Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye pwoche bò kote Jewova

Kontinye pwoche bò kote Jewova

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — JAK 4:8.

1, 2. a) Ki “entansyon” Satan? b) Ki sa k ap ede nou pwoche bò kote Bondye?

JEWOVA DYE te kreye lèzòm yon fason pou yo toujou anvi pwoche bò kote l. Sepandan, Satan vle nou panse menm jan avè l kòmkwa nou pa bezwen Jewova. Sa se yon manti Satan kontinye ap gaye depi lè l te fin twonpe Èv nan jaden Edenn nan (Jen. 3:4-6). Depi lè sa a tou, vin gen anpil moun ki panse yo pa bezwen Bondye.

2 Erezman nou pa oblije tonbe nan pyèj Satan yo paske nou “konn entansyon l”. (2 Kor. 2:11.) Satan ap eseye fè nou pran distans nou ak Jewova, e youn nan fason li fè sa se lè l pouse nou fè move chwa. Men, jan atik ki vin anvan an montre sa, nou kapab fè bon chwa anrapò ak karyè nou, detant n ap pran e nan fason n ap pran swen fanmi nou. Nan atik sa a, nou pral wè lè nou kite teknoloji, sante, lajan ak fyète nan plas yo, sa kapab ede nou “pwoche bò kote Bondye”. — Jak 4:8.

TEKNOLOJI

3. Montre ki jan moun ka byen sèvi oswa mal sèvi ak teknoloji.

3 Jodi a, toupatou sou tè a, li fasil pou yon moun jwenn aparèy elektwonik ki sofistike. Si nou byen sèvi ak aparèy sa yo, yo ka itil nou. Men, si nou mal itilize yo, yo ka separe nou ak Papa nou ki nan syèl la. Ann fè yon ti pale de òdinatè. Se grasa òdinatè yo te ekri peryodik ki nan men w lan e yo te pibliye l. Yon òdinatè kapab pèmèt moun fè bonjan rechèch, kominike ak lòt moun, epi pran bonjan detant. Sepandan, òdinatè kapab pran tout tan nou. Moun k ap fè piblisite yo kapab fè moun konprann yo oblije gen pwodui ki fèk parèt yo. Pa egzanp, gen yon jèn gason ki te tèlman anvi gen yon iPad (yon gadjèt elektwonik), li te menm rive vann yon ren l an kachèt pou l te ka achte l. Jèn gason sa a te vrèman manke reflechi anvan l te fè kalite sakrifis sa a!

4. Ki jan yon frè te rive jere kantite tan li te konn fè sou òdinatè?

4 Li t ap pi tris toujou pou nou ta sakrifye bon relasyon nou gen ak Jewova a afòs nou mal sèvi ak teknoloji  oswa nou itilize l twòp. Men sa Jon *, yon frè ki gen 28 an, di: “Mwen konnen Bib la mande ‘pou nou byen sèvi ak tan nou’ pou nou ka jwenn tan pou bagay espirityèl yo. Men, nan kesyon òdinatè, mwen se pi gwo ènmi m.” Souvan, Jon konn rete byen ta lannuit sou Entènèt. Men sa l di ankò: “Plis mwen te fatige, se plis li te difisil pou m sispann chat oswa gade videyo ki pa toujou pwòp nan domèn moral.” Pou Jon te kite vye abitid sa a, li te oblije pwograme òdinatè a pou l etenn poukont li lè lè dòmi l te rive. — Li Efezyen 5:15, 16.

Paran, ede pitit ou yo pou yo byen sèvi ak teknoloji.

5, 6. a) Ki responsablite paran yo genyen anvè pitit yo? b) Ki jan paran yo kapab asire yo pitit yo fè bon zanmi?

