Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bagay ki nan achiv nou

‘Se te pi bèl mesaj yon moun te ka tande’

‘Se te pi bèl mesaj yon moun te ka tande’

“POUKISA tout bagay sa yo la a?” Se kesyon sa a George Naish te poze toutpandan l t ap lonje dwèt li sou yon pil bwa ki te fè 18 mèt wotè yo te anpile yon kote yo te konn mete zam pandan Premye Gè mondyal la, nan Saskatoon, yon zòn nan vil Saskatchewan nan peyi Kanada. Yo te fè l konnen, yo te konn sèvi ak bwa sa yo pou konstwi yon seri fò pou bay siyal pandan Premye Gè mondyal la. Men sa frè Naish te di annapre: “Mwen te vin rann mwen kont, nou kapab sèvi ak bwa sa yo pou nou bati estasyon radyo, e se konsa nou te vin ak ide pou nou bati yon estasyon radyo k ap pale de Labib.” An 1924, ennan sèlman annapre, radyo CHUC te kòmanse bay emisyon an dirèk. Se te youn nan premye estasyon radyo ki te gen nan peyi Kanada ki te konn pase emisyon sou relijyon.

1) Estasyon radyo ki Edmonton nan, nan Alberta. 2) Yon frè k ap ranje yon bagay nan aparèy estasyon radyo Towonto a, nan Ontaryo.

Kanada te yon bon kote pou yo bay temwayaj nan radyo etandone peyi sa a gen apeprè menm sipèfisi ak tout kontinan Ewòp la. Men sa Florence Johnson, yon sè ki t ap travay nan estasyon radyo ki Saskatoon nan te di: “Grasa emisyon ki te konn fèt nan radyo nou an, anpil moun nou pa t ka bay temwayaj dirèkteman te rive jwenn laverite. Piske pa t gen lontan depi radyo te alamòd, moun yo te chofe pou yo tande nenpòt emisyon y ap bay nan radyo.” Nan ane 1926, Etidyan Labib yo (jan yo te konn rele Temwen Jewova yo anvan sa) te gentan gen pwòp estasyon radyo pa yo nan kat vil nan peyi Kanada *.

3) Estidyo radyo CHUC ki Saskatoon nan, nan Saskatchewan.

Ki sa yo te konn pase nan emisyon sa yo? Souvan, frè ak sè ki nan kongregasyon ki nan zòn nan te konn chante kantik toutpandan plizyè moun t ap jwe mizik pou yo e te konn menm gen yon ti òkès ki akonpaye yo. Nòmalman, frè yo te konn bay diskou epi yo te konn fè deba sou Bib la. Men sa Amy Jones, ki te konn patisipe nan konvèsasyon sa yo te sonje: “Lè m nan predikasyon mwen te konn prezante tèt mwen e, byen souvan, mèt kay la konn di: ‘An se vre, mwen konn tande w nan radyo!’”

“Apèl yo te tèlman anpil nou pa t ka reponn tout!”

Etidyan Labib nan Halifax yo, yon vil nan Nova Scotia, te vin ak yon emisyon ki potko janm fèt anvan sa kote moun te kapab rele radyo a epi poze kesyon sou Bib la nan moman emisyon an t ap fèt la. Gen yon frè ki te di: “Se pa ti bon rezilta nou te jwenn grasa emisyon sa a. Apèl yo te tèlman anpil nou pa t ka reponn tout!”

Menm jan sa te ye nan epòk apot Pòl la, Etidyan Labib yo te jwenn moun ki te byen reyaji devan mesaj la, konsa tou yo te jwenn moun ki te mal reyaji (Tra. 17:1-5). Pa egzanp, lè Hector Marshall te tande Etidyan Labib yo pale de liv ki rele Études des Écritures la, li te kòmande sis volim nan liv sa a. Men sa l te ekri annapre: “Mwen te panse liv yo t ap ede m pou m anseye nan lekòl di dimanch.” Sepandan, Hector pa t menm gentan fin li premye volim nan, li te deside kite Legliz li te ladan l lan. Li te vin yon pwoklamatè ki zele e li te sèvi Jewova fidèlman jis li mouri nan ane 1998. Apre yon kolonèl ki rele J. A. MacDonald te fin tande yon diskou ki gen tit “Wayòm nan se sèl espwa monn nan” nan radyo, men sa l te di yon frè ki te abite nan lès Nova Scotia nan demen: “Yè, se pou premye fwa moun nan zile Cape Breton te tande yon bèl mesaj konsa!”

Yon lòt bò, manm klèje yo pa t kontan menm. Gen kèk katolik nan Halifax ki te di y ap eksploze estasyon radyo Etidyan Labib yo te konn fè emisyon yo. Nan ane 1928, anba enfliyans chèf relijye yo, gouvènman an te anonse sanzatann yo pap renouvle lisans estasyon radyo Etidyan Labib yo. Pou rezon sa a, frè ak sè yo te distribye yon feyè ki te gen tit: Kiyès ki mèt ond yo? Yon fason pou yo te montre yo pa dakò ak desizyon sa a gouvènman an te pran an. Aktout sa, otorite yo te refize renouvle lisans ki te bay Etidyan Labib yo otorizasyon pou radyo yo fonksyone a.

Èske sa te dekouraje ti gwoup moun sa a ki t ap sèvi Jewova nan peyi Kanada? Men sa yon sè ki rele Isabel Wainwright te di: “Okòmansman, sa te sanble yon gwo viktwa pou ènmi an. Men, mwen te konnen si se te volonte Jewova pou nou te kontinye bay temwayaj nan radyo, pa gen anyen ki t ap anpeche l fè sa. Donk, sa te kapab vle di, nou ta dwe chèche jwenn yon lòt fason ki pi bon pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan.” Olye Etidyan Labib ki Kanada yo te apiye yo sou radyo pou yo bay temwayaj, yo te kòmanse konsantre yo sou vizite moun yo lakay yo pito. Sepandan, radyo a te fè tan pa l paske li te jwe yon gwo wòl nan simaye ‘pi bèl mesaj yon moun te ka tande’. — Bagay ki nan achiv nou nan peyi Kanada.

^ § 4 Frè nan peyi Kanada yo te konn peye estasyon radyo komèsyal yo pou yo te ka preche an dirèk tou.