Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Moutre m jan pou m fè sa ou vle”

“Moutre m jan pou m fè sa ou vle”

“Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m jan pou m fè sa ou vle.” — SÒM 143:10.

1, 2. Nan ki sans nou kapab jwenn byenfè lè nou fè volonte Bondye, e ki sa wa David kapab aprann nou nan sans sa a?

ÈSKE W deja itilize yon kat jeyografik sou òdinatè ki pèmèt ou wè ki direksyon pou w pran pou w al yon kote? Si w konn fè sa, petèt sa te ede w konnen ki pi bon wout pou w fè. Menm jan an tou, gen yon prensip ki kapab ede nou lè nou gen desizyon enpòtan pou nou pran. Lè nou wè bagay yo menm jan ak Kreyatè nou an ki wè pi lwen lontan pase nou, sa ap ede nou pou nou ‘mache nan chemen’ ki fè l plezi a. — Iza. 30:21, NW.

2 David, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, bay yon bèl egzanp antanke moun ki te fè volonte Bondye pandan prèske tout vi l. Toutpandan n ap chèche wè ki sa nou kapab aprann nan konduit David, yon nonm ki t ap sèvi Jewova Bondye li a, ak tout kè l, annou fè yon ti pale sou kèk evènman ki te rive nan lavi l. — 1 Wa 11:4.

DAVID TE BAY NON JEWOVA ANPIL VALÈ

3, 4. a) Ki sa k te pouse David fè fas ak Golyat? b) Ki jan David te konsidere non Bondye?

3 Annou pran egzanp kote David t apral goumen ak chanpyon filisten ki te rele Golyat la. Ki sa k te pouse David, ki te jèn gason lè sa a, fè fas ak yon jeyan ki te gen tout sa k te nesesè pou l goumen e ki te mezire anviwon twa mèt wotè (1 Sam. 17:4)? Èske se kran ki te pouse l fè sa? Èske se paske li te gen lafwa nan Bondye? Se vre, David pa t ap rive aji jan l te aji a si l pa t gen de kalite enpòtan sa yo lakay li. Men, se sitou respè li te genyen pou Jewova ak non Jewova, yon non ki enpòtan anpil, ki te pouse l kanpe devan jeyan sa a. Pawòl David te di nan moman sa a, montre jan li te fache. Men sa l te di: “Kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k’ap sèvi Senyè a, ye menm pou l mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l la?” — 1 Sam. 17:26.

4 Men sa David te di Golyat lè li te fasafas avè l: “W ap avanse sou mwen ak yon epe, yon lans ak yon javlo, men mwen menm, m ap avanse sou ou avèk non Jewova [Chèf] lame yo, Bondye liy batay Izrayèl la, Bondye w ap pwovoke a.” ​(1 Sam. 17:45, NW). David te met konfyans li nan vrè Dye a e li te touye chanpyon filisten sa a ak yon sèl kout wòch li te voye nan yon flonn. Se pa t nan sitiyasyon sa a sèlman David te met konfyans li nan Jewova e li te bay non Jewova anpil valè, li te fè sa tou pandan tout vi l. Se sa k fè, li te ankouraje Izrayelit yo pou yo ‘montre yo fyè dèske y ap louwe non Jewova ki sen’ ​(NW). — Li 1 Kwonik 16:8-10.

5. Ki sitiyasyon nou gendwa ap viv ki ka sanble ak lè Golyat t ap pwovoke pèp Izrayèl la?

5 Èske w santi w fyè dèske se Jewova ki Bondye w (Jer. 9:24)? Ki jan w reyaji lè vwazen w, moun k ap travay menm kote avè w, kamarad lekòl ou oswa fanmi w ap pale Jewova mal oswa y ap pase Temwen l yo nan rizib? Èske w defann non Jewova lè moun ap kritike l toutpandan w met konfyans ou nan li pou l ede w fè sa? Se vre, Labib di gen “yon tan pou w fè silans” ​(NW), men, nou pa dwe wont dèske nou se Temwen Jewova e dèske nou se disip Jezi (Ekl. 3:1, 7; Mak 8:38). Byenke lè n ap pale ak moun ki pa dakò avè n yo nou dwe fè sa avèk ladrès ak jantiyès, nou pa dwe vin menm jan ak Izrayelit yo ki te ‘vin pè anpil e ki te pran tranble’ lè yo te tande pawòl Golyat te di yo (1 Sam. 17:11). Okontrè, annou pran fèm detèminasyon pou nou sangtifye non Jewova, Bondye nou an. Nou vle ede tout moun pou yo aprann konnen ki kalite Bondye Jewova ye toutbon. Se sa k fè, nou sèvi ak Pawòl li te fè ekri a pou nou fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun konprann jan li enpòtan pou yo pwoche bò kote l. — Jak 4:8.

