Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bondye te sèmante l ap reyalize pwomès li yo

Bondye te sèmante l ap reyalize pwomès li yo

“[Bondye] te sèmante sou tèt pa l, piske pa gen pèsonn ki pi gran pase l.” — EBRE 6:13.

1. Nan ki sans sa Jewova di diferan ak sa lèzòm enpafè di?

JEWOVA se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5, NW.) Piske lèzòm enpafè, nou pa toujou kapab fè sa yo di konfyans. Yon lòt bò, “li enposib pou Bondye bay manti”. (Ebre 6:18; li Nonb 23:19.) Bondye toujou kenbe pwomès li fè. Pa egzanp, nan kòmansman chak jou kreyasyon yo, Bondye te di l ap fè yon seri bagay, e “se konsa sa te pase”. Nan fen sizyèm jou kreyasyon an, ‘Bondye te gade sa l te fè yo, li te wè yo bon nèt’. — Jen. 1:6, 7, 30, 31.

2. Ki sa jou repo Bondye a ye, e poukisa “li mete l apa pou li”?

2 Apre Jewova Dye te fin gade sa l te kreye yo, li te anonse kòmansman yon setyèm jou. Setyèm jou sa a pa yon jou ki gen 24 è. Men, se yon jou ki long anpil kote Jewova ap repoze l apre l te fin kreye tout sa k sou tè a (Jen. 2:2). Jou sa a poko rive nan bout li (Ebre 4:9, 10). Labib pa di ki lè egzakteman jou sa a te kòmanse. Sèl sa nou konnen, se te apre Bondye te fin kreye Èv, madanm Adan an, sa gen anviwon 6 000 an. Objektif Bondye se fè tè a vin yon paradi pou toutan ki chaje ak moun pafè k ap viv ladan l. Objektif sa a ap reyalize grasa Rèy mil an Kris la ki pa lwen rive (Jen. 1:27, 28; Rev. 20:6). Èske w kapab kwè toutbon se bèl avni sa a k ap tann ou? Wi w kapab. Paske “[Bondye] beni setyèm jou a, li mete l apa pou li”. Konsa, li ban nou garanti, kèlkeswa sa k ta ka rive, nan fen jou l pran pou l repoze l la, l ap reyalize objektif li a san mank. — Jen. 2:3.

3. a) Apre jou Bondye te pran pou l repoze l la te kòmanse, ki gwo malè ki te rive? b) Ki jan Jewova te fè konnen l ap met fen nan rebelyon sa a?

3 Men, apre jou Bondye te pran pou l repoze l la te kòmanse, gen yon gwo malè ki te rive. Satan, youn nan pitit espirityèl Bondye yo, te vin opoze ak Bondye. Satan se premye moun ki bay manti. Li te twonpe Èv, li te fè l dezobeyi Jewova (1 Tim. 2:14). Èv li menm te lakòz mari l dezobeyi Jewova (Jen. 3:1-6). Nan moman kote Satan te di Jewova bay manti a, Jewova pa t twouve sa nesesè pou l fè sèman pou l bay garanti l ap reyalize objektif li kanmenm. Olye de sa, li te annik di ki jan rebelyon an t ap gen pou l fini. Men sa l te di: “M ap mete yon rayisman ant ou menm [Satan] ak madanm nan, ant desandans pa w ak desandans pa l. [Desandans yo te pwomèt la] ap kraze tèt ou, e ou menm w ap blese l nan talon.” Bondye te bay esplikasyon sou pawòl sa yo nan moman li te fikse pou sa. — Jen. 3:15, NW; Rev. 12:9.

FÈ SÈMAN TE YON BAGAY LEGAL

4, 5. Ki sa Abraram te konn fè pafwa ki te legal?

4 Pa gen okenn rezon pou n kwè lè Adan ak Èv te pafè yo te konn sèmante lè y ap pale pou yo fè konnen y ap di laverite. Moun ki pafè, ki renmen Bondye e ki imite l pa bezwen fè sèman, paske moun sa yo toujou di laverite e yo fè youn lòt konfyans ak tout kè yo. Men, sa te vin chanje lè lèzòm te peche e yo te vin enpafè. Ofiramezi tan t ap pase, lèzòm te vin pran abitid bay manti epi twonpe moun. Konsa, li te vin nesesè pou yon moun fè sèman, lè gen bagay enpòtan k ap regle, pou l pwouve l ap di laverite.

