Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske tout moun ki di yo se kretyen se kretyen vre?

Èske tout moun ki di yo se kretyen se kretyen vre?

KI KANTITE kretyen ki genyen? Selon sa yon liv (Atlas of Global Christianity) te fè konnen, an 2010 te gen prèske 2,3 milya kretyen sou tout tè a. Menm liv sa a fè konnen tou kretyen sa yo fè pati plis pase 41 000 relijyon., e chak relijyon sa yo se pwòp doktrin pa l ak pwòp prensip pa yo sou fason pou moun yo aji. Li nòmal pou kèk moun k ap gade santi yo nan konfizyon oswa menm yo santi yo desi, lè yo wè tout kantite relijyon ki di se kretyen yo ye. Yo ka mande tèt yo: “Èske tout moun ki di yo se kretyen yo se kretyen vre?”

Ann pran yon egzanp pou n reponn kesyon an. An jeneral, yo mande moun k ap vwayaje pou yo fè konnen sitwayen ki peyi yo ye lè yo rive sou fwontyè yon lòt peyi. Yo gen pou yo bay prèv yo se moun yo di yo ye a, petèt yo oblije gen yon paspò. Se menm bagay la pou moun ki kretyen yo. Li pa sifi pou yon moun annik di li kwè nan Kris. Li dwe gen yon lòt bagay ki pwouve sa. Ki bagay?

Premye fwa yo te itilize mo “kretyen” an se yon ti tan apre ane 44 epòk nou an. Men sa Lik, youn nan moun ki te ekri nan Bib la, di: “Se Antyòch pou premye fwa Bondye te fè yo rele disip yo Kretyen.” ​(Travay 11:26). N ap remake moun yo te rele kretyen yo se te disip Kris. Ki lè yon moun disip Jezi Kris? Men sa yon liv fè konnen (New International Dictionary of New Testament Theology): “Pou yon moun suiv Kris antanke disip, sa mande pou moun nan fè sakrifis nan tout aspè nan lavi l pandan tout vi l.” Donk, yon vrè kretyen se yon moun ki fè tout sa Jezi te anseye yo e ki suiv tout enstriksyon l te bay san kondisyon, paske se Jezi ki fondatè krisyanis la.

lÈske posib pou nou jwenn moun konsa jodi a pami tout moun ki fè konnen se kretyen yo ye yo? Ki sa Jezi te di k ap pèmèt yo idantifye moun k ap suiv li toutbon yo? Nou envite w gade repons Bib la bay pou kesyon sa yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè senk bagay Jezi te di ki t ap ede moun rekonèt vrè disip li yo. Nou pral wè ki jan kretyen yo nan premye syèk la te montre yo fè tout bagay sa yo.E nou pral fè efò pou n wè pami tout moun ki fè konnen se kretyen yo ye yo kiyès ki fè tout bagay sa yo jodi a.