5 Paran, se vre ou pa bezwen ap kontwole tout ti bagay pitit ou yo ap fè, men, ou bezwen sipèvize fason y ap itilize òdinatè. Pa kite timoun yo al sou Entènèt pou y al gade bagay imoral, jwèt videyo vyolan, bagay ki gen rapò ak movèzespri epi fè move zanmi senpleman paske nou vle ba yo yon okipasyon oswa nou pa vle yo mare pye nou. Si w fè sa, yo kapab vin ap panse konsa: ‘Si manman m ak papa m pa gen pwoblèm ak sa, pa gen anyen ki mal nan sa m ap gade yo.’ Antanke paran, se responsablite w pou w pwoteje pitit ou, san wete adolesan yo, kont tout sa ki ta ka fè yo pran distans yo ak Jewova. Menm bèt pwoteje pitit li kont danje. Fè yon ti reflechi sou sa yon femèl lous t ap fè si yon moun ta menase pitit li. — Konpare ak Ocheya 13:8.

6 Ede pitit ou yo pou yo fè zanmi ak frè ak sè, jèn kou granmoun, ki nan kongregasyon an e ki bay bonjan egzanp. Epi, ou pa dwe janm bliye timoun yo bezwen w pase tan ak yo. Se sa k fè, ou bezwen kreye tan pou w bay blag avèk yo, jwe avèk yo, travay avèk yo epi ede yo “pwoche bò kote Bondye” *.

LASANTE

7. Ki sa k fè nou bezwen ret an sante?

7 “Kòman kò a ye?” Kesyon sa a moun abitye poze montre yon reyalite ki tris. Piske premye paran nou yo te kite Satan fè yo pran distans yo ak Jewova, maladi pran pye sou tout moun. Satan kontan lè nou malad paske sa fè l vin pi difisil pou nou sèvi Jewova. Si n ta rive mouri, nou pa t ap kapab sèvi l ditou (Sòm 115:17). Se sa k fè, li toutafè nòmal pou nou fè sa n kapab pou n ret an sante *, e nou dwe gen sousi pou sante frè ak sè nou yo ansanm ak byennèt yo.

8, 9. a) Poukisa nou bezwen gen ekilib nan kesyon ki gen rapò ak sante? b) Ki byenfè yon moun kapab jwenn lè l aprann viv ak kè kontan?

8 Sepandan, li enpòtan pou nou gen ekilib nan domèn sa a. Gen kèk moun ki zele nan fè pwopagann pou yon seri rejim ki gen efè sou sante moun, yon seri tretman oswa pwodui. Moun sa yo menm gen plis zèl lè y ap fè pwopagann pou bagay sa yo pase lè  y ap preche bon nouvèl Wayòm nan. Petèt, yo kwè ak tout kè yo se ede y ap ede moun lè y ap fè sa. Menmsi se ta sa, li pa nòmal pou n ap fè pwopagann pou pwodui kosmetik oswa medikaman kit se anvan oswa apre reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan, nan asanble oswa nan kongrè. Sa k fè sa?

9 N al nan reyinyon pou nou kapab pale de bagay ki gen rapò ak relasyon nou ak Bondye epi chèche gen plis lajwa, ki se yon kalite lespri sen Bondye bay (Gal. 5:22). Lè nou nan reyinyon epi n ap bay moun konsèy sou tretman yo kapab suiv nan domèn sante oswa konsèy sou pwodui yo ka itilize, kit se yo menm ki mande nou sa kit se pa yo menm ki mande nou sa, sa kapab fè nou bliye vrè rezon ki fè nou asiste reyinyon yo e sa ka menm fè lòt moun pèdi jwa yo (Wom. 14:17). Se chak moun ki dwe deside jan l ap pran swen tèt li. Epitou, pa gen pèsonn ki gen solisyon pou tout maladi. Menm pi gwo doktè yo vin granmoun, yo malad e finalman yo mouri. Donk, lè yon moun enkyete l twòp pou sante l, sa pap fè l viv pi lontan pou sa (Lik 12:25). Yon lòt bò, Bib la di se ‘kè kontan ki bay lasante’. — Pwo. 17:22.

10. a) Ki sa k fè yon moun bèl nan je Jewova? b) Ki sa k ap ede nou gen yon bon sante depi kounye a?

