Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se Bondye ki “fè moun konnen sekrè ki kache”

Jewova se Bondye ki “fè moun konnen sekrè ki kache”

‘Se vre wi! Bondye ou la gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo. Se li ki chèf tout wa, se li menm ki fè moun konnen sekrè ki kache.’ — DÀN. 2:47.

1, 2. Ki sa Jewova fè nou konnen, e poukisa?

KI GOUVÈNMAN k ap anplas lè Wayòm Bondye a pral met fen nan dominasyon lèzòm nan? Nou konnen repons lan paske Jewova, Bondye “ki fè moun konnen sekrè ki kache” a ban nou l. Li ede nou idantifye gouvènman sa yo grasa sa pwofèt Dànyèl ak apot Jan te ekri.

2 Jewova te fè de mesye sa yo wè yon seri vizyon kote yo te wè plizyè bèt sovaj youn apre lòt. Mete sou sa, li te ede Dànyèl konprann yon vizyon kote Dànyèl te wè yon gwo estati an metal. Jewova te fè yo mete pasaj sa yo nan Bib la pou enstriksyon nou (Wom. 15:4). Li te fè sa tou pou l te ka ede nou gen plis konviksyon talè konsa Wayòm li an pral kraze tout gouvènman lèzòm yo. — Dàn. 2:44.

3. Pou nou byen konprann pwofesi ki nan Bib la, ki sa nou bezwen konprann anvan, e poukisa?

3 Pwofesi Dànyèl ak Jan yo idantifye uit wa, oswa gouvènman imen, e yo montre nan ki lòd gouvènman sa yo t ap parèt. Sepandan, sèl fason n ap kapab byen konprann pwofesi sa yo se si nou konprann premye pwofesi ki parèt nan Bib la. Poukisa nou di sa? Se paske tèm Bib la makònen ak reyalizasyon pwofesi sa a. Nan yon sans, pwofesi sa a tankou yon kòd tout lòt pwofesi yo mare avè l.

DESANDANS SÈPAN AN AK BÈT SOVAJ LA

4. Kiyès ki fòme desandans madanm nan, e ki sa desandans sa a gen pou l fè?

4 Yon ti tan apre rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, Jewova te pwomèt gen yon “madanm” ki t ap gen yon “desandans” *. (Li Jenèz 3:15.Rive yon lè, desandans lan t ap kraze tèt sèpan an, anpalan de Satan. Annapre, Jewova te fè konnen desandans lan t ap soti nan Abraram, li t ap fè pati nasyon Izrayèl, li t ap fèt nan Jide e li t ap yon desandan wa David (Jen. 22:15-18; 49:10; Sòm 89:3, 4; Lik 1:30-33). Se Jezi Kris ki pati prensipal desandans lan (Gal. 3:16). Moun ki fòme pati segondè desandans sa a se kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo (Gal. 3:26-29). Se Jezi ansanm ak moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki fòme Wayòm Bondye a, ki se zouti Bondye pral itilize pou l fini nèt ak Satan. — Lik 12:32; Wom. 16:20.

5, 6. a) Konbyen gwo pisans Dànyèl ak Jan idantifye? b) Ki sa tèt bèt sovaj ki nan liv Revelasyon an reprezante?

5 Nan premye pwofesi Bondye te bay nan jaden Edenn nan, li te fè konnen tou Satan t ap gen yon “desandans”. Desandans sa a t ap rayi desandans madanm nan. Kiyès ki fòme desandans sèpan an? Se tout moun ki rayi Bondye menm jan ak Satan e k ap travay kont pèp Bondye a. Pandan tout listwa, Satan sèvi ak desandans li a pou l òganize divès mouvman politik, oswa wayòm (Lik 4:5, 6). Sepandan, se sèlman kèk nan gouvènman sa yo ki te gen gwo enpak sou pèp Bondye a, kit se sou nasyon Izrayèl la, kit se sou kongregasyon kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo fòme a. Poukisa sa enpòtan? Se paske sa esplike rezon ki fè nan vizyon Dànyèl ak Jan te fè yo yo pale de uit pisans mondyal sèlman.

