Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè tout moun nan kay la pa nan menm relijyon

Lè tout moun nan kay la pa nan menm relijyon

“Ki jan w fè konnen si w pap sove [moun ou marye avè l la]?” — 1 KOR. 7:16.

1. Lè yon moun aksepte mesaj Wayòm nan, ki efè sa ka genyen sou relasyon l ak fanmi l?

MEN sa Jezi te di apot li yo yon lè li t ap voye yo preche: “Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre’.” ​(Mat. 10:1, 7). Bon nouvèl sa a t ap pote lapè ak kè kontan pou moun ki aksepte l ak tout kè yo. Sepandan, Jezi te fè apot li yo konnen anpil moun t ap opoze ak travay predikasyon Wayòm nan (Mat. 10:16-23). Youn nan bagay ki vrèman di pou kretyen yo se lè yo jwenn opozisyon nan men fanmi yo.— Li Matye 10:34-36.

2. Poukisa li pa enposib pou kretyen yo gen kè kontan menm lè y ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon ak yo?

2 Èske sa vle di moun k ap suiv Kris yo pa ka gen kè kontan si y ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon ak yo? Non. Byenke yon kretyen ka jwenn gwo opozisyon nan men fanmi l, sa pa fèt toutan. Anplis de sa, opozisyon an gendwa pa dire pou toutan. Pou yon moun ki kwayan byen fè fas ak opozisyon li jwenn nan fanmi l, sa ap depann anpil de fason li reyaji. Mete sou sa, Jewova beni moun ki fidèl anvè l yo e li fè yo gen kè kontan menm lè yo nan sitiyasyon ki difisil. Donk, yon kretyen k ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon avè l kapab chèche jwenn plis kè kontan lè: 1) li fè tout sa l kapab pou gen lapè nan kay la epi 2) li fè tout sa l kapab pou l ede moun nan fanmi l aksepte laverite.

FÈ SA W KAPAB POU GEN LAPÈ NAN KAY LA

3. Poukisa yon kretyen k ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon avè l dwe fè tout sa l kapab pou gen lapè nan kay la?

3 Li enpòtan anpil pou gen lapè nan fanmi an pou semans fwi jistis la ka grandi. (Li Jak 3:18.) Menmsi tout moun nan fanmi yon kretyen poko ini ansanm avè l nan vrè adorasyon an, li dwe fè tout sa l kapab pou gen lapè nan kay la. Ki jan l ka fè sa?

4. Ki sa kretyen yo kapab fè pou yo toujou santi yo anpè?

4 Kretyen yo dwe bat pou yo toujou santi yo anpè. Sa mande pou yo priye Bondye ak tout kè yo paske sa ap ede yo jwenn “lapè Bondye” ki pa gen parèy la (Fil. 4:6, 7). Lè yo aprann konnen Jewova epi yo aplike prensip ki soti nan Bib la nan lavi yo, sa ap fè yo gen lapè ak kè kontan (Eza. (Iza.) 54:13). Lè yo patisipe nan reyinyon yo ak lè yo zele nan ministè a, sa ede yo gen lapè ak kè kontan tou. An jeneral, menm lè yon kretyen ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon avè l, li posib pou l patisipe nan aktivite kretyen yo. Ann pran egzanp Enza *, yon sè ki jwenn gwo opozisyon nan men mari l. Li patisipe nan travay fè disip la apre l fin fè tout travay li gen pou l fè lakay li. Men sa Enza di: “Chak fwa mwen fè efò pou m pataje bon nouvèl la ak lòt moun, Jewova beni m anpil paske li fè m jwenn bon rezilta.” Se sèten benediksyon sa yo fè l jwenn lapè, satisfaksyon ak kè kontan.

5. Ki difikilte kretyen k ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon ak yo jwenn souvan, e ki sa k ka ede yo?

5 Nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou viv anpè ak moun lakay nou ki pa nan menm relijyon ak nou. Sa ka difisil paske pafwa yo ka mande nou fè yon seri bagay ki kont prensip biblik yo. Lè nou detèmine pou n suiv prensip Bondye yo ki jis, sa kapab kontrarye kèk moun nan fanmi an ki pa kwayan. Men, lè nou kontinye fè sa, pi devan, sa ap pote lapè nan fanmi an. Byennantandi, lè yo mande nou fè yon bagay ki pa kont prensip Bondye yo, si n ap plede refize, sa kapab fè gen pwoblèm nan kay la, alòske nou te kapab evite sa. (Li Pwovèb 16:7.) Lè n ap fè fas ak yon difikilte, li enpòtan pou nou chèche konsèy biblik ni nan piblikasyon klas “esklav fidèl ki prevwayan an”, ni nan men ansyen yo. — Pwo. 11:14.

