Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Apot Jezi yo kapab aprann nou sa sa vle di rete veyatif

Apot Jezi yo kapab aprann nou sa sa vle di rete veyatif

“Kontinye veye avè m.” — MAT. 26:38.

1-3. Ki sa apot yo te fè nan dènye nuit Jezi te sou tè a antanke òm ki montre yo pa t kontinye veye, e ki sa ki montre yo te pran leson nan erè yo?

IMAJINE sa k te pase nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a antanke òm. Jezi rive youn nan kote li pi renmen ale yo, jaden Jetsemane, ki alès Jerizalèm. Li ansanm ak apot fidèl li yo. Etandone tèt li chaje anpil e kè l sere, li bezwen yon kote li kapab poukont li pou l priye. — Mat. 26:36; Jan 18:1, 2.

2 Gen twa nan apot Jezi yo, Pyè, Jak ak Jan ki antre yon tikras pi fon nan jaden an ansanm avè l. Men sa Jezi di yo: “Rete la, epi kontinye veye avè m.” Apre sa, li fè yon deplase, l al priye. Lè l retounen, li jwenn zanmi l yo ap dòmi. Yon lòt fwa ankò li di yo: “Kontinye veye.” Malgre sa, an de fwa li jwenn yo ap dòmi! Pita, nan menm nuit la, pa gen youn nan apot yo ki te kontinye veye. Yo te menm abandone Jezi, yo kouri y ale. — Mat. 26:38, 41, 56.

3 Se sèten apot yo te regrèt lefètke yo pa t kontinye veye. Mesye sa yo ki te fidèl pa t pran lontan pou yo pran leson nan erè yo. Liv Travay la montre yo te vin bay bon egzanp annapre nan fason yo te kontinye veye. Piske yo te rete fidèl, sa dwe te ankouraje lòt kretyen yo pou yo fè menm jan ak yo. Jodi a, nou bezwen kontinye veye plis toujou (Mat. 24:42). Nou pral wè twa leson nou ka aprann nan liv Travay la k ap ede nou wè sa sa vle di kontinye veye.

VEYE POU NOU KA KONNEN KI KOTE POU NOU PRECHE

4, 5. Ki jan lespri sen te gide Pòl ansanm ak lòt moun ki te avè l yo?

4 Premyèman, apot yo t ap veye pou yo ka konnen ki kote pou yo preche. Nan yon pasaj nan Bib la, nou aprann ki jan Jezi te sèvi ak lespri sen Jewova te ba li a pou l gide apot Pòl ansanm ak lòt disip ki t ap vwayaje avè l yo nan yon vwayaj espesyal (Tra. 2:33). Annou wè sa k te pase nan vwayaj sa a. — Li Travay 16:6-10.

5 Plizyè jou apre Pòl, Silas ak Timote fin kite vil Lis, ki nan sid Galasi, yo rive sou yon gwo wout Women yo te fè ki te mennen yo nan direksyon lwès pou y al nan distri ann Azi ki gen plis moun ladan l lan. Yo te vle pran wout sa a pou y al vizite kèk vil ki te gen plizyè milye moun ladan yo ki te bezwen tande bon nouvèl konsènan Kris la. Men, gen yon bagay ki te anpeche yo fè sa. Vèsè 6 la di: “Yo pase nan zòn Friji ak Galasi, paske lespri sen te entèdi yo preche pawòl la nan zòn Azi.” Kòm nou kapab wè sa, lespri sen te entèdi yo preche nan zòn Azi, men Labib pa di ki jan lespri sen te fè sa. Se sèten, pa mwayen lespri Bondye, Jezi te vle mennen Pòl ansanm ak moun ki te avè l yo yon lòt kote.

6, 7. a) Ki sa ki te rive Pòl ansanm ak moun ki te avè l yo lè yo rive toupre Bitini? b) Ki desizyon disip yo te pran, e ki sa k te pase annapre?

