Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Vrè kretyen yo gen respè pou Pawòl Bondye a

Vrè kretyen yo gen respè pou Pawòl Bondye a

“Pawòl ou se laverite.” — JAN 17:17.

1. Dapre eksperyans pa w, bay yon bagay enpòtan ki montre diferans ki genyen ant Temwen Jewova yo ak lòt relijyon yo.

REFLECHI sou premye fwa ou te gen yon bon konvèsasyon ak youn nan Temwen Jewova yo. Ki sa w sonje sou konvèsasyon sa a? Gen anpil moun ki t ap di: ‘Sa k te enpresyone m se lefètke Temwen an te sèvi ak Bib la pou l reponn kesyon m yo.’ Se pa ti kontan nou te kontan lè nou te aprann objektif Bondye pou tè a, ki sa ki rive lè nou mouri ak ki sa k ap tann moun pa nou yo ki mouri!

2. Bay kèk rezon ki fè Bib la vin gen valè pou ou.

2 Sepandan, ofiramezi nou kontinye ap etidye Bib la, nou vin rann nou kont li pa annik reponn kesyon nou genyen sou lavi, lanmò ak lavni. Nou vin konprann Bib la se liv ki pi itil ki genyen nan monn nan. Konsèy ki ladan l yo valab pou kèlkeswa epòk la. Mete sou sa, moun ki byen aplike prensip ki ladan l yo ap reyisi lavi yo e kè yo ap kontan. (Li Sòm 1:1-3.) Vrè kretyen yo te toujou aksepte Bib la kòm Pawòl Bondye. Men sa Bib la di: “Se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman an, kòm pawòl Bondye.” ​(1 Tes. 2:13). Nou pral fè yon ti rale sou listwa k ap montre diferans ki gen ant moun ki respekte Pawòl Bondye a toutbonvre ak moun ki pa gen okenn respè pou li.

YO TE REZOUD YON PWOBLÈM KI TE DIFISIL

3. Nan premye syèk la, ki sa ki te mete inite kongregasyon an an danje, e ki sa ki te kapab rive Juif ki te vin kretyen yo?

3 Pandan trèzan apre Bondye te fin chwazi Kònèy, premye moun nan nasyon yo ki pa t sikonsi, pou l al nan syèl, te gen yon kesyon ki te soulve ki te met inite kongregasyon an an danje. Pandan ane sa yo tou, te gen anpil lòt moun ki te soti nan nasyon yo ki te vin kretyen. Men kesyon ki te soulve a: Èske yo te dwe sikonsi gason sa yo anvan yo batize? Kesyon sa a pa t fasil pou Juif yo reponn. Juif ki t ap suiv Lalwa yo pa t ap janm antre lakay moun ki pa Juif, alewè pou yo ta bon zanmi yo. Juif ki te vin kretyen yo te deja ap jwenn gwo pèsekisyon paske yo te kite relijyon juif la. Si kounye a yo ta vin aksepte pou moun ki soti nan nasyon yo pa sikonsi anvan yo vin kretyen, sa t ap fè yo vin gen plis pwoblèm ak Juif ki t ap suiv Lalwa yo e sa t ap fè Juif sa yo kritike yo plis toujou. — Gal. 2:11-14.

4. Kiyès yo te mande rezoud pwoblèm sikonsizyon an, e ki kesyon lòt moun ta kapab poze tèt yo?

4 Nan ane 49 epòk nou an, apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm, ki te Juif e ki te sikonsi, te “reyini pou yo egzamine kesyon an”. (Tra. 15:6.) Deba ki te vin genyen an pa t yon deba ki te chita sou yon bann detay ki pa gen okenn valè, men se te yon deba vivan sou ansèyman biblik. Moun nan toule de kan yo te bay opinyon yo sou kesyon an. Men, èske preferans pèsonèl ak prejije t ap anpeche yo antann yo? Èske ansyen ki te pran latèt yo t ap ret tann pou Juif yo aksepte kretyen yo anvan yo pran yon desizyon? Oubyen, èske moun ki te gen opinyon diferan yo t ap chanje opinyon jiskaske yo fè yon konpwomi?

