Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Lespri sen t ap gide yo”

“Lespri sen t ap gide yo”

“Paske, se pa t janm volonte lòm ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.” — 2 PYÈ 1:21.

1. Sa k fè nou bezwen Pawòl Bondye a?

KI KOTE nou soti? Poukisa nou sou tè a? Ki kote nou prale? Poukisa monn nan jan l ye a? Ki sa k rive nou lè nou mouri? Se toupatou sou tè a moun konn ap poze kesyon sa yo. Ki jan nou t ap fè rive jwenn repons pou kesyon sa yo ak lòt kesyon enpòtan ankò si nou pa t gen Pawòl Bondye a ki te ekri anba enfliyans lespri sen? San Ekriti yo, se sou eksperyans pèsonèl nou nou t ap plis konte. E si n te konte sou eksperyans pèsonèl nou, èske n t ap janm rive wè “Lalwa Senyè a” menm jan ak salmis ki te ekri Sòm 19 la? — Li Sòm 19:7.

2. Ki sa k ap ede nou kenbe lanmou nou gen pou Bib la ki se yon kado ki gen anpil valè Bondye ban nou?

2 Sepandan, yon bagay ki tris sèke gen moun ki kite lanmou yo te gen pou Bib la okòmansman an vin rafredi (Konpare ak Revelasyon 2:4). Yo sispann mache yon fason ki fè Jewova plezi (Iza. 30:21). Nou swete pou sa pa janm rive nou. Nou kapab kontinye kenbe lanmou nou gen pou Bib la ak ansèyman ki ladan l yo e nou dwe travay nan sans sa a. Bib la se yon kado ki gen anpil valè Kreyatè nou an ki gen lanmou ban nou (Jak 1:17). Ki sa k ap ede nou vin gen plis lanmou pou “pawòl Bondye a”? Yon bagay enpòtan k ap ede nou se si nou reflechi sou fason lespri sen te gide moun ki t ap ekri Bib la. Sa mande pou nou kenbe kèk nan pakèt prèv nou genyen ki montre se Bondye ki enspire Bib la nan lespri nou. Konsa, sa pral pouse nou anvi li Bib la chak jou plis toujou e pou nou aplike konsèy ki ladan l yo. — Ebre 4:12.

FASON ‘LESPRI SEN TE GIDE YO’

3. Ki jan ‘lespri sen te gide’ pwofèt yo ak moun ki te ekri Bib la?

3 Gen anviwon 40 gason diferan ki te patisipe nan ekri Bib la. Pou yo fè sa, yo te pran anviwon 1 610 ane, soti ane 1513 anvan epòk nou an pou rive ane 98 epòk nou an. Genyen nan yo ki te pwofèt, e se “lespri sen [ki] t ap gide yo”. (Li 2 Pyè 1:20, 21.) Gen yon liv ki fè konnen, ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “gide” pou li a gen sans “pote yon bagay sot yon kote al yon lòt kote” e yo “kapab tradui l plizyè fason tankou: kite yo pouse w, kite yo kondui w, kite yo mennen w *.” Nan Travay 27:15, yo sèvi ak ekspresyon sa a pou yo pale de yon bato van an te bwote, li te pouse oswa li te kondui l mennen l ale. Nou kapab di se “lespri sen [ki] t ap gide” ni pwofèt yo ni moun ki te ekri Bib la paske Bondye te sèvi ak fòs sa a pou l te kominike avèk yo, pou l te pouse yo fè travay li e pou l te gide yo. Se sa k fè, se pa panse pa yo yo te ekri, men se panse Bondye. Pafwa, pwofèt Bondye te enspire yo pa t menm konprann sans pwofesi yo t ap anonse yo e pafwa moun Bondye te chwazi pou ekri Bib la pa t menm konprann sans sa yo t ap ekri a (Dàn. 12:8, 9). Wi, “tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo”, e pa gen opinyon lèzòm ladan yo. — 2 Tim. 3:16.

