Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè efò pou w pa pran tèt ou pou yon pakèt afè

Fè efò pou w pa pran tèt ou pou yon pakèt afè

“Moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan.” — LIK 9:48.

1, 2. Ki ankourajman Jezi te bay apot li yo, e poukisa l te fè sa?

NAN ane 32 epòk nou an, pandan Jezi te nan Distri Galile a, gen yon bagay ki te rive. Kèk nan apot li yo t ap fè diskisyon konsènan kiyès pami yo ki te pi enpòtan. Men sa Lik, youn nan moun ki te ekri Evanjil yo fè konnen: “Yo vin ap diskite youn ak lòt pou yo konnen kiyès nan yo ki t apral pi enpòtan. Etandone Jezi te konnen rezònman ki nan kè yo, li pran yon timoun piti, li fè l kanpe bò kote l, epi li di yo: ‘Nenpòt moun ki resevwa tipitit sa a poutèt non mwen resevwa m tou. E nenpòt moun ki resevwa m resevwa moun ki voye m nan tou. Paske, moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan.’” ​(Lik 9:46-48). Avèk pasyans, Jezi te ede apot li yo konprann jan li enpòtan pou yo gen imilite. Men, li te fè sa yon fason ki fèm tou.

2 Lè Jezi te ankouraje apot li yo pou yo aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans lan, èske sa vle di se konsa Juif nan premye syèk yo te konn aji? Oswa, èske se lekontrè yo te konn fè? Men sa yon diksyonè fè konnen konsènan fason Juif yo te konn aji nan epòk la: “Yo te konn toujou ap chèche konnen kiyès ki gen plis enpòtans nan kèlkeswa sa yo t ap fè, e yo te konn ap trakase tèt yo pou yo konnen si yo te bay chak moun onè yo merite.” ​(Theological Dictionary of the New Testament). Se sa k fè, Jezi te ankouraje apot li yo pou yo pa aji menm jan ak Juif yo.

3. a) Ki sa sa vle di pou yon moun aji tankou moun ki pa gen anpil enpòtans, e poukisa sa kapab difisil pou nou rive fè sa? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

3 Mo grèk lè yo tradui l yo mete “mwens enpòtans” pou li a gen sans yon moun ki konn limit li, ki gen imilite, ki pa gen gwo pozisyon, ki pa enpòtan, yon moun yo pa bay anpil valè oswa ki pa gen otorite. Jezi te pran egzanp yon timoun piti pou l ede apot li yo konprann byen klè jan yo ta dwe gen imilite e pou yo konn limit yo. Menm jan konsèy sa a te gen enpòtans nan premye syèk la, se konsa tou li gen enpòtans pou vrè kretyen yo jodi a. Gen kèk sitiyasyon ki kapab fè li difisil anpil pou nou aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans. Lèzòm fèt ak tandans pou yo gen ògèy e sa kapab pouse yo pran tèt yo pou yon pakèt afè. Lespri konpetisyon ki gen nan monn nan ansanm ak espri monn nan kapab enfliyanse nou pou nou wè tèt nou sèlman, pou nou nan chirepit epi pou nou fè moun fè sa nou vle. Ki sa ki kapab ede nou aji tankou moun ki pa pran tèt yo pou yon pakèt afè? Nan ki sans ‘moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou an, se li ki enpòtan’? Nan ki domèn nou dwe fè tout sa n kapab pou n demontre imilite?

“ALA ANPIL RICHÈS AK SAJÈS AK KONESANS BONDYE GENYEN YO ANPIL!”

4, 5. Ki sa k ka ankouraje nou vin gen imilite? Bay yon egzanp.

4 Yon bagay k ap ede nou vin gen imilite, se lè nou konpare sa nou konnen ak sa Jewova konnen. An reyalite, ‘pèsonn pa ka konprann lide ki nan tèt Jewova’. (Eza. 40:28.) Men sa apot Pòl te di konsènan kèk bagay Jewova gen lakay li pou l montre jan Jewova gran: “Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras chemen l yo!” ​(Wom. 11:33). Byenke konesans lèzòm pa janm sispann ogmante depi lè apot Pòl te ekri pawòl sa yo sa gen anviwon 2 000 an, sa l te di yo se toujou laverite. Kèlkeswa nivo konesans nou, nou dwe rekonèt, avèk imilite, ap toujou gen yon bagay pou n aprann sou Jewova, sou travay li fè ak chemen l yo.

