Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Benediksyon pou limanite grasa yon klas prèt k ap sèvi kòm wa

Benediksyon pou limanite grasa yon klas prèt k ap sèvi kòm wa

“Nou se ‘yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal’.” — 1 PYÈ 2:9.

1. Poukisa yo rele “soupe Seyè a” Memoryal tou, e poukisa yo selebre Memoryal la?

JOU ki te 14 Nizan ane 33 epòk nou an, apre solèy la te fin kouche, Jezi ak douz apot li yo t ap selebre fèt Pak Juif yo pou yon dènye fwa. Apre Jezi fin voye trèt yo rele Jida Iskaryòt la ale, li vin avèk yon lòt fèt ki te vin rele “soupe Seyè a” annapre (1 Kor. 11:20). Pandan de fwa Jezi te di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” Yo rele fèt sa a Memoryal tou paske li atire atansyon sou lanmò Jezi (1 Kor. 11:24, 25). Chak ane, Temwen Jewova yo nan lemonnantye selebre fèt sa a yon fason pou yo obeyi kòmandman sa a. Dapre kalandriye Bib la, pou ane 2012 la, 14 Nizan ap kòmanse jou k ap jedi 5 avril la, apre solèy la fin kouche.

2. Ki sa Jezi te di konsènan pen ak diven li te itilize yo?

2 Disip Lik rezime tout sa Jezi te fè ak sa l te di jou swa sa a nan de vèsè. Men sa l rapòte: “Li pran yon pen, li di Bondye mèsi, li kase l, li ba yo l, epi li di: ‘Sa a reprezante kò m mwen pral bay pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.’ Apre yo fin soupe, li fè menm bagay la ak koup la tou, li di: ‘Koup sa a reprezante nouvo alyans lan ki fèt grasa san m ki pral koule pou nou’.” ​(Lik 22:19, 20). Ki sa apot yo te konprann nan pawòl sa yo?

3. Ki jan apot yo te kapab konprann pawòl Jezi te di yo?

3 Etandone apot yo te Juif, yo te abitye ak sakrifis bèt prèt yo te konn ofri Bondye nan tanp Jerizalèm nan. Juif yo te konn ofri sakrifis sa yo pou yo te ka jwenn favè Jewova. Sepandan, yo te ofri anpil nan sakrifis sa yo tou pou yo jwenn padon pou peche yo (Lev. 1:4; 22:17-29). Konsa, lè Jezi te di apot yo li t apral ‘bay kò l pou yo e san l t apral koule pou yo’, apot yo t ap konprann li te vle di li t apral bay lavi pafè li genyen an kòm sakrifis. Se yon sakrifis ki t ap pi enpòtan lontan pase sakrifis bèt yo te konn ofri yo.

4. Ki sa Jezi te vle di lè l te di “koup sa a reprezante nouvo alyans lan ki fèt grasa san m ki pral koule pou nou” an?

4 Men, e lè Jezi te di “koup sa a reprezante nouvo alyans lan ki fèt grasa san m ki pral koule pou nou” an, ki sa yo t ap konprann? Apot yo te konnen, nan Jeremi 31:31-33, gen yon pwofesi ki te pale de yon nouvo alyans. (Li vèsè yo.) Pawòl sa yo Jezi te di yo te montre li t ap entwodui nouvo alyans sa a ki t apral ranplase alyans Lalwa a Jewova te fè ak pèp Izrayèl la pa mwayen Moyiz. Èske de alyans sa yo gen rapò youn ak lòt?

5. Ki posiblite alyans Lalwa a te bay nasyon Izrayèl la?

5 Alyans sa yo gen yon rapò sere youn ak lòt. Lè Jewova t ap fè alyans Lalwa a ak nasyon Izrayèl, men sa li te di nasyon an: “Si nou obeyi vwa m yon fason ki strik e si nou kenbe alyans mwen an toutbonvre, lè sa a, san mank n ap tounen pwopriyete espesyal mwen pami tout lòt pèp yo, paske tout tè a se pou mwen. E nou menm, n ap tounen pou mwen yon wayòm prèt e yon nasyon ki sen.” ​(Egz. 19:5, 6, NW). Ki sans pawòl sa yo te genyen pou Izrayelit yo?