6 Pòl ansanm ak moun ki te avè l yo te chofe pou yo preche. Men, ki kote yo t ale? Vèsè 7 la di: “Pi devan, lè yo rive Mizi, yo eseye antre Bitini, men Jezi, pa mwayen lespri a, pa t pèmèt yo fè sa.” Piske Jezi te anpeche yo al preche nan zòn Azi a, yo pran direksyon nò pou y al preche nan vil ki Bitini yo. Sepandan, lè yo rive toupre Bitini, yon lòt fwa ankò, pa mwayen lespri sen, Jezi anpeche yo preche nan vil sa yo. Nan moman sa a, yo dwe t ap mande tèt yo sa k ap pase konsa a. Yo te konnen ki mesaj yo te dwe peche, ki jan pou yo preche, men yo pa t konnen ki kote pou y ale. Nou ta kapab di se kòmsi yo te frape pòt ki bay sou zòn Azi a, men pèsonn pa t reponn. Yo te frape nan pòt ki bay sou Bitini an, men yon lòt fwa ankò, pèsonn pa t reponn. Èske yo te sispann frape? Non, pa pwoklamatè zele sa yo!

7 Kounye a, mesye yo pran yon desizyon ki gendwa parèt yon ti jan dwòl. Vèsè 8 la di: “Yo travèse Mizi, epi yo desann Twowas.” Donk, yo pran direksyon lwès pou yo, yo mache 563 kilomèt, yo pase nan plizyè vil jiskaske yo rive sou waf Twowas la, prensipal kote moun yo te konn pase pou y al Masedwàn. Lè Pòl rive la, yon twazyèm fwa, li menm ak moun ki avè l yo frape yon lòt pòt. Men, fwa sa a pòt la ouvri byen laj! Vèsè 9 la di sa k pase annapre: “Pandan nuit lan, Pòl fè yon vizyon kote li wè yon mesye, yon moun Masedwàn, ki kanpe k ap sipliye l, k ap di l: ‘Vin Masedwàn pou w ede nou’.” Finalman, Pòl te konnen ki kote pou l al preche. Menm kote a, mesye yo pran bato pou y al Masedwàn.

8, 9. Ki sa nou kapab aprann nan vwayaj Pòl te fè a?

8 Ki leson nou ka aprann nan istwa sa a? N ap remake se apre Pòl te pran desizyon pou l al ann Azi lespri Bondye te entèdi l fè sa. Annapre, se apre l fin deplase pou l al Bitini e li te prèske rive, Jezi te pale avè l. Finalman, se apre l fin rive Twowas, Jezi te mande l pou l al Masedwàn. Antanke Chèf kongregasyon an, Jezi kapab fè menm bagay la pou nou tou (Kol. 1:18). Pa egzanp, nou kapab anvi pran sèvis pyonye oubyen nou anvi al sèvi yon kote ki bezwen plis pwoklamatè. Sepandan, se gendwa apre nou fin fè sa ki nesesè pou nou atenn objektif nou an Jezi ap sèvi ak lespri Bondye pou l gide nou. Ann pran yon egzanp: Pou yon chofè vire yon machin adwat oswa agoch, fòk machin nan deja ap woule. Menm jan an tou, Jezi kapab montre nou fason pou nou fè plis nan sèvis nou, men fòk nou aktif, sa vle di fòk nou fè tout sa nou kapab pou nou atenn objektif nou.

9 E si malgre tout efò w fè ou poko jwenn okenn rezilta? Èske w ta dwe fè yon kraze kite sa paske dapre ou menm lespri Bondye pa avè w? Pa bliye sa, Pòl te jwenn eprèv tou. Sepandan, li te kontinye chèche direksyon e li te kontinye frape jiskaske lespri te ouvri yon pòt pou li. Menm jan an tou, si w kontinye chèche “yon gwo pòt ki mennen nan aktivite”, Bondye kapab rekonpanse w. — 1 Kor. 16:9.

YO PA T NEGLIJE LAPRIYÈ

10. Ki sa ki montre li enpòtan pou nou pa neglije lapriyè si nou vle kontinye veye?

10 Kounye a, ann wè yon dezyèm leson nou kapab aprann nan men kretyen premye syèk yo anrapò ak kesyon kontinye veye a. Yo te veye pou yo pa t neglije lapriyè (1 Pyè 4:7). Li enpòtan anpil pou nou priye toutan si nou vle kontinye veye. Sonje sa, lè Jezi te nan jaden Jetsemane a, yon ti tan anvan yo te arete l, li te di disip li yo: “Kontinye veye e kontinye priye.” — Mat. 26:41.

