Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi w

Bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi w

“M ap fè konnen jistis ou ak pwòp bouch mwen, tout lajounen m ap fè konnen jan w konn sove moun.”— SÒM 71:15, NW.

1, 2. a) Lè yon moun vwe tèt li bay Jewova, ki sa sa montre? b) Lè nou egzamine chwa Noye, Moyiz, Jeremi ak Pòl te fè, ki jan sa kapab ede nou?

LÈ YON moun vwe lavi l bay Jewova e li batize pou l ka suiv Jezi, se pi gwo desizyon li te kapab pran nan lavi l. Nan yon sans, se kòmsi moun sa a di: ‘Jewova, mwen vle pou se ou menm ki Mèt mwen nan tout sa m ap fè. Mwen se sèvitè w. Mwen vle pou w deside ki jan pou m sèvi ak tan m, ki sa m dwe bay premye plas nan lavi m e ki jan m ta dwe sèvi ak sa m posede yo ansanm ak kapasite m genyen.’

2 Si w deja vwe vi w bay Jewova, se egzakteman sa w te pwomèt li. Nou felisite w dèske w te pran desizyon sa a, paske se pi bon bagay ou te kapab fè. Lefètke w rekonèt Jewova se Mèt ou, ki efè sa ta dwe genyen sou fason w sèvi ak tan w? Noye, Moyiz, Jeremi ak apot Pòl ban nou egzanp ki kapab ede nou nan sans sa a. Yo chak te sèvi Jewova ak tout kè yo. Sitiyasyon nou sanble ak sitiyasyon pa yo. Chwa yo te fè montre sa k te pi enpòtan pou yo, e sa kapab ankouraje nou egzamine fason n ap sèvi ak tan nou.— Mat. 28:19, 20; 2 Tim. 3:1.

ANVAN DELIJ LA

3. Nan ki sans epòk nou an sanble ak epòk Noye a?

3 Jezi te fè yon konparezon ant epòk Noye a ak epòk pa nou an. Men sa l te di: “Menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” Nan epòk sa a, “moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jis nan jou Noye antre nan lach la, e yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale”. (Mat. 24:37-39.) Jodi a, pifò moun ap viv san yo pa rann yo kont se moman pou yo aji san pèdi tan. Yo pa bay mesaj n ap preche a regle anyen pou yo. Menm jan ak moun yo nan epòk Noye a, anpil nan yo panse Bondye pap foure bouch nan zafè lèzòm vre (2 Pyè 3:3-7). Men, ki jan Noye te sèvi ak tan l nan epòk difisil li t ap viv la?

4. Apre Noye te fin resevwa yon misyon nan men Jewova, ki jan li te sèvi ak tan l, e poukisa?

4 Apre Bondye te fin di Noye sa l pral fè e li te fin ba l yon misyon, Noye te bati yon lach pou l te ka pwoteje moun yo ak bèt yo (Jen. 6:13, 14, 22). Mete sou sa, Noye te anonse jijman Bondye t apral fè nan yon ti kras tan ankò. Apot Pyè pale de Noye kòm “yon moun ki t ap preche sa ki jis”, sa ki montre Noye te fè tout sa l kapab pou l ede pwochen l yo wè jan sitiyasyon yo te grav. (Li 2 Pyè 2:5.) Èske w panse li t ap rezonab pou se nan moman sa a Noye ak fanmi l ta konsantre sou fè biznis, chèche gen gwo pozisyon oswa chèche viv alèz? Sa pa t ap fè sans menm! Piske yo te konnen sa k te gen pou rive, yo pa t kite anyen distrè yo.

CHWA YON PRENS NAN PEYI EJIP TE FÈ

5, 6. a) Nan ki entansyon yo te bay Moyiz fòmasyon li te jwenn nan? b) Poukisa Moyiz te meprize tout posiblite li te gen nan peyi Ejip yo?

5 Kounye a, ann pran egzanp Moyiz. Etandone pitit fi Farawon an te adopte l, Moyiz te grandi nan yon palè nan peyi Ejip. Antanke yon jenn prens, li te jwenn “fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn”. (Tra. 7:22; Egz. 2:9, 10.) Pa gen dout nan sa, fòmasyon li te resevwa a te prepare l pou l fè karyè nan palè Farawon an. Li te kapab vin yon moun enpòtan nan pi gwo pisans ki te gen nan epòk la, sa ki t ap pèmèt li jwenn anpil privilèj, viv nan liks epi pran plezi l. Men, èske se sa ki te enpòtan pou Moyiz?