10 Pa gen anyen ki mal pou nou veye sou aparans nou tou. Men, nou pa dwe ap chèche fè yon bann efò pou nou kache tout ti siy ki montre nou kòmanse ap granmoun. Siy sa yo montre petèt nou se moun ki gen matirite, ki merite respè e ki gen anpil bèl kalite. Pa egzanp, Labib fè konnen moun ki gen “cheve gri [yo] se yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis” la (Pwo. 16:31, NW). Se konsa Jewova wè nou, e nou dwe eseye wè tèt nou menm jan an tou. (Li 1 Pyè 3:3, 4.) Kidonk, èske l saj pou n ap pran risk fè chiriji ki pa nesesè e ki ka menm reprezante yon danje pou nou oswa pou n ap suiv tretman nan domèn medikal tou senpleman paske nou vle parèt pi bèl? Kèlkeswa laj yon moun genyen oswa eta sante l, moun sa a ap bèl toutbon lè l gen “lajwa Jewova” bay la (Ney. 8:10, NW). Se sèlman nan monn nouvo a n ap rejwenn yon sante pafè e n ap retounen vin jèn ankò (Jòb 33:25; Iza. 33:24). Annatandan, si nou aji avèk sajès e nou demontre lafwa nan Jewova, sa ap ede nou rete pwòch avè l e sa ap ede nou pou nou rezonab nan fason n ap pran swen tèt nou. — 1 Tim. 4:8.

LAJAN

11. Ki jan lajan kapab vin yon pyèj pou nou?

11 Pa gen anyen ki mal pou yon moun gen lajan oswa pou yon moun fè biznis depi li onèt nan sa l ap fè a (Ekl. 7:12; Lik 19:12, 13). Sepandan, si yon moun vin gen “lanmou pou lajan”, wè pa wè, l ap pran distans li ak Jewova (1 Tim. 6:9, 10). “Enkyetid ki gen nan sistèm sa a” kapab fè nou enkyete nou twòp pou n jwenn sa nou bezwen pou n viv e sa kapab kraze relasyon n ak Jewova. Menm jan an tou, “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” kapab fè yon moun kwè si l gen anpil lajan l ap jwenn kè kontan e l ap viv an sekirite nètale (Mat. 13:22). Jezi te montre aklè “pèsonn” pa ka ap sèvi Bondye pou l ap kouri dèyè lajan anmenmtan. — Mat. 6:24.

12. Nan ki pyèj anpil moun pran jodi a e ki sa n ka fè pou n pa tonbe nan pyèj sa a?

12 Lè yon moun gen move pwennvi sou lajan, sa kapab pouse l fè sa ki mal (Pwo. 28:20). Gen kèk moun nan kongregasyon an ki te vle gen lajan byen fasil nan yon tikras tan, ki te achte biyè lotri oswa ki te antre kò yo nan biznis pou yo ka gen anpil lajan. Moun sa yo te menm enfliyanse lòt moun nan kongregasyon an pou yo fè menm jan an. Gen lòt moun menm ki kite moun pran tèt yo pou fè yo envesti kòb yo pou yo ka fè anpil lajan. Pa kite anbisyon fè nou pèdi lajan nou. Se pou nou aji avèk bonsans. Si yon moun ta pwomèt nou l ap ede nou fè lajan nan yon tikras tan, gen anpil chans pou se fo espwa l ap ban nou.

13. Nan ki sans pwennvi Jewova konsènan lajan diferan ak pwennvi monn nan?

 13 Lè nou “chèche wayòm nan an premye, e [nou] kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”, Jewova ap beni efò nou fè pou nou jwenn sa nou bezwen pou n viv depi n montre nou ekilibre (Mat. 6:33; Efe. 4:28). Jewova pa vle pou n ap kabicha nan reyinyon yo paske nou travay twòp, ni li pa vle pou n ap enkyete nou pou lajan pandan nou chita nan Sal Wayòm nan. Sepandan, gen anpil moun nan monn nan ki met nan tèt yo se sèlman lè yo pase tout tan yo ap chèche fè lajan y ap kapab asire demen yo e y ap rive viv alèz pi devan. Byen souvan, moun sa yo ankouraje pitit yo fè menm jan ak yo. Jezi te fè konnen li pa rezonab pou yon moun panse konsa. (Li Lik 12:15-21.) Petèt sa fè nou panse ak Geyazi, ki te met nan tèt li li te kapab kontinye kouri dèyè bagay materyèl epi kontinye gen bon relasyon ak Jewova. — 2 Wa 5:20-27.

