Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jijman Bondye yo: Èske se te zak mechanste?

Jijman Bondye yo: Èske se te zak mechanste?

POU nou ka byen reponn kesyon sa a, ann jete yon ti koudèy sou de nan jijman Bondye yo ki nan Bib la: delij ki te fèt nan epòk Noye a ak lè Bondye te elimine Kananeyen yo sou tè a.

DELIJ KI TE FÈT NAN EPÒK NOYE A

SA W KA TANDE MOUN DI: “Bondye montre l se yon mechan lè l te lage delij la ki te touye tout moun sou tè a anwetan Noye ak fanmi l.”

SA BIB LA DI: Men sa Bondye te di: “Mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv.” (Ezekyèl 33:11). Donk, nan epòk Noye a, lè mechan yo te mouri sa pa t fè Bondye kontan ditou. Ebyen, poukisa li te detwi yo?

Dapre repons Bib la bay, lè Bondye te egzekite jijman l sou moun nan tan lontan ki pa t gen respè pou li yo, se bay li t ap “bay moun ki pa gen respè pou [li] yo yon egzanp sou bagay ki gen pou vini”. (2 Pyè 2:5, 6.) Ki sa Bondye vle nou konprann?

Premyèman, menmsi sa fè Bondye mal lè l detwi moun, li toujou wè mechan k ap fè lòt moun soufri yo e l ap fè mechan sa yo rann kont pou sa yo fè. Pi devan, Bondye pral fini ak tout kalite enjistis e li pral fini ak tout kalite soufrans.

Dezyèmman, fason Bondye te aji nan tan lontan montre lanmou li genyen. Li te montre sa lè l te avèti moun yo anvan l te egzekite jijman l sou yo. Noye te yon moun ki te preche sa ki jis, men pifò moun pa t bay sa l t ap di yo regle anyen pou yo. Men sa Bib la fè konnen: “Yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale.” — Matye 24:39.

Èske Bondye toujou aji konsa? Wi. Pa egzanp, li te fè nasyon Izrayèl la, pèp li a, konnen Li t ap kite lènmi nasyon Izrayèl la pran tè yo e detwi kapital yo a, anpalan de Jerizalèm, si yo te vin ap fè zak mechanste menm jan ak lòt nasyon yo ki te ozalantou pèp la. E li t ap kite nasyon yo mennen yo ann egzil. Nasyon Izrayèl la te vin fè zak mechanste: yo te menm boule timoun nan dife pou ofri yo kòm sakrifis. Èske Jewova te reyaji devan zak sa yo? Wi. Men, li te fè sa sèlman apre l te fin voye pwofèt li yo plizyè fwa, pou y al avèti pèp li a dekwa pou l fè yo chanje konduit yo anvan li te twò ta. Men Bib la fè konnen: “Senyè a [Jewova] p’ ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k’ ap sèvi l yo, konnen.” — Amòs 3:7.

FASON SA KONSÈNE W: Jijman nou wè Jewova te egzekite sou moun yo nan tan lontan ban nou espwa. Nou mèt gen konfyans talè konsa Bondye pral egzekite jijman l sou mechan yo k ap fè lòt moun soufri. Men sa Bib la fè konnen: “Y’ap disparèt mechan yo. [...] Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa peyi a [tè a] pou byen yo, y’ a viv ak kè poze nèt ale.” (Sòm 37:9-11). Ki sa w panse de yon jijman ki t ap libere limanite anba soufrans? Èske se t ap yon zak mechanste oubyen yon jijman ki montre mizèrikòd?

LÈ BONDYE TE ELIMINE KANANEYEN YO SOU TÈ A

SA W KA TANDE MOUN DI: “Lefètke Bondye te detwi Kananeyen yo, sa sanble ak gwo masak ki konn fèt jounen jodi a nan mitan tout yon popilasyon.”

SA BIB LA DI: “Tou sa [Bondye] fè bon nèt. [...] Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti [...] li pa fè okenn lenjistis.” (Detewonòm 32:4). Nou pa ka konpare yon aksyon jis Bondye fè ak lagè moun fè. Poukisa? Paske Bondye kapab li tout sa k nan kè yon moun, yon bagay lèzòm pa ka fè.

Pa egzanp, Abraram, yon moun fidèl, te vle asire l desizyon Bondye te pran pou l jije vil Sodòm ak Gomò ak moun ki ladan l yo se te yon desizyon ki jis. Li pa t ka imajine Bondye li a ki jis t ap annik ‘touye inosan yo ansanm ak koupab yo’. Avèk pasyans, Bondye te bay Abraram asirans si te gen omwen dis moun ki jis nan vil Sodòm, li pa t ap detwi vil la akoz moun sa yo (Jenèz 18:20-33). Li klè, Bondye te konnen sa k te nan kè moun sa yo e li te wè jis nan ki pwen yo te mechan. — 1 Kwonik 28:9.

Menm jan an tou, Bondye te jije Kananeyen yo e li te gen rezon pou l detwi yo. Moun te konnen Kananeyen yo kòm yon nasyon ki mechan anpil. Yo te konn boule timoun nan dife tou vivan pou ofri yo kòm sakrifis * (2 Wa 16:3). Kananeyen yo te konnen Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo te pran tout peyi yo a. Kananeyen ki te chwazi rete nan peyi a epi fè lagè ak Izrayelit yo pa t sèlman kanpe anfas Izrayelit yo, men tou yo te kanpe anfas Jewova, Li menm ki te bay bonjan prèv li kanpe ak pèp li a.

Anplis de sa, Bondye te demontre mizèrikòd anvè Kananeyen ki te abandone mechanste yo t ap fè e ki te aksepte aplike prensip wo nivo Bondye yo nan lavi yo. Pa egzanp, Rahab, yon kananeyèn ki te yon pwostitye, te rive sove ni tèt li ni fanmi l. Anplis, lè moun ki t ap viv nan vil Gibeyòn, yon vil Kananeyen, te mande Bondye gen pitye pou yo, Bondye te pèmèt ni yo ni pitit yo rete an vi. — Jozye 6:25; 9:3, 24-26.

FASON SA KONSÈNE W: Nou ka aprann yon leson enpòtan nan jijman Bondye te egzekite sou Kananeyen yo. “Jou jijman ak destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye” yo te anonse nan Bib la, ap avanse sou nou byen vit (2 Pyè 3:7). Si nou se moun ki renmen Jewova, ebyen n ap jwenn byenfè lè l detwi moun ki refize soumèt anba dominasyon l. Konsa l ap met yon bout ak tout soufrans lèzòm.

Moun te konnen Kananeyen yo kòm yon nasyon ki mechan anpil. E yo te fè espre yo opoze ak Bondye ansanm ak pèp Bondye a.

Avèk lanmou, Jewova ede paran yo sonje desizyon yo pran ap gen efè sou lavi pitit yo. Men sa Pawòl Bondye a fè konnen: “Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Renmen [Jewova], Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm.” (Detewonòm 30:19, 20). Èske pawòl sa yo sanble pawòl yon Dye ki mechan oubyen èske l sanble ak yon Bondye ki renmen moun e ki vle yo pran bon desizyon an?

^ § 15 Akeyològ yo dekouvri zosman ki montre Kananeyen yo te konn ofri tibebe kòm sakrifis nan adorasyon yo.