11, 12. Poukisa Ewòd te maltrete kretyen yo, san wete Pyè, e ki jan l te fè sa?

11 Pyè, ki te la nan jaden Jetsemane a, te wè pèsonèlman ki jan lapriyè moun fè ak tout kè yo gen pouvwa. (Li Travay 12:1-6.) Nan premye vèsè yo nan chapit sa a, nou aprann Ewòd te kòmanse maltrete kretyen yo pou l te ka gen favè Juif yo. Siman li te konnen apot Jak te bon zanmi Jezi. Se sa k fè li te touye Jak “ak epe”, jan vèsè 2 a montre sa. Konsa, kongregasyon an te pèdi yon apot yo te renmen anpil. Se te yon gwo eprèv pou frè yo!

12 Ki sa Ewòd te fè apre sa? Vèsè 3 a di: “Lè l wè sa fè Juif yo plezi, li kontinye, l al arete Pyè tou.” Men, apot yo, san wete Pyè, pa t toujou rete nan prizon (Tra. 5:17-20). Petèt Ewòd te deja konn sa. Se sa k fè politisyen magouyè sa a pa t pran okenn chans. Vèsè 4 la di Ewòd te “mete kat gwoup sòlda siveye [Pyè] pa relèv, chak gwoup te gen kat sòlda. Li te gen entansyon mennen Pyè devan pèp la apre fèt Pak la”. Imajine sa, Ewòd fè yo mete Pyè nan chenn nan mitan 2 sòlda. Li te mete 16 sòlda ap veye Pyè lajounen kou lannuit pou l asire l Pyè pap sove. Sòlda sa yo te travay pa relèv. Entansyon Ewòd se te mennen Pyè devan pèp la apre fèt Pak la pou l touye l. Lanmò Pyè t ap yon kado li t ap fè pèp la pou l fè kè yo kontan. Nan sitiyasyon difisil sa a, ki sa lòt kretyen yo te kapab fè?

13, 14. a) Ki jan kongregasyon an te reyaji lè yo te mete Pyè nan prizon? b) Ki sa nou ka aprann nan men kretyen nan epòk Pyè yo konsènan lapriyè?

13 Moun nan kongregasyon an te konnen egzakteman ki sa pou yo fè. Vèsè 5 lan di: “Moun nan kongregasyon an te kontinye ap lapriyè Bondye pou li ak tout kè yo.” Yo te sipliye Bondye pou frè sa a paske yo te renmen l anpil. Touye yo te touye Jak la pa t fè frè yo dekouraje, ni sa pa t fè yo panse sa pa itil anyen pou yo priye. Okontrè, yo te konnen priyè sèvitè fidèl Jewova yo fè gen anpil valè nan je l. Depi priyè sa yo ann amoni ak volonte l, li reponn yo. — Ebre 13:18, 19; Jak 5:16.

14 Ki sa nou kapab aprann nan fason lòt kretyen yo te reyaji? Kontinye veye vle di nonsèlman priye pou tèt nou, men tou, priye pou frè ak sè nou yo (Efe. 6:18). Èske w konn kèk kretyen ki gen anpil pwoblèm? Genyen ladan yo ki petèt ap andire pèsekisyon, k ap viv nan peyi kote gouvènman yo entèdi yo preche oswa katastwòf natirèl frape yo. Poukisa w pa priye pou yo ak tout kè w? Petèt nou konn kèk lòt frè ak sè ki gen lòt kalite pwoblèm. Pa egzanp, yo gendwa ap goumen pou yo rezoud pwoblèm yo gen nan fanmi yo, yo dekouraje, oswa yo malad. Lè n ap lapriyè Jewova, Bondye nou an ki ‘tande lè y’ap lapriyè l’, nou kapab mansyone non kèk moun nou konnen ki gen pwoblèm. — Sòm 65:2.

