Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Trayizon se yon siy ki enkyete anpil moun nan epòk nou an

Trayizon se yon siy ki enkyete anpil moun nan epòk nou an

“Nou te montre nou fidèl, nou jis e nou san repwòch.” — 1 TES. 2:10.

1-3. a) Bay yon siy ki enkyete anpil moun nan tan lafen an e di ki sa siy sa a vle di. b) Ki twa kesyon nou pral reponn?

KI DEFO ni Dalila, ni Absalòm, ni Jida Iskaryòt te genyen? Yo toule twa pa t fidèl. Dalila pa t fidèl anvè moun ki te renmen l lan, anpalan de jij Sanson. Absalòm pa t fidèl anvè papa l, wa David. Jida bò kote pa l pa t fidèl anvè Mèt li a, anpalan de Kris la, Jezi. Nan chak ka sa yo, move aksyon yo te fè yo te boulvèse lavi lòt moun. Men, poukisa istwa moun sa yo ta dwe enterese nou?

2 Gen yon ekriven k ap viv nan epòk nou an ki mete trayizon nan lis pi gwo defo pifò moun genyen jodi a. Sa pa ta dwe fè nou sezi. Lè Jezi t ap bay siy “fen sistèm nan”, li te di: ‘Anpil moun pral trayi youn lòt.’ ​(Mat. 24:3, 10). Mo “trayi” a vle di “abandone yon moun oswa lage l nan men ènmi l, swa lè w fè moun nan yon kou trèt oswa lè w pa fidèl anvè l”. Lefètke moun yo pa fidèl konsa, sa montre n ap viv “nan dènye jou yo” jan Pòl te predi sa. Li te di moun yo ‘pa t ap fidèl, yo t ap trèt’. (2 Tim. 3:1, 2, 4.) Se vre, souvan, ekriven yo ak moun k ap pwodui fim yo fè zak trayizon parèt yon bèl bagay, men, an reyalite, lè yon moun pa fidèl oswa li fè yon moun yon kou trèt, sa fè moun nan tris e sa fè l soufri. Vrèmanvre, trayizon se yon siy ki enkyete anpil moun nan tan lafen an.

3 Ki sa nou ka aprann nan istwa Bib la rakonte sou moun ki pa t fidèl nan tan lontan yo? Egzanp ki moun ki te rete fidèl anvè lòt moun nou kapab imite? E devan kiyès nou dwe detèmine pou nou toujou rete fidèl? Ann egzamine kesyon sa yo.

EGZANP KÈK MOUN NAN TAN LONTAN KI SÈVI NOU AVÈTISMAN

4. Ki jan Dalila te trayi Sanson, e poukisa se te yon vye aksyon l te fè?

4 Toudabò, ann pale de Dalila, yon fi jij Sanson te renmen e ki te fè konplo kont li. Sanson te detèmine pou l al goumen kont Filisten yo pou pèp Bondye a. Petèt Filisten yo te konnen Dalila pa t renmen Sanson toutbon, e se sa k fè senk gwo chèf filisten yo te ofri Dalila yon pakèt lajan pou l te ka ba yo sekrè ki fè Sanson te gen kokennchenn fòs li te genyen an yon fason pou yo te ka touye l. Piske Dalila te renmen lajan, li te aksepte pwopozisyon yo te fè l la. Pandan twa fwa li te chèche konnen ki kote Sanson te jwenn fòs li te genyen an, men, sa pa t mache. Donk, li te “rete la nan kò Samson, l’ap plenyen nan tèt li” pou l te ka kontinye ba l presyon. Alafen, “Samson pa t kapab ankò, rete pou l te mouri”. Se sa k fè li te di Dalila yo pa t janm koupe cheve l depi l fèt, si yo ta koupe yo, li t ap pèdi fòs li *. Kou Dalila tande sa, li koupe cheve Sanson pandan Sanson ap dòmi sou janm li. Apre sa, li lage l nan men ènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l (Jij 16:4, 5, 15-21). Ala yon vye aksyon manmzèl te fè! Anbisyon te fè Dalila trayi yon moun ki te renmen l.