6 Nan fen premye syèk epòk nou an, apre rezirèksyon Jezi, Jezi te fè apot Jan wè yon seri vizyon enpresyonan (Rev. 1:1). Nan youn nan vizyon sa yo, apot Jan wè Dyab la ki parèt sou fòm yon dragon e ki kanpe sou sab yon gwo lanmè. (Li Revelasyon 13:1, 2.) Jan te wè tou yon lòt bèt dwòl ki soti nan lanmè sa a e ki resevwa anpil pouvwa nan men Dyab la. Annapre, gen yon zanj ki fè Jan konnen sèt tèt bèt sovaj koulè wouj vif la genyen yo reprezante “sèt wa”, oswa gouvènman. Bèt sovaj koulè wouj vif la se estati bèt ki nan Revelasyon 13:1 an (Rev. 13:14, 15; 17:3, 9, 10). Nan moman jan t ap ekri liv Revelasyon an, senk nan wa sa yo te deja pèdi pouvwa yo, youn te sou pouvwa l, e gen yon lòt ki ‘potko rive’. Ki gouvènman wayòm sa yo, oubyen pisans mondyal sa yo, reprezante? Annou egzamine chak tèt bèt yo pale de li nan liv Revelasyon an. Nou pral wè tou ki jan sa Dànyèl te ekri yo bay detay sou kèk nan wayòm sa yo plizyè syèk anvan yo te egziste.

EJIP AK ASIRI SE DE PREMYE TÈT YO

7. Ki sa premye tèt la reprezante, e poukisa?

7 Premye tèt la reprezante Ejip. Poukisa nou di sa? Se paske Ejip se te premye pisans mondyal ki te ènmi pèp Bondye a. Desandan Abraram yo te vin anpil nan peyi Ejip e se pami desandan sa yo desandans madanm Jewova te pwomèt la te gen pou l vini. Rive yon lè, Ejip te kòmanse ap maltrete pèp Izrayèl la. Satan te fè tout sa l kapab pou l disparèt pèp Bondye a sou tè a anvan menm desandans lan te gentan vini. Ki sa l te fè? Li te fè Farawon gen lide detwi tout pitit gason Izrayèl yo lè yo fèk fèt. Jewova te dejwe plan sa a e finalman li te libere pèp la ki te nan esklavaj anba men Ejipsyen yo (Egz. 1:15-20; 14:13). Annapre, li te mennen pèp la Latè pwomiz.

8. Ki sa dezyèm tèt la reprezante, e ki sa l te eseye fè?

8 Dezyèm tèt bèt sovaj la reprezante Asiri. Wayòm sa a ki te pisan tou te eseye disparèt pèp Bondye a. Se vre Jewova te itilize Asiri pou l pini wayòm dis tribi a ki te rebèl e ki t ap adore zidòl, men annapre Asiri te atake Jerizalèm. Se pa t Jewova ki te fè Asiri atake Jerizalèm, se te Satan. Petèt entansyon Satan se te detwi fanmi wayal kote Jezi te gen pou l soti a. Sepandan, Jewova te detwi Asiryen ki te anvayi peyi a e li te delivre pèp li a grasa yon mirak li te fè paske pèp la te fidèl. — 2 Wa 19:32-35; Iza. 10:5, 6, 12-15.

BABILÒN SE TWAZYÈM TÈT LA

9, 10. a) Ki sa Jewova te kite Babilonyen yo fè? b) Ki sa ki te bezwen fèt pou kèk pwofesi te ka reyalize?

