Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lektè nou yo ta renmen konnen

Poukisa Bondye te mande moun k ap adore l yo pou yo marye ak moun ki kwayan parèy yo sèlman?

Poukisa Bondye te mande moun k ap adore l yo pou yo marye ak moun ki kwayan parèy yo sèlman?

▪ Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te gen kòmandman sa a ladan l ki konsène nasyon ki ozalantou yo: “Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.” ​(Detewonòm 7:3, 4). Pou ki rezon Bondye te bay Izrayelit yo entèdiksyon sa a?

Jewova konnen Satan te vle konwonp pèp Li a antanke gwoup, lè li fè yo vire do ba Li pou y al adore fo dye. Se sa k fè Bondye te ba yo avètisman sa a, li te di yo moun ki pa kwayan yo ap “pran tèt pitit gason nou yo, y’a fè yo vire do ban mwen pou y’ al sèvi lòt bondye”. Gen anpil bagay ki te an danje. Si nasyon Izrayèl la ta tonbe adore fo dye yo t ap pèdi favè Bondye e li pa t ap pwoteje yo. Konsa, ènmi te ka venk yo byen fasil. E si sa ta rive, kòman Mesi Bondye te pwomèt la t ap fè soti nan nasyon an? Li klè, Satan te gen rezon pou l t ap pouse izrayelit yo marye ak moun ki pa t ap sèvi Jewova.

Sonje, Bondye te gen sousi pou chak moun ki te fè pati pèp li a. Li te konnen si yo vle gen kè kontan e yo vle jwenn satisfaksyon nan lavi yo, yo chak te bezwen gen bon relasyon avèk li, antanke Bondye yo. Èske Jewova te gen bonjan rezon pou l enkyè akoz move enfliyans yon konjwen ki pa kwayan te ka genyen sou yon moun k ap sèvi l? Ann pran egzanp wa Salomon. Li te konnen avètisman Jewova te bay mesye yo konsènan madanm ki pa kwayan yo. Men sa Jewova te di: “Paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo.” Lefètke Salomon te gen yon sajès estrawòdinè, li ka te panse konsèy Bondye te bay la pa pou li, li pa t bezwen aplike l nan lavi l. E se toutbon, li pa t suiv konsèy la. Ki konsekans sa te genyen? “Medam sa yo fè l’ vire do bay Bondye. [...] Yo pran tèt li, yo fè l’ al sèvi lòt bondye.” Ala yon dezas sa te ye pou li! Salomon te pèdi favè Jewova, e te vin gen gwo divizyon pami pèp la poutèt li pa t fidèl. — 1 Wa 11:2-4, 9-13.

Gen moun ki ka di, gen kèk eksepsyon. Pa egzanp, Malòn ki te yon Izrayelit te marye ak Rit ki te yon Mowabit, e Rit te yon bèl egzanp antanke moun ki te sèvi Bondye. Se yon gwo risk Malòn te pran lè l te chwazi marye ak yon fi Mowabit. Sa fè l pa yon egzanp pou moun suiv. Li te mouri jèn gason. Sanble li te gentan mouri anvan Rit te rele Jewova Bondye l. Frè Malòn nan, Kilyòn, te marye ak Òpa, yon fi Mowabit ki te rete atache ak “fo dye l yo”. Tandiske, Bowaz te marye ak Rit lontan apre Rit te vin sèvi Jewova. Kèk tan apre, Juif yo te konsidere Rit kòm yon “vrè pwozelit”. Maryaj Rit ak Bowaz te yon benediksyon pou yo toule de. — Rit 1:4, 5, 15-17; 4:13-17.

Èske li saj pou yon moun ta fè rezònman sa a kòmkwa egzanp Malòn ak Rit la kontredi lwa Jewova te bay kote li mande pou moun marye ak kwayan parèy yo sèlman an? Si yon moun ta fè yon rezònman konsa, èske li pa t ap sanble ak yon moun k ap mache defann yon moun ki konn jwe bòlèt e ki resi gen gwo lo a yon jou, epi l ap di lè moun jwe aza se yon bon mwayen pou yo jwenn lajan pou yo viv?

Jodi a, Bib la egzòte kretyen yo pou yo marye ak moun ki “nan Seyè a” sèlman. Li ba yo avètisman sou danje ki genyen lè yo ‘mete tèt yo anba jouk miwomiba ak moun ki pa kwayan’. Konsèy sa yo bon pou vrè kretyen k ap chèche yon moun pou yo marye. Bib la bay moun ki deja marye ak moun ki pap sèvi Jewova yo bon konsèy sou sa yo ka fè pou yo pi byen reyisi sitiyasyon yo ladan l lan (1 Korentyen 7:12-16, 39; 2 Korentyen 6:14). Tout konsèy sa yo montre, Jewova Dye ki pran dispozisyon pou gen maryaj vle pou sèvitè l yo gen kè kontan kit yo marye kit yo pa marye.