5. Sa k fè reyinyon ki te fèt Jerizalèm nan ane 49 epòk nou an diferan ak gwo reyinyon manm klèje yo fè nan legliz yo?

5 Nan gwo reyinyon manm klèje yo fè nan legliz yo jodi a, yo toujou fè konpwomi e yo toujou ap eseye konvenk youn lòt. Sepandan, nan reyinyon ki te fèt Jerizalèm nan pa t gen okenn konpwomi ki te fèt, ni pa t gen okenn moun ki te mande pou tout moun ki la yo vote. Mete sou sa, tout moun ki te la yo te dakò ak desizyon ki te pran an. Kòman sa te fè posib? Menm lè tout moun ki te la yo te gen opinyon pa yo, yo tout te gen respè pou Pawòl Bondye a. Se Ekriti sakre yo sèlman ki te kapab ede yo rezoud pwoblèm nan. — Li Sòm 119:97-101.

6, 7. Ki jan yo te sèvi ak Ekriti yo pou yo rezoud pwoblèm sikonsizyon an?

6 Pasaj nan Bib la ki te ede kretyen premye syèk yo rezoud pwoblèm nan se Amòs 9:11, 12. Men ki jan pasaj sa a parèt nan Travay 15:16, 17: “M ap retounen e m ap rebati kay David la ki tonbe. Wi, m ap rebati mazi a, m ap mete l kanpe ankò, dekwa pou moun ki rete yo ka chèche Jewova ak tout kè yo, ansanm ak moun nan tout nasyon yo, moun ki pote non m yo, se sa Jewova di.”

7 Gen moun ki ta kapab di: ‘Men, vèsè sa a pa di moun ki soti nan nasyon yo e ki vin kretyen yo pa t bezwen sikonsi.’ Se vre. Sepandan, Juif ki te vin kretyen yo t ap gentan konprann sa. Yo pa t konsidere moun ki pa Juif ki sikonsi yo kòm “moun lòt nasyon”, men yo te konsidere yo kòm frè yo (Egz. 12:48, 49). Pa egzanp, men sa nou li nan Estè 8:17, selon vèsyon Septant Bagster a: “Yo te sikonsi anpil moun ki te soti nan nasyon yo, e moun sa yo te vin Juif.” Konsa, lè Ekriti yo te anonse moun nan pèp Izrayèl ki rete yo (Juif ak pwozelit ki te sikonsi yo) ansanm ak “moun nan tout nasyon yo” ​(moun ki pa t Juif ki pa t sikonsi yo) t ap vin yon pèp pou non Bondye, mesaj la te klè. Moun ki pa t Juif ki te vle vin kretyen yo pa t bezwen sikonsi.

8. Poukisa kretyen ki te Juif yo te bezwen kran pou yo pran desizyon yo te pran an?

8 Pawòl Bondye a ak lespri sen te ede kretyen premye syèk yo ki te sensè pou yo “tout vin tonbe dakò”. (Tra. 15:25.) Byenke desizyon ki te pran an t apral fè kretyen ki te Juif yo jwenn plis pèsekisyon, sa ki te fidèl yo te dakò nèt ak desizyon an ki te chita sou Bib la. — Tra. 16:4, 5.

YON GWO DIFERANS

9. Ki sa ki te vin kontamine vrè adorasyon an, e ki doktrin ki te vin parèt?

9 Apot Pòl te fè konnen apre lanmò apot yo, kretyen yo t apral vin kontamine paske t apral gen moun nan mitan yo k ap gaye fo ansèyman. (Li 2 Tesalonisyen 2:3, 7.) Pami moun ki pa t apral suiv “ansèyman ki pwofitab la”, gen ladan yo ki t ap gen responsablite nan kongregasyon an (2 Tim. 4:3). Men ki avètisman Pòl te bay ansyen yo nan epòk li a: “Gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo.” ​(Tra. 20:30). Men sa yon ansiklopedi di sou youn nan rezon prensipal ki fè kretyen yo te vin ap mal rezone: “Kretyen ki te konn etidye filozofi grèk yo te kòmanse santi fòk yo itilize ekspresyon ki soti nan filozofi grèk pou yo pale de lafwa yo non sèlman pou yo ka montre se entèlektyèl yo ye, men tou, pou yo te kapab konvèti payen ki te fè gwo etid yo.” ​(The New Encyclopædia Britannica). Yon kwayans enpòtan yo te vin chanje pou fè kè moun nasyon yo kontan gen rapò ak kiyès Jezi Kris ye. Bib la rele Jezi Pitit Bondye, men moun ki renmen filozofi grèk yo te ensiste pou yo di Jezi se Bondye.

