Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki lè Jezi te vin Wa?

Ki lè Jezi te vin Wa?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Ki Wayòm Bondye te pwomèt Jezi?

Bondye te fè pwomès gen yon desandan wa David ki t ap gen pou l chita sou twòn Li an pou tan endefini. Desandan sa a Bondye te pwomèt la se Jezi. Kounye a, Jezi ap reye nan syèl la antanke Wa nan Wayòm Bondye a. — Li Sòm 89:4; Lik 1:32, 33.

Lè David te yon tigason, Jewova te chwazi l pou l vin wa sou pèp li a, Izrayèl. Lè David mouri, se Salomon, moun Jewova te chwazi a, ki te chita sou “twòn Jewova” a (1 Kwonik 28:4, 5; 29:23, NW). Apre lanmò Salomon, te gen anpil wa ki te gouvène Jerizalèm, men pifò nan yo pa t fidèl anvè Jewova. Finalman, Jewova te kite lame Babilòn nan detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an e li te kite yo retire wa ki t ap dirije a. Depi lè sa a, pa gen okenn wa ki soti nan fanmi David ki dirije vil Jerizalèm. — Li Ezekyèl 21:27.

2. Pandan konbyen tan pa t ap gen okenn gouvènman ki reprezante Wayòm Bondye a sou tè a?

Yon ti tan apre yo fin detwi Jerizalèm, Jewova te di pwofèt Dànyèl li t apral chwazi yon wa ki t ap gen pou l dirije depi nan syèl la. Ki lè dominasyon wa sa a t ap kòmanse? — Li Dànyèl 7:13, 14.

Dànyèl te esplike yon vizyon li te fè kote Bondye te bay lòd pou yo koupe yon gwo pye bwa. Men yo te dwe kite chouk la ak tout rasin li nan tè pou l te ka repouse ankò apre “sèt tan”. Jan Bondye te bay lòt pou yo fè sa, yo te detwi wayòm Jerizalèm nan. Bib la fè konnen twa “tan” edmi egal 1 260 jou. Konsa, “sèt tan” egal 2 520 jou (Revelasyon 12:6, 14). Selon pwofesi biblik yo, souvan yon jou konn reprezante yon ane (Nonb 14:34). Konsa, pandan 2 520 ane pa t gen okenn gouvènman ki reprezante Wayòm Bondye a sou tè a. — Li Dànyèl 4:10-17.

3. Ki lè Jezi te vin Wa?

Bondye te mete Jezi Wa nan syèl la nan ane 1914, egzakteman 2 520 ane apre yo te fin detwi Jerizalèm. Premye aksyon Jezi te fè antanke Wa, li te met Satan deyò nan syèl la ak tout demon l yo (Revelasyon 12:7-10). Moun pa t wè sa k t ap pase nan syèl la lè sa a. Men evènman sa a te lakòz yon seri gwo pwoblèm lèzòm te ka wè (Revelasyon 12:12). Evènman k ap pase sou tè a depi 1914 montre se nan ane sa a Jezi te vin Wa. — Li Matye 24:14; Lik 21:10, 11, 31.

4. Ki sa dominasyon Jezi a siyifi pou ou?

Akonplisman pwofesi ki gen rapò ak dominasyon Jezi a pwouve ou ka fè Pawòl Bondye a konfyans. Talè konsa, Jezi pral sèvi ak pouvwa li genyen antanke Wa pou l delivre limanite anba tout soufrans. — Li Sòm 72:8, 12, 13; Dànyèl 2:44.

Pou plis enfòmasyon, gade paj 215-218 nan liv sa a, Ki sa Labib anseye toutbonvre? Se Temwen Jewova ki pibliye l.

[Tablo nan paj 16, 17]

(Gade peryodik la)

Oktòb

607 anv. e. n. ← 2 520 ane → 1914 e. n.

1 000 anv. e. n. | 1 anv. e. n. | 1 e. n. | 1 000 e. n. | 2 000 e. n.

Yo detwi wayòm Jerizalèm nan.

← 606,25 ane →← 1 913,75 ane →

Sèvi ak kalkilatris ou: 606,25 + 1 913,75 = 2 520

Bondye fè Jezi vin yon Wa ki gen pouvwa sou nasyon yo.