Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons yon seri kesyon sou Jezi Kris

Repons yon seri kesyon sou Jezi Kris

Repons yon seri kesyon sou Jezi Kris

“Kiyès foul moun yo di mwen ye?” — LIK 9:18.

JEZI te poze disip li yo kesyon sa a paske li te konnen moun yo te gen tout kalite opinyon sou li. Epoutan, pa t gen okenn rezon pou yo te nan konfizyon. Jezi pa t viv nan kache ni li pa t konn aji an sekrè. Okontrè, li te toujou ansanm ak moun yo nan bouk yo ak nan vil yo. Li te konn preche moun yo e li te konn anseye yo devan tout moun paske li te vle moun yo konn laverite sou li. — Lik 8:1.

Moun ka rive konn laverite sou Jezi lè yo egzamine sa l te di ak sa l te fè, jan sa parèt nan kat Evanjil yo ki nan Bib la: Matye, Mak, Lik ak Jan. Se nan istwa sa yo Bondye fè mete nan Bib la nou pral chèche repons yon seri kesyon sou Jezi *. — Jan 17:17.

KESYON: Èske Jezi se yon moun ki te egziste vre?

REPONS: Wi. Gen istoryen, pami yo gen Jozèf ak Tasit nan premye syèk la, ki pale de Jezi kòm yon moun ki te egziste toutbonvre. Sa k pi enpòtan an sèke Evanjil yo bay prèv solid ki montre Jezi te egziste toutbon, se pa yon moun yo envante. Istwa Evanjil yo rapòte yo bay presizyon ak detay sou moman evènman yo te pase ak kote yo te pase. Pa egzanp, Lik, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, te site non sèt dirijan pou l fè konnen nan ki ane Jezi te kòmanse aktivite l. Gen istoryen ki te pale de dirijan sa yo tou. — Lik 3:1, 2, 23.

Pèsonn pa ka nye prèv ki montre Jezi se yon moun ki te egziste toutbonvre. Men sa yon liv fè konnen: “Pifò biblis ap dakò mesye moun te konnen kòm Jezi moun Nazarèt la te viv nan premye syèk la.” — Evidence for the Historical Jesus.

KESYON: Èske Jezi se Bondye vre?

REPONS: Non. Jezi pa t janm di li egal ak Bondye. Okontrè, li te toujou montre Jewova * se Chèf li. Pa egzanp, Jezi te pale de Jewova antanke ‘Bondye li’ e antanke “sèl vrè Dye a”. (Matye 27:46; Jan 17:3.) Se sèlman yon moun ki pi ba pase yon lòt moun k ap itilize ekspresyon sa yo pou l pale de lòt moun nan. Li klè, lè yon anplwaye ap pale de moun l ap travay pou li a antanke “patwon l” oswa antanke “chèf”, li fè konnen li nan yon pozisyon ki pi ba pase moun l ap travay pou li a.

Anplis de sa, Jezi te montre li menm ak Bondye pa menm moun nan. Men sa Jezi te di kèk opozan ki te gen dout sou otorite l: “Men sa ki ekri nan pwòp Lwa nou an: ‘Se temwayaj de moun ki laverite.’ Mwen bay temwayaj sou tèt mwen, e Papa a ki voye m nan bay temwayaj sou mwen.” ​(Jan 8:17, 18). Se sèten Jezi ak Jewova pa menm moun nan. Si yo te menm moun nan, ki jan yo ta ka konsidere yo kòm de moun ki bay temwayaj *?

KESYON: Èske se sèlman yon bon moun Jezi te ye?

REPONS: Non. Li te plis pase sa. Jezi te rann li kont li jwe yon pakèt wòl enpòtan nan reyalizasyon volonte Bondye. Men kèk nan wòl sa yo:

“Sèl Pitit Bondye fè a.” ​(Jan 3:18). Jezi te konnen kote l soti. Anfèt, li te egziste byen lontan anvan l te vin fèt sou tè a. Men sa l te di: ‘Mwen desann sot nan syèl la.’ ​(Jan 6:38). Jezi se premye kreyasyon Bondye, e li te ede Bondye kreye tout lòt bagay yo. Antanke sèl moun Bondye te kreye pèsonèlman, li nòmal pou yo rele Jezi “sèl Pitit Bondye fè a”. — Jan 1:3, 14; Kolosyen 1:15, 16.

