Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou imite lafwa yo

Li te pwoteje fanmi l, li te ba yo sa yo gen bezwen, li te pèsevere

Li te pwoteje fanmi l, li te ba yo sa yo gen bezwen, li te pèsevere

JOZÈF leve yon lòt chay met sou do bourik la. Imajine Jozèf nan bouk Betleyèm k ap gade toutotou l nan fènwa a e ki bay ti bourik la yon ti tap bò flan. Siman li t ap panse ak vwayaj byen long li pral fè a. Li pral ann Ejip! Yon peyi etranje kote yo pale yon lang etranje e ki gen yon seri koutim li pa konnen. Kòman fanmi l ap rive adapte yo ak tout chanjman sa yo?

Sa pa t fasil pou li pou l bay Mari, madanm li renmen anpil la, nouvèl la, men li te met gason sou li pou l fè sa. Li te rakonte Mari rèv li te fè a kote yon zanj te ba l yon mesaj Bondye voye pou li. Wa Ewòd te vle touye tipitit gason yo a. Yo te oblije deplase tousuit (Matye 2:13, 14). Sa te bay Mari anpil pwoblèm. Ki jan pou yon moun ta fè vle touye pitit li a, ti inosan sa a ki san defans? Ni Mari ni Jozèf pa t kapab konprann sa. Men, yo te gen konfyans nan Jewova, se sa k fè yo te prepare yo pou yo ale.

Jozèf, Mari ak Jezi te kite bouk Betleyèm nan fènwa, san fè bri, san moun ki t ap dòmi yo pa konnen sa k ap pase. Yo pran direksyon sid, e pandan solèy la te kòmanse ap leve alès, siman Jozèf t ap mande tèt li ki sa k ap tann yo pi devan. Kòman yon ti bòs chapant kapab pwoteje fanmi l kont fòs pisan sa yo? Èske l ap toujou kapab bay fanmi l sa yo gen bezwen? Èske l ap rive pèsevere nan gwo travay sa a Jewova Dye ba li a, anpalan de pran swen pitit espesyal sa a epi ba l edikasyon? Jozèf t ap fè fas ak yon seri defi ki te fè l pè. Pandan n ap egzamine fason li te rive rezoud chak pwoblèm, n ap wè poukisa ni papa yo jodi a ni nou tout bezwen imite lafwa Jozèf te genyen an.

Jozèf te pwoteje fanmi l

Plis pase ennan anvan sa, apre Jozèf te fin fiyanse ak pitit fi Eli a, nan Nazarèt, bouk kote l te rete a, lavi l te chanje nèt. Jozèf te konnen Mari se yon jèn fi inosan e ki fidèl. Men, li te vin aprann Mari ansent. Li te fè lide divòse avè l an sekrè yon fason pou sa pa t fè bri, pou l te ka pwoteje l *. Men, yon zanj te pale avè l nan yon rèv pou fè l konnen se pa mwayen lespri sen Mari ansent. Zanj lan te di l tou pitit ki nan vant Mari a t ap “delivre pèp li a anba peche yo fè”. Apre sa, men sa l te di Jozèf: “Ou pa bezwen pè pran Mari, madanm ou, lakay ou.” — Matye 1:18-21.

Jozèf, ki te yon moun ki jis e ki obeyisan, te fè sa vre. Li te aksepte pran pi gwo responsablite ki genyen an: Leve pitit Bondye te pi renmen an epi pran swen l. Annapre, Jozèf te pran madanm li ki tou ansent al Betleyèm pou l al anrejistre selon lòd wa a te bay. Se la pitit la te fèt *.

Jozèf pa t mennen fanmi l tounen Nazarèt. Olye l te fè sa, yo te rete Betleyèm, nan yon distans kèk kilomèt sèlman ak Jerizalèm. Yo te pòv, men Jozèf te fè tout sa l kapab pou l pwoteje Mari ak Jezi yon fason pou yo pa t manke anyen e pou yo pa t soufri. Sa pa t pran lontan pou yo te gen yon ti kay byen senp pou yo viv. Lè sa a, alòske Jezi pa t tibebe ankò, petèt li te gen plis pase ennan, lavi yo te vin chanje sanzatann ankò.

Gen yon gwoup mesye ki vini, yon seri astwològ ki soti nan Lès, sanble yo te soti jis Babilòn. Yo te suiv yon etwal ki te mennen yo lakay Jozèf ak Mari e yo t ap chèche yon timoun ki gen pou l vin wa Juif yo. Mesye yo te demontre anpil respè pou pitit la ak manman l.

