Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite “chapant verite” a anseye nou

Kite “chapant verite” a anseye nou

“[Nou gen] chapant konesans lan ak chapant verite ki nan Lalwa a.” — WOM. 2:20.

1. Poukisa li bon pou n konprann enpòtans Lwa Moyiz la genyen?

SI SE pa t pou sa Bondye te fè apot Pòl ekri yo, li t ap difisil pou n konprann enpòtans anpil bagay ki nan Lwa Moyiz la. Pa egzanp, nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te fè parèt aklè ki jan Jezi, yon ‘gran prèt ki fidèl’, te bay yon “sakrifis ki rekonsilye [nou] ak Bondye” yon fwa pou tout. Sakrifis sa a ap pèmèt tout moun ki gen lafwa nan Jezi jwenn “yon delivrans etènèl”. (Ebre 2:17; 9:11, 12.) Pòl te fè konnen tabènak la te senpleman ‘lonbray bagay ki nan syèl la’ e Jezi te vin Medyatè ‘yon alyans ki pi bon’ pase alyans Moyiz te medyatè l la (Ebre 7:22; 8:1-5). Esplikasyon Pòl te bay sou Lalwa a te gen anpil valè pou kretyen yo nan epòk li a, e yo gen anpil valè pou nou tou jodi a. Yo ede nou pi byen konprann tout sa Bondye fè pou nou.

2. Ki avantaj Juif ki te vin kretyen yo te genyen sou moun ki pa t Juif yo?

2 Gen kèk nan bagay apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo ki te espesyalman pou Juif ki te vin kretyen yo e ki te konn jwenn enstriksyon nan Lwa Moyiz la. Li te rekonèt piske kretyen sa yo te byen konnen Lwa Bondye te bay Moyiz la, yo te gen yon avantaj paske yo te “gen chapant konesans lan ak chapant verite” a konsènan Jewova ak prensip li yo ki jis. Piske Juif ki te kretyen yo te konprann “chapant verite” a e yo te gen bonjan respè pou li, yo te kapab gide lòt moun ki pa t konn Lwa Jewova te bay pèp li a, yo te kapab anseye moun sa yo epi ede yo wè limyè verite a menm jan ak Juif ki t ap sèvi Bondye anvan kretyen yo. — Li Women 2:17-20.

LONBRAY SAKRIFIS JEZI A

3. Ki byenfè n ap jwenn lè nou egzamine lwa Bondye te bay Juif nan tan lontan yo ki te gen rapò ak sakrifis yo?

3 Pou nou rive konprann objektif Jewova yo, li enpòtan toujou pou nou gen chapant verite Pòl t ap pale de li a. Prensip ki makònen ak Lwa Moyiz la enpòtan toujou. Toutpandan n ap kenbe sa nan lespri nou, nou pral wè ki jan divès sakrifis ak ofrann Lwa Moyiz la te mande Juif yo fè te mennen Juif ki te enb yo bay Kris e ki jan sakrifis ak ofrann sa yo te ede Juif sa yo konprann sa Bondye vle yo fè. Piske gen kèk bagay enpòtan Jewova toujou egzije nan men sèvitè l yo, nou pral wè tou lwa Bondye te bay Izrayelit yo sou sakrifis ak ofrann yo kapab ede nou egzamine tèt nou pou nou wè si n ap sèvi Jewova kòmsadwa. — Mal. 3:6.

4, 5. a) Ki sa Lwa Moyiz la te fè pèp Bondye a sonje? b) Ki sa sakrifis Bondye te mande nan Lwa Moyiz la te anonse?

4 Se sèten Juif nan tan lontan yo te rann yo kont gen anpil bagay Lwa Moyiz la te mande ki te fè yo konprann se pechè yo ye. Pa egzanp, si yon moun te manyen yon mò, li te dwe pirifye tèt li. Pou sa te fèt, prèt yo te oblije touye yon gazèl bèf koulè wouj ki te san defo e yo te boule l. Moun nan pèp Izrayèl la te kenbe sann lan pou yo te kapab prepare “dlo ki pou [te] fè yo pwòp la” ​(NW). Nan twazyèm ak setyèm jou apre moun nan te fin manyen mò a, yo te wouze moun nan ak dlo a pou l ka vin pwòp (Nonb 19:1-13). Apre yon fi te fin akouche, pandan yon tan, yo te konsidere l kòm yon moun ki pa t pwòp. Apre tan sa a te fin pase, li te dwe bay yon sakrifis pou Bondye padone peche l. Egzijans sa a te fè Juif yo sonje lè yo fè yon pitit yo transmèt peche bay pitit la. — Lev. 12:1-8.

