Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova pwoteje nou pou l ka delivre nou

Jewova pwoteje nou pou l ka delivre nou

“Pisans Bondye pwoteje [nou] grasa lafwa, pou nou ka delivre. Delivrans sa a pral parèt aklè nan dènye peryòd tan an.” — 1 PYÈ 1:5.

1, 2. a) Ki sa k fè nou gen garanti Jewova ap ede nou pou nou toujou rete fidèl? b) Jis nan ki pwen Jewova konn chak sèvitè l yo?

JEZI te di: “Moun ki andire jiska lafen an, se li k ap sove.” ​(Mat. 24:13). Lè l te di Pawòl sa yo li te montre byen klè nou dwe rete fidèl jiska lafen si nou vle chape vivan nan moman Bondye pral egzekite jijman l sou monn Satan ap domine a. Men, sa pa vle di Jewova atann pou nou konte sou pwòp sajès nou oswa sou pwòp fòs nou pou nou andire. Men ki garanti Bib la ban nou: “Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l.” ​(1 Kor. 10:13). Ki sa pawòl sa yo montre?

2 Pou Jewova asire l nou pap jwenn tantasyon ki depase sa nou ka sipòte, li bezwen konnen tout ti detay sou nou, tankou pwoblèm n ap rankontre, moun nou ye pa anndan an, e li bezwen konnen tou jis nan ki pwen nou kapab andire devan pwoblèm. Èske Bondye konnen nou byen konsa vre? Wi. Ekriti yo montre Jewova konnen tout ti detay sou chak sèvitè l yo. Li konn ki aktivite n ap mennen chak jou e li konn tout abitid nou. Li kapab menm konnen panse ak entansyon ki nan kè nou. — Li Sòm 139:1-6.

3, 4. a) Kòman eksperyans David te fè montre Jewova enterese nan chak sèvitè l? b) Ki gwo travay Jewova ap fè jodi a?

3 Èske w twouve sa etonan pou Bondye enterese konsa nan lèzòm ki pa anyen? Salmis David te konn reflechi sou kesyon sa a. Gade ki sa l te di Jewova: “Lè m’ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li, m’ap mande: Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa?” ​(Sòm 8:3, 4). Petèt se eksperyans David te fè ki fè l te poze kesyon sa a. Jewova te konsidere David, ki te pi piti pami pitit Jese yo, kòm “yon nonm ki fè kè l plezi” ​(NW) e li te pran David ‘dèyè mouton li t ap gade nan savann yo, li mete l chèf sou pèp’ Izrayèl la (1 Sam. 13:14; 2 Sam. 7:8). Imajine jan David dwe te santi l lè l te rann li kont jan Kreyatè linivè a enterese nan meditasyon li t ap fè nan kè l, li menm ki te yon senp ti gadò mouton!

4 Jodi a, se pa ti etonan sa etonan pou n wè jan Jewova enterese nan nou tou! L ap rasanble “bagay apresyab ki nan tout nasyon yo” pou yo vin nan vrè adorasyon an e li ede sèvitè l yo rete fidèl (Aga. 2:7, NW). Pou nou pi byen konprann fason Jewova ede nou rete fidèl, nou pral wè fason li rale nou vin nan vrè adorasyon an.

BONDYE RALE NOU VIN JWENN LI

5. Ki jan Jewova rale moun vin jwenn Pitit gason l lan? Bay yon egzanp.

5 Jezi te di: “Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini.” ​(Jan 6:44). Pawòl sa yo fè nou konprann san èd Bondye, nou pa ka vin disip Kris. Ki jan Jewova rale moun ki tankou mouton yo vin jwenn Pitit gason l lan? Li fè sa grasa predikasyon bon nouvèl la e grasa lespri sen l. Pa egzanp, pandan apot Pòl ansanm ak kèk lòt misyonè te nan vil Filip, yo te rankontre yon dam ki te rele Lidi e yo te kòmanse preche l bon nouvèl la. Men sa Bib la di: “Jewova te ouvri kè l byen laj pou l koute sa Pòl t ap di yo.” Wi, Bondye te itilize lespri sen l pou l te ka ede Lidi konprann mesaj Pòl t ap preche a, e kòm rezilta, Lidi ansanm ak tout moun lakay li te vin batize. — Tra. 16:13-15.