Kit astwològ yo te konnen kit yo pa t konnen, yo te mete lavi Jezi an danje anpil. Etwal yo te wè a pa t mennen yo Betleyèm dirèkteman, li te mennen yo Jerizalèm anvan. Yo te di wa Ewòd, yon wa ki te mechan, yo t ap chèche yon timoun ki gen pou l vin wa Juif yo. Sa te fè Ewòd vin an kòlè anpil paske li te jalou. — Gade atik “Lektè nou yo ta renmen konnen — Kiyès ki te voye swadizan zetwal la?”, nan paj 29.

Men, erezman te gen fòs ki t ap aji ki te pi pisan pase Ewòd, jan nou pral wè sa pi devan. Mesye yo ki te vin wè timoun nan te vin ak kado, e yo pa t atann anyen anretou. Siman Jozèf ak Mari dwe te santi sa dwòl pou yo wè toudenkou yo vin posede “lò, lansan ak lami”, yon seri bagay ki te koute chè anpil. Astwològ yo te gen entansyon di wa Ewòd ki kote timoun yo t ap chèche a ye. Men, Jewova te mete bouch nan koze a. Pa mwayen yon rèv, li te bay astwològ yo enstriksyon pou yo pase nan yon lòt wout lè y ap tounen lakay yo. — Matye 2:1-12.

Yon ti tan apre astwològ yo fin ale, men sa yon zanj Jewova te di Jozèf: “Leve, pran tipitit la ak tout manman l, kouri al nan peyi Ejip, epi rete la jiskaske mwen di w retounen. Paske, Ewòd pral chèche tipitit la pou l touye l.” ​(Matye 2:13). Se konsa, jan nou te wè sa nan kòmansman atik la, Jozèf te obeyi byen vit. Pou li menm, sekirite pitit la te pi enpòtan pase tout lòt bagay e li te mennen tout fanmi l ann Ejip. Grasa kado ki koute chè astwològ yo te bay fanmi an, yo te gen dekwa pou yo viv pandan tan yo t apral pase ann Ejip la.

Annapre, gen yon seri lejann apokrif ki te met pase genyen nan fason yo rakonte vwayaj fanmi an te fè a. Yo fè konprann Jezi, ki te yon timoun piti, te fè yon mirak pou l fè vwayaj la vin pi kout, li te fè bandi pa ka opere e li te menm fè pye dat panche pou manman l te ka pran fwi ladan yo *. Alaverite, vwayaj la te long, li te difisil e yo t apral nan yon peyi yo pa konnen.

Paran yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Jozèf. Li te kite travay li tousuit e li te fè sakrifis pou l te ka pwoteje fanmi l ki te an danje. Li te montre li te konsidere fanmi l kòm yon bagay Jewova te ba l pran swen. Jodi a, paran yo ap leve pitit yo nan yon monn ki danjere, yon monn ki chaje ak yon seri fòs ki kapab mete jèn yo an danje, ki ka kòwonp yo oswa ki ka menm detwi yo. Manman ak papa ki aji vit menm jan ak Jozèf, k ap travay di pou pwoteje pitit yo anba enfliyans sa yo merite felisitasyon.

Jozèf te bay fanmi l sa yo gen bezwen

Sanble Jozèf ak fanmi l pa t fè anpil tan ann Ejip, paske sa pa t pran lontan pou yon zanj te fè Jozèf konnen Ewòd mouri. Jozèf te mennen fanmi l tounen nan peyi yo. Gen yon pwofesi ki te la depi lontan ki te anonse Jewova t ap rele pitit gason l lan “pou l kite peyi Ejip”. (Matye 2:15.) Jozèf te patisipe nan akonplisman pwofesi sa a. Men kounye a, ki kote li t ap mennen fanmi an?

Jozèf te pridan. Li te pè Akelayis, wa ki te ranplase Ewòd la, e li te gen rezon paske, menm jan ak Ewòd, misye te mechan e li te konn touye moun. Bondye te dirije Jozèf pou l mennen fanmi l nan nò pou l ka retounen Nazarèt nan Galile, bouk kote l te rete a, byen lwen Jerizalèm ak tout magouy ki te konn fèt ladan l yo. Se la li menm ak Mari te leve pitit yo. — Matye 2:19-23.

