Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Ki jan m pral fè preche?’

‘Ki jan m pral fè preche?’

‘Ki jan m pral fè preche?’

Sou tout tè a, nou tande pale de kèk frè ak sè fidèl k ap patisipe regilyèman nan travay predikasyon an malgre yo gen gwo pwoblèm sante. Ann pran egzanp Dalia, k ap viv Vilniyis, kapital peyi Lityani.

Dalia se yon sè ki nan trantèn li. Depi l fèt li gen yon maladi nan sèvo. Maladi sa a fè l paralize e li fè l pa ka pale byen. Se sèl moun lakay li ki konprann li byen lè l ap pale. Dalia ap viv ak manman l, Galina, k ap pran swen l. Byenke Dalia jwenn anpil difikilte nan lavi l e li gen anpil enkyetid, li toujou rete pozitif. Ki jan sa fè posib?

Men sa Galina esplike: “An 1999, gen yon kouzin mwen ki rele Apolonija ki te vin wè nou. Nou te remake Apolonija, ki Temwen Jewova, te konnen Bib la byen. Dalia te kòmanse poze l anpil kesyon. Sa pa t pran lontan pou Apolonija kòmanse yon etid biblik ak Dalia. Detanzantan, mwen te konn chita nan etid la pou m esplike sa Dalia ap di. Mwen te remake tout sa Dalia te aprann yo te ede l anpil. Se sa k fè mwen te mande yon etid biblik tou.”

Etandone Dalia te kòmanse konprann anpil verite nan Bib la, gen yon kesyon ki te kòmanse ap ba l anpil pwoblèm. Finalman, men sa l di Apolonija: “Ki jan yon moun ki paralize tankou m ap fè preche?” ​(Mat. 28:19, 20). Apolonija rete byen kalm, epi li di l: “Ou pa bezwen pè, Jewova ap ede w.” Vrèmanvre, Jewova te ede l.

Ki jan Dalia preche? Li fè sa plizyè fason. Sè yo nan kongregasyon l lan ede l ekri lèt ki gen mesaj biblik ladan yo. Anvan sè yo ede Dalia ekri lèt sa yo, li esplike yo sa l ta renmen met nan lèt yo. Apre sa, sè yo met sa l di yo nan lèt yo. Dalia itilize telefòn li tou pou l voye mesaj yon fason pou l ka preche. Lè l fè bon tan, moun nan kongregasyon an mennen l al preche sou kèk plas nan zòn nan e yo mennen l bay temwayaj nan lari.

Dalia ak manman l kontinye ap fè pwogrè nan laverite. Yo toule de te vwe lavi yo bay Jewova, yo te batize an novanm 2004. An septanm 2008, gen yon gwoup ki te fòme Vilniyis nan lang polonè. Piske gwoup la te bezwen plis pwoklamatè, Dalia ak manman l t al nan gwoup sa a. Men sa Dalia di: “Gen kèk mwa mwen konn gen enkyetid lè m wè mwen poko soti nan predikasyon. Men, kou m priye Jewova sou sa, gen yon moun ki rele m pou l pran randevou avè m pou n al preche.” Ki jan Dalia, sè nou an, santi l nan sitiyasyon l ye a? Men sa l di: “Maladi a paralize kò m, men, li pa paralize sèvo m. Se pa ti kontan mwen kontan dèske mwen kapab pale ak lòt moun de Jewova!”