14, 15. Poukisa nou pa dwe konte sou sistèm ekonomik la pou nou jwenn pwoteksyon? Bay yon egzanp.

14 Dapre sa yo fè konnen, gen kèk èg ki rive nwaye paske yo pa t vle lage yon pwason yo te pran ki te twò lou pou yo pote. Èske yon bagay konsa kapab rive yon kretyen? Men sa yon ansyen ki rele Alex fè konnen: “Mwen pa renmen gaspiye. Lè m vide plis chanpou nan men m pase sa m bezwen, mwen mete sa m pran anplis la nan boutèy la.” Malgre sa, Alex te pran nan pyèj. Li t al chèche envesti lajan l pou l te ka fè plis kòb, paske nan tèt pa l, sa t ap pèmèt li kite travay li epi pran sèvis pyonye. Li te vin ap pase plis tan ap fè rechèch sou biznis li te antre ladan l lan. Li te sèvi ak kòb pa l e ak kòb li te prete nan men moun pou l achte yon seri machandiz pou l ka fè anpil lajan. Men, malerezman pou li, li pèdi ni sak ni krab! Men sa Alex fè konnen: “Mwen te detèmine pou m rejwenn lajan m nan. Mwen te panse si m kontinye nan biznis la, mwen t ap rekòmanse fè benefis.”

15 Pandan plizyè mwa, se apèn si Alex te kapab panse ak lòt bagay. Li te difisil pou l konsantre l sou bagay espirityèl yo e l te difisil pou l dòmi. Li pa t fè benefis nan biznis la ankò. Alex te pèdi tout ti kòb li te sere e li te oblije vann kay li. Men sa l di: “Se pa ti soufri mwen te fè fanmi m soufri!” Men, li te aprann yon leson enpòtan. Li di: “Kounye a, mwen konnen kèlkeswa moun ki mete konfyans li nan sistèm Satan an, l ap jwenn gwo desepsyon.” (Pwo. 11:28). Vrèmanvre, lè nou met espwa nou nan lajan nou genyen, envestisman nou fè oswa kapasite nou genyen pou n fè kòb nan sistèm sa a, se nan Satan, “dye sistèm sa a”, nou mete espwa nou (2 Kor. 4:4; 1 Tim. 6:17). Apre sa k te rive a, Alex te vin ap viv yon fason ki pi senp “poutèt bon nouvèl la”. Kounye a, li menm ak fanmi l gen plis kè kontan nan lavi yo e yo vin pi pwòch Jewova. — Li Mak 10:29, 30.

FYÈTE

16. Ki diferans ki genyen ant bon fyète a ak fyète ki pa bon an?

16 Pa gen anyen mal pou yon moun santi l fyè pou bon bagay li fè. Pa egzanp, nou dwe toujou santi n fyè dèske nou se Temwen Jewova (Jer. 9:24). Lè nou pa twò kwè nan tèt nou, sa kapab ede nou pran bon desizyon e sa kapab ede nou tou pou nou pa meprize prensip moral Jewova yo. Sepandan, si nou bay pwennvi nou oswa pozisyon nou twòp enpòtans, sa kapab fè nou pran distans nou ak Jewova. — Sòm 138:6; Wom. 12:3.

Olye w ap bay tèt ou pwoblèm pou privilèj nan kongregasyon an, pran plezi nan ministè a pito.

17, 18. a) Bay kèk egzanp nou jwenn nan Bib la konsènan moun ki te gen imilite ak moun ki te awogan. b) Ki sa yon frè te fè pou l pa t kite ògèy fè l pran distans li ak Jewova?

