Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki jan nou ta dwe komemore lanmò Jezi?

Ki jan nou ta dwe komemore lanmò Jezi?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Ki jan yo ta dwe komemore lanmò Jezi?

Jezi te di disip li yo pou yo sèvi ak yon manje kòm yon senbòl pou yo sonje lanmò l. Manje sa a se t ap pen ak diven. Pen an reprezante kò Jezi e diven an reprezante san li. — Li Lik 22:19, 20.

Jezi te sèvi ak pen san ledven. Nan Bib la, byen souvan yo sèvi ak ledven pou yo pale de peche. Kidonk, pen an se te yon senbòl ki apwopriye pou reprezante kò pafè Jezi te genyen an. Li te bay kò li kòm yon sakrifis, sa ki te mete fen nan sakrifis bèt moun yo te konn fè sou Lwa Moyiz la (Ebre 10:5, 9, 10). Diven an se te yon senbòl ki reprezante san Jezi ki gen anpil valè li te vèse kòm sakrifis pou peche nou. — Li 1 Pyè 1:19; 2:24; 3:18.

2. Ki lè nou ta dwe komemore lanmò Jezi?

Jezi te mouri 14 Nizan, jou Pak la. Pou Juif yo, jounen an te kòmanse apre solèy la fin kouche. Nan nuit anvan Jezi mouri a, li te manje manje Pak la avèk apot li yo epi apre sa li te etabli yon nouvo selebrasyon pou komemore lanmò li. — Li Lik 22:14, 15.

Jodi a, pèp Bondye a komemore dispozisyon Bondye te pran pa mwayen Jezi pou l libere lemonnantye anba peche ak lanmò (Egzòd 12:5-7, 13, 17). Menm jan yo te konn selebre Pak la yon fwa pa ane, se konsa tou Memoryal lanmò Jezi a fèt yon fwa pa ane apre solèy la fin kouche, 14 Nizan, selon kalandriye Bib la ki baze sou lalin. — Li Jan 1:29.

3. Kiyès ki ta dwe manje nan pen an e ki ta dwe bwè nan diven an?

Lè Jezi te lonje diven an bay disip li yo, li te di: “Koup sa a reprezante nouvo alyans lan.” ​(1 Korentyen 11:25). Nouvo alyans lan ranplase Lwa Moyiz la, Lwa kote Bondye te pwomèt Izrayelit yo y ap vin pèp li si yo fè egzakteman tout sa l di yo (Egzòd 19:5, 6). Men, pèp Izrayèl la pa t koute vwa Bondye. Se sa k fè Jewova te vin ak yon nouvo alyans. — Li Jeremi 31:31.

Grasa nouvo alyans lan, Jewova fè li posib pou yon pakèt moun jwenn benediksyon pa mwayen yon ti gwoup moun. Moun ki fè pati nouvo alyans lan se yon ti gwoup moun, 144 000 moun sèlman. Pa mwayen moun sa yo, plizyè milyon moun nan tout nasyon ap jwenn benediksyon, yo pral gen lavi ki pap janm fini an sou tè a ki pral tounen yon paradi. Gen kèk moun ki fè pati nouvo alyans lan k ap sèvi Jewova sou tè a jodi a. Se yo menm sèlman ki gen dwa manje nan pen an e ki gen dwa bwè nan diven an, piske koup la “reprezante nouvo alyans lan”. — Li Lik 12:32; Revelasyon 14:1, 3.

4. Ki byenfè nou jwenn nan Memoryal la?

Memoryal lanmò Jezi a ki fèt chak ane fè nou gen plis rekonesans pou kokenn lanmou Jewova genyen. Li te voye Pitit li a vin mouri pou peche nou. Kidonk, lè n ap asiste Memoryal, nou ta dwe medite sou sa lanmò Jezi vle di pou nou. Nou ta dwe reflechi sou fason nou kapab demontre rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou nou. — Li Jan 3:16; 2 Korentyen 5:14, 15.

Pou plis enfòmasyon, gade paj 206-208 liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.