Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Nou pa konnen ni jou a, ni lè a”

“Nou pa konnen ni jou a, ni lè a”

“Se sa k fè, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” — MAT. 25:13.

1-3. a) Ki sitiyasyon ki tonbe daplon ak 2 nan parabòl Jezi te bay yo? b) Ki kesyon nou bezwen reponn?

IMAJINE gen yon gwo zotobre nan gouvènman an ki mande w pou w mennen l nan yon reyinyon ki vrèman enpòtan. Kèk minit anvan w deplase pou w al chèche l, ou wè gaz ki nan machin ou an pap sifi pou w fè vwayaj la. Ou rann ou kont fò w al fè gaz. Pandan w al fè sa, gwo zotobre a vini. Li chèche w, men li pa jwenn ou. Piske li pa ka ret tann, li mande yon lòt moun mennen l nan reyinyon an. Lè w retounen yon ti tan apre, ou jwenn li gentan ale kite w. Ki jan w t ap santi w?

2 Kounye a, imajine se ou menm ki gwo zotobre a. Ou gen yon travay pou w fè ki vrèman enpòtan e w chwazi twa moun ki kapab pou yo fè travay la. Apre w fin esplike yo ki jan pou yo fè travay la, yo tout dakò pou yo fè l. Sepandan, lè w retounen yon ti tan annapre, ou jwenn se sèlman de nan mesye sa yo ki fè travay la. Mete sou sa, sa k pa fè anyen an ap ba w eskiz. An reyalite, li pa t menm eseye fè anyen. Ki jan w t ap santi w?

3 Nan 2 parabòl Jezi te bay ki gen rapò ak fi vyèj yo ak talan yo, li te pale de yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon nou sot pale de li pi wo a pou l montre sa k fè nan tan lafen an gen kèk nan moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo ki t ap montre yo fidèl e yo prevwayan, men gen lòt ki pa t ap montre sa * (Mat. 25:1-30). Li te mete aksan sou sa lè l te di: “Se sa k fè, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” Sa vle di, yo pa t konnen lè Jezi t apral egzekite jijman Bondye sou monn Satan an (Mat. 25:13). Nou kapab suiv konsèy sa a tou jodi a. Ki byenfè n ap jwenn lè nou kontinye veye jan Jezi te ankouraje nou fè sa? Kiyès ki montre yo pare pou yo sove? E ki sa nou dwe fè depi kounye a pou n ka kontinye veye?

BYENFÈ N AP JWENN LÈ NOU KONTINYE VEYE

4. Sa k fè “kontinye veye” pa vle di ret ap veye lè?

4 Gen kèk bagay ki mande pou yon moun respekte lè. Pa egzanp, lè yon moun pral travay, lè l pral kay doktè oswa lè l pral vwayaje. Sepandan, gen lòt bagay yon moun ap fè, si l ret ap veye lè, sa kapab distrè l oswa sa ka menm met lavi moun an danje. Pa egzanp, lè yon moun gen pou l etenn yon dife ki pran yon kote oswa lè yon moun ap pote moun sekou apre yon dezas fin pase. Nan sitiyasyon sa yo, li pi enpòtan lontan pou w enterese ak travay ou gen pou w fè a olye pou w ap veye lè. Ofiramezi lafen an ap vin pi pre, li vin pi enpòtan toujou pou n fè moun yo konnen sa Jewova fè pou l sove yo. Antanke kretyen, kontinye veye pa vle di ret ap veye lè. Lefètke nou pa konnen ni ki jou ni ki lè egzakteman lafen an ap rive, nou jwenn omwen senk byenfè.

5. Lefètke nou pa konnen ni jou ni lè lafen an ap vini, ki jan sa ede nou montre sa k nan kè nou?

5 Premyèman, lefètke nou pa konnen ki lè lafen an ap vini, sa pèmèt nou montre ki sa ki nan kè nou toutbon. An reyalite, sa pèmèt nou itilize libète nou genyen pou n deside a pou n montre Jewova nou fidèl. Byenke n ap tann pou nou sove lè sistèm sa a pral detwi, nou pa sèvi Jewova sèlman paske nou vle gen lavi, men n ap sèvi l tou paske nou renmen l. (Li Sòm 37:4.) Nou pran plezi fè volonte Bondye, e nou konnen se pou byen nou li anseye nou (Iza. 48:17). Epitou, kòmandman l yo pa lou pou nou. — 1 Jan 5:3.

