Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Katastwòf natirèl: Èske sa montre Bondye mechan?

Katastwòf natirèl: Èske sa montre Bondye mechan?

SA W KA TANDE MOUN DI: “Se Bondye k ap dirije monn nan. Donk, se li ki dèyè katastwòf natirèl ki fèt yo. Kidonk, li dwe yon Bondye ki mechan.”

SA BIB LA DI: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” ​(1 Jan 5:19). Kiyès ki “mechan an”? Bib la fè konnen se Satan (Matye 13:19; Mak 4:15). Èske sa pa lojik? Fè yon ti reflechi: Si Satan gen pouvwa sou monn nan, sa vle di li fè moun yo vin menm jan avè l, li fè yo vin egoyis, li fè yo vin ava e li pouse moun yo pou yo viv san yo pa sonje demen, èske sa pa ta dwe ede nou konprann rezon ki fè lezòm ap depafini tè a konsa? Gen kèk espè ki fè konnen, lefètke lèzòm ap maltrete anviwònman an konsa, sa jwe yon gwo wòl nan katastwòf natirèl ki fèt yo. Sa vin lakòz yon seri katastwòf natirèl fèt, oubyen sa fè katastwòf natirèl yo vin pi terib, e sa mete lavi lèzòm plis an danje toujou.

Donk, poukisa Bondye kite Satan enfliyanse lèzòm konsa? N ap ka jwenn repons lan lè nou fè yon ti gade dèyè sou istwa lèzòm, lè premye paran nou yo te vire do bay Bondye antanke dirijan yo. Depi lè sa a, pifò moun suiv egzanp yo. Desizyon sa a yo te pran an pou yo pa aksepte Bondye kòm dirijan yo, vin mete lèzòm anba men lènmi Bondye a, Satan. Se pou rezon sa a Jezi rele Satan “chèf monn nan”. (Jan 14:30.) Èske Satan ap kontinye dirije nètale? Non!

Jewova * pa fèmen je sou sa Satan ap fè yo. An reyalite, sa fè Jewova lapenn anpil lè l wè n ap soufri. Pa egzanp, men sa Bib la fè nou konnen sou Bondye lè nasyon Izrayèl la te tonbe nan anpil pwoblèm: “Toutpandan yo te nan detrès, se te yon detrès sa te ye pou li.” ​(Izayi 63:9, NW). Etandone Bondye gen mizèrikòd, li pran dispozisyon pou l fini ak dominasyon mechan Satan an. E l ap fè sa talè konsa. Jewova chwazi Jezi Kris, Pitit li a, pou l dirije antanke wa ki jis pou toutan.

FASON SA KONSÈNE W: Antanke dirijan, Satan pa rive pwoteje moun lè gen katastwòf natirèl. Men, anba direksyon Jezi a, Jezi ap rive pwoteje lèzòm. Gen yon lè, Jezi te pwoteje disip li yo kont yon gwo tanpèt. Men sa Bib la fè konnen: “Li pale di ak van an, epi li di lanmè a: ‘Silans! Ret trankil!’ Epi van an bese, e vin gen yon gwo kalmi.” Men sa disip yo te di: “Kiyès misye ye menm? Ata van an ak lanmè a obeyi l!” ​(Mak 4:37-41). Istwa sa a ban nou asirans Jezi pral pwoteje tout moun ki obeyisan yo pandan l ap dirije kòm wa. — Dànyèl 7:13, 14.

^ § 5 Jan Labib fè konn sa, Jewova se non Bondye.