Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ta dwe fye premye ide ou gen sou yon moun?

Èske w ta dwe fye premye ide ou gen sou yon moun?

Èske w ta dwe fye premye ide ou gen sou yon moun?

GEN yon doktè ki te chita ap gade yon deba nan televizyon nan salon lakay li. Deba a t ap fèt ak yon minis nan gouvènman peyi Ilann. Apre doktè a fin byen gade figi minis lan, li te remake yon bagay ki te fè l kwè mesye a gen yon timè nan figi. Li te konseye minis la al fè tcheke sa tousuit.

Sa doktè a te panse a se te sa. Gen moun k ap di doktè sa a gen bon je, sa vle di li gen kapasite pou l annik gade yon moun li di l ki maladi l genyen. Men, gen kèk moun ki panse yo gen “bon je” pou yo wè ki tanperaman lòt moun genyen, pèsonalite yo, e pou yo konnen si yo onèt oswa si yo pa onèt.

Pandan syèk ki pase yo, gen moun ki t ap fè rechèch ki te eseye vin ak yon teyori syantifik sou posiblite pou yo konnen tanperaman yon moun selon fizik li. Yo rele syans sa a fizyónyomoni e men definisyon yon diksyonè bay pou li: “Se yon swadizan syans ki fè moun rive konprann aspè nan pèsonalite yon moun, swadizan grasa fòm figi l oswa fòm kò l.” ​(Encyclopædia Britannica). Pandan 19yèm syèk la, gen yon seri antwopològ (espesyalis k ap etidye moun, sosyete kote y ap viv la ak kilti yo), tankou Francis Galton, yon kouzen Charles Darwin, ak yon seri kriminològ (espesyalis k ap egzamine ni krim ki fèt ni moun ki fè krim yo), tankou Cesare Lombroso nan peyi Itali, ki vin ak plizyè teyori ak teknik nan menm sans lan moun prèske bliye jounen jodi a.

Jiska prezan, gen anpil moun ki kwè li posib pou yo annik gade yon moun epi pou yo di ki kalite moun li ye san yo pa twonpe yo. Èske nou ka fye premye ide nou gen sou yon moun?

Lè moun jije moun sou aparans

Nan Bib la, nan premye liv Samyèl la, nou jwenn yon bèl egzanp sou fason yon moun te twonpe l paske l te fye premye ide li te gen sou moun. Jewova Dye te mande pwofèt Samyèl pou l al vide luil sou tèt youn nan pitit Jese yo pou l vin pwochen wa peyi Izrayèl. Men sa nou li nan Bib la: “Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason [Jese] yo, li di nan kè l: Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Senyè a chwazi. Men Granmèt la di l: Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.” Se menm bagay la ki te pase pou sis lòt pitit Jese. Alafen, malgre sa ni pwofèt la ni Jese te panse, se David, uityèm pitit gason Jese a, ki te yon jèn tigason Bondye te chwazi pou vin wa alòske pèsonn pa t menm panse rele l pou pwofèt la. — 1 Samyèl 16:6-12.

Jodi a, bagay yo pa twò diferan. Sa gen kèk ane, nan peyi Almay, yon pwofesè kriminoloji te fè yon eksperyans ak 500 etidyan nan dwa. Li te chwazi 12 moun etidyan yo pa konnen. Pami moun sa yo te gen chèf polis zòn nan, komisè gouvènman an, trezorye inivèsite a ak responsab relasyon piblik la, kèk avoka, kèk jij ansanm ak twa moun lalwa te kondane. Etidyan yo te gen pou yo detèmine pwofesyon chak moun e yo te gen pou yo detèmine kiyès nan moun yo ki te nan prizon e poukisa yo te nan prizon. Yo t ap gen pou yo detèmine tout bagay sa yo sèlman sou aparans moun yo ak sou detant yo di yo konn pran.

Ki rezilta yo te jwenn? Anviwon 75 pousan etidyan yo te rive detèmine kiyès ki twa kriminèl yo. Men, anviwon 60 pousan nan etidyan yo te pran nèf lòt moun yo pou bandi alòske dosye yo te vyèj. Sou chak 7 etidyan, youn ladan yo te panse komisè gouvènman an te ka yon dilè dwòg, e sou chak 3 etidyan, youn ladan yo te pran chèf polis la pou yon vòlè. Lè moun baze yo sou aparans pou yo pote jijman sou lòt moun, li fasil pou yo fè move jijman. Sa k fè sa?

Aparans ka twonpe moun

Lè nou rankontre yon moun pou premye fwa, nou gen tandans gen yon pwennvi sou moun nan ki baze sou eksperyans nou fè. Nou gen tandans mete moun nan nan menm pànye ak tout moun nou konnen ki parèt menm jan avè l. Mete sou sa, nou ka jije moun nan selon nasyonalite l, ras li, ran sosyal li oswa relijyon l.