6. Ki jan Jewova te atire nou nan vrè adorasyon an?

6 Èske se sèl Lidi Bondye te rale vin jwenn Pitit li a konsa? Non. Si w se yon kretyen ki deja vwe vi w bay Jewova, ou menm tou, se Jewova ki te rale w vin nan vrè adorasyon an. Menm jan Papa nou ki nan syèl la te wè yon bon bagay nan kè Lidi, se konsa tou li te wè yon bon bagay lakay ou. Lè w te kòmanse tande bon nouvèl la, Jewova te itilize lespri sen l pou l ede w konprann mesaj ou t ap tande a (1 Kor. 2:11, 12). Lè w te fè efò pou w aplike sa w te aprann yo, li te beni efò sa yo yon fason pou w te ka fè volonte l. Lè w te vwe vi w ba li, sa te fè kè l kontan. Kidonk, Jewova avè w depi lè w te kòmanse sou wout lavi a.

7. Ki jan nou fè konnen Bondye ap ede nou rete fidèl?

7 Etandone se Jewova ki te ede nou kòmanse mache ansanm avè l, l ap toujou ede nou rete fidèl. Li konnen se li k te ede nou vin nan laverite e nou pap kapab rete nan laverite san èd li. Men sa apot Pyè te ekri kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo: “Pisans Bondye pwoteje [nou] grasa lafwa, pou nou ka delivre. Delivrans sa a pral parèt aklè nan dènye peryòd tan an.” ​(1 Pyè 1:5). Pawòl sa yo konsène tout kretyen jodi a. Poukisa? Se paske nou tout nou bezwen Bondye ede nou rete fidèl.

BONDYE KAPAB ANPECHE NOU FÈ FO PA

8. Poukisa nou bezwen veye pou nou pa fè fo pa?

8 Presyon ki gen nan lavi a ansanm ak pwòp enpèfeksyon nou kapab fè nou pa konsantre sou bagay espirityèl yo epi fè nou fè yon fo pa san nou pa rann nou kont. (Li Galat 6:1.) Gen yon evènman ki te rive nan lavi David ki montre sa.

9, 10. Ki jan Jewova te anpeche David fè yon fo pa, e ki sa li fè pou nou jodi a?

9 Pandan wa Sayil t ap chèche David pou l touye l, David te montre li gen anpil metriz, paske, li pa t chèche fè wa sa a ki te jalou anyen ki mal (1 Sam. 24:2-7). Men, yon ti tan annapre, enpèfeksyon David te fè l pèdi metriz. David te vin bezwen manje pou l bay mesye ki te avè l yo, se sa k fè, avèk respè, li t al chèche èd nan men yon Izrayelit parèy li ki te rele Nabal. Kòm Nabal te reponn David mal, David te vin fache anpil e li te deside vanje tèt li. Li te deside touye Nabal ansanm ak tout moun lakay li. David te bliye si l touye moun ki inosan li t ap responsab san moun sa yo devan Jewova. Erezman, Abigayil, madan Nabal, te aji atan. Sa te anpeche David fè yon gwo erè. Piske David te konprann se Jewova ki te pouse Abigayil aji jan l te aji a, li te di Abigayil: “Lwanj pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki voye ou jòdi a vin kontre avè m! Kite m di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou dèske jòdi a ou vin kenbe men m pou m pa mete san moun deyò, pou m pa tire revanj.” — 1 Sam. 25:9-13, 21, 22, 32, 33.

10 Ki leson nou ka aprann nan istwa sa a? Jewova te sèvi ak Abigayil pou l anpeche David fè yon fo pa. Li fè menm bagay la pou nou tou jodi a. Nòmalman, nou pa dwe atann pou Jewova voye yon moun vin anpeche nou fè yon erè chak fwa nou nan yon sitiyasyon kote sa ka rive, e nou pa ka di nou konnen egzakteman ki jan Bondye ap aji devan yon sitiyasyon. Nitou nou pa ka di ki sa l ap kite rive yon fason pou objektif li ka reyalize (Ekl. 11:5). Sepandan, nou kapab gen konfyans Jewova toujou konnen tout sa k ap pase nan lavi nou e l ap ede nou rete fidèl. Men garanti li ban nou: “M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a moutre ou chemen pou ou swiv la. M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou.” ​(Sòm 32:8). Ki jan Jewova ban nou konsèy? Ki jan nou kapab pwofite konsèy sa yo? Poukisa nou kapab sèten Jewova ap gide pèp li a jodi a? Annou wè ki jan liv Revelasyon an reponn kesyon sa yo.

