Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Ki non Bondye?

Nan anpil peyi, gen moun ki bay bèt yo gade lakay yo yon non. Chak moun nan fanmi nou gen yon non. Èske li pa lojik pou Bondye gen yon non? Bib la fè konnen Bondye gen anpil tit, tankou Bondye Toupisan, Souvren Seyè, Letènèl ak Kreyatè. Men, Bondye gen yon non tou. — Li Izayi 42:8.

Nan anpil tradiksyon Labib, nou jwenn non Bondye nan Sòm 83:18. Pa egzanp, nan Tradiksyon monn nouvo a (anglè), men sa nou li nan vèsè sa a: “Ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a.” Nan tradiksyon yo rele Bib la non Bondye pa parèt nan vèsè yo. Men sa paj ki gen tit “Premye Koze” nan tradiksyon sa a di: “[...] toujou gen yon pwoblèm ak non jwif yo bay Bondye nan lang ebre a. Men kijan sa regle nan Bib sa a: JHWH = Senyè, osinon Granmèt, osinon Yawe, Yave, Ya.”

Poukisa nou dwe itilize non Bondye?

Bondye vle pou nou itilize non l. Yon moun nou renmen, tankou yon bon zanmi nou, ap atann pou nou sèvi ak non l lè n ap pale avè l. Èske nou pa ta dwe sèvi ak non Bondye tou lè n ap pale avè l? Anplis de sa, Jezi ankouraje nou pou nou itilize non Bondye. — Li Matye 6:9; Jan 17:26.

Sepandan, pou nou vin zanmi Bondye, nou bezwen konnen plis bagay sou li toujou pase annik konnen non l. Pa egzanp, nou bezwen konnen pèsonalite li genyen. Èske li vrèman posib pou nou pwoche bò kote l? Ou ka jwenn repons kesyon sa yo nan Bib la.