Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“N’ap jwenn rekonpans travay nou”

“N’ap jwenn rekonpans travay nou”

“N’ap jwenn rekonpans travay nou”

WA AZA, ki te alatèt lame l la, te nan mòn Jide e li t ap prese desann nan yon vale pou l rive nan yon plenn ki bò lanmè. Lè l rive kote vale a te pi laj la, li pran yon ti poz. Pi ba l la te gen yon gwo lame ki te rasanble. Lame etyopyen sa a te gen anviwon yon milyon sòlda. Men, lame Aza a te gen yon tikras plis pase 500 000 sòlda.

Ki sa k te pi enpòtan pou Aza nan moman sa a kote li te pare pou l fè lagè ak Etyopyen yo. Èske se te bay jeneral li yo lòd? Èske se te ankouraje sòlda l yo? Èske se te ekri lèt voye bay fanmi l? Non, se pa t youn nan bagay sa yo. Nan sitiyasyon difisil sa a, Aza te priye.

Anvan nou egzamine priyè sa a ak sa ki te pase nan okazyon sa a, nou pral wè ki kalite moun Aza te ye. Poukisa l te aji jan l te aji a? Èske l te gen rezon pou l kwè Bondye t ap ede l? Ki sa istwa Aza a ede nou konprann sou fason Jewova beni moun k ap sèvi l yo?

AKSYON AZA TE POZE

Pandan 20 an ki te pase apre Izrayèl te vin divize e li te vin gen de wayòm, moun nan tribi Jida a te vin kòwonpi nan pratike idolatri. Lè Aza te vin wa nan ane 977 anvan epòk nou an, menm moun ki t ap kolabore avè l yo t ap sèvi dye kananeyen ki gen rapò ak fètilite. Konsènan wa Aza, Bib la di li te “kòmanse fè sa ki bon ak sa ki dwat nan je Jewova, Bondye l la”. Aza te “detwi lotèl fo dye yo ak kote ki wo yo, li te kraze kolòn sakre yo ak poto sakre yo”. (2 Kwo. 14:2, 3, NW.) Aza te kouri dèyè tout “gason [ki t ap] fè pwostitisyon nan tanp yo” e ki te konn fè sèks nan dèyè nan kad adorasyon yo t ap bay fo dye yo nan wayòm Jida a. Aza pa t kontante l fè sa sèlman, li te ankouraje moun yo “mache dapre volonte Senyè a, Bondye zansèt yo a” e li te ankouraje yo obeyi “lalwa ak kòmandman” Bondye yo a. — 1 Wa 15:12, 13, NW; 2 Kwo. 14:4.

Piske Aza te fè kè Jewova kontan lefètke li te zele pou vrè adorasyon an, Jewova te pèmèt li viv ak kè poze pandan plizyè ane. Se sa k fè Aza te kapab di: “Paske nou te fè volonte Senyè a, Bondye nou an [...], li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo.” Moun yo te pwofite moman sa a pou yo fòtifye vil ki te nan wayòm Jida a. Men sa Bib la di: “Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l.” — 2 Kwo. 14:1, 6, 7.

NAN LAGÈ

Lè nou wè aksyon Aza te poze, nou pa ta dwe sezi lefètke li te priye Jewova lè l t ap fè fas ak pi gwo lame yo pale de li nan Ekriti yo. Aza te konnen Jewova rekonpanse moun ki poze aksyon ki montre yo gen lafwa nan li. Nan priyè wa a te fè a, li te mande Jewova èd li. Li te konnen si li te konte sou Jewova e si Jewova te avèk li, li t ap genyen batay la kanmenm kèlkeswa kantite sòlda ki te nan lame etyopyen an. Gè sa a te konsène non Jewova e se sa k fè Aza te mande Jewova èd li. Men kèk pawòl wa a te di nan priyè l la: “Tanpri, vin ede nou kounyeya, Senyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou [Jewova] nou vin goumen ak bann moun sa yo. Senyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou!” ​(2 Kwo. 14:11). Se kòmsi Aza t ap di: ‘Jewova, se ou menm moun sa yo vin atake. Pa kite imen ki fèb dezonore non w lè w pèmèt yo bat moun ki pote non w yo.’ Vrèmanvre, “[Jewova te] fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letyopi a. Lame Letyopi a [te] kouri met deyò.” — 2 Kwo. 14:12.