BONDYE TE PWOMÈT YON KLAS PRÈT K AP SÈVI KÒM WA

6. Ki pwomès Jewova te fè ki fè li te vin fè alyans Lalwa a ak pèp Izrayèl?

6 Izrayelit yo te konprann mo “alyans” lan paske Jewova te deja fè alyans ak Noye ak Abraram ki te zansèt yo (Jen. 6:18; 9:8-17; 15:18; 17:1-9). Nan alyans Jewova te fè avèk Abraram nan, li te fè Abraram pwomès sa a: “Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.” ​(Jen. 22:18). Jewova te fè alyans Lalwa a pou l te pèmèt pwomès li te fè Abraram nan reyalize. Sou baz alyans sa a, pèp Izrayèl la te vin ‘pwopriyete espesyal Jewova pami tout lòt pèp yo’. Nan ki objektif? Pou yo te kapab ‘vin yon wayòm prèt pou Jewova’.

7. Ki sa ekspresyon “yon wayòm prèt” la vle di?

7 Izrayelit yo te konnen ki sa yon wa ye e ki sa yon prèt ye, men, se sèlman Mèlkisedèk, yon moun ki te viv nan tan lontan, ki te gen favè Jewova pou l prèt e wa anmenmtan (Jen. 14:18). Kounye a, Jewova te ofri nasyon Izrayèl la posiblite pou “yon wayòm prèt” soti ladan l. Jan Ekriti yo te fè konprann sa pi devan, sa te vle di yo te gen posiblite pou yo bay yon klas prèt ki t ap gen pou l sèvi kòm wa anmenmtan. — 1 Pyè 2:9.

8. Ki travay prèt Bondye chwazi yo fè?

8 Nòmalman, yon wa se yon moun k ap dirije yon peyi. Men, ki sa yon prèt fè? Men sa Ebre 5:1 esplike: “Chak gran prèt yo pran pami lèzòm, yo mete l pou l fè sèvis Bondye an favè lèzòm, pou l ka fè ofrann e pou l ka fè sakrifis pou peche.” Donk, jan Lalwa te mande sa, prèt Jewova chwazi yo ofri sakrifis devan Jewova pou moun ki fè peche. Konsa, yo plede kòz moun sa yo devan Bondye. Yon lòt bò, prèt sa yo reprezante Jewova devan pèp li a e yo anseye l lwa l yo (Lev. 10:8-11; Mal. 2:7). Se konsa prèt Bondye chwazi yo travay pou yo rekonsilye moun ak Bondye.

9. a) A ki kondisyon Izrayelit yo t ap bay “yon wayòm prèt”? b) Poukisa Jewova te etabli yon klas prèt nan mitan pèp Izrayèl la? c) Ki sa k te anpeche pèp Izrayèl la bay “yon wayòm prèt” sou alyans Lalwa a?

9 Alyans Lalwa a te bay Izrayelit yo posiblite pou yo bay yon klas prèt k ap sèvi kòm wa nan enterè “tout lòt pèp yo”. Sepandan, bèl posiblite sa a te mache ak yon kondisyon. Kondisyon Bondye te bay la sèke yo te dwe ‘obeyi vwa l yon fason ki strik epi kenbe alyans li an toutbonvre’. Èske Izrayelit yo te kapab ‘obeyi vwa Jewova yon fason ki strik’? Wi, yo te kapab fè sa. Èske yo te kapab fè sa yon fason ki pafè? Non (Wom. 3:19, 20). Pou rezon sa a, Jewova te etabli yon klas prèt nan mitan pèp Izrayèl annatandan pou yo te ka ofri sakrifis bèt pou peche pèp la t ap gen pou yo fè kanmenm. Sepandan, prèt sa yo pa t wa (Lev. 4:1–6:7). Prèt sa yo te gen pou yo fè sakrifis pou pwòp peche pa yo tou (Ebre 5:1-3; 8:3). Jewova te aksepte sakrifis sa yo, men yo pa t kapab efase peche moun yo nèt. Klas prèt sa a ki te sou alyans Lalwa a pa t kapab rekonsilye Izrayelit yo ak Bondye nèt, menm Izrayelit ki te sensè yo. Jan apot Pòl te di sa, “li pa posib pou san towo bèf ak san kabrit retire peche”. (Ebre 10:1-4.) Pèp Izrayèl la te vin anba yon malediksyon paske yo te vyole Lalwa (Gal. 3:10). Se sa k fè yo pa t ka vin yon klas prèt k ap sèvi kòm wa pou limanite.

