Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Jezi se Bondye?

Èske Jezi se Bondye?

Konvèsasyon ak yon moun nan vwazinaj la — Èske Jezi se Bondye?

TEMWEN JEWOVA YO renmen pale de Labib ak pwochen yo. Èske gen yon sijè nan Bib la ou konn ap poze tèt ou kesyon sou li? Èske w ta renmen gen enfòmasyon sou nenpòt nan kwayans Temwen Jewova yo oswa sou fason yo adore? Si se sa, pa pè poze yo kesyon pwochen fwa ou rankontre youn. L ap byen kontan pale sou sijè sa yo avè w.

Konvèsasyon ki annapre a se stil konvèsasyon yon Temwen Jewova te ka genyen avèk yon moun nan vwazinaj li. Ann imajine gen yon Temwen Jewova ki rele Karin ki rive lakay yon dam ki rele Sara.

Èske se vre nou pa kwè nan Jezi?

Sara: Pastè m nan di Temwen Jewova yo pa kwè nan Jezi. Èske se vre?

Karin: M asire w nou kwè nan Jezi. Anfèt, nou kwè li esansyèl pou yon moun demontre lafwa nan Jezi pou l ka sove.

Sara: Mwen kwè sa tou.

Karin: Ebyen, se yon bagay nou toule de kwè ladan l. Anfèt, mwen rele Karin. E ou menm, kòman w rele?

Sara: Sara. Mwen byen kontan fè konesans ou.

Karin: Mwen kontan fè konesans ou tou Sara. Petèt w ap di tèt ou si Temwen Jewova yo kwè nan Jezi, poukisa gen moun ki di Temwen Jewova yo pa kwè nan Jezi?

Sara: Wi, mwen ta renmen konn pou ki rezon.

Karin: Ban m esplike w sa yon fason senp. Nou kwè nan Jezi anpil, men nou pa kwè tout sa moun di sou li.

Sara: Ki sa nou pa kwè sou Jezi?

Karin: Gen kèk moun ki di Jezi se te senpleman yon bon moun. Men nou pa dakò ak ide sa a.

Sara: Mwen nonplis.

Karin: Donk, sa se yon lòt bagay nou toule de dakò sou li. Gen yon lòt bagay Temwen Jewova yo pa dakò avè l, se ansèyman ki pa ann akò ak sa Jezi te di sou relasyon li gen ak Papa l.

Sara: Ki sa w vle di?

Karin: Gen anpil relijyon ki anseye Jezi se Bondye. Petèt se sa yo te anseye w tou.

Sara: Wi, pastè m nan di Bondye ak Jezi se menm moun nan.

Karin: Men, èske w pa dakò pi bon fason pou w aprann laverite sou Jezi se lè w egzamine sa li menm li di sou tèt li?

Sara: Wi, mwen dakò.

Ki sa Jezi te di?

Karin: Ann egzamine yon vèsè nan Bib la k ap ede nou konprann kesyon an. Ann gade sa ki ekri nan Jan 6:38. Jezi te di: “Mwen pa desann sot nan syèl la pou m vin fè volonte pa m, men mwen desann pou m vin fè volonte sila a ki voye m nan.” Bon, si Jezi se te Bondye, èske fraz sa a pa t ap yon ti jan dwòl?

Sara: Ki sa w vle di?

Karin: Ou remake Jezi te di li pa t desann sot nan syèl la pou l fè volonte pa l.

Sara: Wi, li te di li vini pou l fè volonte Sila a ki te voye l la.

Karin: Men, si Jezi se Bondye, kiyès ki te voye l vin sou tè a? E poukisa Jezi te soumèt anba volonte Moun sa a?

Sara: Mwen wè sa w vle di. Men, mwen pa sèten sèl grenn vèsè sa a sifi pou pwouve Jezi pa Bondye.

Karin: Gade sa Jezi te di nan yon lòt okazyon. Li te di apeprè menm bagay la nan chapit ki vin apre a. Silvouplè, èske w ka li Jan 7:16 pou mwen?

Sara: Dakò. “Lè sa a, Jezi reponn yo, li di: ‘Sa m ap anseye a se pa pawòl pa m, men se pawòl sila a ki voye m nan.’”

Karin: Mèsi Sara. Selon vèsè sa a, èske Jezi se pwòp ide pa l li t ap anseye?

Sara: Non, li te di sa li t ap anseye yo se te pawòl Sila a ki te voye l la.

Karin: Trè byen. Menm kesyon yo toujou la: ‘Kiyès ki te voye Jezi? Epi, kiyès ki te ba li verite li t ap anseye yo?’ Fò Moun sa a ta pi enpòtan pase Jezi, pa vre? Dayè, yon moun ki voye yon lòt moun gen plis otorite pase moun li voye a.

Sara: Sa enteresan. Se premye fwa mwen li vèsè sa a.

Karin: Epitou, gade pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 14:28 la: “Nou te tande mwen di nou: Mwen prale e m ap retounen vin jwenn nou. Si nou renmen m, n ap kontan dèske mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen pi gwo pozisyon pase m.” Selon vèsè sa a, kòman w wè Jezi konsidere tèt li parapò ak Papa l?

Sara: Ebyen, li di Papa a nan pi gwo pozisyon pase l. Kidonk, mwen sipoze li konsidere Bondye gen plis otorite pase l.

Karin: Egzakteman. Ann pran yon lòt egzanp. Gade Matye 28:18 pou w wè sa Jezi te di disip li yo. Vèsè a di: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” Donk, èske Jezi te di li te toujou gen tout pouvwa?

Sara: Non, li di yo ba li tout pouvwa.