5. a) Ki jan Absalòm te montre li pa t fidèl anvè David, e ki sa sa te montre? b) Ki jan David te santi l lè Ayitofèl te trayi l?

5 Kounye a, ann pale de trèt yo te rele Absalòm nan. Absalòm te tèlman gen anbisyon, li te detèmine pou l pran pouvwa a nan men papa l, wa David. Pou kòmanse, li te chèche fè moun peyi Izrayèl yo plezi pou l “fè yo vin renmen l”. Li te fè yo fo pwomès e li te pran pòz li renmen yo. Li te konn ba yo akolad, li te konn bo yo kòmsi yo te gen enpòtans nan je l e kòmsi l te enterese nan yo ak pwoblèm yo toutbonvre (2 Sam. 15:2-6). Absalòm te menm rive fè Ayitofèl, yon konseye David te fè konfyans, vire do bay David. Ayitofèl te vin tounen yon trèt e l te mete ak Absalòm pou l bay David koudeta (2 Sam. 15:31). Nan Sòm 3 ak Sòm 55, David te esplike jan sa te fè l mal lefètke Ayitofèl te trayi l. (Sòm 3:1-8; li Sòm 55:12-14.) Absalòm te kite anbisyon fè l fè konplo kont moun Jewova te chwazi kòm wa a. Konsa, li pa t wont montre kareman li pa gen okenn respè pou dwa Bondye genyen pou l dirije a (1 Kwo. 28:5). Finalman, rebelyon Absalòm nan pa t mache e David te kontinye dirije antanke moun Jewova te chwazi.

6. Ki jan Jida te trayi Jezi, e ki sa k vin nan lespri tout moun lè yo tande non Jida a?

6 Kounye a, ann reflechi sou sa lòt trèt yo te rele Jida Iskaryòt la te fè Jezi. Nan dènye fèt Pak Jezi te selebre ak 12 apot li yo, li te di yo: “Anverite m ap di nou sa: Gen youn nan nou la a ki pral livre m.” ​(Mat. 26:21). Pi ta nan menm nuit la, nan jaden Jetsemane a, Jezi te di Pyè, Jak ansanm ak Jan: “Moun k ap livre m nan toupre.” Jezi potko menm fin pale lè Jida te parèt nan jaden an ak patizan l yo epi li “mache dwat sou Jezi, li di: ‘Bonjou, Anseyan,’ epi li bo l”. (Mat. 26:46-50; Lik 22:47, 52.) Jida te “livre yon moun ki jis”, anpalan de Jezi, Moun Bondye chwazi a, e l te lage l nan men ènmi l yo tèlman l te renmen lajan. E pou konbyen kòb atò li te trayi Jezi? Pou sèlman 30 pyès monnen ann ajan (Mat. 27:3-5)! Depi lè sa a, depi yon moun tande non Jida a, li konnen se de yon “trèt” y ap pale, yon moun ki pran pòz li zanmi yon lòt moun pou l ka trayi l.

7. Ki sa nou aprann nan istwa: a) Absalòm ak Jida, b) Dalila?

7 Ki sa nou aprann nan egzanp sa yo ki sèvi nou avètisman? Absalòm ak Jida te fini mal paske yo chak te trayi yon moun Jewova te chwazi (2 Sam. 18:9, 14-17; Tra. 1:18-20). Depi yon moun tande non Dalila a, li toujou panse ak yon fi ki trèt, ki pran pòz li renmen yon gason (Sòm 119:158). Si nou wè nou gen tandans pou n gen anbisyon oswa tanta, sa ki ta ka lakòz nou pèdi favè Jewova, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou rejte tandans sa yo! Egzanp sa yo montre nou jan li enpòtan pou nou rejte tandans nou ta kapab genyen pou nou enfidèl, yon tandans ki bay moun repiyans.