10. Ki jan delege yo te kapab rezoud kesyon ki gen rapò ak kiyès Jezi ye a?

10 Yo te debat kesyon sa a nan yon pakèt gwo reyinyon manm klèje yo te òganize. Si delege ki t al nan reyinyon sa yo te pran sa Ekriti yo di an konsiderasyon, yo t ap rezoud pwoblèm sa a trapde. Sepandan, pifò ladan yo pa t gen respè pou Bib la. An reyalite, pifò te gentan pran yon desizyon anvan menm yo te rive nan reyinyon sa yo. Lè yo te kite reyinyon sa yo, yo te kontinye kwè nan menm bagay yo pi rèd toujou. Yo te adopte yon seri doktrin e yo te fè deklarasyon ki pa t vrèman chita sou Bib la.

11. Jis nan ki pwen yo vin bay otorite moun ki swadizan Fondatè Legliz yo enpòtans, e poukisa?

11 Poukisa delege sa yo pa t bay sa Ekriti yo di plis enpòtans? Charles Freeman, yon moun ki gen anpil konesans nan domèn nan, te di moun ki kwè Jezi se Bondye yo te “twouve li difisil pou yo jwenn agiman pou yo rejte anpil nan pawòl Jezi te di ki montre se Bondye, Papa a, ki chèf li”. Kòm rezilta, yo te bay tradisyon Legliz yo ak opinyon otorite ki te vin annapre yo plis enpòtans pase Levanjil yo. Jis jounen jodi a, anpil nan manm klèje yo bay sa swadizan Fondatè Legliz yo di plis enpòtans pase Pawòl Bondye a. Si w te deja gen posiblite pale sou doktrin Trinite a ak yon teyolojyen, siman w te remake sa.

12. Ki move enfliyans anperè yo te vin genyen sou Legliz?

12 Yon bagay ki remakab nan gwo diskisyon ki te konn fèt nan gwo reyinyon gwo potanta Legliz yo te konn fè yo, se enfliyans anperè women yo te genyen sou reyinyon sa yo. Men sa yon pwofesè ki rele Richard E. Rubenstein te ekri konsènan gwo reyinyon ki te fèt Nise a: “Konstanten te fè [evèk yo] favè e l te fè yo vin pi rich pase sa yo te kapab imajine. Nan mwens pase ennan, nouvo anperè a te remèt klèje a legliz yo te pran yo oswa li te rebati yo. Li te reba yo djòb yo ak privilèj yo te pèdi [...]. Li te ba yo privilèj li te konn bay prèt payen yo.” Kòm rezilta, “Konstanten te vin nan yon pozisyon kote li te kapab gen gwo enfliyans sou reyinyon ki t apral fèt Nise a, oswa li te kapab menm di ki desizyon ki pou pran”. Men sa Charles Freeman li menm te di: “Sa k te fèt la montre depi lè sa a anperè yo te kapab nonsèlman bay Legliz plis fòs, men tou, enfliyanse doktrin li yo.” — Li Jak 4:4.