4-6. Ki fason Jewova te transmèt moun ki te ekri Bib la Pawòl li a? Esplike.

4 Men, ki fason lespri sen te transmèt moun ki te ekri Bib la Pawòl Bondye a? Èske Bondye te di yo egzakteman sa pou yo ekri oswa se sèlman ide yo li te ba yo pou yo te mete nan pwòp mo pa yo? Ann pran egzanp yon biznismann k ap ekri yon lèt. Lè li bezwen ekri yon lèt e li enpòtan pou l di sa l ap di a yon fason ki byen presi, swa l ap ekri lèt la li menm, swa l ap dikte yon sekretè egzakteman sa pou l ekri. Sekretè a ap tape lèt la e biznismann nan ap siyen l. Konsa tou, li kapab sèlman bay sekretè a ide prensipal pou l met nan lèt la epi sekretè a tape lèt la. Lè sa a, sekretè a ap sèvi ak pwòp mo pa l oswa stil pa l pou l ekri lèt la. Apre sa, biznismann nan kapab korije lèt la epi l mande sekretè a fè nenpòt chanjman ki nesesè. Finalman, biznismann nan ap siyen lèt la, epi moun ki resevwa lèt la ap wè se biznismann nan ki te ekri l.

5 Menm jan an tou, gen kèk pati nan Bib la Bondye te ekri “ak pwòp men” l (Egz. 31:18). Pafwa tou, lè sa enpòtan, Jewova konn dikte moun k ap ekri yo egzakteman sa pou yo ekri. Pa egzanp, men sa nou li nan Egzòd 34:27: “Senyè a di Moyiz ankò: Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m’ap siyen kontra m lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.” Konsa tou, Jewova te di pwofèt Jeremi: “Ekri tout sa m pral di w yo nan yon liv.” — Jer. 30:2, NW.

6 Sepandan, nan anpil ka, olye Bondye te di moun ki t ap ekri Bib la egzakteman sa pou yo ekri, li te fè yon mirak pou l mete panse l yo nan kè yo ak nan lespri yo. Konsa, Jewova te pèmèt yo chwazi pawòl pou yo eksprime panse l yo. Eklezyas 12:10 (NW) di: “Rasanblè a te fè efò pou l jwenn pawòl ki agreyab ak fason pou l ekri pawòl laverite ki kòrèk.” Lik, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo, te di: “Mwen te chèche konnen tout bagay avèk presizyon depi nan kòmansman, mwen deside ekri yo pou ou jan yo te pase a.” ​(Lik 1:3). Pa mwayen lespri sen l, Bondye te veye pou enpèfeksyon lèzòm pa t gen efè sou mesaj li a.

7. Lefètke Bondye te itilize moun pou l fè ekri Bib la, ki jan sa montre li gen anpil sajès?

7 Lefètke Bondye te itilize moun pou l fè ekri Bib la, sa montre li gen anpil sajès. An jeneral, moun sèvi ak mo pou bay enfòmasyon, men tou, mo yon moun itilize kapab montre sa l santi. Ki sa k t ap pase si Bondye te sèvi ak zanj pou l fè ekri Bib la? Èske santiman ki nòmal lakay lèzòm tankou laperèz, lapenn ak desepsyon t ap parèt nan sa yo ekri yo? Lefètke Bondye te kite lèzòm enpafè chwazi pwòp mo pa yo pou yo ekri panse yo te resevwa grasa lespri sen, sa pèmèt nou jwenn yon mesaj ki touche kè nou e ki fè nou santi lanmou Bondye gen pou nou.