ANNOU IMITE MOUN KI TE MONTRE YO FIDÈL

8, 9. a) Poukisa Yonatàn te fidèl anvè David? b) Ki jan nou kapab imite Yonatàn?

8 Bib la pale tou de yon pakèt moun ki te fidèl. Nou pral pale de de ladan yo e n ap wè ki sa nou ka aprann nan men yo. Premye a se Yonatàn, yon moun ki te montre li te fidèl anvè David. Antanke pi gran pitit gason wa Sayil, Yonatàn te gen posiblite pou l vin wa ann Izrayèl apre papa l. Sèl rezon ki fè l pa t ka vin wa, se paske Jewova te gentan chwazi David. Yonatàn te respekte desizyon Bondye te pran an. Olye l te jalou sò David e olye l te konsidere David kòm rival li, li te deside l ap rete fidèl anvè David. Se sa k fè Labib di “kè Jonatan, pitit gason Sayil la, [te] vin louvri pou David”. Yonatàn te menm bay David rad li, epe l, banza l ak sentiwon l. Konsa, li te onore David kòmsi David te deja wa (1 Sam. 18:1-4). Yonatàn te fè tout sa l kapab pou l ‘bay David kouraj’. Li te menm riske lavi l pou l defann David devan Sayil. Yonatàn te fidèl anvè David. Men sa l te di l: “Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m’ap vin apre ou.” ​(1 Sam. 20:30-34; 23:16, 17). Nou kapab konprann rezon ki fè David te montre tristès li e li te montre lanmou li pou Yonatàn nan yon chante li te ekri apre lanmò Yonatàn. — 2 Sam. 1:17, 26.

9 Yonatàn te vrèman fidèl. Li te soumèt li nèt devan Jewova, Souvren linivè a, e l te soutni David ak tout kè l paske se li menm Bondye te chwazi. Menm jan an tou, jodi a, menmsi nou pa ta gen yon privilèj espesyal nan kongregasyon an, nou ta dwe dispoze soutni frè yo nome pou dirije nou yo. — 1 Tes. 5:12, 13; Ebre 13:17, 24.

10, 11. a) Poukisa Pyè te rete fidèl anvè Jezi? b) Ki jan nou kapab imite Pyè e ki sa sa ta dwe pouse nou fè?

10 Yon lòt moun ki te bay bon egzanp se apot Pyè. Li te fidèl anvè Jezi. Lè Kris te itilize egzanp ak parabòl nan ansèyman l pou l montre jan li enpòtan pou moun gen lafwa nan sakrifis li t apral fè a, kote l t apral bay kò l ak san l pou limanite, anpil nan disip li yo te twouve pawòl li yo te chokan e yo te abandone l (Jan 6:53-60, 66). Apre sa, Jezi vire gad 12 apot li yo e l mande yo: “E nou menm, nou pa vle ale tou?” Lè sa a, Pyè reponn li: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. E nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou se ou menm ki Sen an, e se ou menm Bondye voye a.” ​(Jan 6:67-69). Èske sa vle di Pyè te konprann tout sa Jezi te sot di sou lavi l li t apral bay kòm sakrifis la? Petèt li pa t konprann tout bagay. Malgre sa, Pyè te detèmine pou l rete fidèl anvè Pitit gason Bondye te chwazi a.

11 Pyè pa t di tèt li petèt Jezi te mal wè bagay yo nan moman an, e avèk letan, Jezi t ap retounen sou sa l te di a. Okontrè, avèk imilite, Pyè te rekonèt Jezi gen “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. E nou menm, ki jan nou reyaji jodi a lè nou jwenn yon enfòmasyon nan piblikasyon “entandan fidèl” la ki difisil pou nou konprann oubyen ki depaman ak fason nou wè bagay yo? Nou dwe fè tout sa n kapab pou n konprann enfòmasyon an olye pou nou ret tann yo chanje enfòmasyon an pou l mache ak opinyon pa nou. — Li Lik 12:42.

