Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi ban nou egzanp nan fason pou n demontre imilite

Jezi ban nou egzanp nan fason pou n demontre imilite

“Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an.” — JAN 13:15.

1, 2. Ki leson enpòtan Jezi te bay apot li yo nan dènye nuit li te pase sou tè a?

JEZI te pase dènye nuit li sou tè a ansanm ak apot li yo nan chanmòt yon kay ki te Jerizalèm. Pandan yo t ap manje jou swa sa a, Jezi leve kanpe epi li depoze rad li te met pa anlè rad ki sou li a sou kote. Li mare yon sèvyèt nan senti l, li mete dlo nan yon kivèt, li kòmanse lave pye disip yo e li siye pye yo ak sèvyèt la. Apre sa, li mete rad la sou li. Poukisa Jezi te fè travay rabesan sa a? — Jan 13:3-5.

2 Men ki esplikasyon Jezi te bay disip li yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? [...] si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou, nou menm tou, youn dwe lave pye lòt. Paske, mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an.” ​(Jan 13:12-15). Lè Jezi te fè travay rabesan sa a, li te bay apot li yo yon leson enpòtan, yo pa t ap janm bliye, ki t apral ankouraje yo pou yo demontre imilite pi devan.

3. a) Kòman Jezi te montre enpòtans imilite genyen pandan de fwa? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Lè Jezi te lave pye apot li yo, se pa t premye fwa li t ap montre yo enpòtans imilite genyen. Yon lè, kèk nan apot yo te montre yo gen lespri konpetisyon. Lè sa a, Jezi mete yon timoun piti chita nan mitan yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa tipitit sa a poutèt non mwen resevwa m tou. E nenpòt moun ki resevwa m resevwa moun ki voye m nan tou. Paske, moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan.” ​(Lik 9:46-48). Etandone Jezi te konnen Farizyen yo se moun ki te dèyè gwo pozisyon, men sa l te di annapre pandan l t ap preche: “Nenpòt moun ki glorifye tèt li, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap glorifye l.” ​(Lik 14:11). Sa klè, Jezi vle pou moun k ap suiv li yo montre yo gen imilite, sa vle di pou yo pa bay tèt yo twòp enpòtans epi pou yo pa gen ògèy lakay yo. Toutpandan n ap chèche imite Jezi, annou pran san nou pou n egzamine egzanp li kite pou nou antanke moun ki te demontre imilite. Nou pral wè tou ki jan kalite sa a pote byenfè ni pou moun ki genyen l yo ni pou lòt moun.

“MWEN PA T VIRE NAN SANS KONTRÈ”

4. Ki jan sèl Pitit Bondye fè a te montre l gen imilite anvan menm li te vin sou tè a?

4 Sèl Pitit Bondye fè a te montre li gen imilite anvan menm li te vin sou tè a. Anvan Jezi te vin sou tè a antanke moun, li te pase yon pakèt ane ansanm ak Papa l nan syèl la. Men sa pwofèt Izayi te di konsènan relasyon sere sere ki te egziste ant Pitit la ak Papa l: “Se Jewova menm, Souvren Seyè a, ki ban mwen lang moun ki resevwa ansèyman, yon fason pou m konnen avèk ki pawòl pou m reponn yon moun ki fatige. Chak maten, li reveye, wi, li reveye zòrèy mwen pou m ka tande menm jan ak moun ki resevwa ansèyman. Se Jewova menm, Souvren Seyè a, ki ouvri zòrèy mwen, e mwen menm, bò kote pa m, mwen pa t fè rèd. Mwen pa t vire nan sans kontrè.” ​(Iza. 50:4, 5, NW). Pitit Bondye a te montre l gen imilite e l te bay ansèyman Jewova te ba li yo anpil atansyon. Li te gen yon gwo anvi pou l aprann nan men vrè Dye a. Jezi dwe te pran san l pou l suiv fason Jewova montre l gen imilite nan fason l demontre mizèrikòd anvè lèzòm pechè.

5. Antanke Mikayèl, akanj lan, ki jan Jezi te montre l gen imilite e l te rekonèt li gen limit nan fason l te boule ak Dyab la?