6, 7. a) Poukisa lè yon moun kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo kèk moun nan fanmi l kapab opoze ak li? b) Ki fason yon kretyen oswa yon moun k ap etidye Labib kapab fè fas ak opozisyon li jwenn nan fanmi l?

6 Pou yon kretyen gen lapè lakay li, li bezwen mete konfyans li nan Jewova epi chèche konprann santiman moun nan fanmi an ki pa nan menm relijyon ak li (Pwo. 16:20). Menm moun ki fèk ap etidye Labib kapab fè sa. Gen kèk mari oswa madanm ki pa kwayan ki kapab pa gen okenn pwoblèm pou moun yo marye avè l la etidye Labib. Yo gendwa menm rekonèt sa kapab bon pou fanmi an. Sepandan, gen lòt ki gendwa pa menm vle tande pale de sa. Pa egzanp, Esther, yon dam ki Temwen Jewova kounye a, fè konnen li te “fache anpil” lè mari l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Men sa l di: “Mwen te konn jete piblikasyon yo oswa mwen boule yo.” Okòmansman, Howard li menm pa t dakò pou madanm li etidye Labib. Men sa l fè konnen: “Anpil mari pè pou moun pa pran tèt madanm yo epi fè yo antre nan yon sèk relijye. Yon mari gendwa pa konn kòman pou l reyaji devan swadizan menas sa a e sa kapab fè l vin opoze ak madanm li.”

7 Yon moun k ap etidye Labib bezwen konprann menmsi moun li marye avè la pa dakò ak etid la, li pa oblije kite etid la pou sa. Souvan, li kapab rezoud pwoblèm nan lè l aji avèk dousè e lè l montre respè pou moun li marye avè l la ki pa kwayan (1 Pyè 3:15). Men sa Howard di: “Se pa ti kontan m kontan lefètke madanm mwen te konn rete kalm e li pa t janm aji mal avè m!” Men sa madanm Howard di: “Howard te mande m kite etid la. Li te di m se lave y ap lave sèvo m. Olye m te fè sa fè pale anpil, mwen te di l petèt li gen rezon, men, sensèman, mwen pa wè ki jan. Se sa k fè mwen te mande l pou l li liv mwen t ap etidye a. Li te fè sa e li te dakò ak sa l te li yo. Sa te gen yon gwo efè sou li.” Li bon pou nou sonje, yon mari oswa yon madanm ki pa kwayan kapab santi l abandone oswa maryaj li menase, lè moun li marye avè l la kite l nan kay la pou l al patisipe nan aktivite kretyen yo. Men, si kretyen an fè moun li marye avè l la santi li renmen l, sa kapab fè moun sa a santi l an sekirite.

EDE YO AKSEPTE LAVERITE

8. Ki konsèy apot Pòl bay moun ki vin kretyen ki te deja marye ak yon moun ki pa kwayan?

8 Apot Pòl te konseye kretyen yo pou yo pa kite madanm yo oswa mari yo senpleman paske yo pa kwayan *. (Li 1 Korentyen 7:12-16.) Lè yon kretyen sonje gen posiblite pou moun li marye avè l la ki pa kwayan vin yon kretyen, sa kapab ede l kontinye gen kè kontan malgre moun ki nan kay la pa nan menm relijyon avè l. Sepandan, jan egzanp ki vin annapre yo montre sa, gen prekosyon li bezwen pran lè l ap eseye pataje mesaj verite a ak moun ki pa kwayan an.

9. Ki prekosyon nou bezwen pran lè n ap pataje verite ki nan Bib la ak moun nan fanmi nou ki pa kwayan?

9 Men sa yon frè ki rele Jason di lè l sonje sa l te santi lè l te fèk ap aprann verite ki nan Bib la: “Mwen te vle pale ak tout moun!” Lè yon etidyan Labib kòmanse apresye laverite ki soti nan Pawòl Bondye a, li pale sou sa l aprann yo prèske toutan tèlman l kontan. Li kapab atann pou moun nan fanmi l ki pa kwayan yo aksepte mesaj Wayòm nan san pèdi tan. Men, moun yo gendwa pa aksepte bon nouvèl la. Ki jan madanm Jason te reyaji lè Jason t ap plede preche l? Men sa madanm li di: “Mwen te santi m about!” Men sa yon madanm ki vin aksepte laverite 18 an apre mari l te fin aksepte laverite di: “Mwen te bezwen tan pou m aprann laverite.” Si w ap etidye Labib ak yon moun epi moun li marye avè l la pa gen okenn anvi pran pozisyon pou vrè adorasyon an, poukisa detanzantan, ou pa montre l ki jan pou l preche moun nan avèk respè? Men sa Moyiz te di: “Sa m’ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k’ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k’ap tonbe sou jenn plant yo.” ​(Det. 32:2). Olye nou plede ap preche moun nou marye avè l la ki pa kwayan, li pi bon pou nou chwazi moman ki apwopriye pou nou kase ti moso verite ba li.

