Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byografi

Nou gen 60 an depi nou zanmi e nou fèk kare zanmi!

Nou gen 60 an depi nou zanmi e nou fèk kare zanmi!

Ann ete 1951, yon jou swa, nan Ithaca ki nan vil Nouyòk, Ozetazini, kat jèn gason nan kòmansman ventèn yo t ap pale nan telefòn piblik ki te aliyen youn dèyè lòt. Yo te kontan pataje yon bon nouvèl ak fanmi yo, zanmi yo ki te nan Michigan, Ayowa ak Kalifòni.

ANVAN sa, nan mwa fevriye menm ane a, gen 122 pyonye ki te rasanble South Lansing, Nouyòk, pou yo asiste 17yèm klas Lekòl Gileyad la. Pami tout moun ki te la ki t apral vin misyonè pi devan, te gen Lowell Turner, William (Bill) Kasten, Richard Kelsey ak Ramon Templeton. Lowell ak Bill te soti Michigan, Richard te soti Ayowa e Ramon te soti Kalifòni. Yo pa t pran tan pou yo vin bon zanmi.

Soti sou bò goch rive sou bò dwat: Richard, Lowell, Ramon ak Bill ki te vin zanmi lè yo te Gileyad.

Anviwon senk mwa annapre, tout moun te kontan lè yo te aprann frè Nathan Knorr t ap soti nan syèj mondyal la pou l vin pale ak etidyan yo. Kat frè sa yo te fè konnen yo ta renmen al sèvi nan menm peyi, si sa posib. Yo t apral jwenn plis enfòmasyon sou peyi yo t apral voye yo kòm misyonè a.

Lè frè Knorr, ki te kanpe devan tout klas la, te kòmanse fè elèv yo konnen ki kote yo prale, yo pa t ka tann pou yo konnen ki kote y ap voye yo. Premye elèv yo te rele sou lestrad la, se te kat frè sa yo. Kè yo t ap sote, men yo te vin soulaje lè yo te vin aprann finalman yo t ap rete ansanm. Ki kote yo t apral voye yo? Lè frè Knorr te fè konnen se ann Almay yo t aprale, tout klas la te sezi e yo te bat bravo pandan yon bon ti tan.

Temwen Jewova tout kote te kontan lè yo te tande jan Temwen Jewova nan peyi Almay yo te rete fidèl anba rejim Hitler a, depi ane 1933. Gen anpil etidyan ki te sonje lè yo te prepare bwat rad ak lòt bwat ankò pou yo voye bay frè yo ann Ewòp apre Dezyèm Gè mondyal la. Frè ak sè nan peyi Almay yo te gen yon lafwa solid, yo te gen detèminasyon, kouraj ak konfyans nan Jewova. Men sa Lowell sonje li te di tèt li: ‘Kounye a, nou pral fè konesans ak frè ak sè sa yo fasafas.’ Se sa k fè, jou swa sa a, tout moun te kontan anpil e yo te vle rele fanmi yo ak zanmi yo.

SOU WOUT POU Y AL ANN ALMAY

Ramon k ap anseye nan Lekòl ministè Wayòm.

Jou ki te 27 jiyè 1951 an, bato ki te rele Homeland lan, ki t ap mennen kat zanmi sa yo ann Almay la, te kite Nouyòk. Vwayaj la t apral pran 11 jou. Premye moun ki te aprann yo kèk fraz ann Alman, se te Frè Albert Schroeder, youn nan enstriktè Lekòl Gileyad yo, ki te vin manm Kolèj santral annapre. Kòm te gen kèk Alman sou bato a, petèt frè yo t apral pwofite okazyon an pou yo vin konn lang nan pi byen. Men, genlè Alman sa yo te pale diferan dyalèk alman. Sa te lage frè yo nan gwo konfizyon!

Pandan frè yo te sou bato a, yo te malad detanzantan paske yo te gen mal lanmè. Men, finalman, nan jou ki te madi 7 out la, yo te debake ann Almay nan maten, nan vil Anbou. Gè a te gen sizan depi l fini e tout kote yo te gade, yo te wè dega gè a te fè. Sa yo te wè yo te fè yo tris, se sa k fè yo te pran yon tren nan aswè pou y al Wiesbaden, vil kote filyal la te ye lè sa a.