10. Nan ki objektif Jewova te fè alyans Lalwa a?

10 Èske sa vle di pèp Izrayèl la pa t ka bay yon wayòm prèt jan Jewova te vle a? Non, sa pa vle di sa. Si yo te fè tout sa yo kapab pou yo obeyi Jewova ak tout kè yo, yo t ap gen posiblite sa a, men sa pa t ap ka fèt pandan yo te sou Lalwa. Pou ki rezon? (Li Galat 3:19-25.) Lalwa te pèmèt moun ki te fè tout sa yo kapab pou yo obeyi lwa Jewova yo kontinye patisipe nan vrè adorasyon an. Li te fè Juif yo rekonèt se pechè yo ye e yo bezwen yon lòt sakrifis ki te gen plis valè pase sakrifis bèt gran prèt yo te konn ofri yo. Lalwa te yon gid ki te mennen pèp la bay Kris, oswa Mesi a, ki vle di “Moun Bondye chwazi a”. Sepandan, lè Mesi a ta vini, li t ap vin ak nouvo alyans Jeremi te pale de li a. Moun ki te aksepte Kris yo te jwenn envitasyon pou yo vin fè pati nouvo alyans lan. Konsa, yo t ap vin fòme “yon wayòm prèt”. Ann wè ki jan sa t apral fèt.

NOUVO ALYANS LAN BAY KLAS PRÈT K AP SÈVI KÒM WA A

11. Ki jan Jezi te pèmèt klas prèt k ap sèvi kòm wa a vin yon reyalite toutbon?

11 Mesi a te parèt nan ane 29 epòk nou an. Se te Jezi, moun Nazarèt la. Lè Jezi te gen anviwon 30 an, li te batize nan dlo pou l te kapab prezante tèt li bay Jewova pou l fè yon travay espesyal Jewova te gen pou li. Nan okazyon sa a, Jewova te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la.” Pou Jewova te chwazi Jezi, li pa t fè yo vide luil sou li, men li te fè sa pa mwayen lespri sen (Mat. 3:13-17; Tra. 10:38). Lè Jewova te chwazi Jezi a, Jezi te tou vin yon Gran Prèt pou tout moun ki t apral kwè nan li, e se li ki t ap vin wa yo tou (Ebre 1:8, 9; 5:5, 6). Se li ki t ap pèmèt klas prèt k ap sèvi kòm wa a vin yon reyalite toutbon.

12. Ki sa ki te vin posib grasa sakrifis Jezi a?

12 Antanke Gran Prèt, ki sakrifis Jezi t ap ofri ki t ap kapab fè moun ki kwè nan li yo jwenn padon nèt pou peche yo? Jan Jezi te fè konn sa lè li te vin ak fèt Memoryal lanmò l la, sakrifis li te bay la se te pwòp vi l antanke moun pafè. (Li Ebre 9:11, 12.) Antanke Gran Prèt, Jezi te jwenn eprèv ak fòmasyon depi lè li te batize nan ane 29 epòk nou an pou jis li te mouri (Ebre 4:15; 5:7-10). Apre rezirèksyon Jezi, li te monte nan syèl la pou l prezante valè sakrifis li a devan Jewova (Ebre 9:24). Depi lè sa a, Jezi ap plede kòz moun ki gen lafwa nan li yo devan Jewova e l ap ede yo kontinye sèvi Jewova pou yo ka jwenn lavi ki pap janm fini an (Ebre 7:25). Se sakrifis Jezi a ki fè li posib pou nouvo alyans lan vin legal. — Ebre 8:6; 9:15.

