Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre w saj — Chèche vin gen “ladrès pou [w] dirije”

Montre w saj — Chèche vin gen “ladrès pou [w] dirije”

Montre w saj — Chèche vin gen “ladrès pou [w] dirije”

Lavi a tankou yon vwayaj. Sepandan, souvan, sajès lèzòm limite e li pa ka ede yo reyisi nan lavi a. Gen anpil moun ki fè nofraj nan lavi sa a ki tankou yon lanmè ki move (Sòm 107:23, 27). Poukisa konparezon sa a se yon bon konparezon?

Nan tan lontan, vwayaje sou lanmè pa t fasil e sa te mande eksperyans. Yon moun te aprann fè sa bò kote yon maren ki te gen lontan depi l ap travay sou bato oswa ki te gen lontan depi l ap dirije bato (Tra. 27:9-11). Nan anpil tablo atis te konn fè nan tan lontan, pou yo te montre jan maren sa a te enpòtan, yo te konn fè l parèt pi gwo pase lòt maren yo. Moun ki te konn vwayaje sou lanmè oswa ki te konn travay sou bato te konn chèche jwenn enfòmasyon sou zetwal yo, sou van, ak sou lòt bagay ki te kapab gide yo lè y ap vwayaje. Nan Bib la, yo pale de moun ki te konn vwayaje sou lanmè kòm moun ki “fò anpil”, e ekspresyon yo itilize a kapab gen sans sajès. — Eze. 27:8.

Pwoblèm moun rankontre jodi a kapab difisil menm jan sa te difisil nan tan lontan pou moun vwayaje sou lanmè. Ki sa ki kapab ede nou ak pwoblèm sa yo?

KI JAN W KAPAB VIN GEN “LADRÈS POU [W] DIRIJE”?

Toutpandan w kenbe konparezon ki pi wo a nan lespri w, ki fè konnen lavi a tankou yon vwayaj, reflechi ak pawòl sa yo ki soti nan Bib la: “Moun ki gen sajès la ap koute e l ap ranmase plis enstriksyon, e moun ki entelijan an se moun ki vin gen ladrès pou dirije a.” ​(Pwo. 1:5, 6, NW). Mo ebre lè yo tradui l yo mete “ladrès pou dirije” pou li a kapab gen rapò ak aksyon yon kapitèn ta kapab fè nan tan lontan pandan l ap dirije yon bato. Mo sa a gen rapò ak kapasite yon moun genyen pou l byen dirije.

Byenke sa mande efò, nou kapab vin gen “ladrès pou [nou] dirije” e nou kapab aprann kòman pou nou reyisi lavi nou ki tankou yon lanmè n ap navige sou li. Jan liv Pwovèb la montre sa, pou nou rive fè sa, nou bezwen gen “sajès”, “entèlijans” ak “pèspikasite”. (Pwo. 1:2-6, NW; 2:1-9.) Mete sou sa, nou bezwen kontinye chèche èd nan men Bondye paske menm moun ki mechan yo bezwen moun ede yo nan “manèv” y ap fè pou yo fè sa k pa bon. — Pwo. 12:5, NW.

Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou toujou ap etidye Pawòl Bondye a. Lè nou fè sa, n ap kapab aprann anpil bon bagay sou Jewova e sou Jezi Kris, moun ki pi byen imite kalite Jewova yo (Jan 14:9). Lè nou asiste reyinyon yo, nou jwenn anpil bon konsèy. Mete sou sa, nou kapab aprann anpil bagay nan men moun ki gen eksperyans yo, san wete paran nou. — Pwo. 23:22.

PREVWA SA K KA RIVE EPI FÈ PLANIFIKASYON

Nou bezwen gen “ladrès pou [nou] dirije” sitou lè n ap viv sitiyasyon ki difisil. Lè nou nan sitiyasyon konsa e nou pa fin konn sa pou n fè, sa kapab fè nou rete bra kwaze jiskaske yon malè rive nou. — Jak 1:5, 6.

