Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byografi

Yon “sekrè” nou aprann nan sèvis nou an ki sakre

Yon “sekrè” nou aprann nan sèvis nou an ki sakre

Dapre Olivier Randriamora

“Mwen konn sa sa vle di viv ak tikras pwovizyon, e mwen konn sa sa vle di viv nan abondans. Nan tout bagay e nan tout sitiyasyon, mwen aprann sekrè ki genyen ni nan vant plen ni nan grangou [...]. Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” — Fil. 4:12, 13.

SA GEN lontan depi pawòl sa yo apot Pòl te ekri yo se yon gwo sous ankourajman pou mwen menm ak madanm mwen, Oly. Menm jan ak Pòl, nou aprann “sekrè” a paske nou konte nèt sou Jewova nan sèvis n ap ba li nan Madagaska a.

Lè Temwen Jewova yo te kòmanse etidye Labib ak manman Oly an 1982, Oly avè m te gentan fiyanse. Mwen menm tou mwen te aksepte etidye Bib la. Annapre, Oly te kòmanse etidye tou. Nou te marye an 1983, nou batize an 1985, e tousuit apre batèm nou nou te pran sèvis pyonye oksilyè. Nou te vin pyonye pèmanan an jiyè 1986.

Nou te kòmanse sèvi kòm pyonye espesyal an septanm 1987. Premye asiyasyon nou te resevwa se te yon ti vil nan nòdwès Madagaska ki potko gen yon kongregasyon. Nan Madagaska, gen anviwon 18 prensipal ras moun diferan, yon latriye fanmi, yon latriye koutim ak tradisyon. Lang ofisyèl la se Malagach, men gen diferan dyalèk tou. Nou te kòmanse aprann dyalèk yo pale nan ti vil yo te voye nou an. Sa te fè li pi fasil pou moun yo aksepte nou nan kominote a.

Okòmansman, mwen te konn bay yon diskou chak dimanch. Apre diskou a, natirèlman, Oly te konn bat bravo, byenke se nou de a sèlman ki te la. Nou te fè tout patisipasyon ki te gen nan Lekòl ministè teyokratik la. Oly te konn pale ak yon patnè li te imajine. Se pa ti kontan nou te kontan lè siveyan sikonskripsyon an te ankouraje nou, avèk jantiyès, pou nou chanje fason nou te konn fè reyinyon yo!

Piske lapòs pa t fonksyone jan li ta dwe fonksyone, nou pa t konn resevwa ti kòb òganizasyon an te konn ban nou an regilyèman. Kidonk, nou te aprann viv ak tikras pwovizyon. Gen yon lè nou pa t gen ase kòb pou nou peye machin pou n al nan yon asanble sikonskripsyon ki t ap fèt a anviwon 130 kilomèt parapò ak kote nou te ye a. Nan sitiyasyon sa a, nou te sonje yon konsèy yon Temwen te ban nou: “Rakonte Jewova pwoblèm ou. Dayè, se travay li w ap fè.” Donk, nou te priye e nou te deside ale apye. Sepandan, jis anvan nou pati, gen yon frè ki te vin vizite nou sanzatann e ki te fè nou kado yon ti kòb mezi pou nou peye bis la.

SÈVIS SIKONSKRIPSYON

An fevriye 1991, yo te nome m siveyan sikonskripsyon. Lè sa a, ti gwoup nou an te gentan vin gen 9 pwoklamatè. Twa ladan yo te batize, e te gen anviwon 50 moun ki t ap asiste reyinyon regilyèman. Apre yo te fin ban nou fòmasyon, yo te voye nou nan yon sikonskripsyon ki Antananarivo, kapital peyi a. An 1993, yo te voye nou nan yon lòt sikonskripsyon ki te nan zòn lès peyi a. Bagay yo te diferan anpil nan zòn sa a.

Pou nou te kapab vizite kongregasyon yo ak gwoup izole yo, nou te konn vwayaje apye. Pafwa nou te konn mache jiska 145 kilomèt sou mòn ki te chaje ak pyebwa. Nou te konn vwayaje sèlman ak sa nou te vrèman bezwen. Nòmalman, lè diskou piblik siveyan yo t ap bay la te mande pou nou prezante kèk dyapozitif, jan sa te konn fèt nan epòk sa a, nou te gen plis chay. Oly te pote aparèy dyapozitif la e mwen te pote yon batri machin 12 vòl.

