Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou pwoche bò kote Bondye

“Tanpri, kite nou tounen lakay”

“Tanpri, kite nou tounen lakay”

Èske te gen yon lè ou t ap sèvi Jewova? Èske w gen nan lide w pou w sèvi l ankò e èske w ap mande tèt ou si l ap aksepte w tounen? Tanpri, li atik sa a ak atik ki vin apre a avèk anpil atansyon. Se pou ou espesyalman yo te prepare yo.

“MWEN te priye Jewova pou l kite m tounen lakay e pou l padone m poutèt mwen te fè l lapenn.” Sa a se pawòl yon dam ki te abandone prensip kretyen li te genyen lè l te piti. Èske w gen konpasyon pou li? Petèt w ap mande tèt ou: ‘Kòman Bondye santi l parapò ak moun ki t ap sèvi l e ki kite l yo? Èske l sonje yo? Èske l vle yo “tounen lakay”?’ Annou egzamine kèk pawòl Jeremi te ekri pou nou reponn kesyon sa yo. Nou sèten repons yo ap konsole w. — Li Jeremi 31:18-20.

Ann egzamine nan ki kontèks Jeremi te ekri pawòl sa yo. Nan ane 740 anvan epòk nou an, plizyè dizèn ane anvan epòk Jeremi an, Jewova te pèmèt Asiryen yo pran wayòm dis tribi Izrayèl yo pou mennen yo ale kòm prizonye *. Bondye te kite malè sa a rive kòm yon pinisyon pou pèp li a paske yo te kòmanse pratike yon seri peche grav, e yo pa t koute avètisman pwofèt li yo pa t sispann ba yo (2 Wa 17:5-18). Èske pèp la te chanje lè l te wè tout mizè li t ap pase pandan li ann egzil la, lè l te separe ak Bondye l la e li te lwen lakay li? Èske Jewova te bliye yo nèt? Èske li t ap janm aksepte pou yo tounen lakay pou yo sèvi l ankò?

“Nou rekonèt sa nou te fè a mal”

Pandan pèp la te ann egzil, li te tounen nan bonsans li e li te repanti. Jewova te wè yo te regrèt toutbon. Gade ki jan Jewova pale de atitid Izrayelit ki te egzile yo ak santiman yo te genyen.

Jewova di: “Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn.” ​(Vèsè 18). Li te tande Izrayelit yo ki t ap jemi lè yo te wè konsekans peche yo te fè yo. Gen yon biblis ki di ekspresyon “ap plenn” nan kapab vle di “yon moun k ap souke kò l oswa k ap balanse kò l”. Yo te tankou yon pitit gason ki t ap pratike peche ki regrèt e k ap souke tèt li lè l ap gade nan ki pwoblèm li lage kò l e li sonje lavi li t ap mennen lè l te lakay li (Lik 15:11-17). Ki sa moun Izrayèl yo t ap di?

“Tankou yon ti towo mawon [...] ou donte nou.” ​(Vèsè 18). Pèp la te rekonèt li te merite pinisyon an. Dayè, li te tankou ti towo bèf ki pa donte. Gen yon liv referans ki fè konnen konparezon sa a kapab vle di Izrayelit yo te tankou yon towo bèf ki pa t ap janm “pran kou si li pa t fè rebèl lè yo te mete jouk sou kou l”.

“Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se [Jewova], Bondye nou an.” ​(Vèsè 18). Pèp la te vin gen imilite, sa te fè yo rele Bondye pou mande l sekou. Yo te lage kò yo nan pratike peche, men kounye a yo t ap sipliye Bondye pou l ede yo jwenn wout pou yo gen favè l ankò. Men sa yon Bib di: “Ou se Bondye nou, tanpri, kite nou tounen lakay.” — Contemporary English Version.

“Nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè.” ​(Vèsè 19). Pèp la te regrèt poutèt yo te peche. Yo te aksepte pinisyon an e yo te rekonèt yo koupab. Epitou, yo te santi yo wont e yo te santi yo rejte yo. — Lik 15:18, 19, 21.