10-12. a) Ki konsèy apot Pyè bay moun ki vin kretyen ki deja marye ak yon moun ki pa kwayan? b) Ki jan yon etidyan Labib te aprann aplike konsèy ki nan 1 Pyè 3:1, 2 yo?

10 Anba enfliyans lespri sen, apot Pyè te bay madanm ki kretyen yo ki gen mari yo ki pa kwayan konsèy ki vin apre a: “Se pou nou soumèt devan mari nou, konsa, si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou, paske yo temwen ak je yo nou gen yon konduit ki pwòp e nou gen yon gwo respè.” ​(1 Pyè 3:1, 2). Yon madanm kapab genyen mari l san pawòl epi ede l vin nan vrè adorasyon an lè l soumèt devan l e li gen gwo respè pou li, menmsi mari a ap mal boule avè l. Menm jan an tou, yon mari ki kretyen dwe mennen vi l yon fason ki fè Bondye plezi e li dwe dirije fanmi l avèk amou menmsi madanm li ki pa kwayan opoze avè l. — 1 Pyè 3:7-9.

11 Gen anpil kretyen ki suiv konsèy Pyè a nan epòk pa nou an ki jwenn bon rezilta, sa ki montre konsèy sa a se yon bon konsèy. Selma se youn nan moun sa yo. Lè l te kòmanse etidye Labib avèk Temwen Jewova yo, Steve, mari l, pa t kontan. Steve di “li te vin fache, li te kòmanse ap fè jalouzi, li te kòmanse pa vle madanm li fè wonn pòt e li te vin pè pou madanm li pa kite l”. Men sa Selma di: “Depi anvan m te aprann laverite, li pa t fasil pou m viv ak Steve, mwen te toujou ap mache sou pinga m. Li te konn fache pou ti krik ti krak. Lè m te kòmanse etidye Labib, sa te vin pi mal.” Ki sa k te ede Selma nan sitiyasyon sa a?

12 Selma sonje yon bagay li te aprann nan men sè ki t ap etidye Labib avè l la. Men sa li di: “Gen yon jou mwen pa t vle fè etid la paske, lavèy, Steve te frape m pandan m t ap eseye fè l wè yon verite. Sa te fè m tris e sa te fè m santi m dekouraje. Apre m fin rakonte sè a sa k te pase a e ki jan m te santi m, li mande m pou m li 1 Korentyen 13:4-7. Pandan mwen t ap li vèsè sa yo, mwen te di: ‘Men, Steve pa janm montre lanmou pou mwen konsa.’ Sepandan, sè a te ede m wè bagay yo yon lòt jan. Li te mande m: ‘Konbyen nan bagay sa yo ou fè pou mari w pou w montre l jan w renmen l?’ Mwen te reponn li: ‘Mwen pa fè youn nan bagay sa yo paske li tèlman difisil pou m viv avè l.’ Avèk jantiyès, sè a di m: ‘Selma, kiyès k ap fè efò pou l vin yon kretyen, ou menm oubyen Steve?’ Piske mwen te vin konprann mwen bezwen chanje fason m panse, mwen te priye Jewova pou l ede m renmen Steve plis toujou. Tikras pa tikras, bagay yo te kòmanse chanje.” Apre 17 an, Steve te vin aksepte laverite.

KI ÈD LÒT MOUN KAPAB BAY?

13, 14. Ki jan moun ki nan kongregasyon an kapab ede frè ak sè k ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon ak yo?

13 Menm jan ak gout lapli ki antre nan tè a e ki ede plant yo grandi, anpil moun nan kongregasyon an ede kretyen k ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon ak yo viv ak kè kontan. Men sa Elvina, yon sè k ap viv nan peyi Brezil di: “Se lanmou frè ak sè yo ki ede m rete fèm nan laverite.”

14 Lè moun nan kongregasyon an montre yo gen bonte e yo enterese nan fanmi yon kretyen genyen ki pa kwayan, sa kapab touche kè moun sa yo anpil. Men sa yon frè k ap viv Nijerya e ki te aksepte laverite 13 an apre madanm li rakonte: “Pandan mwen t ap vwayaje ak yon Temwen, machin li te pran pàn. Li te chèche jwenn Temwen yo nan yon ti bouk toupre kote machin nan te pran pàn nan. Temwen yo te pèmèt nou rete lakay yo pou nuit lan. Yo te pran ka nou tankou se moun yo te konnen depi lontan. Menm kote a, mwen te santi lanmou ki egziste ant kretyen yo madanm mwen te toujou konn ap pale de li a.” Men sa yon sè k ap viv ann Angletè, ki te pran laverite 18 an apre mari l, di: “Temwen yo te konn envite nou toule de vin manje avèk yo. Mwen te toujou santi m alèz nan okazyon sa yo *.” Men sa yon mari k ap viv nan menm peyi sa a ki te vin Temwen Jewova di: “Frè ak sè yo te konn vizite nou oubyen yo te konn envite nou lakay yo. Mwen te rann mwen kont yo renmen moun. Mwen te remake sa sitou lè mwen te lopital e anpil nan yo te vin wè m.” Èske ou menm ou pa kapab chèche fason pou w montre fanmi frè ak sè yo ki pa kwayan ou enterese nan yo?