KONSÈY JEWOVA YO PWOTEJE NOU

11. Jis nan ki pwen Jewova konnen sa k ap pase nan kongregasyon yo sou tè a?

11 Nan yon vizyon apot Jan te fè ki parèt nan Revelasyon chapit 2 ak 3, Jezi Kris ki te glorifye t ap enspekte sèt kongregasyon ki te nan Azi Minè yo. Vizyon sa a montre Kris pa sèlman wè an gwo sa k ap pase nan kongregasyon yo, men, li wè chak sitiyasyon ki egziste. Nan liv Revelasyon an, li te menm site non kèk moun. Nan chak ka sa yo, li te bay ankourajman oswa konsèy ki apwopriye. Ki sa sa ede nou konprann? Vizyon sa a akonpli sou kretyen ki pral nan syèl yo apre 1914, e sèt kongregasyon yo reprezante kretyen sa yo. Sepandan, konsèy Jezi te bay toule sèt kongregasyon sa yo konsène tout kongregasyon Temwen Jewova yo sou tè a jodi a. Donk, nou kapab di san pwoblèm, Jewova sèvi ak Pitit li a pou l dirije pèp li a jodi a. Ki byenfè sa pèmèt nou jwenn?

12. Ki jan nou kapab kite Jewova gide nou?

12 Yon fason nou kapab jwenn byenfè grasa direksyon ki plen lanmou Jewova bay la, se lè nou fè etid pèsonèl. Grasa piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an ban nou yo, Jewova ban nou yon pakèt konsèy ki soti nan Bib la (Mat. 24:45). Sepandan, pou nou byen pwofite konsèy sa yo, nou dwe pran tan pou nou etidye piblikasyon sa yo epi aplike sa nou aprann yo. Lè nou fè etid pèsonèl, avèk èd Jewova, sa ap “anpeche nou tonbe”. (Jid 24.) Èske sa poko janm rive w pou w etidye yon bagay nan piblikasyon yo epi w santi se pou ou menm menm yo te ekri bagay sa a? Si sa ta rive w, aksepte koreksyon w jwenn nan kòmsi se Jewova menm ki te ba ou l. Menm jan yon zanmi ta kapab ba w yon ti tap sou zepòl pou l fè w wè yon bagay, se menm jan an tou, Jewova kapab itilize lespri sen l pou l fè w wè yon bagay ou bezwen amelyore nan konduit ou oswa nan pèsonalite w, e sandout gen anpil lòt frè ak sè ki ka bezwen fè menm chanjman sa yo tou. Lè nou kite lespri sen gide nou, se Jewova nou kite gide nou. (Li Sòm 139:23, 24.) Donk, l ap bon pou nou egzamine fason nou etidye.

13. Poukisa li t ap saj pou nou egzamine fason nou etidye?

13 Lè nou pase twòp tan ap detann nou, sa kapab pran sou tan nou bezwen pou nou fè etid pèsonèl. Men sa yon frè te di: “Li fasil anpil pou yon moun neglije etid pèsonèl li. Alèkile, li pi fasil pou yon moun jwenn aktivite pou l detann li e aktivite sa yo koute mwens kòb. Moun kapab sèvi ak televizyon, òdinatè oswa telefòn pou yo detann yo. Kèlkeswa kote yon moun ye, li kapab jwenn yon fason pou l detann li.” Si nou pa fè atansyon, tikras pa tikras, nou kapab vin gen mwens tan pou nou fè etid pèsonèl ki pwofon jiskaske, rive yon lè, nou pa fè sa ankò menm (Efe. 5:15-17). Li t ap bon pou nou poze tèt nou kesyon ki vin apre yo: ‘Chak ki lè m pran tan pou m fè etid pèsonèl ki pwofon nan Pawòl Bondye a? Èske se sèlman lè m gen yon diskou oswa lè m gen yon patisipasyon nan reyinyon yo?’ Si repons lan se wi, petèt li t ap pi bon pou w itilize sware adorasyon an fanmi an oswa sware w fè etid pèsonèl ou a pou w kapab vin gen sajès Jewova bay la, yon fason pou Jewova pwoteje w pou l ka delivre w. — Pwo. 2:1-5.

NOU ANDIRE GRASA ANKOURAJMAN JEWOVA BAN NOU

14. Ki jan Bib la montre Jewova konnen sa nou santi?

14 David te rankontre anpil pwoblèm nan lavi l (1 Sam. 30:3-6). Pawòl Jewova te fè l ekri yo montre jan li te konnen sa David santi. (Li Sòm 34:18; 56:8.) Bondye konnen sa nou santi tou. Lè nou “dekouraje” oswa nou “pèdi espwa”, Bondye pwoche bò kote nou. Sa sèlman kapab ban nou konsolasyon menm jan ak David ki te chante: “M’ap kontan, m’ap fè fèt, paske ou renmen m. Ou wè jan m’ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.” ​(Sòm 31:7). Nonsèlman Jewova wè lè nou gen pwoblèm, men tou, li ban nou ankourajman ak konsolasyon pou l ede nou andire. Yon fason li fè sa se pa mwayen reyinyon nou yo.