Lavi yo te senp, men li pa t fasil. Labib pale de Jozèf antanke bòs chapant. Mo li itilize yo mete bòs chapant pou li a se yon mo ki anglobe plizyè fason moun konn travay ak bwa, tankou koupe gwo moso bwa, deplase yo epi prepare yo pou fè kay, bato, ti pon, charyo, wou, jouk ak tout kalite zouti moun sèvi nan jaden (Matye 13:55). Se te yon travay ki te di. Nan epòk biblik yo, souvan, bòs chapant yo te konn travay toupre pòt devan kay yo ki te tou senp oswa yo te konn travay nan yon atelye ki te toupre kay la.

Jozèf te konn sèvi ak yon pakèt kalite zouti, siman gen kèk ladan yo se papa l ki te kite yo pou li. Petèt li te sèvi ak yon ekè, yon filaplon, yon tchòklayn, yon ti rach, yon goyin, yon derapin, yon mato, yon mas, yon biren, yon pik ki te mare nan yon banza, lè l rale banza a epi l lage l, pik la te ka antre nan bwa a, li te konn sèvi ak plizyè lakòl diferan, e petèt ak kèk klou, byenke klou te chè.

Imajine Jezi ki timoun k ap gade papa adoptif li k ap travay. Je l ouvè byen gran e li konsantre sou chak mouvman Jozèf ap fè. Siman li te konn renmen wè lajè zepòl Jozèf ak ponyèt li ki te byen trase, men l k ap travay ak ladrès, je l ki te montre jan l entèlijan. Petèt Jozèf te kòmanse montre tipitit gason l lan ki jan pou l fè kèk ti travay, tankou jan pou l pase po pwason sèch sou bwa a pou l fè l lis. Siman li te aprann Jezi diferans ki genyen nan tout kalite bwa li te konn itilize yo, tankou pye fig sikomò, pye bwadchèn, oswa pye oliv.

Jezi te konnen tou, byenke Jozèf te gen anpil fòs nan men l ki te pèmèt li koupe pyebwa, prepare gwo moso bwa epi kole moso yo ansanm, menm men sa yo te konn kajole ni li menm, ni manman l, ni frè ak sè l yo e men sa yo te konn konsole yo. Jozèf ak Mari te vin gen lòt pitit e finalman yo te vin gen omwen sis lòt pitit anplis Jezi (Matye 13:55, 56). Jozèf te oblije travay pi di pou l pran swen tout moun sa yo e pou l ba yo tout manje.

Sepandan, Jozèf te konprann sa ki te pi enpòtan se te pou l pran swen fanmi l nan domèn espirityèl. Se sa k fè li te pase tan ap aprann pitit li yo konn Jewova Dye ak lwa Li yo. Li menm ak Mari te konn mennen timoun yo nan sinagòg ki nan zòn nan regilyèman kote yo te konn li Lalwa awotvwa e yo te konn esplike l. Petèt Jezi te konn poze anpil kesyon apre sa e petèt Jozèf te fè efò pou l ba l repons k ap satisfè l. Jozèf te konn mennen fanmi l nan fèt relijye ki te konn fèt Jerizalèm yo tou. Pou fèt Pak la yo te konn fete chak ane, petèt sa te konn pran Jozèf de semèn pou l fè vwayaj la, pou l fete fèt la epi pou l tounen, e li te dwe fè anviwon 113 kilomèt ap vwayaje.

Jodi a, chèf fanmi ki kretyen yo suiv menm egzanp lan. Yo fè sa yo kapab pou pitit yo lè yo mete fòmasyon y ap ba yo nan domèn espirityèl anvan tout lòt bagay, san wete bagay materyèl. Yo fè wout byen long pou yo mennen pitit yo nan reyinyon, nan asanble ak nan kongrè. Menm jan ak Jozèf, yo konnen se pi gwo byen yo te ka fè pou pitit yo.

‘Li te gen kè kase’

Yon ane, Jozèf te mennen fanmi l Jerizalèm jan l te konn abitye fè sa, lè sa a Jezi te gen 12 an. Se te epòk fèt Pak la, e fanmi ki te gen anpil moun ladan yo te konn vwayaje ansanm e yo te pase nan zòn ki gen anpil pyebwa. Pandan y ap rive nan zòn ki pi plat yo, toupre Jerizalèm li menm ki sou mòn, anpil nan yo te konn chante sòm moun te konn abitye chante lè y ap monte Jerizalèm yo (Sòm 120-134). Petèt vil la te chaje ak plizyè santèn milye moun. Apre fèt la, fanmi yo te kòmanse pran wout pou yo tounen lakay yo. Jozèf ak Mari, siman ki te gen anpil bagay pou yo fè, te panse Jezi te ansanm ak lòt moun, petèt ansanm ak kèk moun nan fanmi yo. Se yon jou apre yo fin kite Jerizalèm yo rann yo kont Jezi pa la. — Lik 2:41-44.