5 Se pa tout kreyati ki nan syèl la ki te demontre yo gen menm mantalite ak sèl Pitit Bondye fè a. Olye pou zanj ki te vin tounen Satan Ledyab la te chèche aprann nan men Jewova, li te pito kite yon seri kalite ki depaman ak imilite devlope lakay li. Pa egzanp, li te vin bay tèt li twòp enpòtans epi li te vin gen ògèy, sa ki te fè l vire do bay Jewova. Yon lòt bò, Jezi li menm te kontante l ak pozisyon li te gen nan syèl la epi li pa t janm mal sèvi ak otorite li te genyen an. Antanke Mikayèl, akanj lan, Jezi te ret nan plas li lè l te gen ‘yon dezakò avèk Dyab la konsènan kò Moyiz’. Pitit Bondye a te montre li gen imilite e li te rekonèt li gen limit. Li te kontan kite Jewova, Jij siprèm linivè a, regle bagay yo jan l vle e nan lè l vle. — Li Jid 9.

6. Ki jan Jezi te montre l gen imilite lè l te aksepte vin sou tè a antanke Mesi?

6 Se sèten, pami bagay Jezi te aprann anvan l te vin sou tè a, te gen pwofesi ki te bay detay konsènan lavi l t apral mennen sou tè a antanke Mesi a. Donk, li posib pou l te gentan konnen jan yo t apral maltrete l. Aktout sa, li te aksepte misyon l te genyen pou l vin viv sou tè a epi pou l mouri antanke Mesi yo te pwomèt la. Poukisa? Pou apot Pòl te montre jan sèl Pitit Bondye fè a gen imilite, li te di: “Byenke li te egziste nan menm fòm ak Bondye, li pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l. Non, li te pito kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav e li te vin tounen yon moun.” — Fil. 2:6, 7.

ANTANKE MOUN, “LI TE IMILYE TÈT LI”

Ki byenfè nou kapab jwenn grasa egzanp imilite Jezi?

7, 8. Ki jan Jezi te montre l gen imilite nan ministè l ak lè l te timoun?

7 Men sa Pòl te ekri: “Lè [Jezi] te vini kòm moun, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jis li mouri, wi, jis li mouri sou yon poto soufrans.” ​(Fil. 2:8). Jezi te montre l gen imilite depi lè l te timoun, konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou. Byenke Jezi te leve ak paran ki enpafè, anpalan de Jozèf ak Mari, li te “kontinye soumèt devan yo” avèk imilite (Lik 2:51). Ala yon bèl egzanp Jezi kite pou jèn yo! Jèn ki kontinye soumèt yo devan paran yo ak tout kè yo ap jwenn benediksyon Bondye.

8 Lè Jezi te vin gran, li te montre l gen imilite nan fason l te bay volonte Jewova premye plas nan lavi l (Jan 4:34). Jezi Kris te konn sèvi ak non Bondye nan ministè l e l te konn ede moun ki sensè yo pou yo byen konnen kalite Jewova yo ansanm ak objektif li genyen pou limanite. Jezi te konn pratike sa l t ap anseye konsènan Jewova yo tou. Pa egzanp, men premye bagay Jezi te di nan priyè modèl la: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” ​(Mat. 6:9). Konsa, Jezi te anseye disip li yo pou yo bay sangtifikasyon non Jewova premye plas nan lavi yo. Jezi li menm te montre sa nan fason l te viv. Se sa k fè, nan fen ministè l sou tè a, li te kapab priye Jewova konsa: “Mwen fè yo [apot yo] konnen non w e m ap fè konnen l.” ​(Jan 17:26). Mete sou sa, pandan tout ministè Jezi sou tè a, li te bay Jewova glwa nan tout sa l te fè. — Jan 5:19.

9. Ki sa Zekarya te pwofetize konsènan Mesi a, e ki jan pawòl sa yo te akonpli?

9 Men sa pwofèt Zekarya te ekri konsènan Mesi a: “Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.” ​(Zak. 9:9). Pawòl sa yo te jwenn akonplisman yo lè Jezi te antre Jerizalèm anvan fèt Pak ane 33 epòk nou an. Foul la te ouvè rad yo ak branch bwa atè sou wout la. Se sa k fè, pandan Jezi t ap antre nan vil la, tout vil la te chofe. Menm lè foul la te akeyi Jezi kòm wa, li te montre l gen imilite. — Mat. 21:4-11.