15. Ki sa nou kapab aprann nan sa k te rive Asaf la?

15 Gen yon bagay ki te rive salmis Asaf ki montre avantaj n ap jwenn lè nou asiste reyinyon yo. Piske Asaf t ap plede reflechi sou tout move bagay ki t ap pase bò kote l, sa te fè l mande tèt li pou ki sa l t ap sèvi Bondye. Sa te fè Asaf dekouraje. Men sa l te di: “Mwen santi m dekouraje; sa [...] fè m mal anpil.” Se sa k fè l te manke vire do bay Jewova. Ki sa k te ede Asaf retounen nan bon sans li? Men sa l te di: ‘Mwen te antre lakay Bondye.’ Se pandan Asaf te lakay Bondye, ansanm ak lòt moun ki t ap adore Bondye, li te vin korije fason li te kòmanse wè bagay yo. Li te konprann moun ki t ap fè sa k pa bon yo pa t ap la pou toutan e se sèten Jewova t ap ranje bagay yo (Sòm 73:2, 13-22). Nou menm tou, nou kapab santi nou about lefètke gen anpil enjistis k ap fèt jodi a nan monn Satan an. Lè nou reyini ansanm ak frè n ak sè n yo, sa ap pèmèt nou rejwenn fòs e sa ap ede nou kontinye sèvi Jewova ak kè kontan.

16. Ki jan egzanp Ana a kapab ede nou?

16 E si gen yon bagay ki rive w nan kongregasyon an ki fè w pa santi w alèz pou w asiste reyinyon yo? Petèt ou te oblije remèt yon privilèj ou te genyen nan kongregasyon an e sa fè w wont, oswa ou menm ak yon kwayan parèy ou pa wè bagay yo menm jan e sa fè nou gen ti pwoblèm. Si se ka pa w, egzanp Ana a kapab ede w. (Li 1 Samyèl 1:4-8.) Pa bliye sa, Ana t ap viv yon sitiyasyon nan fanmi l ki te difisil pou li anpil. Li te gen pwoblèm ak yon lòt madanm mari l te genyen ki te rele Penina. Chak ane, bagay yo te vin pi difisil pou Ana lè fanmi an te konn al Chilo pou y al fè sakrifis pou Jewova. Sitiyasyon an te tèlman rèd pou Ana, li te “rete ap kriye, li pa [t] vle manje anyen”. Aktout sa, li pa t kite sitiyasyon an anpeche l pwofite tout okazyon pou l adore Jewova. Jewova te wè jan li te fidèl e li te beni l pou sa. — 1 Sam. 1:11, 20.

17, 18. a) Ki jan nou jwenn ankourajman nan reyinyon yo? b) Ki efè pwoteksyon ki plen lanmou Jewova ban nou pou l ka delivre nou an genyen sou nou?

17 Jodi a, antanke kretyen, nou gen bonjan rezon pou nou imite egzanp Ana. Nou bezwen toujou asiste reyinyon yo. Jan nou tout konn sa, nou jwenn bonjan ankourajman nan reyinyon yo (Ebre 10:24, 25). Bonjan relasyon nou gen ak frè ak sè nou yo rekonfòte nou. Pa egzanp, yon senp ti pawòl yo di nan yon diskou oswa yon kòmantè yo fè kapab touche kè nou. Konvèsasyon nou genyen anvan oswa apre reyinyon yo kapab ban nou posiblite pou nou jwenn yon kwayan parèy nou ki koute nou oswa ki di nou yon ti pawòl ankourajan (Pwo. 15:23; 17:17). Lè n ap chante pou Jewova, nou santi batri nou rechaje. Se sitou nan moman “tèt chaje” yo nou plis bezwen ankourajman nou jwenn nan reyinyon yo. Se nan reyinyon yo Jewova soutni nou grasa “konsolasyon [l] yo”, e se la tou Jewova ban nou bonjan èd pou nou rete fidèl anvè l. — Sòm 94:18, 19, NW.

18 Lefètke Bondye byen pran swen nou, nou santi nou menm jan ak salmis Asaf ki te di nan yon chante: “Ou kenbe men m pou m pa tonbe. Ou ban m konsèy pou m pa pèdi chemen m.” ​(Sòm 73:23, 24). Se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova dèske li pwoteje nou pou l ka delivre nou!

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Ou menm tou se Jewova ki rale w vin jwenn li.

[Foto nan paj 30]

Nou jwenn pwoteksyon lè nou aplike konsèy Bondye yo.

[Foto nan paj 31]

Ankourajman nou jwenn yo ede nou andire.