Ak kè kase, yo mache tounen Jerizalèm, y ap chèche Jezi tout kote yo te pase. Imajine ki jan vil la dwe te parèt vid, jan li dwe te parèt dwòl toutpandan y ap mache nan lari a y ap rele pitit yo a. Ki kote pitit la dwe ye? Sou twazyèm jou a, petèt Jozèf te kòmanse ap mande tèt li si li pa t echwe nan responsablite sakre sa a Jewova te ba li a. Finalman, yo ale nan tanp lan. Lè yo rive, yo chèche jis yo antre nan yon pyès kote anpil mesye ki te byen fòme, ki te byen konn Lalwa, te rasanble, e Jezi te chita nan mitan yo. Imajine jan Jozèf ak Mari te santi yo soulaje! — Lik 2:45, 46.

Jezi t ap koute mesye yo e li te chofe ap poze yo kesyon. Mesye yo te etone pou jan l te konprann bagay yo e pou repons li t ap bay. Mari ak Jozèf te sezi anpil. Dapre istwa a, Jozèf pa di anyen. Men, pawòl Mari te di yo montre aklè ki sa yo toule de te panse. Li te di: “Pitit mwen, poukisa w fè nou sa? Men papa w avè m ap chèche w ak kè kase.” — Lik 2:47, 48.

Konsa, avèk kèk pawòl byen chwazi, Pawòl Bondye a pale de yon reyalite tout paran ap viv. Leve timoun se yon bagay ki bay strès, menm lè timoun nan pafè. Jounen jodi a, leve timoun nan monn sa a ki danjere kapab bay anpil “kè kase”, men papa yo ak manman yo kapab jwenn konsolasyon lefètke yo konnen Labib pale de pwoblèm y ap rankontre yo.

Erezman, Jezi te rete sèl kote nan monn nan li te ka santi l pi pwòch Jewova, Papa l ki nan syèl la, toutpandan li te chofe pou l aprann tout sa li te kapab. Se sa k fè li te bay paran l yon repons tou senp, avèk senserite: “Poukisa nou te oblije ap chèche m? Nou pa konnen se lakay Papa m pou m ye?” — Lik 2:49.

Se sèten Jozèf te panse ak pawòl sa yo plizyè fwa. Petèt li te konn santi l fyè e li te konn souri lè l ap reflechi sou yo. Dayè, li te fè sa l kapab pou l aprann pitit gason adoptif li a pou l gen santiman sa a pou Jewova Dye. Nan epòk sa a nan lavi Jezi antanke yon timoun, Jezi te deja konnen santiman pwofon mo “papa” a gen ladan l, santiman relasyon l ak Jozèf te ede l vin genyen.

Si w se yon papa, èske w rann ou kont ki privilèj ou genyen pou w ede pitit ou yo konprann sa sa vle di yon papa ki gen lanmou, yon papa ki konn pwoteje fanmi l? Menm jan an tou, si w gen bofis oswa bèlfi, oubyen si w gen timoun ou adopte, sonje egzanp Jozèf epi boule ak chak timoun antanke yon moun espesyal e ki gen valè. Ede yo pwoche pi pre Jewova Dye, Papa yo ki nan syèl la.

Jozèf te pèsevere fidèlman

Apre sa, Labib bay sèlman kèk lòt detay sou lavi Jozèf, men detay sa yo merite pou nou byen egzamine yo. Labib fè konnen Jezi te “kontinye soumèt devan” paran l yo. Li fè konnen tou “Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi, e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm”. (Lik 2:51, 52.) Ki sa pawòl sa yo aprann nou sou Jozèf? Plizyè bagay. Sa aprann nou Jozèf te kontinye pran latèt nan fanmi an paske pitit gason pafè li a te respekte otorite l antanke papa e li te kontinye soumèt devan l.