10. Lefètke Jezi te rete obeyisan jiskaske l mouri, ki sa l te montre?

10 Pandan tout tan Jezi Kris te fè ap viv sou tè a, li te montre l gen imilite e l te rete obeyisan jiskaske l mouri sou yon poto soufrans. Konsa, li te montre aklè yon moun kapab rete fidèl devan Jewova menm lè l ap fè fas ak eprèv ki pi rèd la. Jezi te montre tou se manti Satan t ap bay lè Satan te fè konnen se pou dezi egoyis lèzòm ap sèvi Jewova (Jòb 1:9-11; 2:4). Lefètke Kris te rete entèg, li te defann dwa Jewova genyen pou l dirije a ak souvrènte inivèsèl li ki jis. Se sèten, Jewova te kontan lè l te wè pa t gen anyen ki te ka kraze fidelite Pitit gason l lan ki gen imilite. — Li Pwovèb 27:11.

11. Ki posiblite sakrifis ranson Jezi Kris la bay moun ki kwè nan Bondye yo?

11 Jezi te bay lavi l kòm ranson pou limanite lè l te mouri sou yon poto soufrans (Mat. 20:28). Lanmò Jezi bay lèzòm pechè posiblite pou yo viv pou toutan, e li fè yo vin jis nan je Bondye. Men sa Pòl te ekri: “Grasa yon sèl aksyon ki jis, rezilta sa bay pou tout kalite moun se deklare Bondye deklare yo jis pou yo gen lavi.” ​(Wom. 5:18). Lanmò Jezi bay posiblite pou kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl yo gen lavi imòtèl nan syèl la e pou moun ki fè pati “lòt mouton” yo viv pou toutan sou tè a. — Jan 10:16; Wom. 8:16, 17.

MWEN GEN “IMILITE NAN KÈ M”

12. Ki jan Jezi te montre l gen imilite ak dousè nan fason l te konn boule ak lèzòm enpafè?

12 Jezi envite tout moun “k ap redi e ki gen chay [y] ap pote” pou yo vin jwenn li. Men sa l te di: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs pou nanm nou paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” ​(Mat. 11:28, 29). Lefètke Jezi te gen imilite ak dousè, sa te pouse l aji avèk jantiyès epi li pa t gen patipri nan fason l te konn boule ak moun enpafè. Li te montre l rezonab nan sa l t ap atann nan men disip li yo. Jezi te konn felisite yo epi li te konn ankouraje yo. Li pa t janm fè yo santi yo sòt oswa yo pa vo anyen. Se sèten, Jezi pa t yon moun ki di oswa ki te konn toupizi moun. Okontrè, li te bay disip li yo asirans si yo pwoche bò kote l epi yo pratike sa l t ap anseye yo, yo t ap jwenn fòs pou nanm yo paske jouk li a fasil pou moun pote e chay li bay la lejè. Moun tout laj, gason kou fi, te santi yo alèz bò kote l. — Mat. 11:30.

Jezi te bay egzanp nan fason l te montre l gen konpasyon.

13. Ki jan Jezi te montre l gen konpasyon pou moun ki t ap mennen lavi di yo?

13 Jezi te montre l gen konpasyon nan fason l te konn boule ak moun nan pèp Izrayèl la ki t ap mennen yon lavi di e l te gen sousi pou yo. Yon lè, Jezi te rankontre de avèg ki t ap mande toupre lavil Jeriko, youn ladan yo te rele Batime. Yo t ap plede mande Jezi pou l ede yo, men, foul la te pale byen di ak yo pou yo pe bouch yo. Jezi te kapab chwazi pa okipe avèg sa yo byen fasil. Olye de sa, Jezi te fè rele yo, li pran pitye pou yo epi li fè yo wè ankò. Sa klè, Jezi te imite Jewova, Papa l, nan fason l te montre l gen imilite ak mizèrikòd pou moun enpafè ki pa t gen pèsonn pou ede yo. — Mat. 20:29-34; Mak 10:46-52.