5 Nan epòk Abraram nan, se te yon bagay legal pou yon moun fè sèman. Abraram te fè sèman pou pi piti nan twa sitiyasyon diferan (Jen. 21:22-24; 24:2-4, 9). Pa egzanp, li te fè sèman apre l te fin bat wa Elam nan ak akolit li yo byen bat. Apre sa, wa Salèm nan ak wa Sodòm nan te vin rankontre l. Mèlkisedèk, wa Salèm nan, ‘t ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la antanke prèt’ tou. Se sa k fè, li te beni Abraram e li te fè lwanj pou Bondye dèske li te bay Abraram viktwa sou ènmi l yo (Jen. 14:17-20). Annapre, lè wa Sodòm nan te vle rekonpanse Abraram poutèt Abraram te sove pèp la anba men lame ki te atake l yo, Abraram te fè yon sèman. Men sa l te di l: “Mwen fè sèman devan Senyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, mwen p’ap pran anyen nan sa ki pou ou, li te mèt yon ti moso fil, yon kòd sapat. Konsa, ou p’ap janm ka di se ou menm ki fè Abram rich.” — Jen. 14:21-23.

JEWOVA TE FÈ ABRARAM YON SÈMAN

6. a) Ki egzanp Abraram kite pou nou? b) Lefètke Abraram te obeyi ki byenfè n ap jwenn?

6 Jewova, Bondye nou an, konn fè sèman tou pou byen lèzòm. Li konn sèvi ak ekspresyon tankou: “Men sa Jewova Souvren Seyè a di: toutotan m vivan.” ​(Eze. 17:16, NW). Labib montre Jewova te sèmante nan plis pase 40 sitiyasyon diferan. Petèt, egzanp plis moun konnen, se fason li te byen boule ak Abraram. Pandan plizyè ane, Jewova te fè Abraram anpil pwomès. Lè nou met tout pwomès sa yo ansanm, sa vin ede nou konprann Desandans Jewova te pwomèt la t ap soti nan Abraram, pa mwayen Izarak pitit gason l lan (Jen. 12:1-3, 7; 13:14-17; 15:5, 18; 21:12). Annapre, Jewova te teste Abraram yon fason ki te difisil anpil lè l te mande l ofri pitit gason li te renmen anpil la kòm sakrifis. Abraram te obeyi san pèdi tan e se yon zanj Bondye ki te vin kanpe l ki fè l pa t gentan sakrifye Izarak. Apre sa Jewova te fè l yon sèman. Li te di l: “Mwen sèmante sou tèt mwen [...] Mwen gen pou m beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. Mwen pwomèt pou m ba ou anpil pitit pitit. Y’ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y’a bat tout lènmi yo. Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a.” — Jen. 22:1-3, 9-12, 15-18.

7, 8. a) Poukisa Bondye te fè Abraram sèman? b) Ki jan “lòt mouton” Jezi yo benefisye sèman sa a?

7 Poukisa Bondye te fè Abraram sèman l ap kenbe pwomès li te fè l yo? Se te yon fason pou l te ka ankouraje moun ki t ap gen pou vin wa bò kote Kris yo e ki t ap fòme dezyèm pati “desandans” lan, epi fè yo gen plis lafwa nan li. (Li Ebre 6:13-18; Gal. 3:29.) Jan apot Pòl te di sa: “[Bondye] te fè yon sèman, dekwa pou, grasa de bagay ki pa ka chanje [pwomès li fè a ak sèman li fè a], bagay li enposib pou Bondye bay manti ladan yo [...] nou ka resevwa yon gwo ankourajman pou nou kenbe esperans yo met devan nou an fèm.”

Talè konsa, Abraram pral wè pwomès Jewova yo reyalize.

8 Se pa sèl kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo ki benefisye sèman Bondye te fè Abraram nan. Jewova te sèmante “tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon” grasa “desandans” Abraram nan (Jen. 22:18). Pami moun ki pral jwenn benediksyon yo, nou jwenn moun ki obeyi Kris yo, ki fè pati “lòt mouton” yo. Moun sa yo gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a nan yon paradi (Jan 10:16). Kèlkeswa esperans ou genyen an, kit se pou w al viv nan syèl la kit se pou w viv sou tè a, “kenbe [l]” fèm. W ap rive fè sa lè w kontinye obeyi Bondye nan tout sa w ap fè. — Li Ebre 6:11, 12.