Richard k ap sèvi ak yon aparèy nan Betèl, nan Wiesbaden.

Byen bonè nan mèkredi maten, yo te fè konesans ak premye Temwen yo te rankontre nan peyi a. Li te rele Hans, yon non anpil moun genyen. Hans te kondui yo sot nan estasyon tren an pou y al Betèl, kote yon sè aje ki pa t konn pale anglè te akeyi yo. Sè sa a te gen anpil detèminasyon. Sepandan, li te panse si l pale fò yo t ap konprann sa l ap di yo. Li te kontinye ap pale pi fò, e ni li menm, ni frè yo te kòmanse pèdi pasyans. Finalman, frè Erich Frost, sèvitè filyal la, vin parèt e li te ba yo yon bèl salitasyon ann anglè. Bagay yo te kòmanse amelyore.

Nan fen mwa out, yo te asiste premye kongrè yo ann alman ki te gen tèm “Adorasyon ki pwòp la”. Kongrè sa a te fèt Frankfòt. Pi gwo asistans ki te gen nan kongrè a se te 47 432 moun e te gen 2 373 moun ki te batize. Sa te fè frè yo vin gen detèminasyon ankò pou yo fè travay yo antanke misyonè e pou yo preche. Sepandan, kèk jou apre, frè Knorr te fè yo konnen y ap ret travay nan Betèl la.

Jwa yo te jwenn nan sèvis la te konvenk yo nèt Jewova toujou konnen sa k pi bon pou moun.

Ramon te fiksye kè l sou travay misyonè a, se sa k fè, pandan l te Ozetazini, gen yon lè li te jwenn posiblite pou l al Betèl men li pa t aksepte. Richard avèk Bill yo menm pa t janm reflechi sou posiblite pou yo ta sèvi nan Betèl. Sepandan, lajwa yo te vin gen nan sèvis la te konvenk yo nèt Jewova toujou konnen sa k pi bon pou sèvitè l yo. Se sa k fè li toujou pi bon pou nou fè sa l mande nou olye nou fè sa lide nou di nou. Yon moun ki konprann sa ap kontan ak kèlkeswa asiyasyon li resevwa e l ap kontan sèvi Jewova kèlkeswa kote a.

VERBOTEN!

Anpil moun nan Betèl la te kontan lefètke te vin gen ameriken nan mitan yo paske sa t apral pèmèt yo pratike anglè. Men, yon jou, pandan tout moun te nan salamanje a, yo te pèdi tout espwa. Frè Frost ki se yon moun ki toujou pale avèk chalè te kòmanse pale, ann alman, sou yon bagay ki te gen anpil enpòtans. Pifò moun nan fanmi an te rete tou dousman san yo pa di anyen toutpandan je yo te kole nan asyèt yo. Frè yo ki te fèk vini pa t ka konprann sa l t ap di a, men apre yon ti tan yo te vin konprann sa l t ap di a te gen rapò ak yo. Se sa k fè, lè frè Frost te di byen fò “VERBOTEN!”, ki vle di “pa fè sa!”, e li te kontinye di sa pi fò, yo te santi yo malalèz. Ki sa yo te fè ki fè frè a te vin ap pale byen fò konsa a?

Anlè: Frè Frost (adwat) ak kèk lòt moun pandan yon vizit ak frè Knorr (agoch).

Apre tout moun fin manje, yo tout te kouri al nan chanm yo. Annapre, men sa yon frè te di kat frè yo pou l esplike sa k te pase a: “Pou nou kapab ede nou, fòk nou aprann pale alman. Se sa k fè frè Frost te di nou pa dwe pale anglè ak nou jiskaske nou fin konn lang nan.”

Fanmi Betèl la pa t pran tan pou yo aplike konsèy la. Nonsèlman sa te ede nouvo frè sa yo aprann alman, men tou yo te aprann lè yon frè ba yo konsèy avèk amou se toujou pou byen yo, menmsi li gendwa difisil okòmansman pou yo aplike konsèy la. Konsèy frè Frost te bay la te montre jan li vle pou bagay yo byen mache nan òganizasyon an ak lanmou l gen pou frè ak sè yo *. Se sa k fè toule kat frè sa yo te vin renmen l.

