Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Menmsi maryaj ou gen pwoblèm, rete pozitif

Menmsi maryaj ou gen pwoblèm, rete pozitif

“Men sa m ap di moun marye yo, e se pa mwen menm ki di l, se Seyè a.” — 1 KOR. 7:10.

1. Ki jan kretyen yo konsidere maryaj, e poukisa?

LÈ KRETYEN yo marye, yo fè yon ve devan Bondye, e yo dwe pran ve sa a oserye (Ekl. 5:4-6). Piske se Jewova ki vin ak maryaj, nan yon sans, nou kapab di se li menm ki met moun marye yo “anba menm jouk”. (Mak 10:9.) Moun ki marye yo anba jouk sa a kèlkeswa peyi kote yo te marye a e kèlkeswa lwa ki egziste nan peyi sa a. Sèvitè Jewova yo ta dwe wè maryaj tankou yon kontra yo pa ka soti ladan l, kit yo te deja ap sèvi Jewova lè yo te fèk marye, kit yo potko ap sèvi l.

2. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Lè yon maryaj ap mache byen, sa kapab bay moun ki marye yo anpil kè kontan. Men, ki sa moun ki marye yo ka fè lè maryaj yo gen pwoblèm? Èske de moun ki marye ki gen pwoblèm nan maryaj yo kapab fè maryaj yo vin pi solid? Ki sa ki ka ede moun ki gen pwoblèm nan maryaj yo?

ÈSKE MARYAJ LA PRAL FÈ KÈ W KONTAN OSWA L PRAL FÈ W SOUFRI?

3, 4. Ki sa ki ka rive si yon moun fè yon move chwa lè l ap chwazi yon moun pou l marye?

3 Lè maryaj yon kretyen reyisi, sa bay anpil kè kontan e sa onore Jewova. Sepandan, lè l pa reyisi, sèl sa li pote se soufrans. Yon kretyen selibatè k ap reflechi seryezman sou sijè sa a ap byen fè si li suiv prensip Bondye yo. Yon lòt bò, si l pa byen chwazi moun li ta renmen marye avèk li a, sa kapab fè l pa jwenn satisfaksyon nan maryaj li e sa kapab fè l soufri anpil. Pa egzanp, gen kèk jèn ki kòmanse frekante anvan menm yo pare pou responsablite ki gen nan maryaj. Gen kèk moun ki kouri marye ak yon moun yo te rankontre sou Entènèt e ki vin pa kontan nan maryaj yo. Gen lòt toujou ki fè gwo peche pandan yo t ap frekante ak yon moun e ki deside marye ak moun nan, sepandan, gen chans pou moun sa yo pa gen anpil respè youn pou lòt.

4 Gen kretyen ki pran desizyon pou yo pa marye ‘sèlman nan Seyè a’ e ki konn soufri akoz yo vin ap viv ak yon moun ki pa nan menm relijyon ak yo (1 Kor. 7:39). Si se nan sitiyasyon sa a ou ye, priye Bondye pou l padone w e pou l ede w. Li pap anpeche w rekòlte konsekans desizyon w lan, men li kapab ede w andire sitiyasyon an si w repanti toutbon (Sòm 130:1-4). Si w fè tout sa w kapab pou w fè l plezi kounye a e pou toutan, ‘kontantman l ap mete nan kè w la ap ba w fòs’. — Ney. 8:10.

LÈ GEN PWOBLÈM NAN MARYAJ LA

5. Lè yon moun gen pwoblèm nan maryaj li, ki vye lide li ta dwe retire nan tèt li?

5 Moun ki marye k ap soufri nan maryaj yo gendwa ap di tèt yo: ‘Èske sa vo lapèn pou m eseye sove maryaj mwen? Mwen t ap vrèman kontan si m te ka fè bak epi m chwazi yon lòt moun.’ Yo gendwa ap di tou: ‘Mwen pa konn sa m ta bay pou m ta ka vin lib ankò! Poukisa m pa annik divòse? Menmsi m pa ka divòse pou rezon biblik, poukisa m pa annik separe pou m ka jwi lavi m ankò?’ Olye pou kretyen yo panse konsa e pou yo ret ap reflechi sou jan lavi yo te kapab pi bèl si yo te fè yon lòt chwa, yo ta dwe fè tout sa yo kapab pou yo sove maryaj yo lè yo chèche direksyon nan men Bondye e yo fè tout sa yo kapab pou yo suiv direksyon sa yo.