13. Ki posiblite moun Bondye te envite pou yo vin fè pati nouvo alyans lan te genyen?

13 Se pa mwayen lespri sen tou Bondye chwazi moun li envite pou yo fè pati nouvo alyans lan (2 Kor. 1:21). Pami moun sa yo, gen Juif ki fidèl ak lòt moun ki pa Juif (Efe. 3:5, 6). Ki posiblite moun ki te vin fè pati nouvo alyans lan te genyen? Yo t ap jwenn padon nèt pou peche yo. Men pwomès Jewova te fè: “M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò.” ​(Jer. 31:34). Piske yo te jwenn padon pou peche yo legalman, yo te vin nan yon pozisyon kote yo te kapab “yon wayòm prèt”. Men sa Pyè te ekri kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo: “Nou se ‘yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal, dekwa pou nou fè konnen kalite estrawòdinè’ sila a ki te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la.” ​(1 Pyè 2:9). Lè Pyè te ekri pawòl sa yo, li te site kèk nan pawòl Jewova te di pèp Izrayèl la lè l te fè alyans Lalwa a avèk yo. Li te aplike pawòl sa yo sou kretyen ki fè pati nouvo alyans lan. — Egz. 19:5, 6.

YON KLAS PRÈT K AP WA E K AP POTE BENEDIKSYON POU LIMANITE

14. Ki kote klas prèt k ap sèvi kòm wa a t ap gen pou yo sèvi?

14 Ki kote moun ki fè pati nouvo alyans lan t apral sèvi? Antanke gwoup, yo t apral sèvi sou tè a, kote yo t apral reprezante Jewova antanke prèt. Yo t ap gen pou yo reprezante Jewova devan pèp li a ‘pou yo fè konnen kalite estrawòdinè’ li genyen yo e pou yo bay pèp li a manje espirityèl (Mat. 24:45; 1 Pyè 2:4, 5). Apre yo fin mouri e yo resisite, yo t ap anmezi pou yo sèvi antanke prèt e antanke wa ansanm ak Kris nan syèl la (Lik 22:29; 1 Pyè 1:3-5; Rev. 1:6). Apot Jan te fè yon vizyon ki te montre sa. Nan vizyon sa a, li te wè yon kantite kreyati espirityèl bò kot twòn Jewova a nan syèl la. Nan “yon nouvo chante” yo t ap chante pou “Timouton an”, men sa yo t ap di: “Avèk san w, ou achte moun pou Bondye, moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon, ou fè yo vin wa, ou fè yo vin prèt pou Bondye nou an, e yo gen pou yo dirije tè a antanke wa.” ​(Rev. 5:8-10). Nan yon lòt vizyon Jan te fè annapre, men sa li te di konsènan moun sa yo ki gen pou dirije yo: “Yo pral sèvi kòm prèt pou Bondye e pou Kris, e yo pral dirije antanke wa avèk Kris pandan 1 000 an.” ​(Rev. 20:6). Yo fòme yon klas prèt ansanm ak Kris k ap pote benediksyon pou tout limanite.

15, 16. Ki benediksyon klas prèt k ap sèvi kòm wa a pral pote pou limanite?