PRÈV YO ANPIL

8. Poukisa nou kapab di Bib la pa menm ak okenn lòt liv sakre?

8 Gen anpil prèv ki montre se Bondye ki enspire Bib la. Pa gen okenn lòt liv ki ede nou konnen Bondye menm jan ak Bib la. Pa egzanp, nan relijyon endouyis la, gen anpil liv yo konsidere ki sakre. Ladan yo nou jwenn liv Veda yo. Nan liv sa yo gen chan, kòmantè sou chak chan yo, yon seri enfòmasyon sou filozofi yo rele Upanishads ak yon seri istwa byen long yo rele Ramayana ak Mahabharata. Liv ki rele Bhagavad Gita a, yon liv ki gen ansèyman sou moralite, se yon pati nan Mahabharata a. Nan liv Tipitaka a (Twa kòbèy), yon liv boudis, youn nan volim liv sa a bay règ pou fi k ap viv an kominote ak mwàn k ap viv nan monastè. Gen yon lòt volim ki chaje ak doktrin sou relijyon boudis la. Gen yon twazyèm volim ki gen ansèyman Bouda yo ladan l. Bouda li menm pa t janm di li se yon dye, ni li pa t di anpil bagay sou Bondye. Nan konfisyanis la, nou jwenn tèks ki gen rapò ak istwa, règ sou fason moun dwe viv, tèks ki gen rapò ak maji, ak chante. Se vre liv sakre relijyon islam nan anseye moun pou yo kwè nan yon sèl Dye, li fè konnen Dye sa a konn tout bagay, li gen kapasite pou l konn tout sa k pral pase alavans, men li pa menm bay non Bondye, ki se Jewova, yon non ki parèt plizyè milye fwa nan Bib la.

9, 10. Ki sa Bib la ka aprann nou sou Bondye?

9 Byenke pifò nan gwo liv relijyon yo pa di anpil bagay sou Bondye, oswa yo pa di anyen menm sou li, Bib la li menm fè nou konnen kiyès Jewova Dye ye e li fè nou konnen ki sa l reyalize. Bib la ede nou wè tout fasèt nan pèsonalite Jewova. Bib la pa sèlman fè konnen Bondye Toupisan, li saj e li jis, men, li fè nou konnen tou Bondye renmen nou. (Li Jan 3:16; 1 Jan 4:19.) Anplis de sa, men sa Bib la di: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” ​(Tra. 10:34, 35). Lefètke Bib la disponib nan pwen l disponib jodi a fè nou admèt verite sa a. Moun ki etidye lang yo fè konnen yo pale anviwon 6 700 lang nan monn nan, e gen anviwon 100 nan lang sa yo 90 pousan popilasyon mondyal la pale. Sepandan, yo tradui Bib la ann antye oswa an pati nan plis pase 2 400 lang, sa ki pèmèt prèske tout moun k ap viv sou tè a gen aksè omwen ak yon pati ladan l.

10 Jezi te di: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay.” ​(Jan 5:17). Bib la di: “Depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.” ​(Sòm 90:2). Kidonk, reflechi ak tout sa Bondye fè yo. Se sèlman Bib la ki fè nou konnen ni bagay Bondye te fè nan tan lontan yo, ni sa l ap fè kounye a, ni sa l pral fè alavni. Ekriti yo fè nou konnen tou ki sa ki fè Bondye plezi ak sa ki pa fè l plezi e yo montre nou kòman nou ka vin pi pwòch ak Bondye (Jak 4:8). Nou pa dwe kite aktivite nou ak tèt chaje nou yo fè nou kite Jewova.