6. Ki sa Jezi te vle di nan Matye 19:9?

6 Si yon kretyen ta divòse, li gendwa pa lib pou l remarye selon Labib. Konsa tou, li gendwa lib pou l fè sa. Men sa Jezi te di: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou fònikasyon, e ki al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” ​(Mat. 19:9). Nan vèsè sa a, mo “fònikasyon” an gen ladan l adiltè ak lòt peche grav ankò ki gen rapò ak sèks. Li enpòtan anpil pou nou priye Jewova si nou ta panse divòse ak moun nou marye avè l la alòske moun nan pa t fè adiltè.

7. Lè maryaj de kretyen kraze, ki sa moun k ap gade kapab panse?

7 Lè de moun marye epi maryaj yo kraze, sa kapab fè moun gen dout sou relasyon yo ak Jewova. Men yon kesyon enpòtan apot Pòl te poze: “Si yon moun pa konn ki jan pou l dirije pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a?” ​(1 Tim. 3:5). An reyalite, lè de moun ki marye di se kretyen yo ye e maryaj yo kraze, moun k ap gade kapab panse yo pa vrèman viv ann amoni ak sa y ap preche yo. — Wom. 2:21-24.

8. Ki pwoblèm ki genyen lè de kretyen ki marye deside separe san yo pa gen okenn rezon biblik pou sa?

8 Lè de kretyen ki marye ap planifye pou yo divòse oswa pou yo separe youn ak lòt, san yo pa gen okenn rezon biblik pou sa, se sèten gen yon pwoblèm nan relasyon yo ak Jewova. Petèt youn ladan yo oswa toule de pa aplike prensip biblik yo. Si yo te vrèman ‘mete tout konfyans yo nan Jewova’, yo t ap jwenn yon rezon kanmenm pou yo sove maryaj yo. — Li Pwovèb 3:5, 6.

9. Ki rekonpans kèk kretyen te jwenn lefètke yo te montre yo gen pasyans lè yo te jwenn pwoblèm nan maryaj yo?

9 Gen anpil maryaj ki sanble t apral kraze men ki te vin pi solid avèk letan. Souvan, lè kretyen ki marye yo pa kouri kraze maryaj yo lè yo jwenn pwoblèm, yo jwenn bon rezilta. Ann wè sa k ka rive lè de moun marye pa nan menm relijyon. Men sa apot Pyè te ekri: “Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou, konsa, si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou, paske yo temwen ak je yo nou gen yon konduit ki pwòp e nou gen yon gwo respè.” ​(1 Pyè 3:1, 2). Wi, bon konduit yon mari oswa yon madanm genyen ka fè moun li marye avè l ki pa Temwen an pran laverite. Lè yon kretyen sove maryaj li, li onore Jewova e sa kapab pote anpil benediksyon pou tout moun nan fanmi an.

10, 11. Ki pwoblèm ki ka parèt sanzatann nan yon maryaj, men, ki asirans yon kretyen kapab genyen?

10 Pifò kretyen ki selibatè vle fè Jewova plezi, se sa k fè yo chwazi pou yo marye sèlman ak moun k ap sèvi Jewova menm jan avèk yo. Sepandan, menm lè yo fè sa, bagay yo ka vire mal kanmenm. Pa egzanp, moun yo marye avè l la kapab vin ap bay pwoblèm. Pafwa, yon ti tan apre maryaj yo, yon mari oswa yon madanm ka vin inaktif. Ann pran yon egzanp. Linda * se yon kretyèn ki marye, k ap sèvi Jewova ak tout kè l, e se yon bon manman. Linda pa t ka fè anyen pou l ede mari l, yon frè batize, lè mari a te chwazi fè yon bagay ki depaman ak prensip biblik yo e l te vin eskominye. Ki sa yon kretyen kapab fè si maryaj li ta sanble prèt pou kraze paske moun li marye avè l la vin nan menm sitiyasyon ak mari Linda a?

11 Petèt ou ka ap mande tèt ou: ‘Èske m dwe kontinye fè efò pou m sove maryaj mwen kèlkeswa sa k rive?’ Pa gen pèsonn ki kapab pran desizyon sa a nan plas ou. Sepandan, gen bonjan rezon ki fè w pa ta dwe sispann fè efò pou w sove maryaj ou si l sou wout kraze. Yon mari oswa yon madanm ki gen krentif pou Bondye, k ap andire pwoblèm li jwenn nan maryaj li poutèt konsyans li ki fòme grasa Labib, gen anpil valè nan je Bondye. (Li 1 Pyè 2:19, 20.) Depi yon kretyen fè tout sa l kapab pou l sove maryaj li lè l jwenn pwoblèm, Jewova ap ede l grasa lespri sen e l ap ede l aplike prensip ki nan Bib la.