Jodi a, pèp Jewova a gen anpil opozan ki pisan. Nou pa fè lagè ak yo menm jan nasyon yo fè lagè nan monn nan. Sepandan, nou kapab gen garanti Jewova ap pèmèt tout sèvitè fidèl li yo gen laviktwa nan gè espirityèl y ap mennen nan non l lan. Batay n ap mennen an kapab mande pou nou fè anpil efò nonsèlman pou nou reziste kont espri monn nan ki fè moun fè sa lide yo di yo, men tou, pou nou goumen ak pwòp defo nou oswa pou nou pwoteje fanmi nou kont move enfliyans. Sepandan, priyè Aza a kapab ankouraje nou, kèlkeswa pwoblèm nou rankontre. Se Jewova ki te fè l genyen batay la. Istwa sa a montre ki sa moun ki konte sou Jewova yo kapab atann nan men l. Pa gen okenn moun ki kapab kenbe tèt ak Jewova.

ANKOURAJMAN AK AVÈTISMAN

Apre gè a, Azarya t al rankontre Aza. Pwofèt la te bay yon ankourajman ak yon avètisman. Men sa l te di: “Koute sa m’ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Senyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l. Si nou chache l, l’ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l’ap vire do ban nou tou. [...] Mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n’ap jwenn rekonpans travay nou.” — 2 Kwo. 15:1, 2, 7.

Pawòl sa yo kapab fòtifye lafwa nou. Yo montre Jewova ap avèk nou depi nou kontinye sèvi l fidèlman. Lè nou priye l pou nou mande l èd, se sèten li koute nou. Men sa Azarya te di: “Mete gason sou nou!” Souvan, pou yon moun fè sa ki dwat, li bezwen gen kouraj. Avèk èd Jewova, n ap kapab fè sa ki dwat.

Maka, grann Aza, te yon “grandam” nan wayòm nan, men lefètke li te fè “yon zidòl repiyan pou [yon] poto sakre”, Aza te oblije retire pozisyon grandam nan nan men l byenke sa pa t fasil pou li. Nonsèlman li te rive fè sa, men tou, li te boule zidòl Maka a (1 Wa 15:13, NW). Jewova te beni Aza poutèt sa l te fè yo e poutèt kouraj li. Nou menm tou, nou bezwen kanpe tennfas bò kote Jewova e nou bezwen kontinye aplike prensip li yo nan lavi nou kit fanmi nou fidèl ak Jewova, kit yo pa fidèl ak li. Si nou aji konsa, Jewova ap beni nou.

Anpil moun ki te nan wayòm ki nan nò a, ki te vire do bay Bondye, te vin Jida lè yo te rann yo kont Jewova te avèk Aza. Moun sa yo te tèlman apresye vrè adorasyon an, yo te kite lakay yo pou yo ka al viv bò kote sèvitè Jewova yo. Nan epòk sa a, Aza ansanm ak tout Jida te “pran angajman pou yo sèvi Senyè a [...] ak tout kè yo, ak tout nanm yo”. Se sa k fè “Senyè a menm te kite yo jwenn li. Li [te] fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo.” ​(2 Kwo. 15:9-15). Se pa ti kontan nou kontan lè moun ki renmen ladwati e ki renmen vrè adorasyon an kòmanse sèvi Jewova!

Sepandan, gen yon bagay pwofèt Azarya te di ki te montre petèt Aza t apral fè yon bagay ki mal. Men sa Azarya te di: “Si nou vire do [bay Jewova], l’ap vire do ban nou tou.” Nou espere nou pap janm kite sa rive nou! Paske, konsekans yo t ap grav pou nou (2 Pyè 2:20-22). Bib la pa di poukisa Jewova te voye avètisman sa a bay Aza, sepandan, wa sa a pa t koute avètisman an.