15, 16. a) Ki jan zanj Jewova a te fè Pyè soti nan prizon? (Gade foto ki pi ba a.) b) Lè nou wè fason Jewova te sove Pyè, ki jan sa ankouraje nou?

15 Ki jan bagay yo te pase pou Pyè? Nan dènye nuit li te nan prizon an, pandan li t ap dòmi nan mitan de sòlda, gen yon bagay estrawòdinè ki te rive. (Li Travay 12:7-11.) Eseye imajine sa k te pase a. Bridsoukou, yon limyè klere kacho kote Pyè ye a. Yon zanj parèt, men, sòlda yo pa wè l. San pèdi tan, li teke Pyè pou l fè l leve. Lè sa a, chenn Pyè gen nan men l yo annik tonbe. Apre sa, zanj lan fè Pyè soti nan kacho a, yo pase bò kot sòlda ki deyò yo e yo pase nan yon gwo pòtay an fè ki ouvri “poukont li”. Kou yo rive deyò a, zanj lan disparèt. Se konsa Pyè jwenn libète l.

16 Èske sa pa fè lafwa nou vin pi solid lè nou wè pouvwa Jewova genyen pou l delivre sèvitè l yo? Nòmalman, nou pa atann pou Jewova fè mirak pou l delivre nou. Sepandan, nou kapab gen yon konfyans total Jewova sèvi ak pouvwa l genyen pou l ede sèvitè l yo jodi a (2 Kwo. 16:9). Grasa lespri sen Jewova, ki se yon fòs ki pisan, nou kapab fè fas ak kèlkeswa eprèv nou jwenn (2 Kor. 4:7; 2 Pyè 2:9). Talè konsa, Jewova pral bay Pitit li a pouvwa pou l fè plizyè milyon moun soti nan prizon ki pi rèd la, anpalan de lanmò (Jan 5:28, 29). Lè nou gen lafwa nan pwomès Bondye yo, sa kapab ban nou anpil fòs pou nou fè fas ak eprèv n ap rankontre jodi a.

BAY YON TEMWAYAJ KONPLÈ MALGRE EPRÈV YO

17. Ki jan Pòl te kite yon bèl egzanp pou nou nan fason li te preche avèk zèl toutpandan li te sonje li pa t gen anpil tan devan l?

17 Men yon twazyèm leson nou kapab aprann nan men apot yo sou sa sa vle di kontinye veye: Yo te kontinye bay yon temwayaj konplè malgre eprèv yo te rankontre. Pou nou kontinye veye, li enpòtan pou nou preche avèk zèl toutpandan n ap sonje tan ki rete a pa anpil. Apot Pòl ban nou yon bèl egzanp nan sans sa a. Li te preche avèk zèl, li te vwayaje anpil e li te fòme anpil kongregasyon. Li te andire anpil eprèv, men, malgre sa, li pa t pèdi zèl li nan ministè a e li te toujou sonje li pa t gen anpil tan devan l. — 2 Kor. 11:23-29.

18. Ki jan Pòl te kontinye bay temwayaj pandan l te nan prizon nan vil Wòm?

18 Ann wè dènye pawòl liv Travay la di sou Pòl nan chapit 28 la. Pòl te rive Wòm, kote li te gen pou l parèt devan Newon. Yo mete l nan prizon, e petèt yo te mare l nan chenn ansanm ak sòlda ki t ap veye l la. Men, pa gen chenn ki te kapab anpeche apot sa a pale paske li te zele anpil. Pòl te kontinye chèche mwayen pou l bay temwayaj. (Li Travay 28:17, 23, 24.) Twa jou apre, li konvoke gwo zotobre pami Juif yo pou l ba yo temwayaj. Apre sa, yo chwazi yon lòt jou pou Pòl ba yo yon pi gwo temwayaj toujou. Men sa vèsè 23 a di: “Soti nan maten rive jis aswè, Pòl t ap ba yo esplikasyon, li ba yo yon temwayaj konplè sou wayòm Bondye a, e li sèvi ak Lwa Moyiz la ak pawòl pwofèt yo pou l konvenk yo sou sa ki konsène Jezi.”

