Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rapò sou reyinyon ànyèl la

Yon reyinyon ki te chita sou inite ak kèk bèl pwojè

Yon reyinyon ki te chita sou inite ak kèk bèl pwojè

REYINYON ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania yo toujou pote anpil kè kontan. Se konsa sa te ye tou nan 127yèm reyinyon ànyèl ki te fèt samdi 1ye oktòb 2011 lan. Envite yo ki te soti toupatou sou tè a te reyini nan Sal asanble Temwen Jewova yo nan Noujèze, nan peyi Etazini.

Gerrit Lösch, yon manm Kolèj santral la, te kòmanse reyinyon an e li te salye moun yo nan asistans lan ki te gen kè kontan. Li te fè delege yo, ki te soti nan anviwon 85 peyi, konnen yo ini sou tout tè a e inite yo a san parèy. Inite sa a yo genyen an bay yon bon temwayaj e li glorifye Jewova. Tèm yo te chwazi pou reyinyon sa a se te inite.

YON BON RAPÒ KI SOTI NAN PEYI MEKSIK

Nan premye pati pwogram nan, yo te mete anpil aksan sou inite ki gen nan mitan pèp Jewova a. Frè Baltasar Perla, yon manm fanmi Betèl peyi Meksik la, te fè yon entèvyou ak twa frè ki fè pati fanmi Betèl sa a. Li te poze yo kesyon konsènan sis biwo filyal nan zòn Amerik santral la ki te vin fè yon sèl ak filyal peyi Meksik la. Akoz chanjman sa a ki te fèt la, vin gen plis frè ak sè nan Betèl Meksik la ki soti nan lòt peyi ak lòt kilti. Tout frè sa yo ki soti nan lòt peyi ak frè ki te deja nan Betèl Meksik la ankouraje youn lòt. Se kòmsi Bondye te pran yon gwo gòm epi li efase tout fwontyè yo.

Youn nan defi frè yo te vin genyen se te ede pwoklamatè yo konprann òganizasyon Jewova a pa lage yo menmsi pa gen filyal ankò nan peyi yo. Pou rezoud pwoblèm sa a, chak kongregasyon, menm sa ki pi lwen yo, gen posiblite pou yo kontakte biwo filyal la yon fason ki fyab, grasa Entènèt.

YON RAPÒ KI SOTI JAPON

Frè James Linton, ki soti nan filyal peyi Japon, te esplike ki efè tranblemanntè ak sounami ki te frape peyi a, nan mwa mas 2011 lan, te gen sou frè yo. Gen anpil frè ak sè ki te pèdi moun yo renmen e ki te pèdi byen yo. Temwen ki abite nan zòn ki pa t gen dega yo te ofri plis pase 3 100 kay ak plizyè santèn machin pou ede frè yo. Te gen volontè ki te mete ansanm ak kèk Komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm ki te travay san rete pou yo repare kay frè yo. Te gen plis pase 1 700 volontè ki te sèvi kèlkeswa kote ki te gen bezwen an. Gen yon gwoup volontè ki te soti peyi Etazini ki te vin nan zòn nan pou yo bay èd nan repare Sal Wayòm. Te gen 575 volontè ki te travay nan pwogram sa a.

Gen anpil efò ki fèt pou ede frè ak sè yo nan domèn espirityèl e pou remonte moral yo. Te gen plis pase 400 ansyen ki te disponib pou fè vizit pastoral. Kolèj santral la te gen sousi pou frè yo e sa te parèt aklè lè 2 siveyan zòn k ap sèvi nan syèj mondyal la t al nan zòn ki te frape a pou yo ankouraje frè ak sè yo. Lè frè ak sè nan peyi Japon yo te wè jan frè ak sè yo nan lemonnantye te gen sousi pou yo, sa te rekonfòte yo anpil.