6. Ki sa k te pouse David afwonte Golyat, e ki sa k dwe gen plis enpòtans pou nou?

6 Nou kapab aprann yon lòt leson ki enpòtan anpil nan afwontman David ak Golyat la. Apre David fin rive kote batay la t apral mare a, li te mande: “Kisa y’a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a?” Moun ki te la yo te di l yon pawòl yo te deja di: “Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l’ap marye l ak pitit fi li.” ​(1 Sam. 17:25-27). Men, se pa t bagay materyèl ki te plis enterese David. Li te wè pi lwen pase sa. Li te vle bay vrè Dye a glwa. (Li 1 Samyèl 17:46, 47.) E nou menm? Èske sa k pi enpòtan pou nou se ranmase richès ak chèche vin gen gwo non nan monn nan? Se sèten nou ta renmen sanble ak David ki te di pawòl sa yo nan yon chante: “Glorifye Jewova avèk mwen, annou egzalte non l ansanm.” ​(Sòm 34:3, NW). Kidonk, annou montre nou gen konfyans nan Bondye lè nou bay non l plis enpòtans pase pwòp non pa nou. — Mat. 6:9.

7. Ki sa k ap ede nou vin gen yon lafwa solid pou n ka rive pale ak moun ki gendwa pa dakò ak mesaj nou an?

7 David pa t ap janm jwenn kouraj pou l kanpe devan Golyat si l pa t gen bonjan konfyans nan Jewova. Jèn gason sa a te gen yon lafwa solid nan Jewova. Lè David te yon bèje, li te konn konte sou Jewova nan travay li te konn fè e se youn nan bagay ki te ede l vin gen plis lafwa nan li (1 Sam. 17:34-37). Menm jan an tou, nou bezwen gen yon lafwa solid nan Jewova pou nou ka kontinye nan travay predikasyon an, sitou lè nou rankontre moun ki pa dakò ak mesaj nou an. N ap rive gen kalite lafwa sa a lè nou konte sou Bondye nan aktivite n ap fè chak jou. Pa egzanp, lè nou pran transpò piblik, nou kapab pale sou Labib ak moun ki chita bò kote nou an. Epitou, nou kapab pale ak moun nou rankontre nan lari yo toutpandan nou nan predikasyon pòt an pòt. — Tra. 20:20, 21.

DAVID TE RET TANN JEWOVA

Poukisa David pa t touye Sayil lè l te gen okazyon fè sa?

8, 9. Nan fason David te aji ak wa Sayil, ki jan l te montre li te toujou vle fè sa Bondye vle?

8 Youn nan egzanp ki montre jan David te toujou met konfyans li nan Jewova gen rapò ak Sayil, premye wa pèp Izrayèl la. Sayil te vin anvye David, e pandan twa fwa, li te eseye kloure l nan yon mi ak yon lans. Men, a chak fwa, David te wete kò l pou lans lan pa t pran l e li pa t janm rann Sayil mal pou mal. Finalman, li te chape poul li (1 Sam. 18:7-11; 19:10). Annapre, Sayil te chwazi 3 000 gason nan tout Izrayèl pou l al dèyè David nan dezè a (1 Sam. 24:2). Rive yon lè, san Sayil pa t konnen, li te antre egzakteman nan gwòt kote David ak mesye l yo te kache a. David te kapab pwofite okazyon sa a pou l elimine wa a ki te dèyè touye l. Dayè, èske Bondye pa t deja fè l konnen se li menm li t ap mete kòm wa ann Izrayèl nan plas Sayil (1 Sam. 16:1, 13)? Donk, si David te koute konsèy mesye l yo, wa a t ap mouri lapoula. Men sa David te di: “Mande Bondye padon! Mwen p’ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a.” ​(Li 1 Samyèl 24:4-7.) Se Sayil ki te toujou wa Bondye te chwazi a. Donk, etandone lè a potko rive pou Jewova retire pouvwa a nan men Sayil, David pa t vle pran pouvwa a nan men l. Lè David te annik koupe yon moso nan ke manto san manch Sayil la, li te montre li pa t gen entansyon fè Sayil mal. — 1 Sam. 24:11.