13. Dapre ou menm, sa k fè chèf Legliz yo pa t bay verite ki nan Bib la enpòtans nan syèk ki te vin annapre yo?

13 Byenke gwo potanta nan Legliz yo te gen pwoblèm pou yo di kiyès Jezi ye egzakteman, anpil nan moun ki te nan pèp la pa t gen pwoblèm sa a. Piske yo pa t ap chèche lajan anperè a e yo pa t ap chèche gwo pozisyon nan Legliz, yo te rive wè bagay yo kòmsadwa ann amoni ak Ekriti yo. Gen prèv ki montre sa. Men yon kòmantè yon teyolojyen, ki t ap viv nan epòk la e ki te rele Grégoire de Nysse, te fè pou l te pase moun yo nan pèp la nan betiz: “Ni moun k ap vann rad, ni moun ki chanje lajan pou moun, ni moun ki gen boutik, tout se teyolojyen. Si w mande konbyen kòb la ye, kèk filozòf ap di w ki diferans ki genyen ant Jezi ak Papa a. Si w mande konbyen pen an koute, y ap reponn ou Papa a gen pi gwo pozisyon pase Pitit la. Si w bezwen konnen si dlo a pare pou w benyen, y ap reponn ou se kreye yo te kreye Pitit la.” Wi, kontrèman ak manm klèje yo, anpil nan moun ki te nan pèp la te konn sèvi ak Pawòl Bondye a pou yo kore sa y ap di yo. Grégoire de Nysse ak akolit li yo t ap byen fè si yo te koute moun sa yo!

“BLE A” AK “MOVE ZÈB YO” GRANDI ANSANM

14. Poukisa nou kapab di dwe te toujou gen vrè kretyen sou tè a Bondye te chwazi pou y al nan syèl menm apre premye syèk la?

14 Nan yon parabòl Jezi te bay, li te fè konnen apati premye syèk la t ap toujou gen kèk vrè kretyen sou tè a Bondye te chwazi pou y al nan syèl. Li te konpare kretyen sa yo ak “ble” ki t ap grandi nan mitan “move zèb”. (Mat. 13:30.) Nòmalman, nou pa ka fin konnen ki moun oswa gwoup moun ki te fè pati klas moun sa yo, men, sa nou kapab di, sèke te toujou gen moun ki te defann Pawòl Bondye a avèk kran e ki te konn denonse bagay Legliz ap anseye ki pa chita sou Ekriti yo. Men kèk egzanp.

15, 16. Site kèk moun ki te montre yo gen respè pou Pawòl Bondye a.

15 Gen yon achevèk ki rele Agobard de Lyon, ki t ap viv an Frans (779-840 epòk nou an), ki te pale kont adorasyon imaj, kont zafè fè legliz pote non sen, e kont tout seremoni ak bagay moun yo fè nan legliz yo ki pa ann amoni ak Bib la. Gen yon lòt evèk ki t ap viv nan menm epòk avè l, ki te rele Claudius, ki te rejte tradisyon legliz yo tou. Li pa t dakò pou moun priye sen e pou yo adore bagay tankou imaj, estati, elatriye. Nan 11yèm syèk epòk nou an, Legliz katolik te eskominye yon gwo potanta nan Legliz la ki te rele Bérenger de Tours, moun peyi Lafrans, paske li pa t dakò ak ansèyman ki fè konnen lè yon moun ap pran losti, losti a tounen kò Jezi e diven an tounen san Jezi. Mete sou sa, li te fè konnen Bib la gen plis enpòtans pase tradisyon ki gen nan Legliz la.

16 Nan 12yèm syèk epòk nou an, de moun ki te renmen verite ki nan Bib la anpil te vin parèt sou sèn nan, anpalan de Pierre de Bruys ak Henri de Lausanne. Pierre te demisyone kòm prèt nan Legliz katolik paske, pou li menm, gen bagay yo t ap anseye nan Legliz ki pa t chita sou Bib la tankou kesyon batize timoun nan, kesyon losti ki tounen kò Kris ak diven ki tounen san Kris la, kesyon priye pou mò yo ak kesyon adore kwa a. An 1140, yo te touye Pierre pou kwayans li yo. Henri, ki te yon mwàn, te pale kont move bagay ki t ap fèt nan Legliz e kont seremoni ki te konn fèt ki pa t chita sou Bib la. Yo te arete l nan ane 1148 e li te pase rès vi l nan prizon.

