Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki bagay mal ki gen nan pran kontak ak movèzespri?

Ki bagay mal ki gen nan pran kontak ak movèzespri?

Ki bagay mal ki gen nan pran kontak ak movèzespri?

Depi Babara * timoun, li te konn fè vizyon, li te konn tande vwa e li te kwè li gen kontak ak moun ki mouri nan fanmi l. Li menm ak mari l, Jonas, te li liv maji e yo te vin fò nan li kat. Kat yo te fè yo konnen yo t ap fè anpil lajan, e yo te fè anpil kòb vre nan biznis yo. Yon jou, kat yo te avèti yo gen moun danjere k ap vin lakay yo e yo te di yo ki jan pou yo defann tèt yo.

BYENKE kwayans moun gen nan maji ka sanble bagay granmoun lontan, enterè moun genyen pou bagay mistik gaye anpil. Toupatou nan lemonn gen moun ki mete gad sou yo kòm pwoteksyon, y al kay bòkò pou yo konnen sa k ap rive yo oswa pou yo pwoteje tèt yo kont sa ki mal. Men sa yon jounal alman ki rele Focus fè konnen nan yon atik ki gen tit “Laptop ak Lisifè”: “Entènèt fè plis moun vin enterese nan tout sa ki gen rapò ak mistik.”

Èske w te konnen Labib pale konsènan pratik ki gen rapò ak movèzespri? Sa l di sou sijè sa a ka fè w sezi!

Sa Labib di sou pratik ki gen rapò ak movèzespri

Lwa Bondye te bay pèp li a nan Izrayèl tan lontan an di: “Piga gen pèsonn nan mitan nou k’ap fè divinò, k’ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k’ap pran pwen, k’ap fè maji. Piga gen nan mitan nou moun k’ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k’ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k’ap rele mò pou pale ak yo. Paske Senyè a pa vle wè moun k’ap fè bagay sa yo.” ​(Detewonòm 18:10-12). Poukisa Bib la pran pozisyon fèm sa a kont pratik ki gen rapò ak movèzespri?

Jan eksperyans nou te rakonte okòmansman an montre sa, anpil moun kwè moun ki vivan yo ka pale ak moun ki mouri e yo kwè enfòmasyon yo jwenn grasa pratik mistik sa yo se mò yo ki ba yo l. Kwayans sa yo soti nan ansèyman anpil relijyon ki fè kwè lè yon moun mouri l al viv nan monn kote espri yo abite. Men, kontrèman ak ansèyman sa a, Labib di byen klè: “Moun mouri yo pa konn anyen.” ​(Eklezyas 9:5). Li pale de moun ki mouri yo kòmsi yo nan yon somèy pwofon, yo pa konn anyen ditou nan sa k ap pase bò kote yo * (Matye 9:18, 24; Jan 11:11-14). Etandone se konsa sa ye, ou ta dwe mande tèt ou: Ki jan nou ka esplike eksperyans moun fè nan bagay mistik? Ak kiyès yo pale a?

Konvèsasyon moun te fè ak espri

Evanjil yo montre lè Jezi te sou tè a, li te gen kontak ak espri. Mak 1:23, 24 fè konnen te gen “yon movèzespri” ki te di Jezi: “Mwen konnen trè byen kiyès ou ye.” Pa gen dout, espri yo konnen kiyès ou ye tou. Men èske w konnen kiyès yo ye?

Anvan Bondye te kreye lèzòm, li te kreye yon pakèt espri oswa zanj e yo se pitit li (Jòb 38:4-7). Lavi zanj yo genyen siperyè lavi lèzòm (Ebre 2:6, 7). Yo pisan e yo entèlijan anpil, e Bondye te kreye yo pou yo fè volonte l. Men pawòl yon salmis te di nan yon chante: “Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k’ap fè tou sa li mande nou fè, [...] fè lwanj Senyè a!” — Sòm 103:20.

Labib fè konnen yon lè te gen zanj ki te kòmanse pran kontak ak moun san Bondye pa t ba yo pèmisyon. Poukisa yo te fè sa? Premye zanj ki te fè sa a te twonpe moun ki t ap koute l yo, anpalan de Adan ak Èv, e li te fè yo detache ak Bondye yo a ki Kreyatè yo. Konsa, li fè tèt li tounen Satan Ledyab, yon medizan e yon opozan Bondye. — Jenèz 3:1-6.

Annapre, gen lòt zanj “ki te abandone kote yo te fèt pou yo rete” nan syèl la, yo te pran fòm kò moun, e yo te vin viv ak bèl medam sou tè a (Jid 6; Jenèz 6:1, 2). Zanj rebèl sa yo ak pitit yo te vin genyen yo ki pa t ka fè pitit te tèlman panike lèzòm, sa te fè tè a vin ranpli ak “mechanste”. Sandout ou abitye ak istwa nan Bib la ki pale sou fason Bondye te elimine jenerasyon sa a ki te vyolan e ki te mechan nan delij li te fè nan epòk Noye a. — Jenèz 6:3, 4, 11-13.

Akoz dlo delij la, espri yo te abandone kò moun yo te genyen an e yo te retounen nan monn envizib la. Men, Kreyatè a pa t kite yo retounen “kote yo te [...] rete” anvan an. Okontrè, li te mete yo nan yon pozisyon ki ba ki konparab ak yon “twou fènwa pwès”. (2 Pyè 2:4, 5.) Labib rele zanj rebèl yo “demon”. (Jak 2:19.) Yo se fòs ki kache dèyè pratik ki gen rapò ak movèzespri yo.