YO DISPOZE EDE W

12. Ki jan ansyen yo ap wè nou lè nou mande yo èd?

12 Si w gen pwoblèm nan maryaj ou, pa ezite chèche èd nan men kretyen ki gen matirite. Ansyen yo se bèje k ap pran swen twoupo Bondye a, e y ap byen kontan ba w konsèy ki soti nan Bib la pou ede w (Tra. 20:28; Jak 5:14, 15). Pa panse ansyen yo ap vin gen mwens respè pou ou menm ak madanm ou si n al mande yo konsèy oubyen si nou esplike yo gwo pwoblèm nou jwenn nan maryaj nou. Okontrè, y ap vin gen plis lanmou ak plis respè pou ou lè yo wè tout efò w ap fè pou w fè Bondye plezi.

13. Ki konsèy nou jwenn nan 1 Korentyen 7:10-16?

13 Lè yon kretyen ki marye ak yon moun ki pa nan menm relijyon avè l al kot ansyen yo pou l mande yo èd, ansyen yo kapab ba li konsèy ki vin annapre a, yon konsèy apot Pòl te bay: “Men sa m ap di moun marye yo, e se pa mwen menm ki di l, se Seyè a: yon madanm pa dwe separe ak mari l. Men si sa rive li separe avè l, se pou l rete san l pa marye, oubyen se pou l rekonsilye ak mari l. E yon mari pa dwe kite madanm li.” Li te ajoute: “Ou menm madanm, ki jan w fè konnen si w pap sove mari w? Oubyen, ou menm mari, ki jan w fè konnen si w pap sove madanm ou?” ​(1 Kor. 7:10-16). Se pa ti benediksyon sa ye lè yon mari oswa yon madanm ede moun li marye avè l la ki pa t ap sèvi Jewova vin nan vrè adorasyon an!

14, 15. Ki lè yon kretyen ta kapab pran desizyon pou l separe ak moun li marye avè l la, e poukisa li enpòtan pou kretyen sa a priye seryezman sou sa?

14 Ki sitiyasyon ki ta ka lakòz yon kretyèn ki marye “separe” ak mari l? Gen kèk kretyèn ki chwazi separe ak mari yo paske mari a pa vle pran swen fanmi an. Gen lòt ki fè sa akoz mari yo ap bat yo oswa akoz yo santi si yo rete ak mari yo y ap pèdi relasyon yo ak Jewova.

15 Desizyon pou yon moun separe ak moun li marye avè l la se yon desizyon chak moun dwe pran pou tèt li. Sepandan, yon kretyen batize ki marye dwe priye seryezman si li gen yon desizyon konsa pou l pran. Pa egzanp, èske moun ki pa kwayan an mete relasyon kretyen oswa kretyèn sa a gen ak Bondye a an danje, oubyen èske se kretyen an ki neglije fè etid Labib, ki pa asiste reyinyon yo regilyèman e ki pa preche bon nouvèl la regilyèman?

16. Ki sa k fè yon kretyen pa ta dwe kouri pran desizyon pou l divòse?

16 Lefètke nou bay relasyon nou ak Bondye anpil valè e nou apresye maryaj ki se yon kado Bondye ban nou, sa ta dwe anpeche nou kouri pran desizyon pou nou divòse. Antanke sèvitè Jewova, nou bay sangtifikasyon non Bondye ki sen anpil enpòtans. Se sa k fè, nou pa ta dwe janm chèche kraze maryaj nou nan entansyon pou n marye ak yon lòt moun. — Jer. 17:9; Mal. 2:13-16.

17. Ki lè Jewova rele yon kretyen ki marye pou l viv anpè?

17 Yon kretyen ki deja marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova dwe fè tout sa l kapab pou l pwoteje maryaj li. Sepandan, yon kretyen pa bezwen santi l koupab si l fè tout sa l kapab pou l viv ak mari l oswa madanm li ki pa Temwen e malgre sa moun nan refize rete avèk li. Men sa apot Pòl te ekri: “Si moun ki pa kwayan an vle separe, li mèt separe.” Nan yon sitiyasyon konsa, ‘frè a oswa sè a pa gen okenn obligasyon ankò. Men, Bondye rele l pou l viv anpè.’ — 1 Kor. 7:15 *.