5 Te gen lòt sitiyasyon ankò ki te mande pou Juif yo ofri bèt pou peche yo. Kit moun ki t ap fè sakrifis sa yo te konn sa, kit yo pa t konn sa, sakrifis sa yo ansanm ak lòt sakrifis moun te konn fè annapre nan tanp Jewova a te yon “lonbray” sakrifis Jezi a ki te pafè. — Ebre 10:1-10.

REZON KI FÈ YO TE KONN BAY SAKRIFIS YO

6, 7. a) Ki sa Izrayelit yo te dwe sonje lè yo t ap chwazi ki bèt pou yo ofri, e ki sa sa te anonse? b) Ki kesyon nou ta kapab poze tèt nou?

6 Kèlkeswa bèt yo t ap ofri Jewova a, li pa t dwe gen “okenn enfimite”, sa vle di je l pa t dwe pete, li pa t dwe blese, kò l pa t dwe andomaje ni li pa t dwe malad (Lev. 22:20-22). Lè Izrayelit yo t ap ofri Jewova fwi oswa sereyal, yo te dwe bay Jewova “premye fwi” ki te soti nan jaden yo, “sa ki pi bon” yo (Nonb 18:12, 29). Se sa k te pi bon yo Jewova t ap aksepte nan men yo. Jewova te mande Izrayelit yo pou yo sakrifye bèt pou li e sa te gen enpòtans nan je l. Sakrifis sa yo te montre sakrifis Jezi a t ap yon sakrifis ki san defo e ki san tach. Li te montre tou Jewova t ap bay sa l genyen ki pi bon an, sa li plis renmen an, pou l sove limanite. — 1 Pyè 1:18, 19.

7 Si moun ki t ap fè sakrifis la te vrèman gen rekonesans pou byenveyans Jewova, èske li pa t ap kontan chwazi sa ki pi bon pami tout sa l posede yo pou l ba li? Se chak moun ki te dwe deside si yo t ap ofri kalite sakrifis Jewova te mande yo. Sepandan, moun yo te konnen si yo te ofri Bondye yon sakrifis ki gen defo, sa pa t ap fè l plezi. Sa t ap montre yo te pran kesyon sakrifis la alalejè oswa yo te menm konsidere sakrifis sa yo kòm yon chay. (Li Malaki 1:6-8, 13.) Sa ta dwe fè nou reflechi ak sèvis n ap bay Jewova a. Nou ta kapab poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Ki sa k pouse m sèvi Jewova? Èske li pa t ap bon pou m egzamine kalite sèvis m ap bay Jewova a?’

8, 9. Poukisa li bon pou nou egzamine rezon ki te pouse Izrayelit yo ofri Jewova sakrifis?

8 Gen sakrifis Juif yo te konn fè volontèman pou yo montre Jewova rekonesans yo oswa pou yo jwenn favè l. Youn nan sakrifis sa yo se te olokos yo. Lè Juif yo t ap ofri sakrifis sa yo, sandout li pa t difisil pou yo fè yon bon chwa. Moun ki t ap ofri sakrifis la t ap kontan bay Jewova pi bon bèt li te genyen an. Jodi a, kretyen yo pa fè sakrifis bèt jan Lwa Moyiz la mande sa, sepandan, yo fè sakrifis kanmenm lè yo bay Jewova tan yo, fòs yo ak bagay materyèl yo posede. Apot Pòl te pale de fason kretyen yo pale de esperans yo lè y ap fè “deklarasyon piblik” e li te pale tou de enpòtans pou yo ‘fè byen epi pataje sa yo genyen ak lòt moun’. Li te di sakrifis sa yo fè Bondye plezi (Ebre 13:15, 16). Fason moun ki nan pèp Jewova a fè deklarasyon piblik la, fason yo fè byen epi yo pataje sa yo genyen ak lòt moun montre nan ki pwen yo gen anpil rekonesans pou tout sa Bondye ba yo. Moun nan tan lontan ki t ap ofri Jewova sakrifis volontèman yo te bezwen gen bon atitid e yo te bezwen gen bon rezon ki te pouse yo ofri sakrifis sa yo. Se menm bagay la tou pou kretyen yo Jodi a.

9 Men, e lè Juif yo te peche e yo te oblije fè yon sakrifis pou peche yo te fè a jan Lwa Moyiz la te mande sa? Èske w panse lefètke yo te oblije ofri sakrifis pou peche yo, yo pa t ap anvi ofri sakrifis sa yo e lè yo t ap ofri yo yo t ap fè sa yon fason ki montre yo pa gen respè? Èske w panse petèt yo te konn ofri sakrifis sa yo nan fòse (Lev. 4:27, 28)? Si moun ki t ap ofri sakrifis sa yo te vle kenbe yon bon relasyon toutbon ak Jewova, se sèten yo t ap ofri yo ak tout kè yo.