Nou aprann tou Jezi te kontinye gen plis sajès. Se sèten Jozèf te jwe yon gwo wòl nan pwogrè pitit li a te fè nan domèn sa a. Nan epòk sa a, gen yon ansyen pwovèb Juif yo te renmen di. Pwovèb la fè konnen se sèl moun ki pap fè anyen ki te kapab gen sajès toutbon, alòske atizan yo tankou bòs chapant, kiltivatè ak bòs fòjon “pa ka konnen sa ki byen ak sa ki mal e yo pa kapab fè jijman, e yo pa dwe la kote moun ap bay pwovèb”. Annapre, Jezi te montre pwovèb sa a pa t gen sans. Lè l te timoun, byenke papa adoptif li te yon senp bòs chapant, se pa ni de ni twa fwa li te tande l ap anseye yon fason efikas konsènan ‘jistis Jewova ak jijman l’. Siman Jozèf te konn fè sa yon pakèt fwa.

Nou kapab wè enfliyans Jozèf te genyen tou sou devlopman fizik Jezi. Li te byen pran swen l lè l te timoun, se sa k fè li te vin yon moun ki gen fòs e ki an sante. Apre sa, Jozèf te bay pitit gason l lan fòmasyon pou l te ka gen ladrès nan travay fizik li t ap fè a. Moun te konnen Jezi nonsèlman antanke pitit bòs chapant lan men tou antanke “bòs chapant lan”. (Mak 6:3.) Kidonk, fòmasyon Jozèf te bay la te reyisi. Chèf fanmi yo montre yo gen sajès lè yo imite Jozèf nan pran swen pitit yo pou fè yo santi yo byen e lè yo fè tout sa yo kapab pou ede yo pran swen tèt yo.

Nan Bib la, yo pa pale de Jozèf ankò depi lè Jezi te batize a 30 an. Ta sanble Mari te vèv nan epòk kote Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a. (Gade kare ki gen tit  “Ki lè Jozèf mouri?”, nan paj 27.) Men, Jozèf kite yon egzanp estrawòdinè, li bay yon bèl egzanp antanke yon papa ki te pwoteje fanmi l, ki te ba yo sa yo gen bezwen e ki te pèsevere fidèlman jiska lafen. Li ta bon pou tout papa, tout chèf fanmi, oswa tout lòt kretyen imite lafwa Jozèf te genyen an.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Nan epòk sa a, yo te konsidere de moun ki fiyanse prèske tankou moun ki marye.

^ § 8 Gade atik ki gen tit “Imitez leur foi — Elle tirait ‘des conclusions dans son coeur’”, nan Toudegad 1ye oktòb 2008 la (fransè).

^ § 14 Labib montre aklè toutotan Jezi potko batize li pa t fè okenn mirak (Jan 2:1-11). Pou nou aprann plis bagay sou istwa ki nan evanjil apokrif yo, gade atik “Evanjil apokrif yo: Èske yo bay verite moun te kache sou Jezi?”, nan paj 18.

[Kare nan paj 27]

 Ki lè Jozèf mouri?

Nou konnen Jozèf te vivan toujou lè Jezi te gen 12 an. Nan laj sa a, anpil timoun juif kòmanse aprann metye papa yo e yo vin bòs apranti lè yo gen 15 an. Sanble Jozèf te viv ase lontan pou l montre Jezi metye chapant lan. Èske Jozèf te vivan toujou lè Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a lè l te gen anviwon 30 an? Ta sanble se non. Labib pale de manman Jezi, ak frè l ak sè l yo ki t ap viv lè sa a, men li pa pale de Jozèf. Yon lè, yo te menm rele Jezi “pitit gason Mari a”, yo pa t di pitit gason Jozèf la (Mak 6:3). Yo pale de Mari k ap aji e k ap pran desizyon poukont li, san l pa chèche opinyon yon gason (Jan 2:1-5). Nan epòk biblik yo, sa t ap dwòl pou yon fi fè sa, sof si l ta vèv. Finalman, lè Jezi t apral mouri, li te bay apot Jan responsab manman l (Jan 19:26, 27). Li pa t ap bezwen fè sa si Jozèf te vivan toujou. Selon tout sa nou sot di la yo, sanble nou kapab di Jezi te plizoumwen yon jèn tigason toujou lè Jozèf mouri. Antanke premye pitit gason, se Jezi ki te vin responsab biznis chapant lan e ki te pran swen fanmi an pou jis li batize.

[Foto nan paj 24]

Jozèf te aji vit pou l pwoteje pitit li a e li pa t wè tèt pa l.

[Foto nan paj 25]

Jozèf te travay di pou l bay fanmi l sa yo gen bezwen.

[Foto nan paj 26]

Jozèf te menmen fanmi l al adore Bondye nan tanp lan nan Jerizalèm regilyèman.

[Foto nan paj 28]

Josèf te fòme pitit li a pou l vin yon bòs chapant.