19, 20. a) Sa k fè Pòl te konn bay temwayaj byen konsa? b) Ki jan Pòl te reyaji lè se kèk moun sèlman ki te aksepte bon nouvèl la?

19 Sa k fè Pòl te konn bay temwayaj byen konsa? Vèsè 23 a bay plizyè rezon ki fè sa: 1) li te konsantre mesaj li a sou Wayòm Bondye a ak sou Jezi Kris, 2) li te eseye “konvenk” moun ki t ap koute l yo, 3) li te sèvi ak Ekriti yo pou l rezone avèk yo, epi 4) kòm li te dispoze fè sakrifis, li te bay temwayaj “soti nan maten rive jis aswè”. Pòl te bay yon bon temwayaj, men se pa tout moun ki te byen reyaji. Vèsè 24 la di: “Gen kèk ladan yo ki te kòmanse kwè nan sa l t ap di yo, men, gen lòt ki pa t kwè.” Sa te lakòz chirepit nan mitan yo e y al fè wout yo.

20 Èske Pòl te dekouraje paske se pa tout moun ki te aksepte bon nouvèl la? Jamè! Men sa nou li nan Travay 28:30, 31: “Pòl te pase dezan antye nan kay li te lwe a e li te konn byen resevwa tout moun ki vin wè l. Li te preche yo wayòm Bondye a e li te anseye yo bagay ki gen rapò ak Seyè Jezi Kris. Li te pale ak yo avèk kran, san l pa rankontre pwoblèm.” Se ak pawòl ankourajan sa yo liv Travay la fini.

21. Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Pòl te bay lè l te nan kay kote yo te kenbe l kòm prizonye nan vil Wòm nan?

21 Ki sa nou aprann nan men Pòl? Pandan Pòl te nan kay kote yo te kenbe l kòm prizonye nan vil Wòm nan, li pa t lib pou l preche kay an kay. Malgre sa, li te rete pozitif. Li te bay tout moun ki te vin wè l temwayaj. Menm jan an tou, jodi a, anpil moun pami pèp Bondye a kenbe jwa yo e yo kontinye preche menm lè yo mete yo nan prizon san rezon akoz lafwa yo. Gen kèk nan frè ak sè nou yo nou renmen anpil ki oblije rete lakay yo oswa ki oblije viv nan kay ki la pou moun ki gen anpil laj ki pa ka pran swen tèt yo oswa ki malad. Lè yo santi kò yo, yo preche doktè yo, moun k ap travay nan kay sa yo, moun ki vin vizite yo ak lòt moun ki antre kote yo ye a. Volonte yo se bay temwayaj sou Wayòm Bondye a. Se pa ti apresye nou apresye bèl egzanp moun sa yo bay!

22. a) Ki liv ki ede nou byen konprann liv Travay la ki nan Bib la? (Gade kare ki pi wo a.) b) Ki detèminasyon nou pran toutpandan n ap tann fen sistèm sa a?

22 Se sèten apot yo ak lòt kretyen yo nan premye syèk la yo pale de yo nan liv Travay la kapab aprann nou anpil bagay sou sa sa vle di kontinye veye. Pandan n ap tann fen sistèm nan rive, annou pran detèminasyon pou nou imite kretyen premye syèk yo ki te konn bay temwayaj avèk zèl. Jodi a, pi gwo privilèj yon moun kapab genyen se bay “yon temwayaj konplè” sou Wayòm Bondye a. — Tra. 28:23.

[Kesyon]

[Kare nan paj 13]

“MWEN PAP JANM WÈ LIV TRAVAY LA MENM JAN AN ANKÒ!”

Men sa yon siveyan sikonskripsyon te di apre li te fin li liv ‘Rends pleinement témoignage au sujet du Royaume de Dieu’ a: “Mwen pap janm wè liv Travay la menm jan an ankò! Mwen deja egzamine liv Travay la plizyè fwa, men, se kòmsi mwen te gen yon balèn nan men m e m t ap eseye li l ak yon linèt ki sal. Kounye a, mwen santi Bondye beni m paske se kòmsi solèy la leve e mwen wè byen klè.”

[Foto nan paj 12]

Yon zanj k ap fè Pyè pase nan yon gwo pòtay an fè.