10. Ki “sakrifis” yon kretyen kapab bezwen fè pou l retabli bon relasyon l te genyen ni ak Jewova, ni ak kretyen parèy li yo?

10 Jodi a, nou kapab rann nou kont, lefètke nou te aji san reflechi, petèt nou te blese yon frè oswa yon sè nou. Konsyans nou kapab ap di nou nou fè yon bagay nou pa t dwe fè. Yon moun ki pran sèvis l ap bay Jewova a oserye ap fè tout sa l kapab pou l rezoud pwoblèm li gen ak yon lòt moun, èske se pa vre? Sa ka mande pou l mande moun nan padon sensèman oubyen, si se yon peche grav li te fè, pou l al chèche èd nan men ansyen yo ki renmen frè ak sè yo (Mat. 5:23, 24; Jak 5:14, 15). Lè nou peche kont frè nou oswa nou peche kont Jewova, pou nou repare sa nou te fè a, sa ap koute nou yon bagay. Malgre sa, lè nou fè “sakrifis” sa yo, n ap retabli bon relasyon nou te genyen ni ak Jewova, ni ak frè ak sè nou yo, e konsyans nou ap anpè. Lè konsyans nou vin anpè, sa ap ede nou wè li pi bon pou nou fè bagay yo fason Jewova vle nou fè yo a.

11, 12. a) Ki sa Jewova ban nou ki koresponn ak sakrifis kominyon yo? b) Ki rapò ki genyen ant sakrifis kominyon yo ak adorasyon n ap bay Jewova a jodi a?

11 Gen kèk sakrifis Lwa Moyiz la pale de yo ki rele sakrifis kominyon. Moun ki te konn fè sakrifis sa yo te montre yo vle fè lapè ak Jewova. Li posib pou moun ki te ofri sakrifis sa yo ansanm ak fanmi yo te konn manje vyann bèt la nan youn nan salamanje tanp lan. Prèt ki te ofri sakrifis la ansanm ak lòt prèt ki t ap sèvi nan tanp lan te resevwa yon pòsyon nan vyann bèt la tou (Lev. 3:1; 7:31-33). Sèl rezon ki fè moun yo te konn ofri sakrifis sa yo, se paske yo te vle gen bon relasyon ak Bondye. Se kòmsi moun nan, fanmi l, prèt yo ak Jewova t ap pran yon repa ansanm nan lapè.

12 Kòm nou sot wè sa, yon Izrayelit te kapab envite Jewova manje avè l epi Jewova aksepte. Èske yon moun te kapab gen yon pi gwo privilèj pase sa? Nòmalman, moun ki te fè envitasyon an t ap dispoze ofri envite san parèy sa a bèt li genyen ki pi bon an. Sakrifis kominyon sa yo, ki se yon pati enpòtan nan chapant verite ki nan Lalwa a, montre tout moun ki vle gen yon relasyon sere ak Kreyatè nou an e ki vle anpè avè l kapab fè sa grasa sakrifis Jezi a ki gen anpil valè. Jodi a, lè nou sèvi ak bagay materyèl nou genyen nan sèvis Jewova a, e nou ba li fòs nou, nou gen posiblite vin bon zanmi l.

JEWOVA PA AKSEPTE TOUT SAKRIFIS

13, 14. Poukisa Jewova pa t aksepte sakrifis wa Sayil te gen entansyon ofri l yo?

13 Nòmalman, pou Jewova te aksepte sakrifis Lwa Moyiz la te mande Juif yo bay yo, Juif yo te dwe gen bon rezon ki te pouse yo ofri sakrifis sa yo e yo te dwe fè sa ak tout kè yo. Sepandan, Bib la pale de sakrifis Jewova pa t aksepte. Ki sa k te fè sa? Nou pral wè de istwa ki montre sa.

14 Pwofèt Samyèl te fè wa Sayil konnen lè a te rive pou Jewova egzekite jijman l sou Amalekit yo. Jewova te bay Sayil lòd pou l ratibwaze nasyon sa a ki te ènmi pèp Izrayèl la ansanm ak tout bèt li yo. Apre Sayil te fin bat Amalekit yo, li te aksepte pou sòlda l yo pa touye Agag, wa Amalekit yo. Nan tout bèt Amalekit yo te genyen, li te pran sa k te pi bon yo pou l ofri Jewova yo (1 Sam. 15:2, 3, 21). Ki jan Jewova te reyaji? Li te abandone Sayil poutèt Sayil pa t obeyi l. (Li 1 Samyèl 15:22, 23.) Ki sa nou aprann nan istwa sa a? Si nou vle Jewova aksepte yon sakrifis nou ofri l, nou dwe obeyi kòmandman l yo.