Souvan, nou te konn mache anviwon 40 kilomèt pa jou pou n al nan chak kongregasyon nou te gen pou n vizite. Pandan nou sou wout, nou te konn monte mòn, desann mòn, nou travèse rivyè e nou mache nan labou. Pafwa, nou te konn dòmi arebò wout. Men, byen souvan, nou te konn chèche yon bouk kote nou te kapab jwenn yon kote pou nou pase nuit lan. Pafwa, nou te konn mande moun nou pa t menm konnen si yo te kapab ban nou yon kote pou n dòmi. Apre nou te jwenn yon kote, nou te konn prepare yon ti bagay pou n manje. Oly te konn mande yon chodyè prete epi l al pran dlo nan rivyè ki pi pre a. Pandan tan sa a, mwen te konn prete yon rach pou m koupe bwa pou nou fè manje. Sa te konn pran yon bon ti tan. Pafwa, nou te konn achte yon poul tou vivan, nou touye l epi nou netwaye l.

Apre nou fin manje, nou te konn al chèche dlo pou n benyen. Pafwa, nou te konn dòmi nan kuizin kay kote n te ye a. Lè lapli t ap tonbe, pafwa nou te konn apiye sou mi kay la pou n dòmi yon fason pou dlo lapli pa mouye nou paske gen kèk kay twati yo te koule.

Nou te toujou preche moun ki te konn pèmèt nou rete lakay yo. Lè n te rive kote n t aprale a, bonte frè ak sè yo ak fason yo te akeyi nou te touche nou anpil. Yo te konn vrèman apresye vizit nou yo, e sa te fè nou bliye tout move eksperyans nou te fè lè nou te sou wout pou n al vizite yo.

Lè nou te desann lakay frè ak sè yo, nou te renmen ede yo fè travay nan kay. Konsa, yo te gen tan pou yo soti avèk nou nan predikasyon. Nou pa t atann pou nou viv nan abondans oswa pou frè ak sè ki te resevwa nou yo fè ti manje espesyal pou nou. Dayè, yo pa t gen kòb pou sa.

N AL VIZITE GWOUP KI IZOLE

Nou te kontan vizite gwoup ki izole yo paske frè ak sè sa yo te aranje yo pou nou gen anpil travay pou nou fè. An jeneral, nou pa t gen tan pou nou “pran yon ti repo”. (Mak 6:31.) Yon fwa, gen yon frè ak madanm li ki te envite anviwon 40 etidyan yo te genyen vin lakay yo yon fason pou nou te kapab patisipe nan etid yo. Oly te fè anviwon 20 etid ak sè a e mwen menm mwen te fè lòt 20 yo ak frè a. Tousuit apre yon etidyan fin ale, yon lòt etid te kòmanse. Pita nan jounen an, nou te pran yon poz pou reyinyon yo. Apre sa, nou te rekòmanse fè etid ankò. Jounen sa a te fini ozanviwon uit è nan aswè.

Pandan nou t al vizite yon lòt gwoup, ozanviwon uit è nan maten, nou tout te pran wout pou n al nan yon lòt bouk ki te toupre a. Nou te met vye rad sou nou. Apre nou te fè yon bon ti tan ap mache nan yon rak bwa, nou te rive nan tèritwa a nan zòn midi. Nou chanje rad sou nou e nou kòmanse fè pòt an pòt san pèdi tan. Pa t gen anpil kay, men te gen anpil pwoklamatè. Nou te kouvri tout tèritwa a nan anviwon 30 minit. Apre sa, nou te pran wout pou n al nan yon lòt bouk. Apre nou te fin preche nan bouk sa a, nou te fè yon trajè byen long pou nou tounen lakay nou. Okòmansman, nou te santi nou yon ti jan dekouraje. Nou te mache anpil e nou te depanse yon bann enèji, men nou te pase sèlman anviwon inèdtan nan travay predikasyon an. Sepandan, frè ak sè yo pa t plenyen. Yo te chofe pou yo fè travay la.

Gen yon lòt gwoup izole ki te Taviranambo, toupre yon tèt mòn. Te gen yon fanmi Temwen la ki t ap viv nan yon sèl chanm kay. Te gen yon lòt kote toupre a yo te konn fè reyinyon. Sanzatann, frè a te kòmanse rele byen fò: “Frè nou yo!” Nou te tande yon vwa sou tèt yon lòt monn ki te di: “Woy!” Apre sa, frè a di: “Siveyan sikonskripsyon an rive!” Vwa a te reponn: “Se vre!” Sanble yo te fè mesaj la rive pi lwen toujou, paske, apre yon ti tan, gen moun ki te kòmanse rasanble. Lè reyinyon an te kòmanse, te gen plis pase 100 moun ki te la.