6 Grasa fòmasyon Moyiz te jwenn nan men vrè paran l yo, siman l te konnen pwomès Jewova te fè zansèt li yo, anpalan de Abraram, Izarak ak Jakòb. Moyiz te kwè pwomès sa yo t ap reyalize. Sa dwe te fè l reflechi anpil sou sa l t apral fè ak vi l e sa dwe te fè l reflechi sou fidelite l anvè Jewova. Donk, ki sa Moyiz te fè lè moman an te rive pou l te chwazi si l ap vin yon prens nan peyi Ejip oswa si l ap vin yon esklav menm jan ak lòt Izrayelit yo? Labib di Moyiz te pito yo “maltrete l ansanm ak pèp Bondye a, olye pou l te pran plezi pou yon ti tan nan peche”. (Li Ebre 11:24-26.) Annapre, li te suiv direksyon Jewova te ba li sou fason li ta dwe mennen lavi l (Egz. 3:2, 6-10). Poukisa se chwa sa a Moyiz te fè? Se paske li te gen konfyans nan pwomès Jewova te fè yo. Li te konprann pa t gen okenn avni pou li nan peyi Ejip. Erezman se konsa li te reflechi, paske yon ti apre Bondye te lage dis flewo sou peyi sa a. Jodi a, ki leson tout moun ki vwe lavi yo bay Jewova kapab aprann nan istwa sa a? Olye nou konsantre nou sou fè karyè ak chèche plezi nan monn sa a, nou dwe konsantre nou pito sou relasyon nou ak Jewova ak adorasyon n ap ba li a.

JEREMI TE KONNEN SA K TE GEN POU RIVE

7. Nan ki sans sitiyasyon Jeremi an sanble ak sitiyasyon pa nou jodi a?

7 Pwofèt Jeremi se yon lòt moun ki te bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi l. Jewova te chwazi Jeremi kòm pwofèt li e li te mande l pou l al fè moun Jerizalèm ak Jida yo konnen li t apral jije yo paske yo te vin aposta. Nan yon sans, Jeremi t ap viv “nan dènye jou” ​(NW) epòk li a (Jer. 23:19, 20). Li te byen konnen Bondye pa t ap kite bagay yo kontinye jan yo te ye a.

8, 9. a) Poukisa Bawouk te bezwen wè bagay yo yon lòt jan? b) Ki sa nou ta dwe kenbe nan lespri nou lè n ap planifye lavi nou?

8 Piske Jeremi te gen konfyans nan pwomès Jewova yo, ki sa li pa t fè? Li pa t chèche viv alèz paske li te konnen talè konsa Bondye t apral detwi sistèm ki te anplas la. Epitou, èske sa t ap fè sans pou l ta fè sa? Sepandan, pandan yon tan, Bawouk, sekretè Jeremi an, te mal wè bagay yo. Se sa k fè, Bondye te pouse Jeremi di Bawouk: “Gade! sa m te bati a m ap kraze l, sa m te plante a m ap derasinen l. M ap fè sa nan tout peyi a. Men, kanta pou ou, ou kontinye ap chèche gwo bagay pou tèt ou. Pa kontinye chèche. Paske mwen gen yon malè m ap voye sou tout kreyati [...] e mwen va ba ou nanm ou kòm yon byen, tout kote ou gen pou w ale.” — Jer. 45:4, 5, NW.

9 Nou pa fin konnen nèt ki “gwo bagay” konsa Bawouk t ap chèche pou tèt li *. Men, piske Babilonyen yo t apral detwi Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an, se sèten gwo bagay li t ap chèche yo pa t la pou lontan. Ki sa nou aprann nan istwa sa a? Pou nou jwenn sa nou bezwen pou n viv, nou bezwen fè kèk planifikasyon (Pwo. 6:6-11). Men, èske li t ap saj pou nou pase yon bann tan e pou n depanse anpil enèji nan pousuiv bagay ki pa la pou lontan? Se vre òganizasyon Jewova a gen pwojè pou l bati plis Sal Wayòm, filyal ak lòt bagay ankò. Sepandan, tout sa y ap fè yo ap itil pi devan paske yo la pou soutni enterè Wayòm nan. Nou tout ki vwe lavi nou bay Jewova, nou ta dwe ale nan menm sans ak òganizasyon Jewova a lè n ap reflechi sou sa pou n bay premye plas nan lavi nou. Èske w kwè nan fon kè w se ‘wayòm Bondye a w ap chèche an premye e w kontinye chèche fè sa ki jis nan je Jewova an premye’? — Mat. 6:33.