RETE FIDÈL AK MOUN OU MARYE AVÈ L LA

12, 13. Ki sa k ka fè de moun ki marye trayi youn lòt, e poukisa yon moun pa ka di se laj li ki lakòz li trayi moun li marye avè l la?

12 Kèlkeswa fason trayizon an fèt la, se yon move bagay. Nou pa dwe kite pwoblèm sa a fè pa gen lapè ak inite nan fanmi nou e nan kongregasyon an. Toutpandan n ap kenbe sa nan lespri nou, annou wè ki jan nou ka rete fidèl nètale ni anvè moun nou marye avè l la, ni anvè Bondye nou an.

13 Adiltè se yon fason yon moun trayi yon lòt moun ki lakòz plis dega. Yon moun ki fè adiltè pa fidèl anvè moun li marye avè l la e li vin enterese nan yon lòt moun. Bridsoukou, konjwen yo trayi a twouve l poukont li e lavi l vin tèt anba. Men, ki jan yon sitiyasyon konsa fè rive de moun ki te renmen youn lòt yon lè? Souvan, premye bagay ki konn lakòz sa rive se lè de moun ki marye pran distans yo youn ak lòt byenke yo toujou ap viv nan menm kay. Gabriella Turnaturi, yon pwofesè sosyoloji, fè konnen lefètke “pafwa ou santi moun ou marye avè l la avè w e pafwa ou santi l pa avè w menm, se sa ki fè youn konn trayi lòt”. Gen kèk moun ki marye depi lontan ki konn vin ap pran distans yo youn ak lòt byenke yo nan senkantèn yo. Pa egzanp, gen yon mesye ki gen 50 an ki te divòse ak madanm li, apre 25 an maryaj, pou l al viv ak yon lòt fi ki te atire l, byenke madanm li te fidèl. Gen moun ki di se jis yon pwoblèm moun ki rive nan laj sa yo genyen. Sepandan, olye nou panse li nòmal pou moun ki nan laj sa yo aji konsa, li t ap pi bon pou n di bagay la jan l ye a: Moun ki aji konsa yo nan laj sa a se trèt ki nan kò yo *.

14. a) Ki jan Jewova santi l lè l wè yon moun trayi moun li marye avè l la? b) Ki sa Jezi te di sou fidelite nan maryaj?

14 Ki jan Jewova santi l lè l wè yon moun kite moun li marye avè l la san okenn rezon biblik? Bondye nou an ‘rayi wè lè mari separe ak madanm’, se sa k fè li te pale rèd ni ak moun ki te konn maltrete madanm yo oswa mari yo ni ak moun ki te konn abandone yo. (Li Malaki 2:13-16.) Jezi te montre li dakò ak Papa l ak tout kè l, se sa k fè l te fè konnen, yon moun pa gen dwa kite moun li marye avè l la san okenn rezon epi pou l kontinye aji kòmsi li pa t anyen ki mal. — Li Matye 19:3-6, 9.

15. Ki jan moun ki marye yo kapab vin pi fidèl youn ak lòt?

15 Ki jan moun ki marye yo kapab rete fidèl ak moun yo marye avè l la? Pawòl Bondye a di: “Pran plezi ou ak madanm [oswa mari] ou renmen depi lè ou te jenn lan.” Li di tou: “Wè lavi a ak madanm [oswa mari] ou renmen an.” (Pwo. 5:18; Ekl. 9:9, NW). Tank toule de moun ki marye yo ap granmoun, yo dwe “toujou la” youn pou lòt ni pou bezwen fizik yo ni pou bezwen afektif yo. Sa vle di, yo dwe vrèman enterese youn ak lòt, pase tan youn ak lòt, epi vin pi pwòch youn lòt. Yo dwe toujou veye pou yo pwoteje maryaj yo ak relasyon yo ak Jewova. Pou yo rive fè sa, moun marye yo bezwen etidye Labib ansanm, preche ansanm regilyèman, e priye Jewova ansanm pou l ba yo benediksyon.