“Pitit lòm.” ​(Matye 8:20). An plizyè fwa, Jezi te di li se “Pitit lòm nan”, li te sèvi ak ekspresyon sa a ki parèt anviwon 80 fwa nan Evanjil yo. Ekspresyon sa a montre li te san pousan moun e li pa t Bondye ki te pran fòm kò moun. Ki jan sèl Pitit Bondye fè a te vin fèt antanke moun? Pa mwayen lespri sen, Jewova te transfere lavi Pitit li a nan vant yon fi juif ki te vyèj ki te rele Mari, konsa Mari te vin ansent. Se sa k fè Jezi te fèt san peche e li te fèt pafè. — Matye 1:18; Lik 1:35; Jan 8:46.

“Anseyan.” ​(Jan 13:13). Jezi te montre aklè travay Bondye te ba l fè a se te “anseye” ak “preche bon nouvèl” Wayòm Bondye a (Matye 4:23; Lik 4:43). Li te esplike sa Wayòm Bondye a ye ak sa Wayòm nan pral fè pou l akonpli volonte Jewova, e li te fè sa yon fason ki klè e ki senp anpil. — Matye 6:9, 10.

“Pawòl la.” ​(Jan 1:1). Jezi te sèvi antanke Pòtpawòl Bondye, sètadi mwayen Bondye te itilize pou l bay enfòmasyon ak enstriksyon. Jewova te sèvi ak Jezi pou l pote mesaj li bay lèzòm sou tè a. — Jan 7:16, 17.

KESYON: Èske Jezi se Mesi Bondye te pwomèt la?

REPONS: Wi. Pwofesi ki nan Bib la te fè konnen Mesi a, oubyen Kris la, sa vle di “Moun Bondye chwazi a”, t ap vin sou tè a. Moun sa a Bondye te pwomèt la t ap gen pou l jwe yon wòl enpòtan nan reyalizasyon objektif Jewova. Men sa yon Samaritèn te di Jezi yon lè: “Mwen konnen Mesi a ap vini, li menm yo rele Kris la.” Lè sa a, Jezi di l aklè: “Se li menm k ap pale avè w la a.” — Jan 4:25, 26.

Èske gen prèv ki montre Jezi se te Mesi a vre? Gen twa seri prèv lè nou mete yo ansanm ki pwouve sa san pa gen okenn dout posib, menm jan anprent yon moun se moun sa a sèlman li idantifye. Èske Jezi koresponn ak sa yo di sou Mesi a? Ann egzamine enfòmasyon ki vin annapre yo:

Fanmi kote l soti. Bib la te anonse Mesi a t ap yon desandan Abraram e li t ap soti nan fanmi David (Jenèz 22:18; Sòm 132:11, 12). Jezi se te desandan yo toule de. — Matye 1:1-16; Lik 3:23-38.

Pwofesi ki te reyalize. Liv ki te ekri ann ebre yo gen plizyè douzèn pwofesi konsènan lavi Mesi a sou tè a, san wete detay ki gen rapò ak nesans li ak lanmò l. Tout pwofesi sa yo te reyalize sou Jezi. Men kèk ladan yo: Li te fèt Betleyèm (Miche (Mika) 5:2; Lik 2:4-11), Bondye te rele l pou l kite peyi Ejip (Oze (Ocheya) 11:1; Matye 2:15), yo te touye l san yo pa kraze okenn zo l (Sòm 34:20; Jan 19:33, 36). Pa gen okenn mwayen pou Jezi ta fè yon jan pou lavi l koresponn ak tout pwofesi ki te gen pou reyalize sou Mesi a *.

Pwòp temwayaj Bondye bay. Lè Jezi te fèt, Bondye te voye zanj al di kèk bèje Mesi a fèt (Lik 2:10-14). An plizyè fwa, pandan aktivite Jezi sou tè a, Bondye te pale detan l nan syèl la pou l di li apwouve l (Matye 3:16, 17; 17:1-5). Jewova te bay Jezi pouvwa pou l fè gwo mirak, sa ki bay lòt prèv Jezi se Mesi a. — Travay 10:38.

KESYON: Poukisa Jezi te oblije soufri e li te oblije mouri?

