Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou aprann gen pasyans menm jan ak Jewova ak Jezi

Annou aprann gen pasyans menm jan ak Jewova ak Jezi

“Konsidere pasyans Seyè nou an tankou yon delivrans.” — 2 PYÈ 3:15.

1. Ki kesyon kèk moun k ap sèvi Jewova fidèlman konn poze?

GEN yon sè ki fidèl, ki te andire anpil difikilte pandan plizyè dizèn ane, ki te mande: “Èske m ap wè lafen an anvan m mouri?” Gen kèk moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova ki reflechi menm jan an. Nou pa ka tann pou n wè jou kote Bondye pral fè tout bagay vin tounèf la, lè tout pwoblèm n ap rankontre jodi a pral vole gagè (Rev. 21:5). Byenke nou gen anpil rezon pou nou kwè monn Satan an prèske rive nan bout li, li kapab difisil pou nou ret tann jou sa a avèk pasyans.

2. Anrapò ak pasyans Bondye, ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Sepandan, Bib la montre nou dwe gen pasyans. Menm jan ak moun ki t ap sèvi Bondye anvan nou yo, si nou gen yon fwa ki solid e si nou tann avèk pasyans lè Bondye fikse pou l reyalize pwomès li yo, n ap jwenn sa l te pwomèt nou yo. (Li Ebre 6:11, 12.) Menm Jewova kontinye ap pran pasyans. Li te kapab mete yon fen nan mechanste deja, men l ap tann bon moman an rive (Wom. 9:20-24). Poukisa l gen pasyans konsa? Ki egzanp Jezi kite pou nou ki montre li gen pasyans menm jan ak Bondye? Ki byenfè n ap jwenn si nou aprann gen pasyans menm jan ak Bondye? Repons kesyon sa yo kapab ede nou vin gen pasyans ak yon fwa ki solid menmsi nou ta panse Jewova pran tan pou l reyalize pwomès li yo.

POUKISA JEWOVA GEN PASYANS?

3, 4. a) Poukisa Jewova pran pasyans pandan l ap chèche reyalize objektif li gen pou tè a? b) Ki jan Jewova te reyaji lè Adan ak Èv te vire do ba li?

3 Jewova gen bonjan rezon pou l gen pasyans. Se vre, se li menm k ap domine sou tout linivè depi toutan, men rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan te soulve yon seri kesyon ki gen enpòtans pou tout linivè. Jewova pasyan paske li konnen sa ap pran tan pou l byen reponn kesyon sa yo. Piske l byen konnen ki jan tout kreyati l yo aji e ki jan yo panse, kit se sa ki nan syèl la, kit se sa ki sou tè a, se sèten, se nan enterè nou li ye. — Ebre 4:13.

4 Objektif Jewova se te pou pitit Adan ak Èv yo ranpli tè a. Lè Satan te twonpe Èv e Adan te dezobeyi Bondye a, Bondye pa t abandone objektif li. Li pa t panike, li pa t kouri pran desizyon sou kout tèt, ni li pa t mal reyaji pou l ta vire do bay lèzòm. Okontrè, li te fè yon fason pou objektif li gen pou lèzòm ansanm ak tè a reyalize (Iza. 55:11). Jewova montre l gen anpil metriz ak anpil pasyans pou l kapab reyalize objektif li e pou l jistifye souvrènte l. Jewova te menm kite plizyè milye ane pase pou l te kapab pi byen reyalize kèk aspè nan objektif li.

5. Ki benediksyon n ap jwenn grasa pasyans Jewova?

5 Yon lòt rezon ki fè Jewova ap pran pasyans se paske li vle pou plis moun posib jwenn lavi ki pap janm fini an. Kounye a, l ap fè preparasyon pou “yon gwo foul moun” kapab sove (Rev. 7:9, 14; 14:6). Jewova sèvi ak travay predikasyon an pou l fè moun konnen ki sa Wayòm nan ye e pou l fè yo konnen prensip li yo ki jis. Mesaj Wayòm nan se pi “bon nouvèl” lèzòm te kapab tande (Mat. 24:14). Chak moun Jewova atire vin jwenn li vin fè pati pèp li a ki sou tout tè a kote yo jwenn bon zanmi ki renmen sa ki dwat (Jan 6:44-47). Bondye nou an ki gen lanmou ede moun sa yo jwenn favè l. Mete sou sa, li chwazi kèk moun pami lèzòm pou y al fè pati gouvènman l lan ki nan syèl la. Apre moun sa yo fin rive nan syèl la, yo pral fè tout sa yo kapab pou yo ede moun obeyisan ki sou tè a vin pafè pou yo ka viv pou toutan. Pa gen dout nan sa, menm lè Jewova ap pran pasyans, li kontinye ap travay pou l ka reyalize pwomès li yo pou byen nou.