VIKTWA NAN TRIBINAL

Pandan frè Stephen Hardy, yon frè ki soti nan filyal peyi Angletè, t ap bay yon rapò sou kèk viktwa frè yo te ranpòte nan tribinal tou dènyèman, moun ki nan oditwa a t ap koute avèk anpil atansyon. Pa egzanp, gouvènman peyi Lafrans te mande asosyasyon nou itilize nan peyi sa a peye 82 milyon dola ameriken kòm taks. Pwoblèm sa a te rezoud lè Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan (ECHR) te pran yon desizyon an favè nou. Li te fè konnen gouvènman peyi Lafrans lan vyole atik 9 ki nan Konvansyon ewopeyen an, yon atik ki pwoteje dwa moun genyen pou yo pratike relijyon yo vle. Sa tribinal la te di nan desizyon li te pran an montre se pa t lajan ki te enterese gouvènman peyi Lafrans lan. Men sa l te di: “[Lè yon peyi] refize rekonèt yon relijyon, [li] fè efò pou l kraze l, [li] pale relijyon sa a mal, tout sa se fason li vyole dwa moun genyen pou yo pratike relijyon yo vle, yon dwa atik 9 Konvansyon an rekonèt.”

Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan (ECHR) te pran yon desizyon an favè nou tou nan ka ki konsène peyi Ameni an. Depi ane 1965, tribinal sa a te fè konnen Konvansyon ewopeyen an pa pwoteje moun kont peyi ki vle fòse moun fè sèvis militè. 17 jij ki gen plis otorite nan Tribinal ewopeyen an te pran yon desizyon ki fè konnen “lè yon moun refize fè sèvis militè, e li gen bonjan rezon pou sa”, Konvansyon ewopeyen an ta dwe pwoteje moun sa a. Desizyon sa a oblije peyi Ameni ansanm ak kèk lòt peyi tankou Azèbaydjan ak Tiki rekonèt dwa sa a.

PWOJÈ KONSTRIKSYON

Annapre, Guy Pierce, yon lòt manm Kolèj santral la, te di petèt tout moun ki te la yo t ap poze tèt yo kesyon konsènan konstriksyon ki gen pou fèt nan zòn Nouyòk la. Li te pase yon videyo ki te montre kèk aktivite k ap fèt nan Wòlkil, Patèsonn, e ki te montre kèk teren òganizasyon an te fèk achte nan Warwick ak nan Tuxedo, nan Nouyòk. Nan Wòlkil, gen yon bilding tounèf y ap konstwi ki gen pou l fini an 2014. Bilding sa a ap pèmèt Wòlkil vin gen plis pase 300 chanm mete sou sa k te la deja yo.

Gen planifikasyon k ap fèt pou yo bati sou 77 kawo tè edmi nan Warwick. Frè Pierce te fè konnen: “Byenke nou pa fin konn ki sa Jewova pral fè ak Warwick, nou kòmanse fè preparasyon nan entansyon pou nou transfere syèj mondyal la kote sa a.” Gen planifikasyon k ap fèt tou pou nou sèvi ak 15 kawo tè edmi nan nò Warwick ki nan yon distans 10 kilomèt. Teren sa a ap itil pou nou mete yon seri ekipman ak materyo konstriksyon. Frè Pierce te ajoute: “Yon fwa nou jwenn pèmisyon pou nou kòmanse konstwi, nou espere fin fè tout travay la nan katran. Apre sa, n ap vann pwopriyete nou gen Bwouklin nan.”

Frè Pierce te mande: “Èske sa vle di Kolèj santral la panse gwo tribilasyon an poko prèt pou rive?” Li te reponn : “Non, nou pa panse sa. Si gwo tribilasyon an kanpe travay nou an, n ap byen kontan!”

FÈ ATANSYON AK LYON K AP GWONDE A

Apre sa, frè Stephen Lett, yon lòt manm Kolèj santral la, te pale sou 1 Pyè 5:8 ki di: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore moun.” Frè Lett te fè konnen egzanp Pyè a tonbe daplon paske gen plizyè bagay ki fè Dyab la sanble ak yon lyon.