MET ESPWA W NAN JEWOVA

18. Menmsi li gendwa pa posib pou w sove maryaj ou, ki bon rezilta w kapab jwenn pou tout efò w fè yo?

18 Lè nou gen pwoblèm nan maryaj nou, li bon pou nou konte sou Jewova pou l ban nou kouraj e pou nou toujou met espwa nou nan li. (Li Sòm 27:14.) Ann pran egzanp Linda, sè nou te pale de li pi wo a. Avèk letan li te divòse, byenke li te pase yon pakèt ane ap eseye sove maryaj li. Èske l santi se tan l li t ap pèdi? Men sa l di: “Mwen pa panse sa. Efò m te fè yo te bay yon bon temwayaj. Konsyans mwen klè. Sa k pi enpòtan an, sèke tout ane sa yo mwen te pase ap eseye sove maryaj mwen an te pèmèt pitit fi m nan vin pi anrasinen nan laverite. Li se yon Temwen Jewova ki zele.”

19. Ki sa k ka rive si nou fè efò pou nou sove maryaj nou?

19 Gen yon kretyèn ki rele Marilyn ki kontan lefètke li te mete konfyans li nan Jewova e li te fè yon dènye efò pou l sove maryaj li. Men sa l te di: “Mwen te anvi separe ak mari m paske li te refize pran swen m nan domèn materyèl e li te mete relasyon m ak Jewova an danje. Anvan mari m te pran yon pakèt move desizyon anrapò ak biznis li t ap fè, li te yon ansyen. Li te kòmanse ap rate reyinyon e nou te vin sispann pale youn ak lòt. Te gen yon atak teworis ki te fèt nan zòn bò lakay mwen e sa te vin fè m pa anvi pale. Avèk letan, mwen te vin rann mwen kont mwen te antò tou. Annapre, nou te kòmanse kominike youn ak lòt ankò, nou te rekòmanse etidye ansanm ankò e nou te rekòmanse asiste reyinyon yo regilyèman ansanm. Ansyen yo te byen trete nou e yo te ede nou anpil. Maryaj la te vin solid ankò. Avèk letan, mari m te vin kalifye pou l jwenn privilèj nan kongregasyon an ankò. Byenke bagay yo te difisil anpil pou nou, nou te aprann yon gwo leson e sa te fini byen.”

20, 21. Ki detèminasyon nou ta dwe pran anrapò ak maryaj nou?

20 Kit nou marye, kit nou selibatè se pou nou toujou mete kouraj sou nou epi mete konfyans nou nan Jewova. Si n ap rankontre pwoblèm nan maryaj nou, nou ta dwe fè tout sa n kapab pou n rezoud yo toutpandan n ap sonje moun ki marye yo “pa de ankò, men yo se yon sèl chè”. (Mat. 19:6.) Nou bezwen sonje tou si nou fè efò pou nou sove maryaj nou byenke sitiyasyon an ka difisil, nou kapab vin gen lajwa lè nou wè moun nou marye avè l la vin ap sèvi Jewova.

21 Nan kèlkeswa sitiyasyon nou ye a, nou bezwen pran detèminasyon pou n aji avèk sajès yon fason pou nou bay moun ki pap sèvi Jewova yo yon bon temwayaj. Si nou gen pwoblèm nan maryaj nou, se pou nou priye ak tout kè nou e se pou nou analize tèt nou onètman. Se pou nou pran san nou pou n chèche prensip ki nan Bib la ki ka ede nou e se pou nou chèche èd nan men ansyen yo. Sa k pi enpòtan an, se pou nou pran detèminasyon pou n fè Jewova plezi nan tout sa n ap fè epi montre nou vrèman apresye maryaj ki se yon bèl kado Bondye bay.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Yo chanje non yo.

^ § 17 Gade liv “Rete nan lanmou Bondye” a, paj 219-221; Toudegad 1ye novanm 1988, paj 26-27 (fransè); Toudegad 1ye janvye 1976, paj 31 (fransè).

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 10]

Byen souvan, kretyen ki pa kouri kraze maryaj yo paske yo jwenn difikilte jwenn bon rezilta.

[Antrefilè nan paj 12]

Toujou fè Jewova konfyans e konte sou li pou l ban n kouraj.

[Foto nan paj 9]

Jewova beni kretyen ki marye yo lè yo fè efò pou yo fè maryaj yo vin pi solid.

[Foto nan paj 11]

Nou kapab jwenn rekonfò ak èd nan kongregasyon an.