PWOBLÈM TRANSPÒ

An 1996, yo te voye nou nan yon sikonskripsyon ki te pi pre Antananarivo, nan yon zòn nan mitan peyi a ki te nan platon. Sikonskripsyon sa a te gen difikilte pa l. Nan zòn andeyò yo, pa t gen transpò piblik ki te pase regilyèman. Nou te fè aranjman pou n al vizite yon gwoup ki te Beankàna (Besakay), ki te a anviwon 240 kilomèt parapò ak Antananarivo. Apre nou te fin negosye ak chofè a, nou te monte nan yon ti kamyon ki t apral nan zòn sa a. Te gen anviwon 30 lòt pasaje nan kamyon an. Gen nan yo ki te sou tèt li e gen lòt ki te pandye dèyè l.

Jan sa te konn rive souvan, yon ti tan apre, kamyon an te pran pàn e nou te kontinye apye. Nou te gentan ap mache depi kèk èdtan lè yon gwo kamyon te vin ap pase. Li te deja plen moun ak machandiz, men chofè a te rete pou nou kanmenm. Nou te aksepte monte byenke nou te oblije pran sèso. Annapre, nou te rive bò kote yon rivyè, men yo t ap ranje pon an. Yon lòt fwa ankò, nou te oblije pran apye. Finalman, nou te rive nan yon ti bouk kote te gen kèk pyonye espesyal. Byenke nou pa t planifye vizite yo, nou te preche avèk yo pandan nou t ap tann yo ranje pon an e pou yon lòt machin pase.

Apre yon semèn, yon lòt machin te pase e nou te repedale nan vwayaj nou an. Wout la te chaje ak gwo twou ladan l. An plizyè fwa, nou te oblije pouse machin nan nan dlo ki te rive wotè jenou nou. Souvan, nou te konn tonbe pandan n ap fè sa. Byen bonè nan maten, nou te rive nan yon ti bouk kote nou te desann machin nan. Nou te kite wout prensipal la e nou te kontinye apye. Nou pase nan chan diri, kote dlo te ban nou nan ren, pou n te ka rive kote n t aprale a.

Kòm se premye fwa nou te pase nan zòn nan, nou te deside n ap preche kèk nan moun ki te nan chan diri yo e n ap mande yo ki kote nou ka jwenn Temwen yo nan zòn nan. Se pa ti kontan nou te kontan lè n te aprann travayè sa yo te Temwen Jewova!

NOU TE ANKOURAJE LÒT MOUN ANTRE NAN SÈVIS APLENTAN

Pandan ane ki pase yo, nou te ankouraje lòt moun antre nan sèvis aplentan. Lè nou te wè bon rezilta nou te jwenn, sa te ankouraje nou. Pandan nou t ap vizite yon kongregasyon ki te gen 9 pyonye pèmanan, nou te ankouraje yo chak pou yo gen objektif ede yon lòt pwoklamatè vin pyonye. Lè nou te retounen simwa annapre, te gen 22 pyonye. Gen de nan sè ki te pyonye yo ki te ankouraje papa yo, ki te ansyen, vin pyonye pèmanan. De frè sa yo te ankouraje yon lòt ansyen pran sèvis la tou. Yon ti tan apre, yo te nome twazyèm ansyen an pyonye espesyal. Apre yon ti tan, frè sa a te vin siveyan sikonskripsyon ansanm ak madanm li. E de lòt ansyen yo? Youn ladan yo siveyan sikonskripsyon kounye a e lòt la ap travay kòm volontè nan konstriksyon Sal Wayòm.

Nou remèsye Jewova chak jou paske nou konnen nou pa kapab fè anyen ak pwòp fòs pa nou. Se vre pafwa nou konn santi nou fatige e pafwa nou konn malad, sepandan lè nou reflechi sou bon rezilta nou jwenn nan ministè a, sa fè kè nou kontan. Se Jewova ki fè travay li a kontinye ap pwogrese. Kounye a n ap sèvi antanke pyonye espesyal e nou kontan bay Jewova ti patisipasyon pa nou an. Wi, nou aprann “sekrè” a paske nou konte sou Jewova, Bondye ‘ki ban nou pisans lan’.

[Antrefilè nan paj 6]

Nou aprann “sekrè” a paske nou konte sou Jewova.

[Kat jeyografik/Foto nan paj 4]

Yo rele Madagaska gwo zile wouj la tou e li se katriyèm pi gwo zile ki genyen sou tè a. Tè Madagaska a wouj e gen diferan espès bèt ak plant sou li.

[Foto nan paj 5]

Nou te konn jwenn anpil pwoblèm lè nou t ap vwayaje.

[Foto nan paj 5]

Nou renmen fè etid biblik.