6. Ki jan Jewova santi l lè yon moun sèvi l paske l renmen l, e poukisa?

6 Yon dezyèm byenfè nou jwenn lefètke nou pa konnen jou a ak lè a se posiblite pou n fè kè Jewova kontan. Lè nou sèvi Jewova paske nou renmen l e nou pa fè sa paske nou gen yon dat nan lespri nou oswa paske l ap rekonpanse nou, nou ede l pwouve Satan, ènmi l lan, se yon mantè (Jòb 2:4, 5; li Pwovèb 27:11.) Lè nou reflechi ak tout doulè ak lapenn Dyab la lakòz, se pa ti kontan nou kontan pran pozisyon pou Jewova, Souvren an, e pou nou rejte Satan ak tout sistèm li an ki mechan!

7. Poukisa li bon pou nou kontinye fè sakrifis?

7 Twazyèmman, lefètke nou sèvi Jewova san n pa gen yon dat fiks nan lespri nou, sa ankouraje nou pou nou kontinye fè sakrifis. Gen kèk moun jodi a ki pa konnen Bondye, e menm jan ak nou, yo panse monn nan pap ret konsa pou lontan. Piske yo pè paske yo panse gen yon katastwòf ki gen pou vini, yo panse konsa: “Ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri.” ​(1 Kor. 15:32). Nou menm bò kote pa nou, nou pa pè. Nou pran detèminasyon pou n pa izole tèt nou yon fason pou n pa kite dezi egoyis mennen nou (Pwo. 18:1). Okontrè, nou nye tèt nou e nou pa gen pwoblèm pou n bay tan nou, enèji nou ak lòt bagay ankò pou nou pataje bon nouvèl Wayòm Bondye a ak lòt moun. (Li Matye 16:24.) Nou pran plezi sèvi Bondye, e sitou pou n ede lòt moun vin konnen l.

8. Ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki montre rezon ki fè nou bezwen fè Jewova ak Pawòl li a plis konfyans toujou?

8 Yon katriyèm byenfè nou jwenn lefètke nou pa konnen ni jou a ni lè a sèke sa ede nou konte plis sou Jewova epi fè efò pou n aplike Pawòl li a nan lavi nou. Youn nan gwo pwoblèm nou gen lakay nou antanke pechè se tandans pou nou konte sou pwòp tèt nou. Men yon konsèy Pòl te bay tout kretyen: “Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe.” Gen 23 000 Izrayelit ki te pèdi favè Jewova yon ti tan anvan Jozye te mennen pèp Bondye a nan Latè pwomiz. Men sa Pòl di: ‘Yo te ekri bagay sa yo pou nou menm fen sistèm nan rive sou nou an pou sèvi nou avètisman.’ — 1 Kor. 10:8, 11, 12.

9. Lè nou jwenn pwoblèm, ki jan sa ka fè lafwa nou vin pi solid epi fè nou vin pi pwòch Bondye?

9 Yon senkyèm byenfè nou jwenn lefètke nou pa konnen ki lè lafen an ap vini sèke eprèv nou jwenn yo fè nou vin pi bon moun. (Li Sòm 119:71.) Pa gen dout nan sa, nan dènye jou n ap viv la yo, ‘tan yo di e yo difisil pou moun sipòte’. (2 Tim. 3:1-5.) Gen anpil moun ki nan monn Satan an ki rayi nou. Se sa k fè, nou kapab jwenn pèsekisyon akoz lafwa nou (Jan 15:19; 16:2). Menm jan dife kapab rafine metal, se konsa tou eprèv yo kapab fè lafwa nou vin pi solid. Si nou enb e si nou chèche direksyon nan men Jewova lè nou jwenn eprèv sa yo, yo pap anpeche nou kontinye sèvi l. Nou pap janm bay vag! Okontrè, n ap vin pwòch Jewova nan yon pwen petèt nou pa t janm imajine. — Jak 1:2-4; 4:8.

10. Sa k fè tan an ka sanble pase byen vit?

10 Selon sa yon moun ap fè, tan an gendwa pase vit oswa li gendwa pase dousman. Lè yon moun gen anpil bagay pou l fè e li pa chita ap veye lè, li gen enpresyon tan an pase vit. Menm jan an tou, si nou bay tout nou menm nan bèl travay Jewova ban nou fè a, jou sa a ak lè sa a kapab rive sou nou pi vit pase sa nou ta kapab panse. Nan sans sa a, pifò nan moun Bondye chwazi pou y al nan syèl yo bay yon bèl egzanp. Nou pral fè yon ti pale sou sa k te pase nan ane 1914, apre Jezi te fin resevwa pouvwa antanke Wa, pou nou wè ki jan kèk nan yo te montre yo pare alòske gen lòt ki pa t montre sa.

