Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lekòl teyokratik yo — Prèv ki montre Jewova renmen nou

Lekòl teyokratik yo — Prèv ki montre Jewova renmen nou

JEWOVA se “Gran Pwofesè” nou an (Iza. 30:20NW). Se lanmou ki pouse l anseye moun. Pa egzanp, lefètke li renmen Jezi anpil, li montre Jezi “tout bagay li menm li fè”. (Jan 5:20.) Jewova renmen nou antanke Temwen l k ap fè tout sa nou kapab pou nou onore l e pou nou ede lòt moun. Se lanmou li gen pou nou ki fè li ban nou “lang moun ki resevwa ansèyman” an. — Iza. 50:4, NW.

Komite pou ansèyman Kolèj santral la imite Jewova nan sans sa a. Se sa k fè li mete 10 lekòl teyokratik sou pye pou fòme moun ki vle asiste lekòl sa yo e ki nan sitiyasyon pou yo fè sa. Èske w konsidere lekòl sa yo kòm prèv ki montre Jewova renmen nou?

Nou pral pale sou lekòl teyokratik ki genyen yo e nou pral wè kòmantè kèk moun ki te pase nan lekòl sa yo te fè. Apre sa, w ap kapab mande tèt ou ‘ki sa w kapab fè pou w byen pwofite fòmasyon sa a Bondye ap bay la’.

BYEN PWOFITE FÒMASYON TEYOKRATIK LA

Piske Jewova se “Bondye lanmou an”, li ban nou fòmasyon ki pèmèt lavi nou gen plis sans, ki prepare nou pou nou fè fas ak eprèv e ki pèmèt nou jwenn anpil jwa nan travay predikasyon an (2 Kor. 13:11). Menm jan ak disip yo nan premye syèk la, nou anmezi pou n ede lòt moun, pou n “anseye yo pou yo obsève tout bagay” jan Jezi te ban nou lòd fè sa. — Mat. 28:20.

Byenke nou gendwa pa kapab asiste tout lekòl sa yo, nou ka fè aranjman pou n asiste youn oswa plizyè nan yo. Apre nou fin asiste lekòl sa yo, n ap anmezi pou n aplike enstriksyon nou te jwenn ki soti nan Bib la. Anplis, n ap kapab vin pi maton nan travay predikasyon an lè nou travay ansanm ak adoratè Jewova ki jwenn bonjan fòmasyon nan lekòl sa yo.

Mande tèt ou: ‘Èske sitiyasyon m pèmèt mwen asiste youn nan lekòl sa yo?’

Adoratè Jewova yo konsidere sa kòm yon privilèj pou yo soutni lekòl sa yo ki itil anpil epi pran fòmasyon ladan yo. Nou swete pou fòmasyon nou jwenn yo fè nou vin gen pi bon relasyon ak Bondye epi ede nou byen pran responsablite nou, sitou responsablite nou genyen pou n preche a, yon travay ki ijan.