“OU AJI TANKOU MOUN FOU”

Nan ane ki te fè wa Aza 36 an sou pouvwa a, Baacha, wa ki t ap dirije wayòm ki nan nò a, te fè kèk aksyon ki te montre li te gen pwoblèm ak wayòm Jida a. Baacha te kòmanse rebati miray vil Rama, yon vil ki te sou fwontyè de wayòm yo e ki te a 8 kilomèt nan direksyon nò parapò ak vil Jerizalèm. Li te fè sa petèt paske li te pè pou moun ki te nan wayòm li an pa t vin fidèl ak Aza e pou yo pa t vin ap patisipe nan vrè adorasyon an. Nan moman sa a, olye Aza te konte sou Jewova menm jan l te fè sa lè lame etyopyen an te anvayi Jida a, li te pito chèche èd lòt moun. Li te voye yon kado bay wa peyi Siri a e li te mande l pou l atake wayòm ki nan nò a. Apre lame peyi Siri a te fin fè kèk atak sou Baacha, misye kouri kite Rama. — 2 Kwo. 16:1-5.

Jewova pa t kontan poutèt sa Aza te fè a, se sa k fè li te voye pwofèt Anani al pale avè l. Apre Aza te wè jan Jewova te delivre l anba men Etyopyen yo, li te dwe konnen “je [Jewova] ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li”. (NW.) Petèt Aza te jwenn move konsèy oswa li pa t panse Baacha ak lame l la te ka ba l pwoblèm. Petèt tou li te panse li pa t bezwen èd Jewova fwa sa a. Nou pa konn egzakteman ki rezon ki fè Aza te aji konsa, sepandan, li te pito konte sou pwòp tèt li olye l konte sou Jewova. Se sa k fè Anani te di l: “Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.” — 2 Kwo. 16:7-9.

Aza pa t byen reyaji. Li te vin fache epi li te pran pwofèt la li fè mete l nan prizon (2 Kwo. 16:10). Nan moman sa a, Aza dwe t ap mande tèt li: ‘Èske m merite reprimann sa a apre m fin pase anpil ane ap sèvi Jewova fidèlman?’ Kòm li te kòmanse granmoun, èske l te kòmanse pèdi kèk nan kapasite l te genyen pou l byen rezone? Labib pa di anyen sou sa.

Nan ane ki te fè wa Aza 39 an depi l ap dirije a, li te vin malad grav akoz yon pwoblèm li te gen nan pye. Pawòl Bondye a di: “Menm lè li te vin malad [...], li pa t chèche Jewova. Li te pito al wè moun ki konn fè gerizon yo.” Nan moman sa a, sanble Aza te kòmanse neglije relasyon l te gen ak Bondye. Sanble Aza te kontinye konsa jiskaske li te mouri nan karanteyinyèm ane l sou pouvwa a. — 2 Kwo. 16:12-14, NW.

Malgre fason Aza te fini an, sanble bèl kalite l te genyen yo ansanm ak zèl li te genyen pou vrè adorasyon an te kouvri erè l te fè yo. Li pa t janm sispann sèvi Jewova (1 Wa 15:14). Kidonk, ki sa nou ka aprann nan istwa lavi Aza? Istwa sa a kapab ede nou konprann jan li enpòtan pou nou reflechi sou fason Jewova te ede nou. Lè nou sonje jan Jewova te fè sa, sa kapab ankouraje nou priye l pou l ban nou èd lè n ap fè fas ak lòt eprèv. Sepandan, nou pa dwe janm panse piske nou gen lontan depi n ap sèvi Jewova fidèlman nou pa bezwen konsèy ki soti nan Bib la. Depi nou fè yon erè, Jewova ap reprimande nou kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi l. Nou dwe aksepte koreksyon Jewova ban nou avèk imilite paske se pou byen nou. Sa k pi enpòtan an, Papa nou ki nan syèl la ap avèk nou toutotan nou avè l. Je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun ki fidèl ak li yo. Li rekonpanse moun sa yo lè li sèvi ak fòs li pou l ede yo. Jewova te fè sa pou Aza e li kapab fè sa pou nou tou.

[Antrefilè nan paj 9]

Jewova rekonpanse moun ki fidèl nan gè espirityèl la.

[Antrefilè nan paj 10]

Nou bezwen gen kouraj pou nou fè sa ki dwat nan je Jewova.