KRETYEN KI GEN POU Y AL NAN SYÈL YO MONTRE YO PARE

11. Apre 1914, poukisa kèk nan moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la te panse Senyè a anreta?

11 Sonje parabòl Jezi te bay konsènan fi vyèj yo ak parabòl talan yo. Si vyèj yo oswa esklav yo ki nan parabòl sa yo te konnen lè lemarye oswa mèt la t ap vini, yo pa t ap bezwen kontinye veye. Men, kòm yo pa t konnen, yo te bezwen montre yo pare. Byenke depi plizyè dizèn ane anvan 1914, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la te konnen ane sa a t ap yon ane espesyal, yo pa t vrèman konnen sa k t apral rive. Lè sa yo te panse ki t apral rive a pa t rive, yo te gendwa konprann Lemarye te anreta. Men sa yon frè te di: “Gen kèk nan nou ki te panse nou pral nan syèl nan premye semèn mwa oktòb [1914] la toutbonvre.”

12. Ki jan moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la te montre yo fidèl e yo prevwayan?

12 Imajine ki jan sa dwe te dekouraje yo lefètke yo t ap tann lafen an vini e l pa t vini vre! Mete sou sa, frè yo te jwenn opozisyon akoz Premye Gè mondyal la. Lè sa a, travay predikasyon an te prèske kanpe nèt, se kòmsi kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la te kite dòmi pran yo. Men, nan ane 1919, gen yon bagay ki te reveye yo. Jezi te vini nan tanp espirityèl Bondye a e lè a te rive pou l fè yon enspeksyon. Sepandan, gen kèk nan yo ki pa t fidèl e ki te pèdi privilèj pou yo kontinye fè “travay” Wa a te ba yo a (Mat. 25:16). Menm jan ak vyèj sòt yo, yo pa t prese remete luil espirityèl nan lanp yo. E menm jan ak esklav parese a, yo pa t vle fè sakrifis pou Wayòm nan. Men, pifò nan moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la te rete fidèl e yo te montre yo gen yon gwo anvi pou yo sèvi Mèt yo a menm lè yo te jwenn anpil pwoblèm pandan gè a.

13. Ki atitid klas esklav la te genyen nan ane 1914, e ki atitid yo genyen jodi a?

13 Men yon deklarasyon enpòtan ki te parèt nan Toudegad apre 1914: “Kèlkeswa dispozisyon Bondye pran an, frè ki byen konprann bagay yo pa dekouraje. Nou pa t swete pou se sa n te vle a ki rive, se sa k fè, nan mwa oktòb 1914, lè nou te wè sa n t ap tann nan se pa t sa, nou te kontan dèske Senyè a pa t chanje objektif li poutèt nou. Nou pa t vle sa nonplis. Sèl sa nou vle, se rive konprann plan l ak objektif li.” Jis jounen jodi a, moun Senyè a chwazi pou y al nan syèl la montre yo enb e yo devwe nan sèvis Bondye. Yo pa mache fè konnen yo se moun Bondye enspire, men yo detèmine pou yo byen dirije “travay” Senyè a sou tè a. Kounye a, gen yon “gwo foul” “lòt mouton” ki fòme ak kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a k ap veye e ki gen zèl menm jan ak moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la. — Rev. 7:9; Jan 10:16.

ANNOU MONTRE NOU PARE

Toujou chèche manje espirityèl la menmsi w nan sitiyasyon ki difisil.

14. Lè nou rete kole ak moun Jewova chwazi pou ban nou manje espirityèl la, ki jan sa pwoteje nou?

14 Menm jan ak kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la, moun ki fè pati gwo foul la k ap veye yo rete kole ak moun Bondye chwazi pou bay manje espirityèl la. Lefètke yo fè sa, nou kapab di se kòmsi yo menm tou yo kontinye mete luil espirityèl nan lanp yo grasa Pawòl Bondye a e grasa lespri l. (Li Sòm 119:130; Jan 16:13.) Piske sa fè yo jwenn fòs, yo menm tou yo montre yo pare pou Kris retounen e yo rete aktif menmsi yo jwenn gwo eprèv. Pa egzanp, gen kèk frè yo te mete nan prizon nan yon kan nazi ki te gen yon sèl Bib. Yo te priye pou yo jwenn plis manje espirityèl. Yon ti tan annapre, yo te aprann gen yon lòt frè yo te fèk met nan prizon an ki te vini ak kèk nouvo Toudegad li te sere nan yon fo janm an bwa li te genyen. Frè Ernst Wauer, ki te gen esperans pou l al nan syèl, te youn nan moun ki te soti vivan nan prizon an. Men sa l te di: “Jewova te ede nou yon fason ki estrawòdinè pou n sonje kèk pwen nan atik sa yo ki te fòtifye nou.” Men sa l te di annapre: “Jodi a, li fasil anpil pou n jwenn manje espirityèl, men èske nou toujou apresye yo? Mwen gen konfyans Jewova ap vide anpil benediksyon sou moun ki mete konfyans yo nan li, ki rete fidèl e ki manje sou tab li.”