“NENPÒT MOUN KI RABESE TÈT LI, Y AP GLORIFYE L”

14. Ki byenfè sa pote lefètke Jezi te demontre imilite pandan tout vi l?

14 Lefètke Jezi te demontre imilite pandan tout vi l, sa te pote lajwa ak byenfè pou anpil moun. Jewova te kontan wè jan Pitit gason li renmen anpil la te soumèt tèt li pou l fè volonte l avèk imilite. Piske Jezi te gen tanperaman dou e l te gen imilite nan kè l, sa te ankouraje apot yo ansanm ak disip yo. Egzanp li te ba yo, sa l te anseye yo ansanm ak bonjan felisitasyon l te konn ba yo te pouse yo fè pwogrè espirityèl. Etandone Jezi te gen imilite, sa te pèmèt moun ki te soti nan mas pèp la pwofite èd li, ansèyman l ansanm ak ankourajman l te konn bay. Kounye a, tout moun ki gen posiblite pou yo sove yo pral jwenn byenfè grasa sakrifis ranson Jezi a pou toutan.

15. Ki byenfè Jezi te jwenn lefètke l te gen imilite?

15 E Jezi li menm? Èske l te jwenn byenfè lefètke l te demontre imilite? Wi, paske men sa Jezi te di disip li yo: “Nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap glorifye l.” ​(Mat. 23:12). Pawòl sa yo te reyalize nan ka Jezi paske Pòl te fè konnen: “Bondye leve [Jezi] met nan yon pozisyon ki pi wo e, avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an, yon fason pou tout jenou pliye nan non Jezi, kit se nan syèl la, kit se sou tè a, kit se anba tè a, e pou tout lang rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè pou glwa Bondye, Papa a.” Lefètke Jezi te montre l gen imilite e l te rete fidèl lè l te sou tè a, Jewova Dye te glorifye l lè l te ba l pouvwa sou tout kreyati ki nan syèl la e ki sou tè a. — Fil. 2:9-11.

JEZI PRAL ‘GALOPE POU L AL DEFANN KOZ LAVERITE AK IMILITE’

16. Ki sa k montre Pitit Bondye a pral kontinye montre l gen imilite?

16 Pitit Bondye a ap kontinye montre l gen imilite nan travay li pral fè yo. Men ki sa yon salmis te predi konsènan fason Jezi pral aji kont ènmi l yo detan l nan glwa li nan syèl la: “Epi avèk glwa w genyen, al ranpòte viktwa, galope pou w al defann koz laverite ak imilite ak lajistis.” ​(Sòm 45:4, NW). Nan batay Amagedòn, Jezi Kris pral galope pou l defann koz laverite, koz lajistis ak koz imilite. Ki sa k pral rive nan fen Rèy mil an an lè Mesi a, Wa nou an, “fin elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans”? Èske l ap montre l gen imilite? Wi, paske l pral “remèt Bondye li a, ki Papa l, wayòm nan”. — Li 1 Korentyen 15:24-28.

17, 18. a) Poukisa li enpòtan pou sèvitè Jewova yo suiv egzanp imilite Jezi kite pou yo? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 E nou menm? Èske n ap suiv egzanp Modèl nou an kite pou nou lè nou montre nou gen imilite? Ki sa k ap rive n lè Jezi Kris, Wa a, pral vin egzekite jijman l nan Amagedòn? Lefètke li pral galope pou l defann koz imilite ak lajistis, sa montre se moun ki gen imilite e ki jis yo sèlman l ap sove. Se sa k fè, li vrèman enpòtan pou nou montre nou gen imilite pou n ka sove. Mete sou sa, piske Jezi te montre l gen imilite sa te fè ni li menm ni lòt moun jwenn byenfè. Donk, sa ede nou konprann lè nou montre nou gen imilite sa ap pote byenfè ni pou nou ni pou lòt moun.

18 Ki sa k ka ede nou suiv egzanp imilite Jezi kite pou nou an? Ki jan nou ka fè tout sa n kapab pou nou montre nou gen imilite menm lè n ap fè fas ak pwoblèm? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.