Si nou vin rann nou kont ide nou gen sou moun nan egzak, nou kontan ak tèt nou paske nou te byen wè, e nou vin gen plis konviksyon nan kapasite nou genyen pou n jije moun dapre premye ide nou gen sou yo. Men, ki jan nou reyaji lè nou rann nou kont nou te twonpe nou nèt sou moun sa a? Si nou onèt ak tèt nou, nou ta dwe bliye premye ide nou te genyen an pou nou gade reyalite a. Si nou pa ta fè sa, nou t ap fè lòt moun yon gwo mal, tou senpleman paske nou fyè dèske nou gen kapasite lòt moun pa genyen pou nou jije moun.

Lè moun jije lòt moun sou aparans, nonsèlman yo ka fè moun yo jije a mal, men tou yo ka fè tèt yo mal. Pa egzanp, nan premye syèk la, te gen anpil Juif ki te refize konsidere Jezi kòm Mesi Bondye te pwomèt la. Poukisa? Piske yo te baze ide yo te genyen yo sou aparans, yo te annik wè Jezi kòm pitit yon bòs chapant. Byenke pawòl sajès Jezi te konn di yo ak mirak li te konn fè yo te enpresyone yo, yo te refize chanje pwennvi yo te genyen sou li ki te baze sou yon seri ide yo te deja gen nan tèt yo. Atitid yo te lakòz Jezi al preche lòt moun. Men sa Jezi te di: “Yo onore yon pwofèt tout kote, sof nan peyi l ak lakay li.” — Matye 13:54-58.

Juif sa yo te fè pati yon nasyon ki t ap tann Mesi a depi plizyè syèk. Lefètke yo te kite premye ide yo te genyen yo anpeche yo rekonèt Mesi a lè l te vini, sa te lakòz yo pèdi favè Bondye (Matye 23:37-39). Yo te gen menm atitid la anvè disip Jezi yo. Gen anpil moun ki pa t kapab kwè yon ti gwoup pechè pwason ta ka gen yon bagay enpòtan pou yo di alòske entèlektyèl yo ak chèf relijye yo te meprize yo. Moun ki te kontinye fye premye ide yo te genyen yo te pèdi yon bèl posiblite pou yo vin disip Pitit Bondye a. — Jan 1:10-12.

Gen moun ki te chanje fason yo panse

Gen kèk nan moun ki t ap viv nan epòk Jezi a ki te gen ase imilite lakay yo pou yo chanje fason yo panse lè yo te wè sa Jezi te fè (Jan 7:45-52). Pami moun sa yo te gen plizyè moun nan fanmi Jezi okòmansman ki pa t kwè se yon moun nan fanmi yo ki te ka Mesi a (Jan 7:5). Erezman, rive yon lè yo te vin chanje fason yo te panse e yo te mete lafwa yo nan Jezi (Travay 1:14; 1 Korentyen 9:5; Galat 1:19). Menm bagay la te pase plizyè ane annapre nan vil Wòm, kote gen kèk reprezantan Juif yo ki te dispoze koute apot Pòl pito, olye yo kwè rimè ènmi kretyen yo t ap gaye yo. Lè yo fin tande l, gen kèk ladan yo ki te vin kwayan. — Travay 28:22-24.

Jodi a, gen anpil moun ki gen ide negatif sou Temwen Jewova yo. Poukisa? Jeneralman, se pa paske yo te analize sa Temwen yo fè ki fè yo gen ide sa a oswa paske yo gen prèv ki montre kwayans ak pratik Temwen yo pa baze sou Labib. Okontrè, se paske yo senpleman pa ka kwè Temwen Jewova yo gen laverite. E si nou sonje byen, se egzakteman ide sa a anpil moun nan premye syèk la te genyen sou premye kretyen yo.

Sa pa etone nou lè n tande yon seri bagay negatif, bagay degradan moun di sou moun k ap fè efò pou yo suiv egzanp Jezi. Sa k fè sa? Paske, Jezi te avèti vrè disip li yo, li te di yo: “Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen.” Sepandan, men ki pawòl ankourajan li te di yo: “Moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove.” — Matye 10:22.

Jodi a, pou Temwen Jewova yo obeyi kòmandman Jezi te bay la, yo travay di pou yo fè moun sou tout tè a tande bon nouvèl Wayòm Bondye a (Matye 28:19, 20). Moun ki derefize koute yo gen anpil chans pou yo pèdi posiblite pou yo antre nan wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an (Jan 17:3). E ou menm? Èske w ap annik fye premye ide ou gen sou yon moun oswa èske w ap dispoze analize prèv ki egziste yo san patipri? Pa bliye: Aparans kapab twonpe moun e ide yon moun gen sou lòt moun ka pa egzak. Men, lè nou analize prèv ki egziste yo, sa ka fè nou jwenn bèl sipriz. — Travay 17:10-12.

[Foto nan paj 29]

Premye ide anpil Juif te gen sou Jezi te fè yo rejte l kòm Mesi.

[Foto nan paj 30]

Èske ide ou gen sou Temwen Jewova yo baze sou aparans oswa sou prèv?