“MWEN KONSIDERE YO TANKOU YON PIL FATRA”

10, 11. a) Ki sa k te pi enpòtan pou Pòl anvan l te vin kretyen? b) Sa k fè objektif li te chanje nèt?

10 Dènye egzanp n ap pran an se apot Pòl. Anvan apot Pòl te vin kretyen, yon moun ta gendwa panse li te gen yon bèl avni devan l. Youn nan pi gwo anseyan nan epòk la te anseye Pòl lwa Juif yo. Mete sou sa, Pòl te resevwa otorite nan men gran prèt la e li te fè plis pwogrè nan Jidayis la pase anpil moun nan epòk li a (Tra. 9:1, 2; 22:3; 26:10; Gal. 1:13, 14). Men, Pòl te vire do bay tout opòtinite sa yo lè l te rann li kont Jewova te abandone Juif yo antanke pèp.

11 Pòl te vin konprann piske Jewova t apral detwi sistèm juif la, sa pa t ap itil anyen pou l fè karyè nan sistèm sa a (Mat. 24:2). Yon fwa ansyen Farizyen sa a te vin konprann objektif Bondye yo ak privilèj li te genyen pou l vin yon kretyen, li te menm rive di sa l te panse ki te enpòtan yo te tankou “yon pil fatra”. Pòl te abandone objektif li te genyen nan jidayis la e li te pase tout rès vi l ap preche bon nouvèl la. — Li Filipyen 3:4-8, 15; Tra. 9:15.

GADE POU W WÈ KI SA K PI ENPÒTAN POU OU

12. Apre Jezi te fin batize, sou ki sa l te konsantre?

12 Noye, Moyiz, Jeremi, Pòl ansanm ak anpil lòt moun ankò te pase pifò tan yo e yo te depanse enèji yo ap pousuiv objektif ki gen rapò ak relasyon yo ak Bondye. Tout moun sa yo kite yon bèl egzanp pou nou jodi a. Men, pami tout moun ki vwe lavi yo bay Jewova se Jezi ki ban nou pi bèl egzanp lan (1 Pyè 2:21). Apre Jezi te fin batize, li te pase tout rès vi l sou tè a ap preche bon nouvèl la epi ap bay Jewova glwa. Yon kretyen ki aksepte Jewova kòm Mèt li ta dwe konprann sèvis l ap bay Jewova a dwe bagay ki pi enpòtan nan lavi l. Èske se sa ki pi enpòtan pou ou? Ki jan w kapab òganize w pou w fè plis pou Jewova san w pa neglije responsablite w?— Li Sòm 71:15; 145:2.

13, 14. a) Ki sa òganizasyon an ankouraje tout kretyen fè? b) Ki sa pèp Bondye a kapab fè k ap ba l kè kontan?

13 Gen lontan depi òganizasyon Jewova a ap ankouraje frè ak sè yo priye Jewova pou l ede yo egzamine sitiyasyon yo seryezman pou yo wè si yo kapab pran sèvis pyonye. Gen plizyè rezon ki fè anpil frè ak sè k ap sèvi Bondye fidèlman pa kapab preche 70 è chak mwa. Frè ak sè sa yo pa ta dwe kite sa dekouraje yo (1 Tim. 5:8). Men, e ou menm? Èske sitiyasyon w pa pèmèt ou vin pyonye vre?

14 Reflechi sou jwa anpil frè ak sè te jwenn pandan epòk memoryal ane sa a. Pandan mwa mas la, anpil moun te jwenn bèl opòtinite pou yo bay 30 oswa 50 è antanke pyonye oksilyè (Sòm 110:3). Gen plizyè milyon pwoklamatè ki te pran sèvis pyonye oksilyè. Yo te chofe anpil e yo te gen lajwa. Èske w kapab òganize w yon fason pou w goute jwa sa a pi souvan toujou? Lè yon kretyen vin pyonye, nan fen chak jounen ki pase, li santi l satisfè lefètke li kapab di: “Jewova, mwen te fè tout sa m kapab nan sèvis ou a.”