LÒT SÈMAN BONDYE TE FÈ

9. Ki sèman Bondye te fè lè pitit pitit Abraram yo te esklav nan peyi Ejip?

9 Plizyè syèk apre sa, lè Jewova te voye Moyiz al pale ak pitit pitit Abraram yo ki te esklav nan peyi Ejip nan moman sa a, avèk respè, Jewova te sèmante yon lòt fwa ankò sou pwomès nou te pale de yo pi wo yo (Egz. 6:6-8). Jewova te pale de epòk sa a pa mwayen Ezekyèl. Men sa l te di: ‘Lè mwen te chwazi pèp Izrayèl la mwen te fè sèman m t’ap fè yo soti kite Lejip, m t’ap mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule kou dlo.’ — Eze. 20:5, 6.

10. Ki pwomès Bondye te fè pèp Izrayèl la apre l te fin fè yo soti anba men Ejipsyen yo?

10 Apre Jewova te fin delivre pèp Izrayèl la anba men Ejipsyen yo, li te fè yo yon lòt sèman ankò. Men sa l te di: “Si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m’ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. Men nou menm, n’ap vini yon nasyon moun k’ap sèvi m tankou prèt, yon pèp k’ap viv apa pou mwen.” ​(Egz. 19:5, 6). Ala yon gwo privilèj Bondye te ofri pèp Izrayèl la! Sa vle di, si yo te obeyi Bondye, moun ki soti nan nasyon sa a t ap gen esperans pou yo vin wa e pou yo vin prèt anmenmtan pou byen limanite. Annapre, lè Jewova t ap pale de sa l te fè pou pèp Izrayèl la nan epòk sa a, li te di: “Mwen fè sèman m’ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou.” — Eze. 16:8.

11. Lè Jewova te mande pèp Izrayèl la pou yo fè yon alyans avè l, ki repons pèp la te ba l?

11 Jewova pa t fòse pèp Izrayèl la sèmante y ap obeyi l, ni li pa t fòse yo aksepte vin gen yon relasyon espesyal avè l. Okontrè, se yo ki te chwazi fè sa. Men sa yo te di: “N’a fè tou sa Senyè a di nou fè.” ​(Egz. 19:8). Jewova te kite twa jou pase, apre sa, li fè pèp Izrayèl la konnen sa li t ap atann nan men nasyon li chwazi a. Pou kòmanse, yo te tande Dis Kòmandman yo, apre sa Moyiz te ba yo lòt kòmandman nou jwenn nan Egzòd 20:22 rive nan Egzòd 23:33 yo. Ki repons pèp Izrayèl la te bay? Labib di: “Tout pèp la reponn ansanm: N’a fè tou sa Senyè a di nou fè.” ​(Egz. 24:3). Annapre, Moyiz te ekri lwa yo nan “liv alyans lan” ​(NW), e li te li yo byen fò pou tout pèp la nèt te ka tande yo ankò. Yon twazyèm fwa, pèp la te sèmante ‘y ap fè tou sa Senyè a mande yo fè, y ap obeyi l’. — Egz. 24:4, 7, 8.

12. Ki jan Jewova te aji anrapò ak alyans li te fè ak pèp Izrayèl la, e ki jan pèp la te aji bò kote pa l?

12 San pèdi tan, Jewova te kòmanse fè sa l te pwomèt l ap fè nan alyans Lalwa a. Li te fè konstwi yon tant pou pèp la te ka adore l, e li te mete yon klas prèt sou pye, ki t ap pèmèt lèzòm enpafè pwoche bò kote l. Pèp Izrayèl la bò kote pa l, pa t pran tan pou yo bliye pwomès yo te fè Bondye a e “yo te fè Sen Izrayèl la lapenn”. (Sòm 78:41, NW.) Pa egzanp, nan moman Moyiz t ap resevwa plis enfòmasyon nan men Jewova sou mòn Sinayi, Izrayelit yo te vin pèdi pasyans, yo te panse Moyiz te abandone yo e yo te kòmanse pèdi lafwa nan Bondye. Yo te fè yon ti bèf annò e yo te di pèp la: “Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.” ​(Egz. 32:1, 4). Apre sa, yo te swadizan “fè yon gwo fèt pou Senyè a”, yo te pwostène devan imaj yo te fè a e yo te fè sakrifis pou li. Lè Jewova wè sa, li di Moyiz: “Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la.” ​(Egz. 32:5, 6, 8). Malerezman, pèp Izrayèl la te vin gen repitasyon yon pèp k ap plede fè Bondye pwomès epi pase yo anba pye annapre. — Nonb 30:2.