6. a) Ki jan Jewova te montre li gen pasyans nan epòk Noye a? b) Ki jan Jewova montre li gen pasyans nan epòk pa nou an?

6 Malgre tout sa lèzòm fè ki montre yo vrèman san respè pou Jewova, Jewova toujou aji avèk pasyans. Nou kapab wè sa nan fason li te boule ak moun ki t ap fè sa ki mal anvan delij la. Tè a te chaje ak moun ki t ap fè imoralite ak vyolans, e piske yo te lage kò yo nan fè sa ki mal, “sa te fè [Jewova] lapenn nan kè l”. (Jen. 6:2-8, NW.) Li pa t ap janm ka tolere yon bagay konsa pou toutan, se sa k fè li te detwi moun ki pa t obeyisan yo nan yon delij. Toutpandan “Bondye t ap tann avèk pasyans nan jou Noye yo”, li t ap fè preparasyon pou l sove Noye ansanm ak fanmi l (1 Pyè 3:20). Lè lè a te rive, Jewova te fè Noye konn sa l pral fè e l te mande l pou l bati yon lach (Jen. 6:14-22). Mete sou sa, Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis” e li te fè pwochen l yo konnen Bondye t apral fè yon ravaj sou tout tè a (2 Pyè 2:5). Jezi te di epòk nou an t ap sanble ak epòk Noye a. Jewova deja deside ki lè li pral met fen nan sistèm mechan ki la kounye a. Pa gen pèsonn ki konn “jou sa a ak lè sa a”. (Mat. 24:36.) Annatandan, Bondye mande nou pou nou avèti moun yo e pou n fè yo konnen ki jan yo kapab sove.

7. Èske Jewova lan pou l reyalize pwomès li yo? Esplike.

7 Se vre Jewova pasyan, men sa pa vle di se fè l ap fè tan pase. Nou pa dwe janm panse se enterese Jewova pa enterese nan nou oswa se sousi li pa gen pou nou ki fè li pasyan konsa. An reyalite, li kapab fasil pou nou wè bagay yo konsa paske laj ap antre sou nou oswa paske n ap soufri nan sistèm sa a ki mechan. Nou gendwa vin dekouraje oswa nou gendwa santi Bondye pran tan pou l reyalize pwomès li yo (Ebre 10:36). Pa janm bliye sa, Jewova gen bonjan rezon pou l pran pasyans, e li itilize tan ki rete a nan enterè sèvitè l yo ki fidèl (2 Pyè 2:3; 3:9). Kounye a, annou gade ki jan Jezi te montre li gen pasyans menm jan ak Bondye.

KI BÈL EGZANP JEZI KITE POU NOU NAN DOMÈN PASYANS?

8. Ki jan Jezi te montre l gen pasyans?

8 Jezi gen plizyè milye ane depi l ap fè volonte Bondye ak tout kè l. Lè Satan te vire do bay Jewova, Jewova te deside voye sèl Pitit li fè a sou tè a antanke Mesi a. Imajine sa sa te vle di pou Jezi ret ap tann avèk pasyans pandan plizyè milye ane pou lè sa a rive. (Li Galat 4:4.) Pandan tout tan sa yo, li pa t jis rete san l pap fè anyen. Okontrè, li te rete okipe nan travay Papa l te ba l fè. Finalman, li te vin sou tè a, e jan pwofesi yo te anonse sa, li te konnen li t apral mouri anba men Satan (Jen. 3:15; Mat. 16:21). Avèk pasyans, li te aksepte soufri anpil pou l te ka fè volonte Bondye. Pa janm gen moun ki montre l fidèl nan nivo Jezi te montre l fidèl la! Li pa t wè tèt li ak pozisyon l te genyen an, e nou kapab suiv egzanp li. — Ebre 5:8, 9.

9, 10. a) Ki sa Jezi t ap fè pandan l t ap tann avèk pasyans pou Jewova aji? b) Anrapò ak lè Jewova fikse pou l aji, ki atitid nou ta dwe genyen?

9 Apre Jezi te fin resisite, li te resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a (Mat. 28:18). Li sèvi ak pouvwa sa a pou l reyalize objektif Jewova genyen nan lè Jewova fikse pou sa a. Pandan Jezi te adwat Bondye, li te ret tann avèk pasyans pou Bondye met ènmi l yo tankou yon tabourè anba pye l nan ane 1914 (Sòm 110:1, 2; Ebre 10:12, 13). Talè konsa, li pral pase alaksyon pou l met fen nan sistèm Satan an. Annatandan, avèk pasyans, Jezi ap travay ansanm ak lèzòm pou l mennen yo nan sous “dlo lavi” a. — Rev. 7:17.

