ki pafè. — Sòm 37:29.

Mwen te renmen sa Temwen yo te aprann mwen yo, men li t ap difisil pou m vin menm jan avèk yo. Mwen te panse li t ap enposib pou m pa mele nan politik oubyen pou m vire lòt bò figi m bay yon moun ki fè m yon bagay. Donk, mwen te deside li Labib poukont mwen. Lè m te fin li Bib la, mwen te rann mwen kont se sèl Temwen Jewova yo ki aji tankou premye kretyen yo.

Pandan m ap etidye Bib la, mwen vin konnen mwen bezwen fè gwo chanjman nan lavi m. Pa egzanp, mwen te bezwen chanje fason m pale, paske mwen te abitye di vye mo toutan. Mwen te bezwen sispann fimen tou. E mwen te dwe sispann pran pozisyon nan zafè politik. Li pa t fasil pou m fè chanjman sa yo, men grasa èd Jewova, mwen te reyisi tikras pa tikras.

Youn nan chanjman ki te pi difisil pou m fè se te aprann metrize kòlè m. Mwen toujou ap priye pou m metrize m nan sans sa a. Gen anpil vèsè nan Bib la ki te ede m, tankou Pwovèb 16:32 ki di: “Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k’ap mache pran lavil.”

An 1991, mwen te batize antanke Temwen Jewova. Batèm nan te fèt nan yon doum dlo nan prizon an. Nan ane ki te vin apre a, yo te lage kèk nan nou e yo te voye nou ann Espay paske nou te gen fanmi nan peyi sa a. Kou m rive ann Espay, mwen t al nan reyinyon. Temwen yo te akeyi m kòmsi mwen te ansanm avèk yo depi plizyè ane, e yo te ede m pou m rekòmanse reprann vi m.

BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen se yon nonm k ap viv ak kè kontan, m ap sèvi Bondye ansanm ak madanm mwen ak de pitit fi nou yo. Mwen gen privilèj pase pifò nan tan m ap ede lòt moun aprann Labib. Pafwa, mwen konn panse ak jenn gason sa a, anpalan de mwen menm, ki te manke mouri e mwen apresye tout sa mwen vin genyen depi lè sa a. Nonsèlman mwen vivan, men tou, mwen gen esperans. M ap tann Paradi Bondye pwomèt la e m ap tann epòk kote jistis pral blayi toupatou e kote “pap gen lanmò ankò”. — Revelasyon 21:3, 4.

[Antrefilè nan paj 15]

“Sa te touche m lè m te aprann Bondye gen yon non.”

[Foto nan paj 16]

Mwen menm ak mari m renmen pale sou piblikasyon nan lang siy ak moun ki soud.