5 Pa egzanp, Leo * te kòmanse aji tankou yon moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans lè l te rann li kont li pap janm rive konn tout bagay sou sa Bondye kreye yo. Lè Leo te jèn gason, li te renmen lasyans anpil. Piske li te vle konn plis bagay sou linivè, li te antre nan yon lekòl ki te kapab ede l nan sans sa a e konsa, li te vin aprann yon bagay ki enpòtan anpil. Men sa l di: “Etid mwen fè yo fè m vin rann mwen kont lasyans poukont li pa kapab ede lèzòm konprann tout sa k gen nan linivè. Donk, mwen te chwazi etidye dwa pito.” Leo te vin avoka e annapre li te vin jij. Finalman, li menm ak madanm li te vin etidye Labib ak Temwen Jewova yo, yo te aksepte laverite e yo te vin batize. Ki sa k te ede Leo aji tankou yon moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans malgre tout gwo etid li te fè yo? San ezite li te reponn: “Mwen te vin rann mwen kont kèlkeswa kantite bagay yon moun aprann sou Jewova ak linivè a, ap toujou gen anpil bagay pou l aprann.”

Jewova onore nou paske l ban nou privilèj pou nou preche bon nouvèl la.

6, 7. a) Ki kokennchenn egzanp imilite Jewova ban nou? b) Ki jan imilite Bondye fè yon moun vin “enpòtan”?

6 Lefètke Jewova gen imilite, se yon lòt bagay ankò ki kapab ede nou gen imilite. Dayè, “nou se konpayon travay Bondye”. (1 Kor. 3:9.) Imajine sa! Jewova, Bondye ki pa gen parèy la onore nou lè li ban nou Labib, Pawòl li a, pou nou byen fè travay nou nan ministè a. Byenke se Jewova ki fè sa nou plante a grandi, se yon gwo onè li fè nou pou nou travay avè l (1 Kor. 3:6, 7). Èske egzanp sa a pa montre kokennchenn imilite Bondye genyen? Pa gen dout nan sa, imilite Jewova gen lakay li dwe ankouraje chak moun pou yo pa pran tèt yo pou yon pakèt afè.

7 Imilite Bondye te gen yon gwo efè sou salmis David. Men sa li te di Jewova nan yon chante: “W ap ban m boukliye delivrans ou an, e se imilite w ki fè m gran.” ​(2 Sam. 22:36, NW). David te rekonèt se grasa imilite Jewova ki fè l te gen kèlkeswa pouvwa a ann Izrayèl. Nan yon sans, Jewova te bese pou l gade David (Sòm 113:5-7). Èske se konsa Jewova aji anvè nou tou? Ki sa nou genyen ‘se pa resevwa nou te resevwa l’, kit se kalite nou, kapasite nou ak privilèj nou genyen (1 Kor. 4:7)? Moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans lan vin yon moun “ki enpòtan” paske li vin gen plis valè nan je Jewova antanke sèvitè l (Lik 9:48). Ann wè sa k fè sa.

‘MOUN KI GEN MWENS ENPÒTANS PAMI NOU, SE LI KI ENPÒTAN’

8. Lè nou demontre imilite, ki efè sa genyen sou fason nou wè òganizasyon Jewova a?

8 Nou bezwen gen imilite pou nou ka gen kè kontan nan òganizasyon Bondye a e pou n soutni dispozisyon òganizasyon an pran. Ann pran egzanp yon jèn fi ki rele Petra ki te grandi nan yon fanmi k ap sèvi Jewova. Piske Petra te vle aji fason ki te parèt bon nan je pa l, li te kite kongregasyon an. Men, kèk ane annapre, Petra te retounen nan kongregasyon an. Jodi a, li kontan fè pati òganizasyon Jewova a ankò e li chofe pou l soutni dispozisyon òganizasyon an pran. Ki sa k pèmèt li fè sa? Men sa l di: “Pou m te ka santi m nan plas mwen nan òganizasyon an, mwen te bezwen konprann de kalite ki enpòtan anpil epi chèche genyen yo lakay mwen, sa vle di, mwen te bezwen gen imilite epi konn limit mwen.”

