Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Ki sa Jezi te vle di lè l te di fè de kilomèt la?

Nan diskou Jezi te bay yo rele Sèmon sou montay la, yon diskou anpil moun konnen, li te di: “Si yon moun ki gen otorite mande w fè yon bagay pou li sou distans yon kilomèt, fè l pou li sou distans de kilomèt.” ​(Matye 5:41). Siman moun ki t ap koute Jezi yo te konprann li t ap fè referans ak yon sèvis obligatwa yon otorite kapab mande yon sitwayen pou l fè.

Nan premye syèk epòk nou an, Women yo te okipe peyi Izrayèl. Yo pa t pè fòse ni moun ni bèt fè nenpòt ki sèvis, nitou yo pa t pè pran kèlkeswa sa yo te panse ki te nesesè pou yo akonpli yon misyon ofisyèl. Pa egzanp, sòlda women yo te fòse yon mesye ki te rele Simon, ki te moun Sirèn, pou l pran poto yo t apral kloure Jezi sou li a pou l pote l kote yo t apral touye Jezi a (Matye 27:32). Aksyon sa yo te enjis, Juif yo pa t renmen yo ditou e sa te fè yo fache anpil.

Pa gen moun ki konnen jis ki kote yo te ka mande yon sitwayen pou l pote yon chay. Sepandan, li difisil pou nou imajine moun yo t ap dispoze al pi lwen pase kote yo mande yo pou yo ale a. Se sa k fè, lè Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo fè de kilomèt la, anfèt, se di li te di yo pou yo fè sèvis otorite yo mande yo pou yo fè san yo pa fache, paske otorite yo gen dwa mande yo sa. — Mak 12:17.

Àn yo pale de li nan Evanjil yo, kiyès li te ye?

Nan moman yo t ap jije Jezi a, yo te pale de Àn (Anan) kòm yon “gran prèt”. (Lik 3:2; Jan 18:13; Travay 4:6.) Anfèt, se te bòpè Kayif, gran prèt Izrayèl la, e li te sèvi kòm gran prèt soti ane 6 oswa ane 7 epòk nou an rive anviwon ane 15 epòk nou an, lè gouvènè women an Valeriyis Gratis te retire l nan fonksyon sa a. Menm apre sa, Àn, antanke ansyen gran prèt, te kontinye gen anpil enfliyans ann Izrayèl. Senk nan pitit gason l yo ak bofis li a te vin gran prèt.

Lè Izrayèl te yon nasyon endepandan, gran prèt la te okipe fonksyon sa a pandan tout vi l (Nonb 35:25). Sepandan, lè Izrayèl vin anba dominasyon Women yo, gouvènè women yo ak wa Wòm te nome yo te mete moun yo vle nan fonksyon sa a e yo te ka retire yo lè yo vle. Flaviyis Jozèf, yon istoryen, fè konnen ozanviwon ane 6 oswa ane 7 epòk nou an, Kiriniyis, yon gouvènè women nan peyi Lasiri, te retire Jowaza nan fonksyon gran prèt li te ye a e li te mete Àn nan plas li. Men, sanble dirijan payen sa yo te veye pou se pami prèt yo yo chwazi moun yo t ap nome kòm gran prèt yo.

Tout moun te konnen fanmi Àn renmen lajan e yo te rich anpil. Sanble yo te fè richès yo a nan vann bagay nan tanp lan, tankou pijon, mouton, luil ak diven moun yo te bezwen pou yo ofri sakrifis, e se yo menm ki te gen kontwòl komès la. Jozèf fè konnen Anan (Anànyas), pitit gason Àn, te gen yon “seri moun k ap travay avè l ki te malveyan e ki te malonèt anpil, ki te konn fòse prèt yo bay ladim yo te resevwa a e ki pa t pè bat moun ki te refize bay sa yo te mande yo a”.