Piske lyon gen plis fòs pase moun e yo pi rapid pase yo, nou pa dwe janm konte sou pwòp fòs nou pou nou eseye kenbe tèt ak Dyab la. Se sa k fè nou bezwen èd Jewova (Iza. 40:31). Yon lyon atake anba anba, e se sa k fè nou dwe evite mache nan fènwa espirityèl paske se nan fènwa sa a Satan ap chèche moun pou l devore. Menm jan lyon konn touye bèt ki san defans oswa bèt ki fèk fèt k ap dòmi, se konsa tou Satan san pitye e li ta renmen touye nou. Apre yon lyon fin manje yon bèt epi vant li plen, souvan, moun pa ka rekonèt bèt la. Menm jan an tou, “sitiyasyon” moun ki viktim anba men Satan yo “vin twouve yo a pi mal pou yo”. (2 Pyè 2:20.) Se sa k fè nou bezwen kenbe tèt ak Satan epi kenbe prensip biblik nou te aprann yo byen fèm. — 1 Pyè 5:9.

APRESYE PLAS NOU NAN MEZON JEWOVA A

Lòt moun ki te pran lapawòl se te Samuel Herd, yon manm Kolèj santral la. Li te di : “Nou tout gen plas nou nan mezon Jewova a”. Tout kretyen gen yon plas nan “mezon” Jewova a, sa vle di nan tanp espirityèl li a ki se dispozisyon li pran pou moun adore l sou baz sakrifis ranson Jezi a. Nou dwe konsidere plas sa a kòm yon bèl privilèj e nou dwe ba l valè. Menm jan ak David, nou vle “abite nan mezon Jewova a chak jou nan lavi” nou. — Sòm 27:4, NW.

Frè Herd te fè referans ak Sòm 92:12-14 e li te mande: “Kòman Jewova fè nou grandi?” Li te reponn: “Nan paradi espirityèl nou ladan l lan, Bondye rekonfòte nou, li pwoteje nou epi li ban nou dlo laverite a ki fre. Annou di l mèsi pou sa.” Annapre, frè Herd te ankouraje moun ki nan asistans lan, li te di yo: “Se pou nou kontan rete nan mezon Jewova a, pa sèlman pou yon ti tan, men pou toutan!”

KRETYEN YO GEN RESPÈ POU PAWÒL BONDYE A

Nan diskou ki te fèt apre a, David Splane, yon manm Kolèj santral la, te fè konnen vrè kretyen yo te toujou gen respè pou Pawòl Bondye a. Nan premye syèk la, yo te sèvi avè l pou yo rezoud kesyon sikonsizyon an (Tra. 15:16, 17). Men, pandan 2yèm syèk la, gen kèk swadizan kretyen ki te etidye filozofi grèk ki te kòmanse bay filozofi sa a plis enpòtans pase Ekriti yo pou yo te ka fè tèt yo plezi. Annapre, gen lòt ki te bay opinyon swadizan fondatè Legliz yo ak anperè women yo plis enpòtans pase ansèyman biblik yo. Se konsa yon bann fo doktrin te vin parèt.

Frè Splane te mete aksan sou yon parabòl Jezi te bay kote l te fè konnen t ap toujou gen vrè kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la sou tè a pou defann laverite (Mat. 13:24-30). Nou pa konn kiyès yo te ye egzakteman. Sepandan, pandan anpil syèk, te gen anpil moun ki te kanpe kont ansèyman ak koutim ki pa chita sou Bib la. Pami yo te gen yon achevèk ki rele Agobard de Lyon ki t ap viv nan 9yèm syèk la, te gen Pierre de Bruys, Henri de Lausanne ak Valdès, oswa Valdo, ki t ap viv nan 12yèm syèk la, te gen John Wycliffe nan 14yèm syèk la, William Tyndale nan 16yèm syèk la, e te gen Henry Grew ak George Storrs nan 19yèm syèk la. Jodi a, Temwen Jewova yo kontinye defann prensip ki nan Bib la e yo rekonèt se sèl Bib la ki gen laverite. Se sa k fè, Kolèj santral la te chwazi Jan 17:17 kòm tèks pou ane 2012 la. Men sa vèsè sa a di: “Pawòl ou se laverite.”

