Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki jan zanj yo ka enfliyanse nou?

Ki jan zanj yo ka enfliyanse nou?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Kiyès zanj yo ye?

Zanj yo se espri yo ye e y ap viv nan syèl la. Lavi yo genyen an siperyè pase lavi lèzòm. Vrè Dye a se yon espri tou, li te kreye zanj yo anvan l te kreye tè a (Jòb 38:4, 7; Matye 18:10). Jewova gen plizyè milyon zanj fidèl ki ansanm avè l nan syèl la. — Li Sòm 103:20, 21; Dànyèl 7:9, 10.

2. Èske zanj yo ka ede moun?

Zanj yo te ede yon moun ki jis ki rele Lòt. Li t ap viv nan yon vil Bondye te deside l ap detwi paske moun ki t ap viv nan vil sa a t ap fè mechanste. Gen de zanj ki te vin avèti Lòt ak tout fanmi l pou yo kouri kite vil la. Gen kèk moun ki te pran avètisman sa a pou yon jwèt e yo pa t okipe l. Sepandan, Lòt ak pitit fi l yo te chape paske yo te obeyi Bondye lè l te voye zanj li yo vin avèti yo. — Li Jenèz 19:1, 13-17, 26.

Selon Bib la, jodi a, zanj yo ede moun lè yo dirije travay moun k ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a ap fè (Matye 24:14). Bon nouvèl la gen yon avètisman ladan l. Menm jan ak epòk Lòt la, mesaj moun sa yo ap preche pou yo avèti moun yo pa yon jwèt. Se yon avètisman Bondye ban nou e li sèvi ak zanj yo pou l fè sa. — Li Revelasyon 1:1; 14: 6, 7.

Bondye ka sèvi ak zanj yo pou l fòtifye nou lè n ap rankontre eprèv. Li te sèvi ak yon zanj pou l fòtifye Jezi. — Li Lik 22:41-43.

Talè konsa, Bondye pral sèvi ak zanj yo yon lòt fason: li pral sèvi ak yo pou l detwi moun ki mechan yo k ap fè lòt moun soufri. Aksyon sa a pral pote yon gwo soulajman pou limanite. — Li 2 Tesalonisyen 1:6-8.

3. Ki jan demon yo ka enfliyanse nou?

Menm jan gen anpil moun sou tè a ki dezobeyi Bondye paske y ap fè sa ki mal, se konsa tou gen anpil zanj ki rebele kont Bondye (2 Pyè 2:4). Yo rele zanj dezobeyisan sa yo demon. Chèf rebèl la se Satan Ledyab. Satan ansanm ak demon l yo ap twonpe moun ki sou tè a. — Li Revelasyon 12:9.

Satan sèvi ak sistèm komèsyal la ki kòwonpi ak gouvènman lèzòm yo ansanm ak fo relijyon pou l enfliyanse moun yo e pou l fè yo vire do bay Bondye. Kidonk, se Satan ki responsab enjistis, zak vyolans ak soufrans k ap sakaje limanite. — Li 1 Jan 5:19.

4. Ki jan demon yo twonpe moun?

Satan twonpe anpil moun lè l fè konnen moun ki mouri yo tounen espri e yo ka kominike ak moun ki vivan. Sepandan, Bib la fè konnen moun ki mouri yo pa ka fè anyen (Eklezyas 9:5). Byen souvan, demon yo twonpe kèk moun lè yo imite vwa moun ki mouri (Ezayi 8:19). Demon yo sèvi ak bòkò, manbo, divinò, vwayan, moun k ap li pla men ak moun k ap pratike astwoloji pou l twonpe moun. Pawòl Bondye a ban nou avètisman pou nou evite tout pratik sa yo. Pou rezon sa a, nou dwe detwi tout bagay nou genyen ki gen rapò ak movèzespri oswa ki gen rapò ak maji. — Li Detewonòm 18:10, 11; Travay 19:19.

Si nou renmen Jewova, nou pa bezwen pè demon yo. Lè nou etidye Pawòl Bondye a e nou aplike sa nou aprann yo, n ap opoze ak Dyab la e n ap vin pwòch ak Bondye. Jewova pi pisan lontan pase demon yo. Zanj ki fidèl yo ka fòtifye nou nan moman nou bezwen sa. — Li Sòm 34:7; Jak 4:7, 8.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 10 nan liv sa a, Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova yo ki pibliye l.