Karin: Men, si Jezi se Bondye, kòman yo ka fè ba l plis pouvwa? Epitou, kiyès ki ba l pouvwa sa a?

Sara: Sa mande reflechi.

Ak kiyès li t ap pale?

Karin: Si Jezi se Bondye toutbon, gen yon lòt bagay ki ka parèt dwòl.

Sara: Ki sa l ye?

Karin: Se sa nou li konsènan batèm Jezi. Gade sa yo di nan Lik 3:21, 22. Tanpri, èske w ka li vèsè sa yo pou mwen?

Sara: “Twouve, lè tout moun yo t ap batize, Jezi vin batize tou. Pandan l ap priye, syèl la ouvri, e lespri sen desann sou li sou fòm yon pijon. E yon vwa sot nan syèl la, li di: ‘Ou se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la. Mwen apwouve w.’”

Karin: Èske w remake ki sa Jezi t ap fè pandan l t ap batize a?

Sara: Li t ap priye.

Karin: Wi. E nou ka mande tèt nou: ‘Si Jezi se Bondye, kiyès li t ap priye?’

Sara: Sa se yon bèl kesyon. Fò m al mande pastè m nan.

Karin: Gen yon lòt bagay nou ta dwe reflechi sou li. Remake apre Jezi fin leve nan dlo a, gen yon moun nan syèl la ki pale. Èske w wè ki sa Moun sa a te di?

Sara: Li te di Jezi se Pitit li, li renmen Jezi e li apwouve l.

Karin: Se sa. Men, si Jezi se Bondye, kiyès ki te di pawòl sa yo detan nan syèl la?

Sara: Mwen pa t janm reflechi sou sa anvan.

Poukisa yo pale de “Papa” ak “Pitit”?

Karin: Gen yon lòt bagay pou nou egzamine. Nou te wè nan Bib la Jezi pale de Bondye antanke Papa l ki nan syèl la. E lè Jezi t ap batize, gen yon vwa ki te soti nan syèl la ki te pale de Jezi antanke Pitit li. Anfèt, Jezi te di byen klè li se Pitit Bondye. Kounye a, si w ta vle pale de de moun ki egal, egzanp kiyès nan yon fanmi ou t ap pran pou w esplike sa?

Sara: Mwen te ka sèvi ak egzanp de frè.

Karin: Egzakteman. Petèt menm ou t ap pran egzanp de jimo ki egzakteman menm jan. Men, Jezi te pale de Bondye kòm Papa a, e li te pale de tèt li kòm Pitit la. Donk, ki mesaj ou panse Jezi te bay la a?

Sara: Mwen wè sa w vle di a. Jezi t ap pale de yon moun ki pi gran pase l e ki gen plis otorite pase l.

Karin: Se sa. Fè yon ti reflechi: Ou te bay yon egzanp ki te byen tonbe, egzanp de frè oswa de jimo pou w pale de de moun ki egal. Si Jezi te Bondye vre, ou pa panse antanke gran Anseyan an li t ap bay menm egzanp lan, oswa menm li te ka bay yon egzanp ki pi klè toujou pou l pale de de moun ki egal?

Sara: Natirèlman.

Karin: Men, olye l te sèvi ak egzanp sa a, li te sèvi pito ak mo “Papa” ak “Pitit” pou l pale de relasyon ki genyen ant li menm ak Bondye.

Sara: Se yon pwen enteresan.

Ki sa premye disip Jezi yo te di?

Karin: Anvan m ale, mwen ta renmen egzamine yon lòt aspè nan sijè sa a avè w, si w gen yon ti tan toujou.

Sara: Wi, mwen gen kèk minit.

Karin: Si Jezi se Bondye vre, ou pa panse disip li yo t ap di sa klè?

Sara: Sa sanble lojik.

Karin: Poutan, pa gen okenn kote nan Labib nou wè yo anseye yon bagay konsa. Okontrè, remake sa youn nan premye disip Jezi yo, anpalan de apot Pòl, te ekri. Nan Filipyen 2:9, li esplike ki sa Bondye te fè apre Jezi te fin resisite. Vèsè a di: “Bondye leve l met nan yon pozisyon ki pi wo e, avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an.” Dapre vèsè sa a, ki sa Bondye te fè pou Jezi?

Sara: Li di Bondye te leve l met nan yon pozisyon ki pi wo.

Karin: Wi. Men, si Jezi te deja egal Bondye anvan l mouri epi apre l fin resisite Bondye mete l nan yon pozisyon ki pi wo, èske sa pa t ap fè Jezi vin pi wo pase Bondye? Èske gen moun ki ka pi wo pase Bondye?

Sara: Non. Sa enposib.

Karin: Mwen dakò avè w. Donk, selon tout prèv sa yo, èske w t ap di Bib la anseye Jezi se Bondye?

Sara: Non, sanble li pa anseye sa. Labib di li se Pitit Bondye.

Karin: Se sa. Men, ban m di w yon bagay Sara, Temwen Jewova yo gen anpil respè pou Jezi. Nou kwè lanmò Jezi antanke Mesi Bondye te pwomèt la bay tout moun ki fidèl posiblite pou yo sove.

Sara: Mwen kwè sa tou.

Karin: Nan ka sa a, ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki jan nou ka montre Jezi nou gen rekonesans pou lavi l li te bay pou nou an? *

Sara: Mwen t ap poze tèt mwen kesyon sa a.

Karin: Èske m ka tounen pou m pataje repons Bib la bay ansanm avè w? Èske w ap la semèn pwochèn, nan menm lè a?

Sara: Wi, m ap la.

Karin: Oke, n a wè semèn pwochèn.

[Nòt anba paj]