DE LÒT SÈMAN

13. Ki sèman Bondye te fè wa David, e ki rapò sèman sa a genyen ak Desandans Bondye te pwomèt la?

13 Nan epòk David te wa, Jewova te fè de lòt sèman ki t ap pwofitab pou moun ki obeyi l yo. Pou kòmanse, li te fè David sèman t ap toujou gen yon pitit li sou twòn nan (Sòm 89:35, 36; 132:11, 12). Sa ki te vle di, Desandans Jewova te pwomèt la t ap yon “pitit David”. (Mat. 1:1; 21:9.) Avèk imilite, David te rele pitit sa a “Seyè”, paske Kris la t ap gen pi gwo pozisyon pase l. — Mat. 22:42-44.

14. Ki sèman Jewova te fè anrapò ak Desandans li te pwomèt la, e ki jan sa pwofitab pou nou?

14 Dezyèmman, Jewova te fè David ekri, Wa san parèy sa a t ap gen pou l sèvi kòm Gran Prèt pou tout limanite. Ann Izrayèl, wa yo te okipe zafè pa yo, e klas prèt la li menm te okipe zafè pa l, youn pa t ka pran plas lòt. Prèt yo te soti nan tribi Levi e wa yo te soti nan tribi Jida. Men, konsènan wa sa a ki t ap enpòtan anpil la, David te di: “Deklarasyon Jewova pou Seyè mwen an : ‘Chita adwat mwen jiskaske mwen plase ènmi w yo tankou yon tabourè anba pye w’. Jewova fè sèman (e li pap regrèt): ‘Ou se prèt pou tan endefini tankou Mèlkisedèk!’” ​(Sòm 110:1, 4NW). Jan pwofesi a te anonse sa, jodi a, Jezi Kris, Desandans Bondye te pwomèt la, ap dirije nan syèl la. Mete sou sa, l ap sèvi antanke Gran Prèt pou l ka ede moun ki repanti yo vin zanmi Bondye. — Li Ebre 7:21, 25, 26.

NOUVO IZRAYÈL BONDYE A

15, 16. a) Bib la pale konsènan de Izrayèl, kiyès yo ye e kiyès nan yo ki gen benediksyon Jewova jodi a? b) Ki lòd Jezi bay disip li yo anrapò ak fè sèman?

15 Etandone nasyon Izrayèl la pa t aksepte Jezi Kris, nonsèlman yo te pèdi relasyon espesyal yo te gen ak Bondye a, men tou, yo te pèdi posiblite pou yo te vin “yon wayòm prèt”. (NW.) Men sa Jezi te di chèf relijye Juif yo: “Y ap retire wayòm Bondye a nan men nou, e se yon nasyon k ap pwodui fwi wayòm nan y ap bay li.” ​(Mat. 21:43). Nouvo nasyon Jezi te pale de li a te fòme nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè lespri Bondye te desann sou anviwon 120 disip ki te reyini Jerizalèm. Yo te vin konnen nasyon sa a kòm “Izrayèl Bondye a” e sa pa t pran tan pou plizyè milye moun ki te soti nan tout nasyon vin fè pati Izrayèl Bondye a. — Gal. 6:16.

16 Kontrèman ak Izrayèl selon lachè a, Izrayèl Bondye a kontinye pote bon fwi paske li kontinye obeyi Bondye. Youn nan kòmandman moun ki fè pati nasyon sa a obeyi, se lòd Jezi te ba yo pou yo pa fè sèman an. Nan epòk Jezi te sou tè a, moun yo pa t bay sèman valè. Yo te konn sèmante pou ti krik ti krak e yo te konn fè sèman tou menm lè yo te konnen sa yo t ap di yo se manti (Mat. 23:16-22). Jezi te anseye disip li yo pou yo “pa sèmante ditou”. Li te ajoute: “Se pou ‘wi’ nou vle di wi, e se pou ‘non’ nou vle di non. Paske, tout sa nou di anplis soti nan Mechan an.” — Mat. 5:34, 37.

Jewova toujou reyalize objektif li.

17. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Èske sa vle di li toujou mal pou yon moun sèmante? Yon lòt kesyon ki pi enpòtan toujou se: ki sa Jezi te vle di lè l te mande disip li yo pou wi yo vle di wi? N ap reponn kesyon sa yo nan atik nou pral etidye apre a. Toutpandan n ap kontinye medite sou Pawòl Bondye a, annou pran detèminasyon pou nou kontinye obeyi Jewova! Jewova bò kote pa l ap pran plezi pou l beni nou pou toutan, paske nonsèlman li pwomèt nou sa, men tou, li sèmante l ap fè sa.