9 Twazyèm tèt bèt sovaj la, Jan te wè a, reprezante wayòm kapital li te rele Babilòn nan. Jewova te pèmèt Babilonyen yo pran Jerizalèm epi mennen moun ki te ladan l yo Babilòn kòm prizonye. Men, anvan li te kite Izrayelit yo, ki te vin rebèl, pran imilyasyon sa a, li te ba yo avètisman sou sa (2 Wa 20:16-18). Li te fè konnen li t ap rejte tout wa imen ki ta dwe chita sou “twòn” li an ki te Jerizalèm (1 Kwo. 29:23, NW). Sepandan, Jewova te pwomèt tou desandan wa David ki te gen “dwa legal” ​(NW) la te gen pou l vini e li t ap revandike dwa l antanke wa. — Eze. 21:25-27.

10 Gen yon lòt pwofesi ki fè konnen Juif yo t ap kontinye adore Bondye nan tanp Jerizalèm nan lè Mesi a, sa vle di Moun Bondye chwazi a, ta vini (Dàn. 9:24-27). Men, dapre yon pwofesi ki te ekri anvan Babilonyen yo te mennen Izrayelit yo ann egzil, Moun sa a t ap fèt Betleyèm (Mika 5:2). Pou pwofesi sa yo te kapab reyalize, fòk Juif yo ta jwenn libète yo, fòk yo ta retounen lakay yo epi rebati tanp lan. Sepandan, Babilòn pa t gen abitid lage moun li te pran kòm prizonye. Ki jan Jewova t apral leve defi sa a? Jewova te fè pwofèt li yo konnen ki jan li t apral fè sa. — Amòs 3:7.

11. Ki diferan fason yo reprezante Babilòn nan Bib la? (Gade nòt anba paj la.)

11 Pwofèt Dànyèl te fè pati moun ki t al Babilòn yo (Dàn. 1:1-6). Jewova te itilize l pou l fè sèvitè l yo konnen lòt wayòm ki te gen pou vini apre Pisans mondyal babilonyen an. Jewova te itilize diferan fason pou l fè yo konnen sekrè sa yo. Pa egzanp, li te fè wa babilonyen yo rele Neboukadnetsa a fè yon rèv kote l te wè yon gwo estati ki te fèt ak diferan metal. (Li Dànyèl 2:1, 19, 31-38.) Pa mwayen Dànyèl, Jewova te fè konnen tèt annò a te reprezante Anpi babilonyen an *. Pwatrin ann ajan an ak bra ann ajan yo te reprezante pisans mondyal ki t ap vin apre Pisans babilonyen an. Ki peyi ki t apral vin pisans sa a, e ki jan li t apral trete pèp Bondye a?

ANPI MEDO-PÈS LA SE KATRIYÈM TÈT LA

12, 13. a) Ki detay Jewova te bay sou fason Babilòn t ap tonbe? b) Sa k fè katriyèm tèt bèt sovaj la byen reprezante Anpi medo-pès la?

12 Plis pase yon syèk anvan epòk Dànyèl la, Jewova te bay pwofèt Izayi detay konsènan pisans mondyal ki te gen pou pran Babilòn nan. Nonsèlman Jewova te di ki jan vil Babilòn t ap tonbe, men tou, li te bay non moun ki t apral pran vil la. Gid sa a te rele Siris, yon moun peyi Pès (Iza. 44:28-45:2). Dànyèl te resevwa de lòt vizyon ki te gen rapò ak Pisans mondyal medo-pès la. Nan youn nan vizyon sa yo, yo te konpare wayòm nan ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Yo te di l: “Manje vyann mezi ou kapab.” ​(Dàn. 7:5). Nan yon lòt vizyon, Dànyèl te wè yon belye ki te gen de kòn ki te reprezante pisans mondyal sa a ki te gen de pati ladan l. — Dàn. 8:3, 20.