15, 16. Ki sa ki kapab ede yon kretyen toujou gen kè kontan menmsi moun nan fanmi l pa aksepte laverite?

15 Nòmalman, se pa tout mari, madanm, timoun, paran oswa lòt moun nan fanmi frè ak sè yo ki pa kwayan k ap aksepte vrè adorasyon an menmsi frè ak sè sa yo gen yon bon ti tan depi y ap sèvi Jewova fidèlman e y ap preche fanmi yo avèk respè. Gen kèk moun nan fanmi frè ak sè sa yo ki pa janm ni cho ni frèt e gen lòt ki vrèman opoze ak yo (Mat. 10:35-37). Sepandan, lè kretyen yo demontre yo gen bèl kalite Bondye genyen yo, sa kapab gen gwo efè sou moun nan fanmi yo ki pa kwayan. Men sa yon mari ki te vin aksepte laverite di: “Lè yon mari oubyen yon madanm ki kwayan kite moun li marye avè l la wè bèl kalite li genyen yo, ou pa konn sa k ka pase nan tèt moun ki pa kwayan an oswa nan kè l. Se sa k fè ou pa dwe janm bay mari w oswa madanm ou ki pa kwayan legen.”

16 Menmsi moun nan fanmi yon kretyen pa aksepte laverite, li posib pou kretyen sa a gen kè kontan. Men sa yon sè ki gen 21 an depi l ap fè tout sa l konnen pou l wè si mari l ta aksepte laverite di: “Mwen toujou gen kè kontan lefètke mwen fè tout sa m kapab pou fè Jewova plezi, pou m rete fidèl e pou m ranfòse relasyon m avèk Jewova. Lefètke m toujou fè etid pèsonèl mwen, mwen toujou asiste reyinyon yo, mwen toujou preche e m ede lòt moun nan kongregasyon an, sa ede m vin pi pwòch Jewova e sa ede m prezève kè m.” — Pwo. 4:23.

PA DEKOURAJE!

17, 18. Ki sa ki kapab ede yon kretyen pou l pa dekouraje menm lè l ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon avè l?

17 Si w se yon kretyen ki fidèl k ap viv nan menm kay ak moun ki pa nan menm relijyon avè w, pa dekouraje! Pa bliye sa, “Jewova pap lage pèp li a poutèt non l ki gran.” ​(1 Sam. 12:22, NW). Li avè w toutotan w montre w avè l. (Li 2 Kwonik 15:2.) Kidonk, “pran tout plezi w nan Jewova”, “kite Jewova dirije w nan tout sa w ap fè, konte sou li”. (Sòm 37:4, 5, NW.) Mete sou sa, ou bezwen “pèsevere nan lapriyè” epi gen lafwa Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou kapab ede w andire anba kèlkeswa pwoblèm ou rankontre. — Wom. 12:12.

18 Mande Jewova pou l ba w lespri sen pou w ka viv anpè ak moun nan kay la (Ebre 12:14). Wi, li posib pou gen lapè nan kay la e alalong sa kapab gen gwo efè sou moun nan fanmi nou ki pa kwayan. Si w “fè tout bagay pou glwa Bondye”, w ap santi w anpè e kè w ap kontan (1 Kor. 10:31). Pandan w ap fè tout efò sa yo, èske w pa santi w jwenn fòs lè w konnen frè w ak sè w yo renmen w e yo pap lage w?

[Nòt anba paj]

^ § 4 Yo chanje non moun yo.

^ § 8 Konsèy Pòl te bay la pa gen rapò ak moun ki separe legalman akoz pwoblèm y ap rankontre ki difisil anpil. Desizyon pou moun separe a se yon gwo desizyon chak moun dwe pran pou tèt li. Gade paj 220-221 nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a.

^ § 14 Bib la pa entèdi kretyen yo manje ansanm ak moun ki pa kwayan. — 1 Kor. 10:27.

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Chwazi moman ki apwopriye pou w pale de kwayans ou.

[Foto nan paj 29]

Montre nou enterese nan mari ak madanm ki pa kwayan yo.