15, 16. Ki benediksyon yon koup te jwenn lefètke yo te zele nan ministè a, e ki sa nou kapab aprann nan eksperyans yo?

15 Lòt mouton yo tou rete okipe nan travay Mèt la, yo fè tout sa yo kapab pou yo ede frè Kris yo (Mat. 25:40). Yo pa menm jan ak esklav ki mechan e ki parese a Jezi te pale de li nan parabòl talan an. Yo aksepte fè sakrifis san fòse e yo fè tout sa yo kapab pou yo bay Wayòm nan premye plas nan lavi yo. Pa egzanp, lè yo te mande Jon ak madanm li, Masako, pou y al ede nan yon tèritwa, nan peyi Kenya, kote yo pale chinwa, okòmansman, yo t ap renka kò yo. Men, apre yo te fin egzamine sitiyasyon yo e yo priye Jewova, yo te aksepte asiyasyon an.

16 Yo te jwenn anpil benediksyon pou tout efò yo te fè. Men sa yo te di: “Isit la, travay la vrèman enteresan!” Yo te kòmanse sèt etid e yo te fè anpil bèl eksperyans. Men sa yo di ankò: “Nou di Jewova mèsi chak jou paske l te fè nou vin isit la.” Menm jan an tou, gen plizyè lòt frè ak sè ki montre nan desizyon y ap pran yo detèmine pou yo kontinye fè sa yo kapab nan travay Bondye a kèlkeswa lè lafen an vini. Panse ak plizyè milye frè ak sè ki pase Lekòl Gileyad e ki al sèvi kòm misyonè. Si w li atik ki gen tit “Nous faisons de notre mieux!” a ki parèt nan Toudegad 15 oktòb 2001 an, paj 27-30 (fransè), sa ap ba w yon ide sou ki jan sèvis espesyal sa a ye. Pandan w ap panse ak bèl bagay ou te li konsènan jounen travay yon misyonè, reflechi pou w wè ki jan w ta ka bay Bondye plis glwa nan sèvis w ap ba li a, sa k ap fè w jwenn plis kè kontan.

OU MENM TOU KONTINYE VEYE

Lè nou konsantre nan aktivite nou genyen antanke kretyen, tan an ap pase vit.

17. Ki benediksyon nou jwenn lefètke nou pa konnen ni jou a ni lè a?

17 Vrèmanvre, nou jwenn benediksyon lefètke nou pa konnen egzakteman ni ki jou ni ki lè sistèm sa a pral detwi. Pandan n ap bay tout nou menm nan fè volonte Jewova, Papa nou ki renmen nou an, nou rann nou kont, olye nou fristre oswa nou dekouraje, se pi pwòch nou vin pi pwòch li. Lefètke nou kontinye mete men nan chari a e nou pa kite anyen fè n distrè, nou jwenn anpil kè kontan nan sèvis Mèt nou an. — Lik 9:62.

18. Poukisa nou pa dwe pèdi lafwa?

18 Jou jijman Bondye a ap vanse sou nou ak tout boulin. Pa gen youn nan nou ki vle fè ni Jewova ni Jezi wont. Yo ban nou yon bèl travay pou nou fè nan dènye jou sa yo. Se pa ti kontan nou kontan lefètke yo fè nou konfyans! — Li 1 Timote 1:12.

19. Ki jan nou kapab montre nou pare?

19 Kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl la, kit nou gen esperans pou n viv sou tè a nan Paradi a, se pou nou detèmine pou nou rete fidèl nan travay Bondye ban nou pou n preche e pou n fè disip la! Jiska prezan nou pa konnen egzakteman ni ki jou ni ki lè jou Jewova a ap vini. Èske nou vrèman bezwen konn sa? Nou kapab montre nou pare e se pou nou kontinye fè sa (Mat. 24:36, 44)! Nou sèten depi nou met tout konfyans nou nan Jewova e nou bay Wayòm li an premye plas nan lavi nou, nou pap wont! — Wom. 10:11.