9 Dènye fwa David te wè wa a, yon lòt fwa ankò, li te montre li gen respè pou moun Bondye te chwazi a. Lè sa a, David ansanm avèk Abichayi te rive nan kan kote Sayil te ye a e yo te jwenn li ap dòmi. Aktout Abichayi te di David se Bondye ki te lage ènmi l lan nan men l e li te mande David pou l kloure Sayil atè a ak yon lans, David pa t pèmèt li fè sa (1 Sam. 26:8-11). Etandone David te kontinye kite Bondye gide l, li pa t janm sispann aji jan Jewova vle a malgre tout pawòl Abichayi te ba l pou l touye Sayil.

10. Ki sitiyasyon nou gendwa ap viv ki difisil pou nou, e ki sa k ap ede nou kenbe fèm?

10 Nou menm tou, nou gendwa ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil kote moun n ap frekante yo ap eseye fè presyon sou nou pou nou fè sa yo vle olye yo ede nou fè sa Jewova vle. Menm jan ak Abichayi, kèk ladan yo gendwa menm ap ankouraje nou pou nou pran yon desizyon san n pa chèche konnen volonte Bondye sou sa. Pou nou rive kenbe fèm, nou bezwen byen konprann pwennvi Bondye sou desizyon n ap pran an epi pran detèminasyon pou nou aji fason li vle nou aji a.

11. Ki egzanp David kite pou nou anrapò ak bay volonte Jewova premye plas nan lavi nou?

11 David te priye Jewova, Bondye li a, li te di l: “Moutre m jan pou m fè sa ou vle.” ​(Li Sòm 143:5, 8, 10.) David pa t konte sou pwòp entèlijans li, ni li pa t fè sa lòt moun t ap pouse l fè. Okontrè, li te chofe pou l kite Bondye montre l sa pou l fè. Li te ‘medite sou tout sa Jewova te fè e li te kontinye reflechi sou travay Jewova te fè ak men l yo’ ​(NW). Nou menm tou, n ap rive konprann sa Bondye vle nou fè lè nou fouye nan Bib la e nou medite sou tout egzanp nou jwenn nan Bib la ki montre nou fason Jewova aji ak lèzòm.

DAVID TE RENMEN PRENSIP KI NAN LWA JEWOVA YO

12, 13. Poukisa David te vide dlo twa mesye yo te pote ba li a atè?

12 David te renmen prensip ki nan Lalwa a, li te vle viv ann amoni ak prensip sa yo e li kite yon bèl egzanp pou nou nan sans sa a tou. Annou wè sa k te pase, lè David te fè konnen jan li te anvi bwè “dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan”. Gen twa nan mesye l yo ki te met gason sou yo epi yo antre nan vil la pran dlo a pot bay David, alòske se Filisten yo ki te okipe vil la nan moman an. Sepandan, David te “refize bwè dlo a. Li vide l atè, li ofri l bay Senyè a”. Poukisa l te fè sa? Men sa l te di: “Mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y’al chache l.” — 1 Kwo. 11:15-19.

David te refize bwè dlo mesye yo te pote pou li a, ki leson nou aprann nan sa?

13 David te konnen, dapre sa ki te ekri nan Lalwa, yon moun pa t gendwa manje san e li te dwe vide l bay Jewova. Li te konnen tou pou ki rezon yon moun te dwe fè sa. David te konnen “nanm chè a se nan san an li ye”. Sepandan, se dlo David te gen nan men l se pa t san. Poukisa li te refize bwè dlo a? Se paske li te renmen prensip ki mache ak sa Lalwa te mande a. Pou David, pa t gen diferans ant san twa mesye yo ak dlo yo t al pran an, toule de te gen menm valè nan je l. Se sa k fè, li te refize bwè dlo a e li te chwazi vide l atè. — Lev. 17:11, NW; Det. 12:23, 24.