11. Lefètke sajès ki gen nan Bib la anpil e nou kapab konte sou li, ki sa sa montre?

11 Nou jwenn anpil sajès nan Bib la e nou kapab fè sajès sa a konfyans. Se yon lòt prèv ki montre se Bondye ki Mèt Bib la. Men sa apot Pòl te ekri: “Kiyès ki rive konnen sa k nan panse Jewova, pou l ta di l sa pou l fè?” ​(1 Kor. 2:16). Nan vèsè sa a, apot Pòl te site yon kesyon pwofèt Izayi te poze moun ki t ap viv nan epòk li a. Men sa Izayi te di yo: “Kiyès ki pran mezi lespri Jewova, e kiyès ki tankou yon konseye pou li ki kapab fè l konnen yon bagay?” ​(Iza. 40:13, NW). Nòmalman, pa gen okenn moun ki kapab fè sa. Nou kapab konprann rezon ki fè moun jwenn bonjan rezilta lè yo suiv konsèy Bib la bay sou maryaj, sou fason pou yo leve timoun, sou divètisman, sou kalite zanmi pou yo genyen, sou enpòtans pou yo travay di, sou enpòtans pou yo onèt e sou moralite. Bib la pa janm bay move konsèy. Sepandan, lèzòm bò kote pa yo tou senpleman pa gen ase sajès pou yo toujou bay bon konsèy (Jer. 10:23). Se toutan y ap pase men nan konsèy yo bay yo lè yo rann yo kont konsèy sa yo gen fay ladan yo. Bib la gen rezon di ‘lide lèzòm gen nan tèt yo pa vo anyen’ ditou. — Sòm 94:11.

12. Pandan syèk ki pase yo, ki efò ki te fèt pou detwi Bib la?

12 Yon lòt bagay ki montre Bondye se Mèt Bib la, se tout sa yo rapòte nan listwa konsènan tout efò ki te fèt pou yo te detwi l. Nan ane 168 anvan epòk nou an, wa siryen yo te rele Antyokis IV la te eseye boule tout liv ki fè pati Lalwa a, liv Bondye te fè ekri yo. Nan ane 303 epòk nou an, gen yon anperè women ki rele Dyokletyen ki te bay lòd pou yo kraze tout kote kretyen yo te konn reyini yo epi pou yo boule Ekriti yo. Yo te kontinye fè sa pandan dizan. Apre 11yèm syèk la, pou pap yo te anpeche moun konnen sa ki gen nan Bib la, yo te fè anpil efò pou yo anpeche moun tradui Bib la nan lang pèp yo. Malgre tout sa Satan ak patizan l yo te fè kont Bib la, Bib la rive jwenn nou jodi a. Jewova pa t kite pèsonn detwi kado sa a li bay lèzòm nan.

PRÈV KI TE KONVENK ANPIL MOUN

13. Ki lòt prèv nou kapab bay ki montre se Bondye ki enspire Bib la?

13 Gen lòt prèv ankò ki montre se Bondye ki enspire Bib la. Pa egzanp: amoni ki gen nan Bib la, fason li egzak nan domèn syantifik, fason pwofesi ki ladan l yo reyalize, fason moun ki te ekri l yo te onèt, fason li gen pouvwa pou l transfòme lavi moun, lefètke se yon liv istorik moun kapab fè konfyans e li bay bonjan repons pou kesyon nou te poze nan paragraf 1 an. Annou wè ki sa k te konvenk kèk moun Bib la se Pawòl Bondye.

14-16. a) Ki sa k te konvenk yon Mizilman, yon Endou ak yon moun ki te gen dout sou egzistans Bondye Bib la se Pawòl Bondye? b) Ki sa w konn itilize kòm prèv nan ministè a pou w montre moun yo Bib la se Pawòl Bondye?

14 Anwar * te grandi nan relijyon mizilman nan yon peyi nan Mwayenn Oryan. Pandan l t ap viv ann Amerik dinò, Temwen Jewova yo te frape pòt kay li. Men sa Anwar di: “Nan moman sa a, mwen pa t byen wè relijyon kretyen yo akoz Kwazad yo ak tout sa ki te fèt pandan Enkizisyon an (yon peryòd kote Legliz katolik te konn pèsekite moun ki kont Legliz). Men, etandone m se yon moun ki renmen konnen, mwen te aksepte yon etid Labib.” Sa pa t pran lontan pou Anwar te retounen nan peyi l, sa ki te fè l pèdi kontak ak Temwen yo. Kèk ane annapre, Anwar t al viv ann Ewòp kote li te rekòmanse etidye Labib. Men sa l di: “Fason pwofesi ki nan Bib la reyalize, amoni ki gen nan Ekriti sakre yo, lefètke pa gen okenn kontradiksyon nan Bib la san wete lanmou ki gen nan mitan adoratè Jewova yo konvenk mwen Bib la se Pawòl Bondye.” Anwar te batize an 1998.