17. Ki bagay enpòtan Valdo ak disip li yo te fè?

17 Nan apeprè menm epòk yo te boule Pierre de Bruys tou vivan paske li te pran chans kritike Legliz, gen yon moun ki te fèt ki t apral jwe yon gwo wòl nan simaye verite ki nan Bib la. Non fanmi l se te Valdès oswa Valdo *. Kontrèman ak Pierre de Bruys ak Henri de Lausanne, li te yon senp manm legliz. Men, li te tèlman bay Pawòl Bondye a enpòtans, li te vann tout sa l genyen e l te fè aranjman pou l fè tradui plizyè pati nan Bib la nan yon lang moun te konn pale nan sidès peyi Lafrans. Gen moun ki te tèlman kontan tande mesaj ki nan Bib la nan pwòp lang pa yo, yo te abandone tout sa yo genyen e yo te deside pase tout lavi yo ap pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun. Legliz pa t dakò ak sa ditou. An 1184, yo te vin rele gason ak fi zele sa yo Vodezyen. Pap la te eskominye yo e evèk nan zòn yo te rete a te lage chalbare dèyè yo. Sa yo te fè yo a te pèmèt yo simaye laverite tout lòt kote yo pase. Se sa k fè, yo te jwenn disip Valdo yo, disip Pierre de Bruys ak pa Henri de Lausanne yo ansanm ak lòt moun ki pa t dakò ak ansèyman Legliz yo anpil kote ann Ewòp. Gen lòt moun ki te defann verite ki nan Bib la ki te parèt nan syèk apre yo tankou John Wycliffe (anviwon 1330 rive 1384), William Tyndale (anviwon 1494 rive 1536), Henry Grew (1781-1862) ak George Storrs (1796-1879).

“PAWÒL BONDYE A PA NAN CHENN”

18. Esplike metòd yon gwoup etidyan Labib ki te sensè te itilize nan 19yèm syèk la, e bay rezon ki fè se te yon bon metòd.

18 Kèlkeswa sa moun ki pa t renmen verite ki nan Labib yo te fè, yo pa t kapab anpeche moun gaye verite sa yo toupatou. 2 Timote 2:9 di: “Pawòl Bondye a pa nan chenn.” An 1870, gen yon gwoup etidyan Labib ki te sensè ki te kòmanse ap chèche laverite. Ki metòd yo te konn itilize? Youn ladan yo te poze yon kesyon e yo te pale sou kesyon an. Apre sa, yo egzamine tout vèsè ki nan Bib la ki pale sou kesyon sa a. Lè yo fin antann yo sou rapò ki genyen ant vèsè yo, yo note konpreyansyon yo vin genyen an epi yo klase l. Èske sa pa ankouraje w lefètke w konnen menm jan ak apot yo ak ansyen yo nan premye syèk la, moun fidèl sa yo ki t ap sèvi Jewova nan fen ane 1800 yo te detèmine pou kwayans yo ann amoni ak Pawòl Bondye a?

19. Ki tèks Kolèj santral la chwazi pou ane 2012 la, e poukisa se yon tèks ki apwopriye?

19 Jodi a tou, kwayans nou yo toujou ann amoni ak Bib la. Se sa k fè Kolèj santral Temwen Jewova yo te chwazi pawòl Jezi te di avèk anpil konviksyon nan Jan 17:17 la kòm tèks pou ane sèvis 2012 la: “Pawòl ou se laverite.” Piske tout moun ki vle gen favè Bondye dwe mache nan chemen verite a, se pou nou tout kontinye fè tout sa nou kapab pou nou kite Pawòl Bondye a gide nou!

[Nòt anba paj]

^ § 17 Yo te konn rele Valdès Pierre Valdès oswa Peter Valdo. Men, yo pa konn si misye te rele Pierre toutbonvre.

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 8]

Tèks pou ane 2012 la: “Pawòl ou se laverite.” — Jan 17:17.

[Foto nan paj 7]

Valdo

[Foto nan paj 7]

Wycliffe

[Foto nan paj 7]

Tyndale

[Foto nan paj 7]

Grew

[Foto nan paj 7]

Storrs