15. Ki objektif jèn yo ta dwe fikse pandan yo lekòl toujou?

15 Petèt ou prèske fini lekòl, ou an sante e ou pa gen twòp responsablite. Èske w reflechi seryezman sou posiblite w gen devan w pou w vin pyonye? Sandout, nan lekòl yo, gen moun ki sensè ki la pou konseye elèv yo, ki kwè li pi bon pou w fè gwo etid e pou w chèche fè karyè nan monn nan. Sepandan, moun sa yo met konfyans yo nan òganizasyon lèzòm yo ak sistèm ekonomik monn sa a ki pral disparèt talè konsa. Men, si w chwazi fè karyè nan sèvis Jewova a, w ap byen sèvi ak tan w e w ap gen yon bèl avni. Mete sou sa, w ap imite Jezi ki kite yon bèl egzanp pou nou. Si se sa w deside fè, w ap jwenn kè kontan ak pwoteksyon e w ap montre ou pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak ve ou te fè Jewova a. — Mat. 6:19-21; 1 Tim. 6:9-12.

16, 17. Ki kesyon nou kapab poze tèt nou anrapò ak travay nou nan monn nan e anrapò ak pousuiv objektif espirityèl?

16 Jodi a, anpil nan sèvitè Bondye yo pase anpil tan ap travay yon fason pou yo ka bay fanmi yo sa ki nesesè pou yo viv. Sepandan, gen kèk nan yo ki pa oblije pase tout tan sa yo ap travay (1 Tim. 6:8). Monn komèsyal la fè tout sa l kapab pou l konvenk nou nou pa kapab viv san tout pwodui l yo ak dènye modèl k ap parèt yo. Men, vrè kretyen yo pa vle pou se monn Satan an ki deside sa k pi enpòtan pou yo (1 Jan 2:15-17). Pi bon fason yon frè oswa yon sè ki pran retrèt li kapab sèvi ak tan l se lè li pran sèvis pyonye e li bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi l.

17 Tout sèvitè Jewova ki vwe lavi yo ba li kapab mande tèt yo: Ki sa k pi enpòtan pou mwen nan lavi a? Èske m bay Wayòm nan premye plas nan lavi m? Èske m dispoze fè sakrifis menm jan ak Jezi? Èske m suiv konsèy Jezi bay pou m suiv li nètale a? Èske m ka fè ajisteman nan pwogram mwen yon fason pou m pase plis tan ap preche oswa pou m pousuiv objektif espirityèl? Menm si sitiyasyon m poko pèmèt mwen pase plis tan nan sèvis Jewova a, èske m toujou dispoze fè sakrifis pou Jewova?

“LI BAN NOU VOLONTE E LI BAN NOU FÒS POU NOU AJI”

18, 19. Ki sa w kapab mande Jewova nan priyè w, e poukisa sa ap fè Jewova plezi si w mande l sa?

18 Sa vrèman bèl pou nou wè jan pèp Jewova a chofe nan sèvis Jewova a! Sepandan, gen kèk frè ak sè ki pa twò anvi pran sèvis pyonye oswa ki pa santi yo kalifye pou sa, byenke pa gen anyen ki anpeche yo pran sèvis sa a (Egz. 4:10; Jer. 1:6). Si se konsa w santi w, pa ezite priye Jewova sou sa. Men sa apot Pòl te di kwayan parèy li yo konsènan Jewova: “Ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.” ​(Fil. 2:13). Si w pa santi w anvi fè plis nan ministè a, mande Jewova pou l met sa nan kè w e pou l ba w kapasite pou w preche. — 2 Pyè 3:9, 11.

19 Noye, Moyiz, Jeremi, Pòl ak Jezi te bay tout yo menm nan sèvis Jewova a. Yo te sèvi ak tan yo ak fòs yo pou yo avèti moun yo. Yo pa t kite anyen fè yo distrè. Sistèm nan pa lwen fini. Se sa k fè, nou tout ki vwe vi nou bay Jewova, nou bezwen asire nou nou kontinye fè tout sa nou kapab pou nou suiv bonjan egzanp sèvitè Bondye sa yo kite pou nou (Mat. 24:42; 2 Tim. 2:15). Si nou fè sa, n ap fè kè Jewova kontan e n ap jwenn anpil benediksyon. — Li Malaki 3:10.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Gade liv Dieu nous parle par Jérémie an, paj 104-106.

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Moun yo pa t koute avètisman Noye t ap bay la.

[Foto nan paj 24]

Èske w byen egzamine sitiyasyon w pou w wè si w ka vin pyonye?