Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 19:10-12 yo vle di moun ki chwazi pou yo rete selibatè yo resevwa don sa a yon fason moun pa ka konprann?

Ann konsidere kontèks kote Jezi te pale konsènan zafè rete selibatè a. Lè Farizyen yo te vin jwenn Jezi e yo te poze l kesyon konsènan divòs la, li te montre yo byen klè ki pwennvi Jewova genyen sou maryaj. Se vre, Lalwa te bay yon mari pèmisyon pou l ekri yon papye divòs pou l ka divòse ak madanm li si l ta jwenn “yon bagay ki pa byen” lakay madanm nan, men, se pa t konsa sa te ye okòmansman (Det. 24:1, 2). Se sa k fè, Jezi te di: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou fònikasyon, e ki al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” — Mat. 19:3-9.

Lè disip yo te tande sa, yo di: “Si se konsa sa ye pou yon gason ak madanm li, pito yon moun pa marye.” Lè sa a, Jezi reponn yo, li di: “Se pa tout moun ki suiv pawòl sa a, eksepte moun ki gen don pou sa. Paske, gen moun ki pa marye poutèt yo gen yon pwoblèm depi nan vant manman yo, gen lòt se moun ki chatre yo, e gen lòt ki pa marye poutèt wayòm syèl la. Yon moun ki ka suiv pawòl sa a, li mèt suiv li.” — Mat. 19:10-12.

Gen moun ki fèt tou enik paske yo te gen yon pwoblèm depi nan vant manman yo, gen lòt menm ki vin enik akoz yon aksidan. Sepandan, gen lòt ankò, se yo menm menm ki chwazi fè tèt yo enik. Byenke yo lib pou yo marye, yo aprann kontwole tèt yo epi yo chwazi rete selibatè “poutèt wayòm syèl la”. Menm jan ak Jezi, yo chwazi rete selibatè yon fason pou yo ka bay tout yo menm nan sèvis Wayòm nan. Moun sa yo pa t ni fèt konsa, ni se pa resevwa yo te resevwa don sa a, men, se yo menm ki chwazi don sa a poukont yo.

Apot Pòl te baze sou pawòl Jezi te di yo pou l te fè konnen nenpòt kretyen kapab sèvi Bondye yon fason ki fè l plezi, kit kretyen sa a marye kit li pa marye. Men, li te fè konnen tou, moun ki pa marye yo e ki ‘byen deside sa nan kè yo’ fè “pi byen toujou”. Sa k fè sa? Kretyen ki marye yo oblije pataje tan yo ak enèji yo pou yo ka fè moun yo marye avè l la plezi e pou yo pran swen l. Yon lòt bò, etandone kretyen ki pa marye yo pa gen obligasyon sa a, yo kapab bay tout yo menm nan sèvis Seyè a. Yo konsidere sitiyasyon yo a tankou yon “don” Bondye fè yo. — 1 Kor. 7:7, 32-38.

Donk, dapre sa nou jwenn nan Ekriti yo, yon kretyen pa resevwa don pou l rete selibatè a yon fason moun pa ka konprann. Olye de sa, se li menm ki chèche genyen l lè l chwazi pa marye yon fason pou l pa gen anyen ki distrè l nan sèvis Wayòm nan. Jodi a, gen anpil kretyen ki byen deside nan kè yo pou yo rete selibatè poutèt rezon sa a e lòt kretyen yo fè byen lè yo ankouraje kretyen sa yo.