15 Asha, yon jèn fi ki gen 16 an, te leve nan yon fanmi endou ki zele anpil. Men sa l te di: “Mwen te konn priye sèlman lè m te konn al nan tanp lan oswa nan moman kote bagay yo te difisil anpil pou mwen, men, mwen pa t janm panse ak Bondye lè tout bagay t ap mache byen pou mwen.” Men sa l te di ankò: “Lavi m te chanje nèt lè Temwen Jewova yo te frape pòt kay mwen.” Asha te etidye Labib e l te vin zanmi Bondye. Ki sa k te konvenk Asha Bib la se Pawòl Bondye? Men sa l esplike: “Bib la te reponn tout kesyon m te genyen. Li te ede m gen lafwa nan Bondye byenke m pa t ka wè l, e m pa t oblije al nan yon tanp pou m met ajenou devan yon zidòl.”

16 Paula te grandi nan yon fanmi katolik, men, lè l te kòmanse gen matirite, li te vin gen dout sou egzistans Bondye. Ki sa k te vin pase annapre? Men sa Paula fè konnen: “Mwen te rankontre yon zanmi mwen pa t wè depi kèk mwa. Se te nan epòk mouvman ipi a. Lè m te wè jan l te vin chanje, bab li ak cheve l te koupe e kè l te kontan, mwen te mande l: ‘Kòman w fè chanje konsa a, kote w te ye?’ Li te di m l ap etidye Labib ansanm ak Temwen Jewova yo e li te kòmanse preche m.” Lefètke Paula, ki te gen dout sou egzistans Bondye, te wè jan verite ki gen nan Ekriti yo te gen yon gwo enfliyans sou zanmi l lan, sa te fè l vin apresye mesaj ki nan Bib la e l te vin aksepte Bib la kòm Pawòl Bondye.

PAWÒL OU SE YON LANP POU PYE M

17. Lè nou li Bib la chak jou e nou medite sou sa n li yo, ki jan sa ka ede nou?

17 Bib la se yon bèl kado Jewova ban nou pa mwayen lespri sen l. Si w pran plezi li Bib la chak jou, w ap vin renmen ni Bib la ni Moun ki mèt li a plis toujou (Sòm 1:1, 2). Chak fwa w pral li Bib la, mande Bondye pou l ba w lespri sen pou w ka konprann sa w pral li yo (Lik 11:13). Se panse Bondye ki nan Bib la. Lè w medite sou sa Bib la di, sa ap ede w panse menm jan ak Bondye.

18. Poukisa nou bezwen kontinye aprann plis bagay nan Bib la?

18 Ofiramezi w ap kontinye konn laverite pi byen, fè tout sa w kapab pou w viv ann amoni ak sa w aprann yo. (Li Sòm 119:105.) Se pou w konsidere Bib la tankou yon miwa. Lè w wè w merite fè kèk chanjman, pa ezite fè sa (Jak 1:23-25). Sèvi ak Pawòl Bondye a tankou yon epe pou w defann kwayans ou e pou w retire fo ansèyman nan kè moun ki enb yo (Efe. 6:17). Pandan w ap fè sa, ou dwe gen rekonesans dèske Bondye te sèvi ak ‘lespri sen toutbonvre pou l gide’ pwofèt li yo ak moun li te itilize pou ekri mesaj ki nan Bib la.

[Nòt anba paj]

^ § 3 A Greek-English Lexicon of the New Testament and Other Early Christian Literature.

^ § 14 Gen non moun yo chanje.

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 29]

Si w li Bib la chak jou, w ap vin renmen Moun ki mèt li a plis toujou.

[Foto nan paj 26]

Se moun ki siyen yon lèt ki mèt lèt la.