KÈK BÈL CHANJMAN

Anthony Morris, yon manm Kolèj santral la, te fè yon anons kote l te pale de kèk chanjman ki konsène misyonè yo ak pyonye espesyal yo. Apati septanm 2012, Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen an pral fèt nan kèk peyi. Yo chanje objektif Lekòl Gileyad la. Depi oktòb ane pase, tout moun ki jwenn fòmasyon nan lekòl sa a, se moun ki te deja nan yon fòm sèvis espesyal aplentan tankou: misyonè ki pa t pase Gileyad, pyonye espesyal, siveyan itineran oswa Betelit. Moun ki gradye nan lekòl sa a ap kapab fòtifye lafwa frè ak sè yo epi ede yo kontinye sèvi Jewova swa pandan y ap travay nan yon biwo filyal, swa nan sèvis sikonskripsyon an, oswa y ap voye yo nan zòn ki gen anpil moun pou yo ka ankouraje kongregasyon yo nan travay predikasyon an.

Pral gen plis pyonye espesyal nan tèritwa andeyò yo ak nan zòn izole yo. Apati 1ye janvye 2012, kèk elèv ki gradye nan Lekòl biblik pou frè selibatè a ak nan Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen an pral jwenn asiyasyon kòm pyonye espesyal tanporè pou y al preche nan zòn andeyò, kote ki poko gen Temwen Jewova, pou yo ka etann travay la. Y ap resevwa yon asiyasyon y ap renouvle chak ane pandan twazan. Frè ak sè ki bay bon rannman nan travay la kapab vin pyonye espesyal yon fason pèmanan.

Reyinyon ànyèl pou ane 2011 lan te pote anpil kè kontan. Nou espere Jewova ap beni tout nouvo dispozisyon ki pran pou nou kontinye fè plis nan travay predikasyon an e pou n vin plis ini toujou, antanke frè ak sè, pou glwa ak louwanj Jewova.

[Kare/Foto nan paj 18, 19]

YO TE VIN KONN MOUN SA YO PI BYEN

Nan pwogram nan, yo te fè yon entèvyou ak senk nan nèf vèv ki te marye ak frè ki te manm Kolèj santral la. Se te sè Marina Sydlik, sè Edith Suiter, sè Melita Jaracz, sè Melba Barry ak sè Sydney Barber. Sè sa yo te rakonte kòman yo te aprann laverite ak fason yo te antre nan sèvis aplentan. Yo toule senk te pataje kèk bèl souvni yo genyen ak asistans lan e yo te fè ti pale sou mari yo ak sou benediksyon yo te jwenn ansanm ak mari yo. Nan fen entèvyou a, yo te envite moun ki nan asistans lan pou yo chante kantik 86 ki gen pou tit “Bèl egzanp medam nan tan lontan yo ak sè nou yo bay”. Sa te vrèman touche moun yo!

[Foto]

(Anwo) Daniel ak Marina Sydlik; Grant ak Edith Suiter; Theodore ak Melita Jaracz.

(Anba) Lloyd ak Melba Barry; Carey ak Sydney Barber.

[Kat jeyografik nan paj 16]

(Gade peryodik la)

Gen sis filyal ki vin fè yon sèl ak filyal peyi Meksik la.

MEKSIK

GWATEMALA

ONDIRAS

SALVADÒ

NIKARAGWA

KOSTARIKA

PANAMA

[Foto nan paj 17]

Li posib pou se konsa yo bati syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Warwick, Nouyòk.