Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: LI POSIB POU LAVI NOU GEN SANS

Èske li vrèman posib pou lavi nou gen sans?

Èske li vrèman posib pou lavi nou gen sans?

“Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n’a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè.” — Sòm 90:10.

PA GEN manti nan sa! Souvan, lavi nan monn sa a pote anpil “tray ak mizè”. Petèt, w ap mande tèt ou: ‘Èske jodi a li vrèman posib pou lavi m gen sans?’

Ann pran egzanp Maria. Li se yon moun ki te toujou gen anpil aktivite, men kounye a, kòm li gen katrevenkatran, li pa ka soti kite kay li poukont li. Li gen tout bonsans li sou li, men li difisil pou l fè mouvman ak kò l. Malgre lavi Maria vin konsa, li toujou panse lavi l gen sans.

E ou menm? Petèt, gende lè w ap mande tèt ou si lavi w ap mennen an gen sans. Ou ka twouve travay w ap fè toutan an pa enteresan e li fatigan. Petèt, lòt moun pa remake jan w ap travay di. Menmsi bagay yo ap byen mache pou ou jodi a, ou ka gen enkyetid pou sa k ka rive w demen. Pafwa, ou ka santi w poukont ou oubyen ou ka santi w deprime. Gendwa gen dezakò ak chirepit nan fanmi w. Ou ka gen yon moun pa w ki mouri. Gen yon mesye ki rele André ki te pwòch anpil ak papa l. Men, sanzatann papa l te vin tonbe malad epi li mouri. Pou André, se te yon chòk terib, e li santi lanmò papa l ap toujou kite yon vid nan kè l.

Kèlkeswa pwoblèm nou rankontre, gen yon bagay ki vrèman enpòtan nou bezwen konnen: Èske li vrèman posib pou lavi nou gen sans? Nou ka jwenn repons lan lè nou egzamine lavi Jezi Kris, yon moun ki te viv sou tè a sa gen de mil an. Vrèmanvre, Jezi te mennen yon vi ki gen sans malgre li te rankontre anpil difikilte. Donk, si nou suiv egzanp li, n ap ka gen yon lavi ki gen sans.