REPONS: Antanke yon moun ki te san peche, Jezi pa t merite soufri. Li pa t merite nonplis pou yo kloure l sou yon poto tankou yon kriminèl e pou yo kite l mouri nan lawont. Malgre tou, Jezi te konnen li t ap sibi move tretman sa yo e li te dispoze aksepte sa. — Matye 20:17-19; 1 Pyè 2:21-23.

Pwofesi ki gen rapò ak Mesi a te anonse Mesi a t ap soufri e li t ap mouri pou l kouvri peche lòt moun (Ezayi (Izayi) 53:5; Dànyèl 9:24, 26). Jezi li menm te di li te vini “pou l bay nanm li kòm ranson pou anpil moun”. (Matye 20:28.) Moun ki rekonèt sakrifis li te fè a kapab sove yo e ki mete lafwa nan sakrifis sa a gen esperans pou yo chape anba peche ak lanmò e pou yo viv pou toutan sou tè a k ap vin yon paradi *. — Jan 3:16; 1 Jan 4:9, 10.

KESYON: Èske nou ka kwè toutbon Jezi te leve sot nan lanmò?

REPONS: Wi. Jezi te gen asirans li t ap leve sot nan lanmò (Matye 16:21). Men, yon bagay ki enpòtan pou nou remake sèke ni Jezi ni moun yo ki te ekri Bib la pa t janm fè konprann se poukont li li t ap leve sot nan lanmò. Yon bagay konsa t ap difisil pou moun kwè. Okontrè, men ki sa Labib di: “Bondye resisite l, li delivre l anba grif lanmò.” ​(Travay 2:24). Si nou dakò gen yon Bondye e si nou dakò se li menm ki kreye tout bagay, nou gen tout rezon pou n kwè li te kapab leve Pitit li a sot nan lanmò. — Ebre 3:4.

Èske gen prèv moun ka fè konfyans ki montre Jezi te resisite? Ann egzamine prèv ki vin annapre yo:

Temwayaj moun ki te wè l ak je yo. Anviwon 22 an apre Jezi te fin mouri, apot Pòl te ekri te gen plis pase 500 moun ki te wè Jezi apre l fin resisite, e pifò nan moun sa yo te vivan toujou lè Pòl te ekri pawòl sa yo (1 Korentyen 15:6). Nou ka rejte temwayaj yon moun oswa de moun, men èske nou ka rejte temwayaj 500 moun ki te wè yon bagay?

Temwen moun ka fè konfyans. Premye disip Jezi yo, ki te byen plase pou yo konnen sa k te pase toutbon, te fè konnen avèk kran Jezi te resisite (Travay 2:29-32; 3:13-15). Anfèt, yo te rann yo kont kwayans nan rezirèksyon Jezi a se yon bagay ki esansyèl pou lafwa kretyen yo (1 Korentyen 15:12-19). Disip sa yo te pito mouri pase pou yo nye lafwa yo gen nan Jezi (Travay 7:51-60; 12:1, 2). Ki moun ou konnen ki t ap dispoze mouri pou yon bagay alòske li konnen bagay sa a pa vre?

Nou sot egzamine repons Bib la bay pou sis kesyon enpòtan moun konn poze sou Jezi. Repons sa yo montre aklè kiyès Jezi ye. Men, èske li vrèman enpòtan pou n konn repons yo? Sa vle di èske sa nou chwazi kwè sou Jezi yo gen enpòtans?

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pou plis enfòmasyon sou diferans ki genyen ant Evanjil ki nan Bib la ak lòt bagay ki pa laverite moun ekri sou Jezi, gade atik “Evanjil apokrif yo: Èske yo bay verite moun te kache sou Jezi?”, nan paj 18-19.

^ § 9 Jan Labib fè konn sa, Jewova se non Bondye.

^ § 10 Pou nou jwenn plis detay, gade atik “Konvèsasyon ak yon moun nan vwazinaj la — Èske Jezi se Bondye?”, nan paj 20-22.

^ § 21 Pou nou jwenn yon lis sou kèk nan pwofesi ki te akonpli sou Jezi, gade paj 200 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.

^ § 25 Pou nou jwenn plis enfòmasyon konsènan valè ranson an genyen, ranson lanmò Jezi te peye a, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.