Objektif demon yo

Premye objektif espri mechan ki kominike ak lèzòm yo se anpeche yo adore vrè Dye a, Jewova. Don oswa pouvwa anpil moun ki nan bagay mistik di yo genyen yo se senpleman yon fason movèzespri yo fè pou anpeche moun gen konesans egzak sou Bondye e pou anpeche yo vin zanmi Bondye.

Dezyèm objektif demon yo genyen parèt nan sa Satan, chèf yo a, te eseye fè Jezi fè. Satan te ofri Jezi “tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”. Ki sa Satan te vle pou sa? Li te di Jezi: “Met jenou w atè, e [...] fè yon jès pou w adore m.” Wi, Satan ak demon yo vle moun adore yo. Men, Jezi pa t aksepte abandone Bondye ak vrè adorasyon an. — Matye 4:8-10.

Jodi a, li ra pou espri mechan yo pale ak moun aklè konsa. Yo pito eseye pyeje moun ki nayif ak yon seri manèv ki parèt san danje, tankou li nan boul kristal, li nan fèy, pase kat, sèvi ak pandil, owoskòp. Pa kite yo twonpe nou ak pratik sa yo. Yo pa senpleman yon mwayen natirèl pou moun pran kontak ak yon monn yo pa konnen. Espri mechan yo fè moun enterese anpil nan bagay mistik pou yo ka twonpe yo e pou yo pyeje yo nan objektif pou yo fè yo pa adore Jewova. Lè espri mechan yo pa reyisi atenn objektif yo pa mwayen sa a, souvan yo maltrete moun yo pran nan nas yo e yo fè yo pase mizè. Si sa rive w, ki sa w ka fè pou w sot anba enfliyans yo?

Fason pou moun chape anba pratik ki gen rapò ak movèzespri

Pa gen dout nan sa, espri ki pale ak moun yo se ènmi Bondye, e Bondye pral detwi yo (Jid 6). Yo se blofè e yo se mantè ki fè tèt yo pase pou moun ki mouri. Ki jan w t ap santi w si w ta vin rann ou kont yon moun ou te panse ki zanmi w se te yon blofè, sèl sa ki enterese l se anpeche w jwenn sa ki nan avantaj ou? Ki jan w t ap reyaji si w ta vin rann ou kont ou an kontak ak yon moun k ap eseye pran moun nan pyèj sou Entènèt pou l gen relasyon seksyèl avèk yo? Lè yon moun pran nan pyèj demon, sa pi danjere toujou. Ou bezwen fè tout sa w kapab pou w koupe kontak ak yo. Ki sa w ka fè?

Apre kèk moun nan vil Efèz tan lontan an te fin aprann sa Ekriti yo anseye sou pratik ki gen rapò ak movèzespri, yo te wè nesesite pou yo detwi liv maji yo te genyen, byenke liv sa yo te koute chè. “Yo te boule yo devan tout moun.” ​(Travay 19:19, 20). Jodi a, nan bagay ki gen rapò ak maji se pa liv, gad, ak lòt bagay menm jan an nou jwenn sèlman, men tou nou jwenn enfòmasyon ki soti nan aparèy elektwonik. Evite tout bagay ki ka mennen nou nan pratik ki gen rapò ak movèzespri.

Èske w sonje mesyedam nou te pale de yo nan kòmansman atik sa a? Sa yo te wè nan kat yo te fè yo konprann gen moun danjere ki t ap vin lakay yo, e yo pa ta dwe koute yo ni aksepte anyen nan men yo. Poutan, lè Koni ak Gladis, de Temwen Jewova, te vin frape pòt Jonas ak Babara e yo te di yo pote bon nouvèl pou yo konsènan Bondye, yo te deside koute. Konvèsasyon an te vin vire sou pratik ki gen rapò ak movèzespri, Koni ak Gladis te ba yo enfòmasyon egzak ki soti nan Labib. Yo te tou kòmanse yon etid biblik ki te fèt regilyèman.

Jonas ak Babara pa t pran tan pou yo koupe tout kontak ak demon yo. Temwen yo te fè yo konnen espri yo gendwa pa kontan. Efektivman, Jonas ak Babara te vin gen pwoblèm, demon te atake yo e sa te fè yo pè. Pandan yon bon tan, yo te pè chak swa. Yo te vin jwenn yon ti soulajman lè yo t al abite nan yon lòt kay. Pandan tout peripesi sa yo, mesyedam yo te gen konfyans nan pawòl ki nan Filipyen 4:13 la, ki di: “Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” Jewova te beni detèminasyon yo te genyen an, e finalman espri yo te sispann ba yo pwoblèm. Jodi a, Jonas ak Babara ap adore vrè Dye a, Jewova, ak kè kontan.

Men ankourajman Ekriti yo bay tout moun ki ta renmen jwenn benediksyon nan men Jewova: “Soumèt nou devan Bondye, men opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” ​(Jak 4:7, 8). Jewova Dye kapab ede w soti anba enfliyans demon e li vle ede w, si ou menm ou vle. Lè Jonas ak Babara sonje jan yo te delivre anba pratik ki gen rapò ak movèzespri, yo dakò ak tout kè yo ak pawòl ki nan Sòm 121:2 a ki di: “Sekou mwen sòti nan [Jewova].”

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo chanje non moun yo.

^ § 7 Pou nou jwenn plis detay konsènan nan ki kondisyon mò yo ye, gade chapit 6 ki gen tit “Ki kote mò yo ye?”, nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

[Antrefilè nan paj 13]

Pratik ki gen rapò ak movèzespri anpeche moun gen bon relasyon ak Bondye.

[Antrefilè nan paj 14]

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.”— JAK 4:8.