10 Èske egzanp Jezi ede nou wè ki atitid nou dwe genyen anrapò ak lè Jewova fikse pou l aji? Pa gen dout nan sa, Jezi te kontan fè kèlkeswa sa Papa l mande l fè, men li te toujou tann lè Jewova fikse pou sa. Toutpandan n ap tann pou monn Satan an ki mechan rive nan bout li, nou bezwen gen pasyans menm jan ak Bondye. Nou pa dwe janm pran devan Bondye, ni nou pa dwe janm kite dekourajman fè nou vire do ba li. Ki sa nou kapab fè pou n rive gen pasyans menm jan ak Bondye?

KI JAN M KA APRANN GEN PASYANS MENM JAN AK BONDYE?

11. a) Nan ki sans gen yon rapò dirèk ant lafwa ak pasyans? b) Ki sa k fè nou gen bonjan rezon pou n gen yon lafwa ki solid?

11 Anvan Jezi te vin sou tè a, pwofèt yo ak lòt sèvitè fidèl Jewova yo te kite yon egzanp ki montre ki jan yon moun kapab andire avèk pasyans menmsi li enpafè. Te gen yon rapò dirèk ant lafwa yo ak pasyans yo. (Li Jak 5:10, 11.) Si yo pa t kwè toutbonvre nan sa Jewova te di yo, sa vle di, si yo te manke lafwa, èske yo t ap ka tann avèk pasyans pou Jewova reyalize pwomès li yo? Detanzantan, yo te rankontre pwoblèm ki te fè yo pè oswa ki te teste lafwa yo. Men, yo te gen konfyans Bondye t ap reyalize sa l te pwomèt yo a kanmenm (Ebre 11:13, 35-40). Nou gen plis rezon toujou pou n gen yon lafwa ki solid paske Jezi ap travay pou l “fè lafwa nou vin pafè”. (Ebre 12:2.) Lefètke gen pwofesi ki te reyalize sou li e li fè nou konprann objektif Bondye yo, sa ban nou bonjan rezon pou n gen lafwa.

12. Ki sa n kapab fè pou lafwa nou vin pi solid?

12 Ki sa nou kapab fè pou lafwa n vin pi solid e pou n vin gen plis pasyans? Li enpòtan anpil pou nou aplike konsèy Bondye ban nou yo. Pa egzanp, reflechi sou tout rezon w genyen pou w bay Wayòm nan premye plas nan lavi w. Èske w ka fè plis efò pou w aplike konsèy nou jwenn nan Matye 6:33 a? Sa kapab mande pou w pase plis tan nan ministè a oswa pou w fè kèk chanjman nan fason w ap viv. Pa janm bliye jan Jewova te beni efò w e li kontinye fè sa jis jounen jodi a. Petèt li te ede w vin gen yon etid oswa li te ede w jwenn “lapè [...] ki depase tout sa moun ka konprann” nan. (Li Filipyen 4:7.) Tank w ap reflechi sou byenfè w jwenn lefètke w suiv enstriksyon Jewova yo, se tank w ap vin wè jan li enpòtan pou w gen pasyans. — Sòm 34:8.

13. Ki egzanp nou kapab pran k ap ede nou wè ki jan lafwa nou ka fè nou vin gen plis pasyans?

13 Gen yon egzanp ki ka ede nou konprann ki jan lafwa nou ka ede n vin gen plis pasyans. Lè yon moun ap fè jaden, li prepare tè a, li simen e li rekòlte. Chak lè li fè yon bon rekòt, sa ba l plis konfyans pou l simen ankò. Nòmalman, li oblije tann moman rekòt la avèk pasyans, men sa pap anpeche l simen pou sa. Okontrè, li ka menm simen plis pase sa l te simen anvan sa paske li gen konfyans l ap rekòlte. Menm jan an tou, tank n ap aprann prensip Jewova yo, n ap aplike yo e nou wè bon rezilta sa bay, se tank n ap vin gen plis konfyans nan Jewova. N ap vin gen plis lafwa e l ap vin pi fasil pou nou ret tann benediksyon nou konnen k ap vini yo. — Li Jak 5:7, 8.

Si w gen pasyans menm jan ak Bondye, sa ap ede w bay Wayòm nan premye plas nan lavi w e w ap jwenn anpil benediksyon.

14, 15. Ki jan nou dwe wè soufrans lèzòm?