Izrayelit yo te repanti. Yo te gen anpil lapenn, yo te konfese peche yo bay Bondye, e yo te kite bagay mal yo t ap fè yo. Èske repanti yo te repanti a te touche kè Bondye? Èske l t ap kite yo tounen lakay?

“M’a gen pitye pou nou”

Jewova te gen yon atachman espesyal pou Izrayelit yo. Li te di: “Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m.” ​(Jeremi 31:9). Ki jan yon papa ki gen lanmou pou pitit li ka refize akeyi pitit gason l ki vle tounen lakay e ki regrèt toutbon? Remake ki jan Jewova pale de santiman li genyen antanke Papa pou pèp li a.

“Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou.” ​(Vèsè 20). Se pa ti tandrès ki gen nan pawòl sa yo! Menm jan ak yon papa ki fèm men ki renmen pitit li, Bondye te oblije pale rèd ak pitit li yo, li pa t sispann ba yo avètisman anrapò ak peche yo t ap fè yo. Kòm yo te derefize koute, li te kite yo ale ann egzil, an reyalite li te fè yo kite kay yo. Men, byenke li te pini yo, li pa t bliye yo. Li pa t ap janm fè sa. Yon papa ki renmen pitit li pa bliye pitit li. Men, kòman Jewova te santi l lè li te wè pitit li yo repanti toutbon?

“Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m’a gen pitye pou nou.” ​(Vèsè 20). Jewova te vrèman anvi pitit li yo tounen. Repanti yo te repanti toutbon an te touche kè l, e li te gen yon gwo anvi pou l wè yo tounen vin jwenn li. Menm jan ak papa nan parabòl Jezi te bay sou pitit gason gaspiyè a, “kè [Jewova te] fè l mal” pou pitit li yo e li te swaf akeyi yo lakay li. — Lik 15:20.

“Jewova kite m tounen lakay!”

Pawòl nou jwenn nan Jeremi 31:18-20 yo ban nou yon ti limyè sou kè sansib Jewova genyen ak mizèrikòd li genyen. Bondye pa bliye moun ki te konn sèvi l yo. Ki sa k ap rive si moun sa yo vle tounen vin jwenn li? Bondye “[dispoze] padonnen”. (Sòm 86:5.) Li pap janm vire do bay moun ki repanti toutbon ki vin jwenn li (Sòm 51:17). Okontrè, li kontan akeyi yo lakay li. — Lik 15:22-24.

Dam nou te pale de li nan kòmansman atik la te deside tounen vin jwenn Jewova, li te ale nan yon kongregasyon Temwen Jewova nan zòn kote l rete a. Okòmansman, li te oblije lite pou l elimine santiman negatif li te genyen yo. Men sa l di: “Mwen te vrèman santi mwen pa diy.” Men, ansyen yo nan kongregasyon an te ankouraje l e yo te ede l repran fòs nan domèn espirityèl. Men sa l di avèk anpil rekonesans: “Mwen kontan anpil dèske Jewova kite m tounen lakay!”

Si yon lè ou t ap sèvi Jewova e ou anvi retounen sèvi l ankò, nou envite w al nan kongregasyon Temwen Jewova nan zòn kote w rete a. Sonje, Jewova demontre konpasyon ak mizèrikòd lè moun ki repanti toutbon mande l sekou, lè yo di l: “Tanpri, kite nou tounen lakay.”

[Nòt anba paj]

^ § 2 Plizyè syèk anvan sa, nan ane 997 anvan epòk nou an, Izrayèl te separe fè de wayòm. Te gen wayòm Jida a, ki te gen de tribi e ki te nan sid peyi a, ak wayòm dis tribi Izrayèl la, ki te nan nò peyi a. Yo te rele wayòm dis tribi Izrayèl la Efrayim tou, paske se tribi Efrayim nan ki te gen plis enfliyans.