13 Jewova te itilize Anpi medo-pès la pou l reyalize pwofesi li te bay ki te fè konnen li t ap jete Babilòn e li t ap fè Izrayelit yo retounen nan peyi yo (2 Kwo. 36:22, 23). Sepandan, annapre, menm pisans sa a te manke detwi pèp Bondye a nèt. Nan liv Estè a, ki nan Bib la, yo pale de yon konplo yon premye minis nan peyi Pès te fè. Mesye sa a te rele Amàn. Li te fè konplo pou l detwi tout Juif ki t ap viv nan Anpi pès la, ki te gwo anpil, e li te fè aranjman pou sa te fèt nan yon jou li te chwazi. Yon lòt fwa ankò, Jewova te pwoteje pèp li a kont desandans Satan an ki te vle fè yon fen avè l (Estè 1:1-3; 3:8, 9; 8:3, 9-14). Donk, katriyèm tèt bèt sovaj ki nan liv Revelasyon an byen reprezante Pisans medo-pès la.

GRÈS SE SENKYÈM TÈT LA

14, 15. Ki detay Jewova te bay konsènan peyi Grès la?

14 Senkyèm tèt bèt sovaj ki nan liv Revelasyon an reprezante Grès. Jan Dànyèl te montre sa lè li te entèprete rèv Neboukadnetsa a, vant estati Neboukadnetsa te wè nan rèv la ak kuis estati a, ki te fèt an kuiv, te reprezante menm pisans sa a. Dànyèl te resevwa tou de vizyon ki te bay bonjan detay ni sou fason anpi sa a t ap ye ni sou dirijan nan anpi sa a ki t ap pi enpòtan an.

15 Nan youn nan vizyon sa yo, Dànyèl te wè yon leyopa ak kat zèl ki te reprezante Grès, sa ki te montre anpi sa a t apral mache pran tèritwa rapid rapid (Dàn. 7:6). Nan lòt vizyon an, Dànyèl pale de yon bouk ki te gen yon gwo kòn ki pa t pran tan pou l touye yon belye ki te gen de kòn, ki reprezante Anpi medo-pès la. Jewova te di Dànyèl bouk la te reprezante Grès e gwo kòn nan te reprezante youn nan wa l yo. Dànyèl te di tou gwo kòn sa a t ap kase e kat kòn pi piti t ap ranplase l. Byenke Dànyèl te ekri pwofesi sa a plizyè syèk anvan Grès te vin yon pisans mondyal, tout detay ki te nan pwofesi sa a te reyalize. Se Aleksann Legran, wa nan peyi Grès ki te pi enpòtan an, ki te atake Mèd yo ak Pès yo. Men, kòn sa a pa t pran anpil tan pou l kase, paske, wa enpòtan sa a te mouri lè l te gen tranndezan sèlman, nan moman li te vin gen plis pouvwa a. Annapre, kat nan jeneral ki te nan lame l yo te divize wayòm nan e yo chak te pran yon pòsyon. — Li Dànyèl 8:20-22.

16. Ki sa Antyokis lV te fè?

16 Apre Grès te fin gen kontwòl peyi Pès, li te vin ap gouvène peyi kote pèp Bondye a te ye a. Nan epòk sa a, Juif yo te gentan retounen nan Latè pwomiz e yo te gentan rebati tanp Jerizalèm nan. Bondye te kontinye konsidere yo kòm pèp li e se nan tanp lan yo te kontinye patisipe nan vrè adorasyon an. Sepandan, nan 2yèm syèk anvan epòk nou an, Grès, senkyèm tèt bèt sovaj la, te atake pèp Bondye a. Antyokis IV, youn nan chèf ki te vin resevwa yon pòsyon nan wayòm Aleksann nan, te bati yon lotèl pou fo dye nan lakou tanp Jerizalèm nan e li te fè konnen se yon krim pou yon moun pratike relijyon juif la e moun ki te fè sa yo t ap pèdi lavi yo. Èske se pa t yon desizyon ki mechan pati sa a nan desandans Satan an te pran? Sepandan, sa pa t pran lontan pou yon lòt pisans mondyal te ranplase Grès. Ki pisans ki t apral sizyèm tèt bèt sovaj la?