RETE FIDÈL AK JEWOVA

16, 17. a) Ki sitiyasyon ki ta ka fè nou vin pa fidèl anvè Jewova nan fanmi nou ak nan kongregasyon an? b) Bay yon egzanp ki montre bon rezilta sa ka bay lè nou obeyi kòmandman Jewova ki mande pou nou pa pran kontak ak moun nan fanmi nou ki eskominye.

16 Gen moun nan kongregasyon an ki te fè peche grav e ansyen yo te reprimande yo, “yon fason ki fèm, dekwa pou yo ka [vin] solid nan lafwa”. (Tit 1:13.) Gen lòt yo te oblije eskominye pou peche yo te fè a. Men, moun ki te resevwa disiplin sa a e ki kite l “fòme yo” retounen gen bon relasyon ak Jewova ankò (Ebre 12:11). E si se yon zanmi nou oswa se yon manm fanmi nou ki eskominye? Nan sitiyasyon sa a, nou bezwen fidèl anvè Bondye olye nou fidèl anvè moun nan. Jewova ap gade nou pou l wè si n ap suiv kòmandman li bay ki mande pou nou pa pran kontak ak nenpòt moun ki eskominye. — Li 1 Korentyen 5:11-13.

17 Ann egzamine yon egzanp ki montre valè byen fanmi yon moun ki eskominye ka fè, lè yo suiv lwa Jewova bay pou yon moun pa pran kontak ak moun nan fanmi l ki eskominye a fidèlman. Gen yon jèn gason ki te eskominye depi plis pase 10 an e pandan tout tan sa a, papa l, manman l ak kat frè l yo te “sispann frekante” l. Pafwa, jèn gason sa a te konn eseye rantre nan aktivite lòt moun nan fanmi l t ap fè, men erezman, tout moun nan fanmi an te rete fèm sou desizyon yo, yo pa t pran kontak avè l. Apre l te fin reyentegre, li te di li te toujou anvi pase tan ak fanmi l, sitou lè l te konn poukont li nan nuit. Li te rekonèt si fanmi l te manke pase menm yon ti moman avè l, sa t ap sifi pou li. Sepandan, piske li pa t ka fè menm yon ti pale ak okenn moun nan fanmi l, li te tèlman vin anvi ansanm avèk yo, sa te pouse l fè efò pou l retounen vin gen bon relasyon ak Jewova. Si jamè ou ta anvi dezobeyi kòmandman Bondye bay pou nou pa pran kontak ak moun nan fanmi nou ki eskominye, sonje egzanp sa a.

18. Apre w fin wè enpòtans fidelite genyen ak konsekans sa genyen lè yon moun pa fidèl, ki detèminasyon w pran?

18 N ap viv nan yon monn ki trèt, ki pa fidèl. Aktout sa, nou kapab jwenn moun nan kongregasyon an ki fidèl ki ban nou bon egzanp pou nou imite. Nan fason moun sa yo viv, se kòmsi y ap di nou: “Nou temwen, e Bondye temwen tou, jan nou [...] montre nou fidèl, nou jis e nou san repwòch.” ​(1 Tes. 2:10). Se pou nou detèmine pou nou toujou rete fidèl ni anvè Bondye ni anvè youn lòt!

[Nòt anba paj]

^ § 4 Se te relasyon espesyal Sanson te gen ak Jewova antanke Nazireyen ki te fè l gen tout fòs sa a, se pa t cheve l.

^ § 13 Pou nou jwenn enfòmasyon k ap ede nou lè moun nou marye avè l la vin enfidèl, gade atik ki gen tit “Ki jan w ka andire si konjwen w trayi w?” ki parèt nan Toudegad 15 jen 2010, paj 29-32.

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Apot Pyè te fidèl anvè Pitit gason Bondye te chwazi a menm lè lòt moun te abandone Pitit sa a.