15. Ki sa move konduit kèk Izrayelit ki te konn ofri sakrifis nan epòk Izayi a montre?

15 Nou jwenn yon lòt istwa ankò nan liv Izayi te ekri a ki montre se pa tout sakrifis Jewova aksepte. Nan epòk Izayi a, Izrayelit yo t ap ofri Jewova sakrifis paske yo te oblije fè sa, men, move konduit yo te fè Jewova pa aksepte sakrifis sa yo. Men sa Jewova te mande yo: “Sa pou m fè ak pakèt bèt n’ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n’ap boule sou lotèl la, ak grès towo n’ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa. [...] Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p’ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n’ap ofri m lan.” Kote pwoblèm nan te ye? Men sa Bondye te di yo: “Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p’ap tande nou! Men nou plen san! Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n’ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!” — Eza. (Iza.) 1: 11-16.

16. Ki sa k ap fè Jewova aksepte yon sakrifis n ap ofri l?

16 Jewova pa t pran plezi nan sakrifis moun ki pa t repanti yo te konn fè. Sepandan, li te aksepte priyè ak ofrann moun ki te sensè e ki t ap fè efò pou yo viv ann amoni ak kòmandman l yo. Chapant Lwa a te fè moun sa yo konprann yo se pechè e yo te bezwen jwenn padon nan men Bondye (Gal. 3:19). Lefètke yo te konprann sa, yo te regrèt peche yo te fè yo ak tout kè yo. Jodi a tou, nou dwe rekonèt nou bezwen sakrifis Kris la ki kapab fè nou jwenn padon pou peche nou yo toutbon. Si nou konprann sa e nou gen rekonesans pou sakrifis sa a, Jewova ap “pran plezi” nan tout sa nou ofri l nan sèvis n ap ba li a. — Li Sòm 51:17, 19.

SE POU NOU GEN LAFWA NAN SAKRIFIS JEZI A!

17-19. a) Ki jan nou kapab byen montre Jewova rekonesans nou pou ranson li te bay grasa sakrifis Jezi a? b) Ki sa nou pral wè nan atik etid ki vin apre a?

17 Jodi a, avantaj nou genyen sou moun ki t ap viv anvan epòk nou an, sèke nou pa bezwen kontante nou pou n sèlman wè “lonbray” objektif Bondye yo (Ebre 10:1). Lwa sou sakrifis yo te fè Juif yo gen bonjan rekonesans pou Bondye, yo te fè yo anvi ofri l bèt ki te pi bon yo e yo te fè yo rekonèt yo te bezwen jwenn padon nan men Bondye. Konsa, yo te kapab gen bon relasyon ak Bondye. Esplikasyon nou jwenn nan Liv ki te ekri an grèk yo ede nou konprann, grasa ranson an, Jewova pral elimine tout move efè peche gen sou nou pou toutan e depi kounye a nou kapab gen yon konsyans ki klè. Sakrifis Jezi te bay la, ranson an, se yon kado estrawòdinè! — Gal. 3:13; Ebre 9:9, 14.

18 Pou nou benefisye sakrifis ranson an, se sèten nou bezwen fè plis pase annik konprann sakrifis sa a. Men sa apot Pòl te ekri: “Lalwa vin tounen yon gid k ap mennen nou bay Kris, pou Bondye ka deklare nou jis grasa lafwa.” ​(Gal. 3:24). Lafwa mache ak aksyon (Jak 2:26). Se sa k fè Pòl te mande kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo, ki te gen chapant konesans ki nan Lwa Moyiz la, pou yo aji ann amoni ak konesans sa a. Si yo te fè sa, konduit yo pa t ap depaman ak prensip Bondye yo t ap anseye yo. — Li Women 2:21-23.

19 Jodi a, kretyen yo pa gen obligasyon pou yo suiv Lwa Moyiz la, malgre sa, yo dwe ofri Jewova sakrifis ki fè l plezi. Atik nou pral etidye annapre a pral montre nou ki jan nou kapab fè sa.

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 17]

Gen kèk bagay enpòtan Jewova toujou egzije nan men sèvitè l yo.

[Foto nan paj 18]

Kiyès nan de bèt sa yo ou t ap ofri Jewova?

[Foto nan paj 19]

Moun ki ofri Jewova sakrifis li aksepte gen favè l.