14 Yon lòt bagay ki kapab ede nou vin gen plis pasyans se fason nou wè monn nan ak sitiyasyon nou. Eseye wè bagay yo menm jan ak Jewova. Pa egzanp, reflechi sou fason li wè soufrans lèzòm. Sa gen lontan depi Jewova ap soufri paske li wè jan lèzòm ap soufri. Men, li pa kite sa fè l vin tris nan pwen pou l pa ka fè byen pou yo. Li te voye sèl Pitit li fè a pou l “kraze travay Dyab la” e pou l repare tout tò Satan fè lèzòm (1 Jan 3:8). An reyalite, soufrans la pou yon ti tan, men Bondye pral delivre nou pou toutan. Olye pou n kite sistèm mechan Satan ap dirije kounye a dekouraje nou oswa fè n pèdi pasyans nan pwen pou n pa ka tann Jewova met fen nan sistèm nan, annou mete lafwa nan bagay nou poko wè yo k ap la pou toutan. Jewova fikse yon lè pou l fini ak mechanste e l ap fè sa egzakteman nan lè li fikse pou sa a. — Iza. 46:13; Naw. 1:9.

15 Pandan n ap viv nan dènye jou sa yo kote bagay yo di anpil, nou kapab jwenn gwo pwoblèm ki ka teste lafwa nou. Si yo ta fè vyolans sou nou oswa si nou ta gen yon moun pa nou k ap soufri, olye pou nou kite dekourajman pote nou ale, nou bezwen gen yon konfyans total nan Jewova. Piske nou enpafè, li pa fasil pou nou fè sa. Sepandan, sonje sa Matye 26:39 di Jezi te fè. — Li vèsè a.

16. Pandan n ap tann lafen an rive, ki sa nou pa dwe fè?

16 Yon bagay ki ka anpeche nou gen pasyans menm jan ak Bondye se lè nou gen tandans di n a gen tan. Kòman sa? Yon moun ki pa fin kwè lafen an toupre gendwa kòmanse konsantre l sou lòt bagay pou sizoka bagay yo pa ta fèt jan Jewova te di y ap fèt la. Pa egzanp, li gendwa ap panse konsa: ‘Ou kwè Jewova ap kenbe pawòl li vre?’ Li gendwa kòmanse ap chèche gen gwo non nan monn nan, oswa li gendwa kòmanse ap chèche fè anpil kòb pou l ka santi l an sekirite olye l bay Wayòm nan premye plas nan lavi l. Li gendwa ap chèche fè gwo etid tou pou l ka mennen yon pi bèl vi depi kounye a. Èske sa pa t ap montre moun sa a manke lafwa? Pa bliye sa, Pòl ankouraje nou pou nou imite moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman yo e ki te eritye pwomès Jewova yo “grasa lafwa ak pasyans” yo te genyen (Ebre 6:12). Jewova deja fikse yon lè pou l detwi sistèm mechan sa a nèt pou objektif li ka reyalize (Aba. 2:3). Annatandan, nou pa ta dwe sèvi Jewova pa woutin. Olye de sa, nou bezwen kontinye veye epi preche bon nouvèl la avèk zèl, paske travay sa a kapab ban nou anpil kè kontan depi kounye a. — Lik 21:36.

KI BYENFÈ N AP JWENN LÈ NOU MONTRE NOU GEN PASYANS?

17, 18. a) Ki posiblite nou genyen depi kounye a ki mande pou n gen pasyans? b) Si nou gen pasyans, ki benediksyon n ap jwenn?

17 Kit n ap sèvi Bondye depi kèk mwa, kit nou gen plizyè dizèn ane depi n ap fè sa, nou ta dwe anvi sèvi l pou toutan. Si nou gen pasyans, kèlkeswa kantite tan ki rete anvan sistèm sa a detwi, n ap kapab andire jiskaske nou delivre. Depi kounye a, Jewova ban nou posiblite pou n montre l nou gen yon konfyans total nan li, e si sa nesesè, pou nou menm aksepte soufri pou glwa non l (1 Pyè 4:13, 14). Mete sou sa, li ban nou fòmasyon ki kapab ede nou vin gen pasyans k ap pèmèt nou delivre a. — 1 Pyè 5:10.

18 Jezi gen tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a e pa gen pèsonn ki ka fè w soti anba pwoteksyon l, sof ou menm (Jan 10:28, 29). Donk, nou pa bezwen pè sa demen ap pote. Menm lanmò nou pa bezwen pè. Moun ki kontinye andire avèk pasyans jiska lafen ap sove. Se sa k fè, nou dwe fè atansyon pou n pa kite monn sa a fè nou distrè epi fè nou sispann konte sou Jewova. Okontrè, pandan Bondye ap pran pasyans, nou dwe detèmine pou n fè lafwa nou vin pi solid e pou nou byen sèvi ak tan nou. — Mat. 24:13; li 2 Pyè 3:17, 18.