Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Poukisa yo rele Jezi Pitit Gason Bondye?

Bondye pa gen yon madanm li te fè pitit avè l. Se li ki te kreye tout bagay sou tè a. Bondye te kreye lèzòm ak kapasite pou yo imite kalite l genyen yo. Se sa k fè yo rele Adan, premye moun Bondye te kreye sou tè a, yon “pitit Bondye”. Menm jan an tou, yo rele Jezi “Pitit Bondye” a paske li te fèt ak kalite ki tankou pa Papa l. — Li Lik 3:38; Jan 1:14, 49.

Ki lè Bondye te kreye Jezi?

Bondye te kreye Jezi anvan li te kreye Adan. Annefè, apre Bondye kreye Jezi, se avè l Li te sèvi pou l fè tout lòt bagay, san wete zanj yo. Se sa k fè Bib la di: “Se li [Jezi] ki fèt an premye nan tout kreyasyon an” — Li Kolosyen 1: 15, 16.

Anvan Jezi te fèt Betleyèm, li te yon zanj ki t ap viv nan syèl la. Rive yon lè, Bondye transfere lavi Jezi nan vant yon fi ki rele Mari, yon fason pou l te vin fèt antanke moun sou tè a. — Li Lik 1:30-32; Jan 6:38; 8:23.

Poukisa Bondye te fè Jezi fèt sou tè a antanke moun? Ki wòl espesyal Jezi jwe? W ap jwenn repons kesyon sa yo nan Bib la, konsa w ap pi byen konprann sa Bondye ak Jezi te fè pou ou e w ap gen plis rekonesans pou yo.