WÒM, SIZYÈM TÈT LA, ‘TE SOVAJ E LI TE FÈ MOUN PÈ’

17. Ki wòl enpòtan sizyèm tèt la te jwe nan reyalizasyon pwofesi ki parèt nan Jenèz 3:15 lan?

17 Lè apot Jan te resevwa vizyon bèt sovaj la, se Anpi women an ki te sizyèm pisans mondyal (Rev. 17:10). Sizyèm tèt la te jwe yon wòl enpòtan nan reyalizasyon pwofesi ki parèt nan Jenèz 3:15 lan. Satan te sèvi ak dirijan women yo pou l bay desandans madanm nan yon kou lè yo te blese l “nan talon”. Sepandan kou sa a te deranje desandans lan pandan yon tan sèlman. Ki jan yo te rive blese desandans lan? Yo te lage fo akizasyon sou do Jezi kòmkwa li t ap fè moun revòlte kont otorite yo e yo te fè egzekite l (Mat. 27:26). Blese sa a pa t pran anpil tan pou l geri paske Jewova te resisite Jezi.

18. a) Ki nouvo nasyon Jewova te chwazi, e poukisa? b) Ki jan desandans sèpan an te kontinye montre li rayi desandans madanm nan?

18 Chèf relijye juif yo te met ansanm ak kèk dirijan women pou yo konplote kont Jezi. Mete sou sa, majorite moun nan nasyon Izrayèl la te rejte Jezi. Se sa k fè, Jewova te abandone pèp li a, anpalan de Izrayèl selon lachè (Mat. 23:38; Tra. 2:22, 23). Annapre, li te chwazi yon lòt nasyon: “Izrayèl Bondye a.” ​(Gal. 3:26-29; 6:16). Se kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki fòme nasyon sa a. Pami yo gen Juif ak moun ki pa Juif (Efe. 2:11-18). Apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l, desandans Satan an te kontinye montre li rayi desandans madanm nan. Pandan plizyè fwa, Wòm te eseye fè yon fen ak kongregasyon kretyen an ki fòme pati segondè desandans lan *.

19. a) Ki jan Dànyèl dekri sizyèm pisans mondyal la? b) Sou ki sa atik etid ki vin apre a pral pale?

19 Nan rèv Dànyèl te entèprete pou Neboukadnetsa a, se janm an fè yo ki te reprezante Anpi women an (Dàn. 2:33). Dànyèl te fè yon lòt vizyon ki byen reprezante Anpi women an ak lòt pisans mondyal ki t apral soti nan anpi sa a. (Li Dànyèl 7:7, 8.) Pandan plizyè syèk, nasyon ki te ènmi Anpi women an te wè anpi sa a kòm yon anpi ki te “sovaj” ki te fè yo “pè” e ki te “gen anpil fòs”. Sepandan, pwofesi a te fè konnen “dis kòn” t apral soti nan anpi sa a e gen youn ladan yo ki t apral gen plis pouvwa pase lòt yo. Ki sa dis kòn sa yo reprezante, e ki sa ti kòn nan reprezante? Ki jan ti kòn nan sanble ak gwo estati Neboukadnetsa te wè nan rèv li a? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki nan paj 14 la.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Madanm sa a reprezante òganizasyon Bondye a nan syèl la ki tankou yon madanm pou li. Se zanj fidèl yo ki fòme òganizasyon sa a. — Iza. 54:1; Gal. 4:26; Rev. 12:1, 2.

^ § 11 Ni tèt estati ki nan liv Dànyèl la, ni twazyèm tèt bèt sovaj ki nan liv Revelasyon an reprezante Babilòn. Gade tablo ki nan paj 12-13.

^ § 18 Byenke Wòm te detwi Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an, aksyon sa a yo te fè a pa t antre nan reyalizasyon pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan. Nan ane sa a, Izrayèl selon lachè a pa t pèp Bondye te chwazi a ankò.

[Kesyon]