15 Ki benediksyon 144 000 moun ki pral nan syèl yo pral pote pou moun ki sou tè a? Nan liv Revelasyon an, nan chapit 21, yo pale de yo antanke yon vil, Nouvo Jerizalèm nan, ki nan syèl la. Yo rele vil sa a tou “madanm Timouton an”. (Rev. 21:9.) Men sa Bib la di soti nan vèsè 2 rive nan vèsè 4 la: “Mwen wè vil ki sen an, Nouvo Jerizalèm nan, k ap desann sot nan syèl la bò kot Bondye. Li abiye tankou yon lamarye ki fè l bèl pou mesye li pral marye avè l la. Lè sa a, mwen tande yon vwa ki soti nan twòn nan ki di byen fò: ‘Gade! Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo, e yo pral vin pèp li. E Bondye li menm ap avèk yo. L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt’.” Se pa ti benediksyon non sa pral ye! Lanmò pap la ankò, e se prensipal bagay ki fè moun kriye, ki fè yo gen chagren, ki fè yo rele e ki bay lapenn. Lè sa a, moun ki fidèl yo pral vin pafè, e y ap rekonsilye nèt ak Bondye.

16 Men sa apot Jan di nan Revelasyon 22:1, 2 ki montre lòt benediksyon klas prèt k ap sèvi kòm wa a ap pote: “Li montre m yon rivyè dlo lavi, klè kou kristal, k ap koule sot nan twòn Bondye a ak nan twòn Timouton an al nan mitan gran wout vil la [Nouvo Jerizalèm nan]. Sou toule de bò rivyè a, gen yon seri pyebwa ki bay lavi e ki bay douz rekòt fwi, yo bay fwi chak mwa. E fèy pyebwa yo te la pou geri nasyon yo.” Bagay senbolik sa yo pral pèmèt “nasyon yo”, sa vle di gwoup fanmi ki fòme limanite yo, soti nèt anba enpèfeksyon Adan kite pou yo a. Lè sa a, “ansyen bagay yo ap disparèt” toutbonvre.

KLAS PRÈT K AP SÈVI KOM WA A AP FIN FÈ TRAVAY LI

17. Ki sa klas prèt k ap sèvi kòm wa a pral akonpli?

17 Klas prèt k ap sèvi kòm wa a pral pase mil an ap ofri lèzòm sèvis li. Kou mil an fini, lèzòm ap vin pafè. Apre sa, antanke Gran Prèt e Wa, Kris pral remèt Jewova lèzòm. (Li 1 Korentyen 15:22-26.) Lè moman sa a rive, klas prèt k ap sèvi kòm wa a ap gentan fin fè travay Bondye te ba l fè a nèt.

18. Apre klas prèt k ap sèvi kòm wa a fin fè travay Jewova te ba l fè ansanm ak Kris nan syèl la, ki sa Jewova ap fè avè l?

18 Apre mil an an, ki sa Jewova pral fè ak moun sa yo ki te resevwa kokennchenn privilèj pou yo travay ansanm ak Kris nan syèl la? Selon sa Revelasyon 22:5 di, “yo pral dirije antanke wa pou toutan gen tan”. Men, sou ki moun? Bib la pa di anyen sou sa. Sepandan, antanke moun k ap nan syèl la, k ap gen imòtalite e k ap gen eksperyans nan ede yon monn ki te enpafè, y ap kapab kenbe pozisyon yo antanke wa nan objektif Bondye pou toutan.

19. Ki sa moun k ap la nan Memoryal la ta dwe sonje?

19 Lè nou reyini pou n selebre Memoryal lanmò Jezi a, nan jou k ap Jedi 5 avril 2012 la, enfòmasyon sa yo ki nan Bib la ta dwe nan lespri nou. Ti rès kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la, ki sou tè a toujou, pral manje pen san ledven an e yo pral bwè diven wouj y ap pase a, sa ki montre yo fè pati nouvo alyans lan. Senbòl sa yo, ki raple yo sakrifis Jezi a, ap fè yo sonje kokennchenn privilèj ak kokennchenn responsablite yo genyen nan objektif Jewova genyen pou toutan an. Se pou nou tout asiste fèt sa a avèk anpil rekonesans pou klas prèt k ap sèvi kòm wa Jewova ban nou an ki pral pote benediksyon pou tout limanite!

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Klas prèt k ap sèvi kòm wa a pral pote benediksyon pou limanite pou toutan.