17 Bib la chaje ak egzanp moun ki te awogan ansanm ak moun ki te gen imilite. Avèk imilite, wa David te mande Jewova direksyon e Jewova te beni l (Sòm 131:1-3). Men, Jewova te imilye Neboukadnetsa ak Bèlchatsa, de wa ki te awogan (Dàn. 4:30-37; 5:22-30). Jodi a tou, gen sitiyasyon ki ede nou  wè si nou gen imilite lakay nou. Ryan, yon frè ki gen 32 an e ki asistan ministeryèl, te deplase al nan yon lòt kongregasyon. Men sa l te di: “Mwen te atann pou frè yo rekòmande m kòm ansyen byen vit. Men, yon ane te pase e yo pa t janm fè sa.” Èske Ryan te vin fache anpil oswa li te vin egri paske l te santi ansyen yo pa t ba l respè l? Èske l te sispann asiste reyinyon yo? Èske l te kite ògèy fè l pran distans li ak Jewova ansanm ak pèp Jewova a? Si se te ou, ki sa w t ap fè?

18 Men sa Ryan di l te fè: “Mwen te li tout sa m te jwenn nan piblikasyon nou yo ki gen rapò ak bagay n ap tann nou poko ka jwenn.” (Pwo. 13:12). Men sa l te ajoute: “Mwen te kòmanse rann mwen kont mwen te bezwen aprann gen pasyans ak imilite. Mwen te bezwen kite Jewova fòme m.” Ryan te sispann panse ak tèt li e li te vin bay moun nan kongregasyon an ansanm ak moun nan tèritwa a plis atansyon. Sa pa t pran tan pou l te vin gen plizyè etid biblik k ap pwogrese. Men sa l di ankò: “Mwen te sezi anpil lè yo te nome m ansyen apre ennan edmi. Mwen te tèlman pran plezi nan ministè a, mwen te vin sispann enkyete m pou sa.” — Li Sòm 37:3, 4.

RETE PWÒCH AK JEWOVA!

19, 20. a) Ki sa nou kapab fè pou nou pa kite aktivite nou fè chak jou yo fè nou pran distans nou ak Jewova? b) Egzanp ki moun ki te rete pwòch ak Jewova nou kapab imite?

19 Tout sa nou sot wè nan atik sa a ak sa nou te wè nan atik ki vin anvan an kapab itil nou nan lavi a. Nou fyè dèske n ap sèvi Jewova, e sa fè n gen posiblite pou nou gen kè kontan nan fanmi nou e pou nou gen bon sante. Nou konnen lajan ak travay pwofàn kapab ede nou jwenn sa nou gen bezwen pou n viv. Nou konnen tou, detant kapab fè nou reprann fòs e teknoloji kapab itil. Men, si nou pa kite bagay sa yo nan plas yo, si n ap kouri dèyè yo ak tout fòs nou nan pwen pou n kite yo gen move enfliyans sou adorasyon n ap bay Jewova a, sa kapab fè nou pran distans nou ak Jewova.

Pa kite anyen fè w pran distans ou ak Jewova!

20 Se sa menm Satan ta renmen! Sepandan, nou pa oblije kite malè sa a rive nou menm ak fanmi nou (Pwo. 22:3). Pwoche bò kote Jewova epi rete atache avè l. Nou jwenn anpil egzanp nan Bib la ki montre nou ki jan pou nou fè sa. Pa egzanp, Enòk ak Noye te “mache avèk vrè Dye a”. (Jen. 5:22; 6:9, NW.) Moyiz te “rete tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la”. (Ebre 11:27.) Bondye te toujou avèk Jezi paske Jezi te toujou fè sa k fè Papa l ki nan syèl la plezi (Jan 8:29). Se pou nou imite moun sa yo, ‘se pou nou toujou ap rejwi, se pou nou priye toutan epi di Bondye mèsi pou tout bagay’! (1 Tes. 5:16-18.) Nou pa dwe kite anyen fè nou pran distans nou ak Jewova!

^ § 4 Yo chanje non moun yo.

^ § 6 Gade atik ki gen tit “Faites de vos enfants des adultes responsables” ki parèt nan Réveillez-vous! oktòb 2011 lan.

^ § 7 Gade atik ki gen tit “Une meilleure santé en cinq leçons” ki parèt nan Réveillez-vous! mas 2011 lan.