Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lektè nou yo ta renmen konnen

Kiyès ki te voye swadizan zetwal la?

Kiyès ki te voye swadizan zetwal la?

▪ Èske w deja wè yon krèch oswa pyès teyat kote yo montre twa wa maj, oswa twa moun save, ki t al wè Jezi lè Jezi te yon tibebe fèk fèt ki te kouche nan yon veso yo konn bay bèt manje? Selon jan moun yo rakonte istwa sa a, Bondye te sèvi ak yon zetwal pou l mennen mesye yo kote yo te konn gade bèt nan Betleyèm nan. Gen yon pakèt timoun ki menm aprann non twa wa maj yo: Mèlkyò, Gaspa ak Baltaza. Men, èske istwa sa a anpil moun konnen an ann amoni ak sa Labib di? Non. Istwa sa a pa egzak nan plizyè domèn.

Premyèman, kiyès mesye sa yo te ye? Nan lang grèk orijinal la, Labib pa rele yo ni wa ni moun save. Yo rele yo maj oswa astwològ. Sanble yo te konn baze yo sou fason zetwal yo deplase nan syèl la pou yo pratike divinasyon. Labib pa di ni ki jan yo te rele ni ki kantite yo te ye.

Dezyèmman, ki lè mesye sa yo te vin wè Jezi? Yo pa t vini lè Jezi te yon tibebe ki kouche nan yon veso yo konn bay bèt manje. Kòman nou fè konn sa? Men sa Matye ki te ekri youn nan Evanjil yo di: “Lè yo antre nan kay la, yo wè tipitit la avèk Mari, manman l.” ​(Matye 2:11). Remake, Jezi pa t yon tibebe fèk fèt ankò, men li te yon “tipitit”. Mari ak Jozèf pa t ap dòmi yon kote yo gade bèt ankò, men yo t ap viv nan yon kay.

Twazyèmman, kiyès ki te voye swadizan zetwal sa a pou gide astwològ yo? An jeneral, anseyan nan legliz yo jodi a fè konnen se Bondye ki te voye “zetwal” la. Èske se li menm vre ki te voye l? Sonje, se pa Betleyèm “zetwal” la te mennen astwològ yo anvan. Li te mennen yo Jerizalèm kot wa Ewòd. Mesye yo te fè wa a konn egzistans Jezi alòske wa a te jalou e li te gen pouvwa pou l touye moun, e sa te menm ba l yon bonjan rezon pou l rayi tipitit la ki te gen pou l vin “wa Juif yo”. (Matye 2:2.) Avèk riz, Ewòd di yo pou yo fè l konnen ki kote egzakteman tipitit la ye, li fè yo kwè se paske li vle onore l tou. Apre sa, “zetwal” la mennen astwològ yo kot Jozèf ak Mari. Kidonk, sa astwològ yo t ap fè a te ka lakòz tipitit la mouri si Bondye pa t fè anyen. Erezman, li te fè yon bagay. Ewòd te tèlman an kòlè lè l wè astwològ yo pa tounen vin pote rapò ba li, li bay lòd pou yo touye tout tigason ki gen dezan oswa ki pi piti ni nan Betleyèm ni ozalantou Betleyèm. — Matye 2:16.

Pi devan, men ki jan Jewova te pale de Jezi: “Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen apwouve a.” ​(Matye 3:17). Fè yon ti reflechi: èske Jewova, antanke yon Papa ki renmen Pitit li e ki jis, t ap chwazi yon seri payen ki astwològ e ki nan bagay mistik kòm mesaje, alòske Lwa li bay la kondane pratik mistik (Detewonòm 18:10)? Èske l t ap sèvi ak yon zetwal pou l mennen yo kot Ewòd, kriminèl ki pi danjere e ki gen plis pouvwa nan peyi a, pou yo bay yon mesaj li sèten ki t ap fè misye rayi pitit la tèlman li jalou? Èske Bondye t ap sèvi ak menm zetwal sa a annapre pou l fè astwològ yo konnen ki kote pitit li a ki san defans ye?

Ann pran yon egzanp: Yon bon kòmandan nan lame voye pi bon sòlda li genyen an nan yon misyon danjere nan tèritwa yon lòt lame ki ènmi yo. Èske kòmandan sa a t ap di ènmi an ki kote pou l jwenn sòlda a? Non! Menm jan an tou, Jewova te voye Pitit Gason l lan nan monn sa a ki danjere. Èske l t ap fè wa Ewòd, ki te mechan, konnen ki kote Pitit li a ye alòske tipitit la te san defans? Jamè!

Nan ka sa a, kiyès ki te voye swadizan zetwal la oswa bagay ki te sanble ak zetwal la? Anfèt, kiyès ki te plis anvi wè Jezi mouri pandan l toupiti, sa ki t ap anpeche l grandi pou l akonpli misyon l sou tè a? Kiyès k ap chèche twonpe moun e k ap fè pwopagann pou manti, pou vyolans e pou asasinay? Jezi li menm te idantifye moun sa a antanke “mantè [ak] papa manti”, sila a ki te “yon asasen depi lè li te kòmanse”, anpalan de Satan Ledyab. — Jan 8:44.