9. Ki jan moun ki gen imilite lakay li konsidere manje espirityèl la, e ki jan sa fè l vin gen plis enpòtans?

9 Lè yon moun gen imilite, li gen anpil rekonesans pou tout sa Jewova ba li, san wete manje espirityèl la. Moun sa a toujou ap fouye nan Bib la, e, li pran plezi pou l li Réveillez-vous! yo ak Toudegad yo. Menm jan ak anpil lòt moun k ap sèvi Jewova fidèlman, moun sa a pran tan pou l li chak piblikasyon ki parèt anvan l klase l nan bibliyotèk li. Lè nou li piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la e nou etidye yo, nou montre nou apresye yo e nou montre nou gen imilite lakay nou. Konsa, n ap fè pwogrè nan domèn espirityèl e Jewova ap kapab itilize nou plis toujou. — Ebre 5:13, 14.

10. Ki jan nou kapab aji tankou moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans nan kongregasyon an?

10 Gen yon lòt rezon ki fè moun ki pa pran tèt li pou yon pakèt afè a vin yon moun ki “enpòtan”. Jewova sèvi ak lespri sen l pou l nome plizyè frè pou yo sèvi kòm ansyen nan chak kongregasyon. Se frè sa yo ki pran latèt nan òganize kèk aktivite espirityèl tankou reyinyon kongregasyon an, travay predikasyon an ak vizit pastoral. Lè nou soutni dispozisyon sa yo ak tout kè nou, nou montre nou aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans, konsa, nou kontribye pou gen lajwa, lapè ak inite nan kongregasyon an. (Li Ebre 13:7, 17.) Si w se yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl èske, avèk imilite, ou montre w gen rekonesans pou Jewova dèske li ba w yon privilèj konsa?

11, 12. Ki atitid nou dwe genyen k ap fè nou gen plis valè nan òganizasyon Jewova a, e sa k fè sa?

11 Lè yon moun aji tankou yon moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans sa fè l gen anpil valè nan òganizasyon Jewova a paske imilite li gen lakay li fè l vin yon bon sèvitè Bondye, sa vle di yon sèvitè ki itil. Jezi te ankouraje disip li yo pou yo aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans paske kèk nan yo te kòmanse gen menm mantalite ak moun nan epòk yo t ap viv la. Men ki sa nou li nan Lik 9:46: “Yo vin ap diskite youn ak lòt pou yo konnen kiyès nan yo ki t apral pi enpòtan.” Petèt nou kapab kòmanse panse nou pi bon pase frè ak sè nou yo nan kèk domèn oswa pa gen okenn moun ki kamarad nou. Gen anpil moun nan monn nan ki gen ògèy e ki wè tèt yo sèlman. Annou aji avèk imilite pou n pa vin gen ògèy lakay nou. Lè nou fè sa e nou bay volonte Jewova premye plas nan lavi nou, n ap vin pi ankourajan pou frè ak sè nou yo.

12 Ala yon bon konsèy Jezi te ban nou lè l te mande pou nou aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans! Èske nou pa ta dwe fè tout sa n kapab pou nou suiv konsèy sa a nan tout aspè nan lavi nou? Ann wè ki jan nou kapab fè sa nan twa domèn.

FÈ EFÒ POU W AJI TANKOU MOUN KI PA BAY TÈT YO TWÒP ENPÒTANS

13, 14. Ki jan de moun ki marye kapab aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans, e ki efè sa kapab genyen sou maryaj yo?

13 Nan maryaj ou. Jodi a, moun yo tèlman ap chèche defann dwa yo, menmsi sa mande pou yo pase dwa lòt moun anba pye, y ap fè l. Sepandan, moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans lan suiv konsèy apot Pòl te bay kretyen ki t ap viv Wòm yo. Men sa l te di yo: “Annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt.” ​(Wom. 14:19). Yon moun ki pa pran tèt li pou yon pakèt afè chèche viv anpè ak tout moun, sitou moun li marye avè l la.

