Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou jèn yo

Yo te bay Moyiz fè yon travay espesyal

Yo te bay Moyiz fè yon travay espesyal

Enstriksyon: Fè egzèsis sa a kote ki pa gen bri. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye konprann santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo. Fè istwa a vin vivan.

Pèsonaj prensipal: Jewova Dye ak Moyiz

Rezime: Jewova te bay Moyiz misyon pou l mennen Izrayelit yo sot ann Ejip.

1 ANALIZE SÈN NAN. — LI EGZÒD 3:1-14; 4:1-17.

Dapre ou menm, ki jan touf bwa ki t ap boule a te ye?

․․․․․

Ki jan w panse Moyiz te reyaji (ni nan figi l ni nan vwa l) lè li te tande Bondye ap pale avè l, selon sa nou jwenn nan Egzòd 3:4 la?

․․․․․

Ki santiman ou wè ki te gen nan vwa Moyiz lè l t ap poze Jewova kesyon, jan sa parèt nan Egzòd 3:11, 13 ak 4:1, 10?

․․․․․

2 FÈ PLIS RECHÈCH.

Sèvi ak mwayen ou genyen pou w fè rechèch pou w ka pi byen konprann pawòl ki annapre a: “Sa m ye a se sa m ye.” ​(Egzòd 3:14). Poukisa Jewova te di sa pou l reponn kesyon Moyiz te poze l sou non l lan *?

․․․․․

Dapre ou menm, poukisa Moyiz te pè al kot Farawon? (Men yon ti poul: Li Nonb 12:3.)

․․․․․

Pou ki rezon petèt Moyiz te ezite al pale ak lòt Izrayelit yo?

․․․․․

3 APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

Tandans moun genyen pou yo pa gen konfyans nan tèt yo.

․․․․․

Konfyans Jewova fè w ak konfyans li genyen nan kapasite w.

․․․․․

LÒT APLIKASYON OU KA FÈ.

Nan ki domèn nan lavi w ou pa gen konfyans nan tèt ou?

․․․․․

Nan ki sans ou ka itil Jewova Dye, byenke se pa tout bagay ou ka fè?

․․․․․

4 KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA SA A, E POUKISA?

․․․․․

Pou w pran atik sa a sou Entènèt oubyen pou w enprime l, ale nan www.pr418.com

Si w pa gen bib, mande Temwen Jewova yo pou yo ba w youn, oubyen li Labib sou Entènèt nan www.watchtower.org

[Nòt anba paj]

^ § 14 Temwen Jewova yo pibliye yon seri liv ak bwochi ki kapab ede w pou w fè plis rechèch nan etid w ap fè nan Bib la. Pou plis enfòmasyon, kontakte Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou oswa ekri òganizasyon ki pibliye peryodik sa a.