LESON NOU APRANN NAN MEN ZANMI NOU YO

An 1952, pandan nou te an vakans nan peyi Suis.

Lè nou gen zanmi ki gen krentif pou Bondye, nou kapab aprann leson enpòtan nan men yo e sa ap ede nou vin pi bon zanmi ak Jewova. Toule kat frè sa yo aprann anpil bagay nan men anpil frè alman ki fidèl. Yo tèlman anpil nou pa ka site non yo tout. Men, yo te aprann anpil bagay nan men youn lòt tou. Men sa Richard di: “Lowell te plizoumwen konnen lang alman an e li te te degaje l ak sa l te konnen an. Men, nou menm nou te gen anpil pwoblèm. Piske se li menm ki te pi gran, se ak li menm nou te konn pale lè n te gen pwoblèm ak lang nan e se li menm nou te atann ki pou ede nou.” Men sa Ramon sonje: “Apre nou te fin pase ennan ann Almay, premye fwa nou t apral pran vakans, se pa ti kontan m te kontan lè yon frè suis te ofri nou pou nou itilize yon bèl ti kay li te gen nan peyi Suis! Nou te gen de semèn devan nou kote nou pa t apral nan goumen ak lang Alman an. Men, mwen pa t konnen sa Lowell te gen nan tèt li. Li te ensiste pou n li tèks pou jounen an e pou nou diskite l ansanm ann alman chak jou! Sa pa t fè m kontan, men misye pa t bay legen. Sepandan, nou te aprann yon bèl leson: Nou dwe suiv moun ki vle byen pou nou, menmsi nou gendwa pa dakò pafwa. Pandan ane ki pase yo, mantalite sa a te ede nou anpil e li te fè li pi fasil pou n soumèt nou anba direksyon Bondye bay.”

Ann amoni ak Filipyen 2:3 ki di “avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou”, kat zanmi sa yo te aprann apresye tou bèl kalite yo chak genyen. Se sa k fè, souvan, lòt yo te konn onore Bill lè yo te konn ba l fè yon seri bagay yo te panse li te kapab fè pi byen pase yo. Men sa Lowell sonje: “Lè te gen aksyon enpòtan pou nou fè oswa kèk bagay ki pa fasil nou te bezwen fè pou nou regle yon sitiyasyon difisil, se Bill nou t al jwenn. Li te konn ki jan pou l jere sitiyasyon difisil yo jan nou tout te dakò pou sa fèt alòske nou menm nou te manke kouraj oswa kapasite pou n aji.”

YO JWENN KÈ KONTAN NAN MARYAJ YO

Youn apre lòt, toule kat frè sa yo te deside pou yo marye. Amitye yo a te chita sou lanmou yo te gen pou Jewova e pou sèvis aplentan. Se sa k fè yo te detèmine pou yo jwenn sè ki te dispoze bay Jewova premye plas nan lavi yo. Sèvis aplentan te aprann yo gen plis kè kontan lè yon moun bay pase lè l resevwa e li pi bon pou yon moun bay Wayòm nan premye plas pase pou l pousuiv objektif egoyis li genyen. Se sa k fè yo te marye ak sè ki te deja nan sèvis aplentan. Toule kat mesye sa yo te jwenn kè kontan nan maryaj yo e maryaj yo te solid.

Pou yon amitye oswa yon maryaj dire lontan, se pou Jewova ladan l (Ekl. 4:12). Byenke madanm Bill ak Ramon te mouri, toule de mesye sa yo te konnen sa sa vle di pou yon nonm gen yon madanm fidèl k ap soutni l e ki fè kè l kontan. Lowell ak Richard kontinye ap fè eksperyans sa a e Bill, ki te remarye, te aji avèk sajès lè l te chwazi yon sè ki t ap pèmèt li rete nan sèvis aplentan.