14 Pa egzanp, de moun ki marye gendwa pa renmen menm kalite detant. Petèt, mari a gendwa renmen ret lakay li pou l li yon liv san moun pa deranje l. Men, madanm li bò kote pa l kapab prefere soti al manje nan restoran oswa al vizite zanmi l. Èske l pa t ap pi fasil pou madanm nan soumèt devan mari l lè l wè mari l montre l gen imilite epi li montre l enterese nan sa k fè madanm li plezi ak sa k pa fè madanm li plezi olye l wè tèt li sèlman? Mari a li menm ap vin renmen madanm li lè l wè madanm li chèche fè l plezi e li pa annik ap chèche fè sa k fè tèt li plezi sèlman. Lè ni mari ni madanm aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans, sa fè maryaj yo vin pi solid. — Li Filipyen 2:1-4.

15, 16. Dapre Sòm 131, ki mantalite David ankouraje nou genyen, e ki efè sa ta dwe genyen sou fason nou aji nan kongregasyon an?

15 Nan kongregasyon an. Anpil moun nan monn nan pa gen anpil pasyans e zafè ret tann nan, se yon tèt chaje pou yo. Pou yo menm, yo ta dwe jwenn sa yo anvi a lapoula. Lè nou aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans, sa ede nou ret tann Jewova. (Li Sòm 131:1-3.) Lè yon moun montre l gen imilite e li tann Jewova, li jwenn pwoteksyon, benediksyon, konsolasyon ak satisfaksyon. Se poutèt sa David te ankouraje Izrayelit yo pou yo ret tann Bondye yo a.

16 Si w imilye tèt ou epi w ret tann Jewova, w ap gen menm asirans David te genyen an (Sòm 42:5). Petèt w ap “chèche vin siveyan” paske w ‘ta renmen gen yon bèl travay’. (1 Tim. 3:1-7.) Se sèten, w ap fè tout sa w kapab pou w pèmèt lespri sen ede w devlope kalite yon siveyan ta dwe genyen. Men, e si w ta remake sa pran plis tan pou yo nome w pase lòt frè ki deja nome yo? Avèk pasyans, moun ki aji tankou moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans lan ap ret tann pou yo ba l yon responsablite toutpandan l ap kontinye sèvi Jewova ak kè kontan nan kèlkeswa asiyasyon li genyen an.

17, 18. a) Ki byenfè nou jwenn lè nou mande padon ak lè nou padone lòt moun? b) Ki konsèy nou jwenn nan Pwovèb 6:1-5?

17 Nan relasyon w ak lòt moun. Pifò moun twouve li difisil pou yo mande padon. Sepandan, sèvitè Bondye yo aprann aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans lè yo rekonèt erè yo fè e yo mande padon. Yo toujou pare pou yo padone lòt moun. Kote ki gen ògèy gen divizyon ak espri konpetisyon, men, lè yon moun renmen padone sa pèmèt gen lapè nan kongregasyon an.

18 Sa ka rive nou te fè yon moun yon pwomès e vin gen yon bon rezon ki fè nou pa ka kenbe pwomès nou te fè a. Lè nou mande moun nan eskiz ak tout kè nou, n ap montre nou gen ‘imilite’ ​(NW). Kretyen ki gen imilite a rekonèt tò l menmsi se pa li menm ki lakòz tout sa k rive a. — Li Pwovèb 6:1-5.

Ki posiblite w genyen pou w aji tankou yon moun ki pa bay tèt li twòp enpòtans?

19. Pou ki rezon nou tout dwe gen rekonesans pou konsèy nou jwenn nan Bib la ki mande pou nou aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans?

19 Se pa ti rekonesans nou genyen pou konsèy nou jwenn nan Ekriti yo ki ankouraje nou pou nou aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans! Byenke pafwa, li kapab difisil pou nou aji konsa, men, lè nou reflechi sou jan Jewova, Kreyatè nou an, gran e aktout sa li gen imilite, sa kapab ankouraje nou pou nou vin gen bèl kalite sa a. Lè nou fè sa, n ap vin gen plis valè antanke moun k ap sèvi Jewova. Kidonk, se pou nou chak aji tankou moun ki pa bay tèt yo twòp enpòtans!

^ § 5 Yo chanje non moun yo.