Yon bagay ki enteresan sèke ekspresyon “ladrès pou dirije” a kapab gen rapò tou ak lagè. Men sa nou li nan liv Pwovèb la: “Paske w ap gen ladrès pou dirije [“bon estrateji”, The Revised English Bible] lè w ap fè lagè, e lè gen anpil konseye, gen delivrans.” — Pwo. 20:18; 24:6, NW.

Menm jan ak yon moun ki itilize estrateji pou l prepare yon batay, l ap bon pou nou prevwa ki sa ki ka met relasyon nou ak Bondye an danje (Pwo. 22:3). Pa egzanp, ou gendwa bezwen deside si w ap aksepte yon nouvo travay oswa yon pwomosyon nan travay ou. Nòmalman, ou t ap reflechi sou kantite kòb yo pral peye w, sou kantite tan w ap pran pou w al travay e pou w sot travay, e sou lòt bagay ankò. Sepandan, gen lòt bagay ankò ou bezwen reflechi sou yo: Èske travay ou pral fè a pap depaman ak prensip biblik yo? Èske orè travay la pap anpeche w patisipe nan aktivite ou genyen antanke kretyen? — Lik 14:28-30.

Loretta, yon Temwen Jewova, te gen yon bon travay nan yon konpayi ki prepare manje. Lè yo t ap deplase konpayi a, yo te ofri Loretta yon gwo pozisyon nan travay la. Patwon yo te di Loretta: “Se pi gwo posiblite w te ka jwenn. Nou deja konnen gen yon Sal Wayòm nan zòn nan.” Sepandan, Loretta te vle senplifye lavi l pou l ka sèvi Kreyatè a plis toujou. Li te rann li kont nouvo pòs la t ap fè l gen mwens tan pou l patisipe nan aktivite li te genyen antanke kretyen. Se sa k fè li te bay patwon an yon lèt demisyon, byenke patwon an te di l li se sèl anplwaye yo te vrèman vle kenbe nan travay la. Kounye a, Loretta gen 20 an depi l pyonye pèmanan. Li kwè ak tout kè l se paske li te fè bon planifikasyon ann amoni ak konsèy li jwenn nan pawòl Bondye a, sa vle di li te aji avèk “ladrès pou [l] dirije”, ki fè li jwenn tout bon rezilta li jwenn yo. Relasyon l ak Jewova vin pi solid e li te gen posiblite ede plizyè moun aksepte laverite.

Se sèten nou bezwen gen “ladrès pou [nou] dirije” nan fanmi nou tou. Leve timoun se yon travay ki pran anpil tan, e chwa nou fè nan domèn espirityèl oswa nan domèn materyèl gen efè sou avni tout moun nan fanmi an (Pwo. 22:6). Men kèk kesyon paran ki kretyen yo kapab poze tèt yo: ‘Èske nan konvèsasyon nou ak nan egzanp nou nou anseye pitit nou yo bagay ki gen enpòtans nan domèn espirityèl k ap ede yo byen jere lavi yo lè yo vin pi gran? Èske nan fason nou viv nou ede yo konprann yo dwe aksepte mennen yon vi ki senp epi konsantre sou ministè yo? — 1 Tim. 6:6-10, 18, 19.

Se pa lè yon moun kouri dèyè bagay materyèl oswa dèyè gwo pozisyon, jan moun yo fè sa nan monn nan souvan, l ap reyisi lavi l toutbon. Wa Salomon te konprann sa. Men sa Bondye te pouse l ekri: “Si ou gen krentif pou Bondye, w’ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.” ​(Ekl. 8:12). Èske sa pa montre jan li saj pou nou chèche gen “ladrès pou [nou] dirije” ann amoni ak Pawòl Bondye a? — 2 Tim. 3:16, 17.

[Foto nan paj 30]

Pou atis yo te montre jan wòl moun ki t ap dirije yo te enpòtan, souvan, yo te konn fè moun sa yo parèt pi gwo pase lòt maren ki te sou bato yo.

[Liy kredi]

Su concessione del Ministero per i Beni e le Attività Culturali. Pèsonn pa dwe sèvi ak okenn mwayen pou l repwodui imaj sa a.