14. Ki sa k te ede David vin wè bagay yo menm jan ak Jewova?

14 David te fè efò pou l kite lwa Bondye a gide l nèt nan tout sa l ap fè. Men sa l te di nan yon chante: “Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m.” ​(Sòm 40:8). David te etidye lwa Bondye a e li te pran tan l pou l byen medite sou li. Li te gen konfyans nan sajès ki nan kòmandman Jewova yo. Se sa k fè, nonsèlman David te gen sousi pou l fè sa Lalwa Moyiz la mande, men tou, li te vle fè sa ki te kache dèyè Lwa sa a. Lè n ap etidye Bib la, li bon pou nou medite sou sa nou li yo epi kenbe yo nan kè nou yon fason pou nou ka rive konprann sa k ap fè Jewova plezi nan chak sitiyasyon.

15. Nan ki sans Salomon pa t demontre respè pou Lwa Bondye a?

15 Salomon, youn nan pitit gason David yo, te jwenn anpil favè nan men Jewova. Sepandan, rive yon lè, Salomon te sispann demontre respè pou Lwa Bondye a. Li pa t obeyi lòd Jewova te bay ki te mande pou wa ann Izrayèl yo ‘pa gen anpil madanm’ nan (Det. 17:17). Salomon te marye ak anpil fi ki te soti nan lòt nasyon. Lè l te vin granmoun, “medam yo [te] pran tèt li, yo fè l al sèvi lòt [dye]”. Kèlkeswa rezon ki te fè l aji konsa a, li te kòmanse “fè sa ki mal devan Senyè a. Li pa [t] sèvi l ak tout kè li jan David, papa l, te fè a”. (1 Wa 11:1-6.) Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou viv ann amoni ak lwa Bondye yo ansanm ak prensip nou jwenn nan Pawòl li a! Yon frè oswa yon sè ki ta renmen marye dwe reflechi sou sa seryezman.

16. Lè yon kretyen ki ta renmen marye rive konprann rezon ki fè Jewova mande l pou l marye ‘sèlman ak yon moun ki nan Seyè a’, ki jan l ap reyaji?

16 Si yon moun ki pap sèvi Jewova ap ba w pawòl pou l renmen avè w, èske reyaksyon w montre ou panse menm jan ak David oswa li montre ou wè bagay yo menm jan ak Salomon? Jewova mande vrè adoratè l yo pou yo marye ‘sèlman ak yon moun ki nan Seyè a’. (1 Kor. 7:39.) Yon frè oswa yon sè ki vle marye dwe chwazi yon moun k ap sèvi Jewova menm jan avè l. Si nou byen konprann rezon ki fè Jewova mande nou pou nou marye sèlman ak yon moun ki nan Seyè a, nonsèlman nou pap marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova, men tou, nou pap chita ap reflechi sou pawòl l ap di nou yo.

17. Ki sa k ap ede nou pou nou pa tonbe nan gade pònografi?

17 Efò David te fè pou l chèche direksyon nan men Bondye yo kapab ede nou tou pou nou pa tonbe nan gade pònografi. Li vèsè ki annapre yo, reflechi sou prensip ki ladan l yo epi fè tout sa w kapab pou w rive konprann volonte Jewova. (Li Sòm 119:37; Matye 5:28, 29; Kolosyen 3:5.) Lè nou medite sou prensip wo nivo Jewova yo, sa ap ede nou pou nou pa tonbe nan gade pònografi.

PA JANM SISPANN WÈ BAGAY YO MENM JAN AK BONDYE

18, 19. a) Ki sa k te ede David kontinye jwenn favè Bondye aktout li te enpafè? b) Ki detèminasyon w pran?

18 Se vre, David te bay bon egzanp nan plizyè domèn, men, li te fè plizyè peche grav tou (2 Sam. 11:2-4, 14, 15, 22-27; 1 Kwo. 21:1, 7). Sepandan, pandan tout vi l, li te montre li regrèt peche l te fè yo. Li te mache devan Bondye “ak tout kè [l]”. (1 Wa 9:4.) Poukisa nou kapab di sa? Se paske David te fè efò pou l aji jan Jewova vle.

19 Byenke nou enpafè, nou kapab kontinye gen favè Bondye. Toutpandan n ap kenbe sa nan lespri nou, annou fè tout sa nou kapab pou nou fouye nan Pawòl Bondye a, annou pran san nou pou nou byen medite sou sa nou aprann yo epi annou pran detèminasyon pou nou aji ann amoni ak yo. Si nou fè sa, menm jan ak salmis la, n ap kapab di Jewova: “Moutre m jan pou m fè sa ou vle.”