Apre maryaj yo, kat zanmi sa yo te resevwa asiyasyon ki te mennen yo diferan kote ann Almay, Otrich, Liksanbou, Kanada ak Etazini. Konsa, yo te jwenn posiblite pase anpil tan ansanm jan yo te vle a. Menm lè distans te separe yo, yo te toujou kenbe kontak, sa ki te pèmèt yo rejwi ansanm lè yo te jwenn benediksyon epi kriye ansanm lè yo te nan lapenn (Wom. 12:15). Amitye konsa se amitye nou dwe ancheri e nou pa dwe janm meprize. Se Jewova ki bay kado sa yo ki gen anpil valè (Pwo. 17:17). Se pa ti difisil li difisil pou nou jwenn zanmi konsa nan monn n ap viv jodi a! Sepandan, tout vrè kretyen kapab gen kalite zanmi sa yo agogo. Antanke Temwen Jewova, nou fè zanmi ak kwayan parèy nou yo sou tout tè a, e sa k pi enpòtan an, nou se zanmi Jewova Dye ak Jezi Kris.

Menm jan sa ye pou nou tout, pafwa bagay yo pa t fasil pou mesye sa yo, kit se paske yo te pèdi yon madanm, kit se paske yo te malad grav, kit se paske yo t ap pran swen paran ki aje, kit se akoz difikilte yo te jwenn pandan y ap leve pitit yo toutpandan yo nan sèvis aplentan, kit se akoz nouvo asiyasyon yo te jwenn ki te ba yo kè sote, kit se akoz plis pwoblèm yo kontinye ap jwenn kounye a nan vyeyès yo. Sepandan, yo konnen, selon eksperyans yo fè, moun ki renmen Jewova yo gen zanmi pou ede yo lè yo nan pwoblèm yo, kit se zanmi ki toupre yo, kit se sa ki lwen yo.

YON AMITYE K AP DIRE POU TOUTAN

Se te yon bon bagay dèske Lowell, Ramon, Bill ak Richard te vwe lavi yo bay Jewova lè yo te gen 18 an, 12 an, 11 an ak 10 an e yo te antre nan sèvis aplentan lè yo te gen ant 17 a 21 an. Yo te fè sa Eklezyas 12:1 te ankouraje yo fè a: “Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la.”

Si w se yon jèn gason e w se yon kretyen, si sa posib, aksepte envitasyon Jewova fè w pou w antre nan sèvis aplentan an. Si w fè sa, grasa favè san parèy l ap fè w, menm jan ak mesye sa yo, petèt w ap kapab vin siveyan sikonskripsyon, siveyan distri, siveyan zòn, Betelit, manm Komite filyal, enstriktè nan Lekòl ministè Wayòm ak nan Lekòl pyonye oswa w ap kapab bay diskou nan kongrè, kit se nan kongrè ki pa gen anpil moun, kit se sa ki gen anpil moun. Se pa ti kontan yo kontan lefètke yo konnen plizyè dizèn milye moun te pwofite aktivite yo t ap fè! Tout sa te vin posib pou yo paske, lè yo te jèn, yo te annik suiv bonjan konsèy Jewova te ba yo pou yo sèvi l ak tout kè yo. — Kol. 3:23.

Soti sou bò goch rive sou bò dwat: Richard, Bill, Lowell ak Ramon, an 1984, ki te rankontre Sèltès pou inogirasyon kèk nouvo bilding nan filyal Almay la.

Jodi a, Lowell, Richard ak Ramon ap sèvi yon lòt fwa ankò nan filyal Almay la ki Sèltès kounye a. Malerezman, Bill mouri nan ane 2010 pandan l t ap sèvi kòm pyonye espesyal nan peyi Etazini. Finalman, apre prèske 60 an, lanmò te kraze amitye espesyal sa a ki te egziste ant yo kat la. Sepandan, Jewova Dye pa janm bliye zanmi l. Nou kapab gen garanti, anba dominasyon Wayòm nan, tout kretyen pral rewè tout bon zanmi yo ki te mouri e yo pral fèk kare zanmi!

“Pandan 60 an nou te zanmi an, mwen pa sonje menm yon fwa nou te gen pwoblèm youn ak lòt.”

Men sa Bill te ekri yon ti tan anvan l te mouri: “Pandan 60 an nou te zanmi an, mwen pa sonje menm yon fwa nou te gen pwoblèm youn ak lòt. Amitye nou an toujou espesyal pou mwen.” Lè sa a, zanmi l yo ki gentan wè amitye sa a k ap kontinye nan monn nouvo a, te di san pèdi tan: “E nou fèk kare zanmi!”

^ § 17 Istwa lavi frè Frost vrèman enteresan. N ap jwenn istwa sa a nan Toudegad 15 avril 1961, paj 244- 249 (anglè).